AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Biznis fo cheve ap grandi chak jou pi plis an Ayiti

0

Nan Pòtoprens kou pwovens anpil fanm mete ekstansyon nan cheve yo. Genyen ki fè konnen se pou yo ka chanje vizaj konsa gen lòt ki di se pou yo ka pwoteje cheve natirèl yo. Antouka medam yo depanse anpil lajan nan fo cheve

Li fè 6è nan maten, Claudia Danticat, yon estetisyèn ki abite Dano nan Gran Gwav, deja sou de pye l. Depi nan lavèy, yon kliyan te gentan rele pou fè konnen l ap vin penyen. Se pou sa Danticat gentan leve byen bonè pou l koule kafe yon fason pou li gentan soutni kè l anvan l kòmanse jounen an.

« Lè m ap penyen se kanpe m kanpe sa ki toujou fè m fatige. Se sa k fè avan m kòmanse m asire m gentan manje yon manje ki ka kenbe m

Vè 8è nan maten kliyan Claudia Danticat a debake. Li vini ak 24 sachè alonj pou li penyen ak cheve a lage sou do l. « Alonj la vann 50 goud, 24 sachè a vini pou 1 200 goud. Valè ou achte alonj la se valè sa a ou dwe peye moun k ap penyen ou la ou plis. Se konsa sa ye pou grèf tou. Si yon kliyan achte yon grèf 2 000 goud, li ap peye m 2 000 oubyen 2 250 goud pou l penyen. Li ka mwens sèlman si moun nan se bon zanmi m. M toujou chache konnen pri cheve yo pou kliyan yo pa bon sou mwen. »

Li tou: Le diktat des cheveux lisses dans les concours de beauté en Haïti

Estetisyèn nan pase anviwon 8èd tan nan penyen an, li fè konnen se paske li pa travay rapid ki fè sa rive men kliyan l yo toujou satisfè. Jèn fanm 25 lane a pa gen salon, se nan lakou lakay li l travay, e li pa gen men pou travay.

Danticat ajoute : « medam Gran Gwav yo pa negosye fo cheve yo, pou kèlkeswa okazyon an yo penyen ak grèf ou alonj. »

Depi li te gen 14 lane Danticat di li kòmanse penyen tèt moun, kounya li gen 25 an. Se dayè sèl aktivite ki pèmèt li rantre lajan. L ap viv ak manman l, frè l epi yon gran tonton l. « Se lajan m fè nan penyen an ki ede m pran swen tèt mwen. Anpil fwa m konn patisipe nan depans fanmi an tou.»

Fo cheve te la depi lontan nan peyi Dayiti men li pa t janm popilè tankou kounya

Si medam Gran Gwav yo pa negosye fo cheve se menm bagay la pou kèk medam nan Pòtoprens.

Danielle Polydor yon jèn fanm yon trantèn lane fè konnen depi li piti li te konn met alonj. « Se te yon pwogram chak vakans pou tout tifi penyen ak alonj. Genyen ki te konn met madjòk ladan yo. Nou te konn fè 3 mwa vakans la ak tèt la penyen kote nou fè chou, penyen de bò, vire tounen tèt nou ak alonj la. Lè konsa nou te konn santi nou bèl. »

Pandan l ap grandi Polydor di li pa met fo cheve pou parèt bèl sèlman men se yon mwayen pou li ka fè cheve natirèl li yo pouse. « Ni grèf ni alonj, tou de fè cheve vini men alonj la fè cheve ou di alòske, grèf la fè cheve fen. »

Pou sa, jèn fanm nan deklare li depanse anpil lajan nan tèt li. « M konn achte cheve a 30 ou 40 dola ameriken. Nan ane 2017 ou 2018 yo m te achte yon grèf a 150 dola ameriken. »

Ou ka li tou: « Cheve dread » chaje ak depans

Menm jan ak Danielle Polydor, Mina ki se pwopriyetè yon salon sou wout Boudon an fè konnen li met fo cheve nan tèt li pou cheve natirèl li yo ka pouse.

« Mwen met alonj nan tèt mwen paske si m ap penyen chak jou cheve yo ap kase. »  Sepandan estetiyèn nan ajoute medam yo mete ekstansyon pou tout rezon. « Gen moun se pou fantezi yo mete fo cheve. Yo ka met yon grèf la pou sèlman 15 jou aprè yo met yon lòt modèl. Konsa tou gen lòt se pou bèl yo mete yo», pawòl pwopriyetè estidyo a ki di se grèf sèlman li mete pou moun.

Mina se yon fanm ki nan karantèn. Depi 1995 li nan metye kosmetoloji men li deklare li pa t janm m wè medam yo met fo cheve tankou epòk sa a n ap viv la a. « Nan ane 1995 pa t gen tout kalite cheve sa yo. Kounya gen tout koulè, tout fòm. Se chak ane gen lòt stil cheve ki parèt menmjan ak makiyaj. »

Moun ki nan dyaspora ki ap vann fo cheve

Gen moun an Ayiti ki vann fo cheve konsa tou gen moun nan dyaspora ki fè biznis sa a. Emmanuella Baptiste, yon jèn fanm ki ap viv nan peyi Etazini se youn nan moun ki konn vann moun Ayiti fo cheve. Li gen yon paj Facebook ak yon sit entènèt kote li ekspoze pwodui li yo.

 « Depi 2016 m ap vann cheve. M gen kliyan Ayiti, Frans, Kanada, Chili ak kèk peyi nan kontinan afriken an. Lè m te fèk kòmanse an 2016 m te konn gen anpil ayisyen ki achte nan men m. Kounya gen twòp moun Ayiti ki nan biznis la, sa vin fè yo pa achte nan menm ankò. Se sa k fè nan pa twò lontan m gen pwojè enstale yon biwo an Ayiti », pawòl Emmanuella Baptiste ki deja gen yon biwo nan Repiblik Dominikèn.

Pi pititi kòb pou achte yon perik ki gen nen nan figil se 80 dola ameriken si nou kwè Baptiste. Daprè dyaspora a, yon perik nan pri sa a kout epi li senp anpil.

Pou yon grèf menm, pi piti kòb pou ou peye sachè a se 25 dola ameriken, toujou selon Baptiste.  « Gen moun ki p ap janm mete grèf ak perik nan pri sa yo nan tèt yo paske yo depanse anpil pou cheve. Si ou vle yon grèf ki long tankou ki ka 40 pous konsa fòk ou gen plis pase 1000 dola ameriken. »

Pou Emmanuella Baptiste pri sa yo pa anpil ditou.  Dayè pou li endistri fo cheve a pa gen lajan ase. « Kòm mwen se yon fanm ki gen anpil rèv ak anbisyon pou m ta wè endistri cheve a gen lajan ladann fòk mwen te miltimilyonè deja. »

Mina ki gen stidyo sou wout Boudon an fè konnen gen anpil medam ki konn vin kote l pou mande l met grèf pou yo kredi oubyen a moso lajan. « Medam yo toujou vle met fo cheve menm si lajan yo pa rive. Mwa desanm menm se tèt chaje. » Dam nan fè konnen pafwa se mari kliyan l yo ki ba yo lajan pou penyen.

Danielle Polydor li menm deklare li pa t janm gen chans jwenn gason achte fo cheve pou li. « Depi m piti se manman m ak yon gran sè m ki toujou fè m jwenn lajan pou m achte fo cheve. Yo te toujou vle pou m bèl. »

Nou te chache pale ak kèk gason pou konnen kisa yo panse de fo cheve. Pi fò nan yo fè konnen yo pa renmen fo cheve men si mennaj oswa madanm yo ta mande yo kòb pou yo achte fo cheve depi yo gen mwayen yo p ap gen pwoblèm pou sa a.

Poukisa medam yo mete fo cheve konsa a ?

Daprè Emmanuella Baptiste ki ap vann fo cheve Etazini, se nouvo teknoloji yo ki fè medam yo plis mete fo cheve. « Lontan se atis ki te konn met cheve yo. Gras ak teknoloji yo, plis fanm vin gen aksè ak pwodui sa yo. »

Se pa sèlman teknoloji yo ki ta lakoz medam yo mete fo cheve. Gen gwo presyon k ap fèt sou fanm nwa yo an jeneral nan mond la pou yo pa pote cheve grenn (menmsi fanm tout koulè met fo cheve). Isit an Ayiti gen kèk konkou bote kote yo sigjere medam yo mete fo cheve pou yo ka pi konpetitif nan lòt konkou entènasyonal yo.

Repòtaj: Les orgies sexuelles de Port-au-Prince

Anplis de sa a, nan anpil videyo oswa piblisite ki ap pase nan televizyon se ak fo cheve fanm yo souvan parèt. Lè yon fanm parèt ak cheve pa l nan televizyon souvan se cheve frize li genyen oubyen li met pèmanant. Se kèk fwa medam yo parèt ak cheve grenn. Yon lòt bò endistri fo cheve a ap vale teren, li reprezante anviwon 10 a 15 milya dola ameriken.

Commentaires

Laura Louis
Je prends plaisir à vous informer.

    Semences de riz empoisonné : le directeur de Natcom risque la prison

    Previous article

    Témoignages d’Haïtiens depuis des pays ravagés par le Coronavirus

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost