OpinionsSOCIÉTÉ

Opinyon | Men kijan «Bwa kale» ka yon koukouwouj total-kapital kont bandi yo

0

Bandi yo se lènmi enteryè nasyon an : fòk nou elimine yo, netralize yo, voye yo nan penitansye, oubyen nan peyi san chapo ak tout mwayen ki posib

Nan jou ki te 24 avril 2023 a, fas a ensekirite k ap vale tèren nan tout rakwen peyi a, e devan yon Leta kokobe ki pa ka frennen l, kèk sitwayen ak sitwayèn nan popilasyon an ki swaf jistis te leve kanpe bridsoukou nan plizyè depatman e te kòmanse yon mouvman kouri chalbari dèyè moun yo sispèk kòm bandi, bare yo, boule ak touye yo.

Mouvman sa a te batize «Bwa kale». Daprè rapò «Centre d’analyse et de recherches en droits humains» (CARDH) soti nan mwa me 2023 a, depi kòmansman operayson Bwa Kale a, nivo kidnapin desann a 71% e asasina a 51%.

Menm jan ak anpil òganizasyon sosyal, dwa moun ak pati politik, anpil pitit peyi a tankou potorik ekriven-pent Frankétienne swete dirijan yo ankadre mouvman Bwa kale a pou l kwape tout kalite vyolans gang yo ap simaye nan nasyon an. L ap pèmèt evite mouvman deriv, reprezay ak enjistis. Nan lide pou sa ta rive fèt, sou kote ekspè ak save sou sekirite, n ap trase yon paralèl ant geriya klasik nan lemond ak geriya bandi pa bò isit e tabli yon refleksyon tou kout pou yon estrateji koukouwouj total-kapital kont bandi yo ak sipò Bwa Kale.

Kisa ki geriya klasik ?

 Nan yon liv ki konsidere kòm yon travay konplè otè Jehan Morell ekri ki rele : «Guérilla et contre-guérilla. Théorie et pratique», li met atè anpil konesans sou lit ki rele geriya ak revè l ki se : kont-geriya. Morell te yon militè ki te goumen kont geriya nan gè Endochin kont Viet-Minh, yon gwoup rezistans ame ki te opoze l a Lafrans. Lagè sa te yon konfli ant 1946 a 1954 nan Endochin franse ki se aktyèl Vyetnam, Laos, ak Kanbòdj.

Premye pwen Morell eskplike se : poukisa geriya egziste ? Li reponn konsa : An jeneral, geriya se rezistans tout yon pèp ame ki kanpe kont anvayisè ki vin pou kolonize ou okipe peyi l. Sak pa rantre nan lit pèp la se trèt yo, sa k ap defann anbisyon ak enterè pèsonèl yo, oubyen sa k gen vokasyon mèsenè. Chak konbatan nan yon geriya obsede pa yon sèl objektif : detwi lènmi an kelkeswa gwo kou yo ka pran.

An jeneral, geriya se rezistans tout yon pèp ame ki kanpe kont anvayisè ki vin pou kolonize ou okipe peyi l.

Ak detèminasyon tout boulin, konbatan yo kwè ak tout fòs yo y ap evantyèlman domine. Geriya ka fèt kont yon advèsè ki pi fò, ki gen plis zam, oubyen ki gen zam ki pi danjere, ki gen plis patizan nan ran yo, ki gen yon lame ki pi byen antrene, elatriye. Nan langaj teknik, geriya chita sou baz sa yo rele yon «gè asimetrik», ki vle di, kote fòs de kan yo pa egal, kote yon lame regilye ap lite kont yon fòs ki nan kachèt. Geriya tou ka fèt pou pran pouvwa, retire yon gouvènman pou mete yon lòt, ranplase yon sistèm politik pa yon lòt. Li ka tabli egalman sou yon baz ideyolojik, oubyen nan yon lafwa avèg nan yon relijyon.

Morell dekri geriya klasik nan lemond an jeneral kòm yon lit ki enplike volontè ame k ap deplase nan inite mobil, ki gen yon detèminasyon total ak yon rayisman absoli de lènmi an. Nan geriya, konbatan egzekite lòd chèf yo ak kè kontan nan yon sèl objektif ki se : viktwa total sou lènmi an. Konbatan yo sèvi ak imaginasyon, riz, e pyèj ki se zam yo kont fòs ki pi fò pase yo.

Nan listwa limanite, diferan mouvman geriya te parèt nan plizyè peyi tankou Venezyela, Nijerya, Fidji, Kolonbi, ak peyi nou, depi konkèt Panyòl yo nan Amerik la. Pèp endijèn yo te premye moun ki sèvi ak lagè iregilyè kont anvayisè Panyòl. Nan jounen jodi a, geriya k ap batay nan anpil peyi aji anba diferan motivasyon.

Nan geriya, konbatan egzekite lòd chèf yo ak kè kontan nan yon sèl objektif ki se : viktwa total sou lènmi an. Konbatan yo sèvi ak imaginasyon, riz, e pyèj ki se zam yo kont fòs ki pi fò pase yo.

Pa egzanp, gen geriya san vrè ideyoloji ki byen defini e ki gen plan pou volè resous natirèl yon peyi, tankou milis nan pwovens Repiblik Demokratik nan Kongo, Syera Leyòn, Liberya, Ouganda. Nan Kolonbi, Fòs Lame Revolisyonè Kolonbi, ki se FARC an panyòl, se te prensipal fòs geriya ak ideyoloji sosyalis ki an 1999 te gen 15,000 konbatan nan prèske 60 fwon batay pou pran pouvwa a – yo te finalman siyen yon trete lapè ak gouvènman Kolonbyen nan lane 2016. An 2022, nan peyi Salvador, Prezidan Nayib Bukele deklare «lagè» kont sa li estime ki se geriya gang ki tabli nan anpil kan nan zòn riral e ki ka menase gouvènman l.

Kisa ki geriya ann Ayiti ?

Nan peyi a, geriya gang yo chita sou fòs konbatan yo rele sòlda. Chak gang gen yon sèl chèf yo rele kòmandan. Gen ti chèf anba kòmandan an e ki ka ranplase l si l mouri. Plizyè gang rive met tèt ansanm nan yon federasyon pou gen plis fòs pou achte peyi a lajan kontan ak slogan yo : «Manyen youn, manyen tout».

Ou ka li tou : Que veut réellement Jimmy Chérizier alias Barbecue ?

Sòlda gang yo dwe obeyisans total a kòmandan yo pandan y ap lite kont fòs legal yo e kont lòt gang ki pa asosye avèk yo.

Misyon gang yo se jwenn lajan, jwenn zam, pran tèritwa – ki vle di pran kontwòl yon pòsyon nan yon vil ou nan yon zòn. Gang yo konn teren tout bidonvil yo – kote pou yo kache, kote pou yo sere zam, kote pou jwenn katouch, pwovizyon manje, alkòl ak dwòg. Yo konnen tou kijan pou mete popilasyon zòn lan anba zèl yo pou pwoteje ak defann tèt yo. Yo sèvi ak menas, vyolans, kadejak, oubyen pran pòz ajan kominotè k ap bay èd.

Bandi yo jenere lajan nan kidnapin, ekstòsyon, vòlè ak ransonnen moun. Yo nan trafik zam, katouch, dwòg, gazolin, elatriye. Bandi yo konn ki jan pou yo fonn nan popilasyon an tou lè fòs legal yo ap pousuiv yo. Finalman, yo konn ki pyèj pou yo mete sou chimen lapolis ak lame pou detwi yo nan fè anbiskad, tranche, pran pozisyon kòm «sniper» (tirè pwofesyonèl).

Ki fòs Bwa kale ?

Bwa kale, ki se fòs natirèl revòlt pèp la, gen je sou tout gang ki gen baz nan katye popilè yo.

Bwa kale konn trè byen chak manm gang, kote yo rete ak ki moun yo asosye, ki potanta ki vin wè yo, ba yo sipò, ba yo zam, katouch, lajan ak tout sa yo bezwen.

Nan Bwa kale, gen moun ki gen plis enfliyans pase lòt – yo se lidè. Se lidè sa yo fòs legal yo dwe idantifye, makonnen epi devlope estrateji avèk yo pou mete gang yo bèk atè. Se yon misyon esansyèl !

Bwa kale, ki se fòs natirèl revòlt pèp la, gen je sou tout gang ki gen baz nan katye popilè yo.

Anpil moun k ap analize kwè nan yon teyori ki di gen men kache k ap maniganse e dirije gang yo pou reyalize anbisyon politik pou kontwole tout bidonvil, tout zòn san dwa yo – zòn gouvènman an rekonèt klèman li pèdi kontwòl yo. Moun nan lonbray sa yo ta ka gen plan pou manipile eleksyon k ap vini yo, pran pouvwa, kontinye sistèm mafya bandi legal la pou tout tan gen tan. Li sanble ak yon teyori ki fè sans. Pou n soti anba malèpandye sou peyi a, fò n brave danje menm jan ak Capois Lamort pou n fè fas kare ak geriya bandi yo.

 Kijan Bwa kale ka ede dechouke bandi yo ?

Morell deklare li pa gen dout lagè geriya p ap janm domine sou yon lame modèn, disipline, ki gen zam ak ekipman siperyè nan yon konfwontasyon dirèk fas a fas. Li kwè se yon verite klè kou dlo kòk. Li deklare tou pa ka gen viktwa san sipò popilasyon an.

Kidonk nan ka pa nou, se ta ranfòse lame ak lapolis e ba yo yon bidjè ki pou pèmèt yo akonpli misyon pwoteksyon yo. Kolonèl Himmler Rébu esplike nou san pran souf nan anpil medya misyon tou de fòs sa yo ki diferan e byen klè. Gouvènman an dwe bay de fòs sa yo zam ki siperyè fas a gang yo e ba yo antrènman ak asistans teknik yo mande pou kwape gang yo.

Nan Bwa kale, gen moun ki gen plis enfliyans pase lòt – yo se lidè. Se lidè sa yo fòs legal yo dwe idantifye, makonnen epi devlope estrateji avèk yo pou mete gang yo bèk atè.

Si Ameriken ak Kanadyen pa vle vann nou zam ak ekipman, ap fè nou fè laviwonn dede nan ret tann, se al chache yo tout kote yo ye : an Afrik, an Azi, nan Mwayen Oryan, tankou an Izrayèl jan nou te fè l deja. Bandi yo se lènmi enteryè nasyon an : fòk nou elimine yo, netralize yo, voye yo nan penitansye, oubyen nan peyi san chapo ak tout mwayen ki posib.

Ou ka li tou : Les gangs sont de véritables entreprises mafieuses. Voilà comment ils s’organisent.

Morell fè yon rale tou sou nesesite koupe èd oswa sipò etranje pou yon geriya, sitou nan zafè zam ak katouch. Daprè li, yon geriya pa ka siviv pou lontan san l pa resevwa yon èd ki sot deyò. Si l pa gen èd sa l ap finn pa disparèt. Kidonk, si fòs legal yo ak Bwa kale ka kanpe trafik zam ak katouch ki pase ladwàn dèyè do lalwa, ki pase sou fwontyè Repiblik Dominikèn, ki pase sou lanmè nan bato ilegal, l ap retire tipa tipa mwayen nan men malfektè yo. Manch long bandi yo san katouch ap tounen kokomakak nan men yo. Se popilasyon an nan Bwa kale ki pou ede n konnen ki moun k ap bay gang yo èd, ki lè, ki bò, ki kote. Enfòmasyon nan men Bwa kale ap chanje jwèt lanmò bandi yo !

Lòt taktik kont geriya bandi yo Morell esplike, se pou fòs legal yo chwazi pi bon lè ak pi bon kote konfwontasyon ak bandi yo dwe fèt. Yo dwe atake bandi yo souvan e konte sou bon jan entèlijans nan nich bandi yo menm. Wi, fòk fòs legal yo gen bandi k ap fè espyon pou yo, menm jan bandi yo gen espyon nan mitan fòs legal  yo.

Si fòs legal yo ak Bwa kale ka kanpe trafik zam ak katouch […], l ap retire tipa tipa mwayen nan men malfektè yo.

Daprè Morell, Leta dwe ogmante fòs legal yo pou depase pa lènmi an. Pou chak grenn lènmi, dwe gen 5 konbatan fòs legal. Yo dwe kraze lènmi an ak atak brital e rapid. Yo dwe kolekte zam, katouch, telefòn, dokiman bandi yo kite dèyè. Yo dwe pran prizonye, ​​epi retire tèt yo trè vit avan ranfòsman lènmi an rive.

Morell pale tou de konsiderasyon moral ki genyen nan yon lit kont geriya. Operasyon kont geriya pa ka simen viktim inosan, sa yo rele nan tèminoloji militè «domaj kolateral», sinon, lit kont geriya a ap pèdi moralite e bon sans li.

Nan reprann teritwa ki te nan men bandi yo, Morell bay anpil strateji pou yo rete anba pwoteksyon fòs legal yo. Tankou, li di fòk gen patwouy mobil ame nan zòn lan ki pou sekirize l e pwoteje l lajounen kou lannwit.  Finalman, li di li enpòtan tou pou fòs legal yo «swiv kote lajan an ale».

Se pou fòs legal yo chwazi pi bon lè ak pi bon kote konfwontasyon ak bandi yo dwe fèt. Yo dwe atake bandi yo souvan e konte sou bon jan entèlijans nan nich bandi yo menm.

Siveyans sou kote lajan an pase ap pèmèt dekouvri e demantle rezo finansye yo. L ap pèmet konnen kijan bandi yo lave lajan an nan sistèm finansye a. Kanpe sikilasyon lajan ak byen bandi yo bezwen se yon manda lanmò garanti pou gang yo. Pèsonèl ki responsab pou mete ann aplikasyon mezi sa yo dwe aji avèk entelijans e bon sans, mare sosis yo ak lidè Bwa kale yo, pran fòmasyon solid e rapid nan operasyon kont geriya tankou : lagè sikolojik, pwopagand, desepsyon, rasanble ak eksplwate entèlijans pou rive kontwole kansè gang yo.

Ak konkou fòs legal djanm, byen finanse e byen prepare, bon ankadreman ak sipò Bwa kale, Ayiti p ap peri !

Par Patrick André


Pwofite gade emisyon espesyal sa a kote AyiboPost te envite kolonèl Himmler Rébu, an avril 2022, pou yon Chita Pale sou rasin ensekirite k ap wonje Ayiti jounen jodi a :


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Je suis Patrick André, l’exemple vivant d’un paradoxe en pleine mutation. Je vis en dehors d’Haïti mais chaque nuit Haïti vit passionnément dans mes rêves. Je concilie souvent science et spiritualité, allie traditions et avant-gardisme, fusionne le terroir à sa diaspora, visionne un avenir prometteur sur les chiffons de notre histoire. Des études accomplies en biologie, psychologie et sciences de l’infirmerie, je flirte intellectuellement avec la politique, la sociologie et la philosophie mais réprouve les préjugés de l’élitisme intellectuel. Comme la chenille qui devient papillon, je m’applique à me métamorphoser en bloggeur, journaliste freelance et écrivain à temps partiel pour voleter sur tous les sujets qui me chatouillent.

    Comments