SOCIÉTÉ

Men poukisa ou riske pran «pyas nan tèt» kay kèk kwafè

0

Nan ka ekstrèm plak blanch yo kapab fè bouton epi bay anpil pij. Sa kapab fè cheve pa janm pouse nan pati kote plak yo te ye nan tèt la

Anpil lokalite ann Ayiti chaje timoun ki gen maladi yo rele pyas la.

Pyas la se yon enfeksyon moun pran nan tèt. Se yon chanpiyon ki bay li, daprè sa yon dèmatològ ki rele Kathleen Cedras fè konnen. Ti parazit ki fòme chanpiyon sa a rele « Trichophyton ». Li manje keratin, yon pwoteyin ki fòme nan cheve ak plim sou po moun.

Mak fabrik chanpiyon sa a, se fè cheve moun pa pouse kote l enstale l nan tèt la. Li bay gratèl, pikotman epi fè kwout nan ti rondèl blanch li fè nan mitan tèt la. Espesyalis nan koze po Kathleen Cedras eksplike : «Pyas la se yon enfeksyon ki atrapan anpil. Se sa ki fè timoun ki genyen l pa dwe ale lekòl pou evite pase l bay yon lòt, sitou lè paran timoun nan poko kòmanse trètman pou li».

Pyas la se yon enfeksyon ki atrapan anpil.

Jonathan Dorcé ki se pitit Madlène Louis ap soufri depi kèk tan ak enfeksyon sa a. Maladi a fè ti gason 6 zan sa a toujou gen yon pikotman ak gratèl nan po tèt li, sitou nan plasman kote pyas yo chita kò yo nan mitan kràn li. «Dorcé gen plis pase 2 mwa ak bagay sa a nan tèt li, manman l k ap pale. Mwen pa konn ale lopital ak li pou sa, sèlman mwen konn toujou fè kale tèt li epi mwen pase lwil maskreti nan po tèt la».

Poutan, Dorcé kontinye ale lekòl san pwoblèm. «Mwen toujou di manman l pou l kale tèt timoun nan wòz toutan, epi grese li ak lwil maskreti. Men li refize fè sa, li toujou kite cheve monte byen wo nan tèt li», sa se pawòl kwafè Bertrand Joseph. Se li ki toujou fè cheve Dorcé nan « barbershop » li genyen ki sou « Route des Dalles » la.

Anpil diskriminasyon

Timoun ki gen pyas yo konn viktim tout fòm prejije lekòl osnon nan zòn bò lakay yo. Yo konn souvan di yo : «Ak tèt twou w la» osnon «tèt chimen rat».

«Timoun souvan trape li nan jwe ak timoun parèy yo ki genyen l osnon nan jwe nan tè, se sa dèmatològ Belinda Bijou rakonte. Moun pran maladi sa a nan bèt domestik tou tankou chat osnon chen. Lòt kote chanpiyon sa renmen chita kò li se nan bwòs ak peny moun ap itilize».

Dèmatològ la di tondez kwafè itilize pou fè cheve moun konn kenbe chanpiyon sa a. Bwòs ak peny se zouti travay kwafè Bertrand Joseph. Materyèl sa yo itilize pou tout moun. Joseph gen yon dezenfektan pou tondez. Men li pa genyen pou bwòs ak peny. Lè li pa frape bwòs la sou tab travay li a pou li retire kras cheve, se peny la li itilize pou pase ladan. Se menm operasyon sa a li fè ak bwòs la pou peny la.

Li tou: Lwil maskriti p ap fè cheve w vin long men li bon pou anpil bagay

Pi devan, dèmatològ Bijou fè konprann dezenfektan kwafè yo itilize pou pwòpte tondez la pa sifi pou ta retire ajan enfektye sa a. «Se sa k fè moun kapab fasil pran pyas nan kwafè. Fòk se ta betadin pou kwafè a ta jwenn. Paske betadin nan gen yòd ladan ki pa danse kole ak chanpiyon sa yo.»

Paran yo dwe dezenfekte ak klowòks bwòs ak peny timoun ki trape maladi sa ap itilize si toufwa ta gen lòt moun k ap itilize yo tou. «Pafwa nou konn mande paran yo pou timoun nan sèvi ak bwòs epi peny pa li, pou lòt moun pa trape maladi a», eksplikasyon doktè Kathleen Cedras ki ap travay nan lopital Inivèsite leta ayisyen an.

Jeneralman, tretman pyas pran yon mwa. «Pafwa li konn rive 2 mwa. Nan pwotokòl tretman an, nou mete timoun nan sou antifonjik, yon medikaman ki la pou touye tout chanpiyon. Antifonjik la aji sou fwa a, se sa k fè li toujou rekòmande pou se yon medsen ki bay li», deklarasyon dèmatològ Cedras.

Ka yo konn vin konplike

Nan klinik kote doktè Bijou ap travay la, gen yon lòt pwotokòl tretman.  «Lè nou jwenn ka sa yo,  nou preskri paran timoun nan yon chanpou ak losyon pou lave epi pase nan tèt li. Nou konn preskri paran an konprime tou sa depan fason ka a prezante.»

Lontan, selon sa dèmatològ la ajoute, pi bon tretman ki te konn itilize se grizoven, men moun tèlman vin rezistan ak tretman sa a, yo oblije chanje l.

Tout pyas pa menm. Konn gen pyas ki dejenere kote tretman yo fèt nan yon tan ki plis pase yon mwa. Sa rive lè paran an kite pyas la rabi san li pa fè trete l. «Nan ka sa yo, gen posibilite pou bakteri yo responsab gwo enfeksyon nan anplasman maladi a nan mitan tèt la. Lè konsa pyas la kite nivo fè kal ak bay gratèl pou li fè bouton osnon maleng ki ap bay pij».

Li tou: Biznis fo cheve ap grandi chak jou pi plis an Ayiti

Sa konn rive tretman an fèt men cheve konn pa janm ka rive pouse nan pati tèt sa a. «Si bouton yo te gentan fè kwout ak sikatris, tretman an ap fèt men pati sa yo cheve gen dwa pa janm pouse ladan yo ankò», se sa dèmatològ Bijou fè konnen.

«Lè m te pi piti mwen te gen pyas nan tèt mwen, Jeff Cazeau, yon jèn gason 26 lane ki ap fè djòb sekirite eksplike. Mwen te fè yon pakèt tan ak li paske li pat kapab soti fasil. Manman m te oblije mennen m bay grann mwen pou li te kapab wè sa li ka fè pou mwen ak maladi a».

Jounen jodi a, maladi a kite tras kay Jeff Cazeau. «Byenke mwen geri, gen kèk ti kote nan tèt mwen ki rete swa, cheve pa jan m kapab pouse ladan yo».

Kijan pou pa pran enfeksyon sa ?

Chak moun ta dwe sèvi ak materyèl pa yo pou pran swen tèt yo, se youn nan fason moun ka pwoteje tèt yo kont maladi pyas. Toutfwa ta gen yon moun ki pran maladi a, tout materyèl ki itilize pou pran swen tèt la dwe lave avan ak aprè moun ki enfekte a fin sèvi ak yo.

Dèmatològ yo eksplike lavaj senp yo pa sifi pou ekate parazit la nan materyèl yo. Se dlo cho osnon trètman ki gen antifonjik ladan ki kapab kouri dèyè chanpiyon sa a ki pran plezi l nan manje proteyin ki responsab repousman cheve moun.

Li finalman: Que révèle l’épidémie de gale sur l’Haïti d’aujourd’hui ?

Pyas la pa gen pyès rapò ak chè donnen moun kapab genyen dèyè tèt. Selon dèmatològ yo, chè donnen an devlople lè moun alèji ak jilèt osnon tondez nan pati dèyè tèt yo. Sa vin rann cheve a pouse mal. Pafwa cheve a pouse anba po a.

Dèmatològ yo di gen gerizon ki posib pou moun ki pran bonè ak chè donnen an. Men pou moun ki kite li fin anvayi bouda tèt la nèt, se sèlman ti amelyorasyon y ap kapab jwenn sèlman.

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments