AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Pòtoprens : men poukisa lè n ap respire a danjere | Videyo

0

«Jounen jodi a, n ap fè fas ak yon polisyon anba chal la a ki kapab touye moun», daprè sa chimis Yvens Chérémond eksplike AyiboPost

Èske se vre mikwòb pa touye Ayisyen ? Humm ?! Sa fè lontan kesyon sa nan lespri m, men dènye jou sa yo, kesyon an toumante m anpil, depi lè m te fin li atik (L’air à P-au-P peut rendre malade. Voici les zones à risque.) yon kòlèg mwen nan AyiboPost, Jérôme Wendy Norestyl, ekri sou gwo danje ki pandje sou lavi nou nan Pòtoprens akòz lè n ap respire a ki vrèman kontamine. A wi ! Gen yon polisyon danjere nan kapital la. Men, gen zòn ki plis riske pase lòt. Se de sa m pral pale nan videyo sa a. Vin koute !

«Jounen jodi a, n ap fè fas ak yon polisyon anba chal ki kapab touye moun», wi wi, se pa mwen ki di l ! se sa Yvens Chérémond, ki se chimis epi pwofesè nan Inivesite Leta a an Ayiti fè Ayibopost konnen.

Sa bagay la ye menm ? 

Nan plizyè vil an Ayiti, lè n ap respire a ka ba n gwo pwoblèm sante.

Bon, ou ka pa sezi paske se Ayiti, men ou ka sezi paske w tande l bay pwoblèm sante. N ap tounen sou sa.

Lasyans konsidere lè n ap respire a polye apati de moman anviwònman enteryè a (sa vle di anndan kay nou pa egzanp) ak anviwònman eksteryè (tankou nan lari) kontamine ak yon seri sibstans chimik, fizik ak biyolojik ki modifye karakteristik natirèl atmosfè a.

Chèchè yo fè konprann, se nou menm lèzòm ki sous pwoblèm polisyon an menm, nan plizyè aktivite n ap mennen tankou : trafik sou wout yo, fatra k ap boule tout lasent jounen, endistri k ap ponpe lafimen, kawotchou k ap boule, e menm chabon n ap boule nan kuizin lakay nou an.

Sibstans sa yo ki libere pandan aktivite sa yo, se yon seri polyan atmosferik, si n pran : monoksid kabòn, ozón, diyoksid azòt, diyoksid souf, pou n site sa yo sèlman, ki s on danje pou lavi moun.

Lasyans konsidere lè n ap respire a polye apati de moman anviwònman enteryè a ak anviwònman eksteryè kontamine ak yon seri sibstans chimik, fizik ak biyolojik ki modifye karakteristik natirèl atmosfè a.

Men atansyon, se pa konsa konsa non nou di  sa. An Ayiti, gen etid ki fèt, ki montre a klè pwoblèm nan.

Nan 2 etid ki soti nan Inivèsite Leta Ayiti a, youn ki fèt nan lane 2020 sou 4 zòn nan komin Dèlma epi yon lòt ki poko fini, yo montre lè n ap respire nan anviwon Pòtoprens lan pa bon kalite.

Pa egzanp, etid la bay, pandan tout yon jounen lè ki nan zòn SONAPI, egzakteman kote ministè anviwònman ye a, eh wi ! monoksid Kabòn lan depase limit Òganizasyon mondyal Lasante fikse a ki se 4000 mikwogram/ mèt kib. 

Sit ministè Anviwònman an ki twouve l nan lakou SONAPI a, ant Boulevard Toussaint Louverture ak Boulevard des Industries.

Nan zòn tankou kote Lopital jeneral sitiye l, nan ri Monseyè Giyou, monoksid kabòn lan depase nivo OMS tabli a.

Sa ki pa twò diferan tou nan zòn : Boudon, Kanapevè, Pòs Machan kote gen 2 fwa plis diyoksid azòt nan lè a pase sa OMS rekòmande a. 

Selon sa chimis Paul Job ki reyalize travay sou polisyon nan komin De1lma di : «pou moman an, lè ki nan Pòtoprens lan pa bon ditou pou popilasyon k ap respire li a».

Fòk nou konnen, polisyon toksik sa yo pa e p ap janm san konsekans sou lavi nou.

Polyan sa yo kapab bay pwoblèm, tankou, ka agrave yon maladi yon moun deja genyen. Konsa tou, li ka anjandre lòt pwoblèm sou po moun, tankou gratèl, li ka fè nen yon moun anfle, je l wouj, e pi gwo manman koze a se rive nan kansè poumon, pwoblèm kadyak, elatriye. 

Fòk nou konnen, polisyon toksik sa yo pa e p ap janm san konsekans sou lavi nou.

Malerezman, pou nou menm an Ayiti, pa gen chif sou kantite viktim polisyon an fè. Men se pa paske pa genyen pou n panse n pa viktim oubyen n pa ka gen viktim.

Nan lane 2019, OMS rive estime 4.2 milyon moun ki mouri avan lè nan mond lan, soti dirèkteman akoz move lè yo respire. 

Dieuseul Predelus, espesyalis nan fizik atomik ak molekilè fè konnen li enpòtan pou gen travay k ap fèt yon fason pou suiv tandans evolisyon kalite lè a dwe kontinye.

Si pou chimis Paul Job, youn nan solisyon yo se t a plante plis pyebwa, gen lòt chèchè ki sijere pou gen bon jan politik piblik pou n wè kijan n kapab diminye nivo polisyon lè a. 

An palan de politik piblik kisa Leta ayisyen di nan sa ?

Bò kote ministè anviwònan, direktè  Evans Louis, ki se responsab «direction cadre de vie»  ministè a,  fè AyiboPost konnen, «koze polisyon lè sa a pa gen valè nan ministè kote l ye a». Li di l regrèt lè l konstate menm nan ministè anviwònman gen moun ki kwè pwoteksyon anviwònman rezime a ranmase fatra epi plante bye bwa.

Malerezman, pou nou menm an Ayiti, pa gen chif sou kantite viktim polisyon an fè. Men se pa paske pa genyen pou n panse n pa viktim oubyen n pa ka gen viktim.

Nan mwa oktòb 2018, OMS te fè «direction cadre de vie» nan ministè anviwònman kado 3 aparèy pou ta kontwole kalite lè a.  Pwojè sila a te prevwa enstale yo nan 3 depatman : Lwès, Nò ak Sid.  Men depi lè misyon konseye nan koze dlo ak asenisman OMS la, Julio Urruela Roquero, te fini an Ayiti, pwojè a bwè luil.

Men malgre tou, ministè anviwònman fè konnen yo prevwa enstale yon rezo polimèt nasyonal, ki se yon aparèy ki ka pèmèt yo evalye nivo polisyon lè a nan tout peyi a.

N ap espere ! Men koze polisyon lè a nan peyi Dayiti se yon pwoblèm reyèl, ki merite pou n konsyan de li, e pou ankadreman fèt pou pwoteje lavi sitwayen yo.

► Rechèch ak Tèks : Jérôme Wendy Norestyl & Lucnise Duquereste

Prezantasyon : Lucnise Duquereste

Montaj ak animasyon : Wilson Saintelus

► Kamera : Sherlande Pierre

► Sipèvizyon : Chérubin Jérôme


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments