SOCIÉTÉ

« Cheve dread » chaje ak depans

0

 De jou an jou, moun vin plis entèrese ak Dread.  Stil kout peny sa rele Dread fashion oswa Dread stidyo. Aktyèlman, gen yon mache k ap pran ekspansyon an Ayiti

Depi kèk tan, Géraldy Sanchez Martinez, alyas Géraldy Bèl Bab (GBB), pa pratike nan stidyo li a, se lakay li travay pou biznis la. Nou te rankontre 4 kliyan ki te vin pran swen cheve yo lakay li : Sherley Charles ki ap fèk kòmanse, Myriame Léandre ak Beїka Charles ki gen yon lane depi y ap vin penyen lakay li, epi Fedlyne Saint Germain ki gen 2 lane depi l ap dread cheve l.

Medam sa yo te dakò vin pase yon jounen lakay Géraldy Sanchez Martinez pou yo penyen, yo ap fè dread fashion, oswa dread stidyo. Yo gen divès pwofesyon, tankou, Myriame Léandre se yon doktè bouch, nen ak zòrèy. Divès fwa relijye tou, tankou, Beїka Charles ki se katolik, li se responsab aktivite adorasyon nan Pawas St-Vincent Paul ki nan Tomasik epi li se responsab pwotokòl legliz li a tou.

Myriame Léandre ak Beїka Charles, nan 10 oswa 20 lane anvan sa, pa t ap fouti gen reyalizasyon sa yo ak kout peny dread la nan tèt yo. Men de jou an jou, moun ki adopte stil kwafi sa a ap eseye fè moun yo plis toleran konsènan li. Fedlyne Saint Germain eksplike li travay anpil pou l chanje mantalite moun nan antouraj li.

Dread fashion, yon mache k ap pran ekspansyon an Ayiti

Géraldy Sanchez Martinez pa sèl moun ki gen stidyo, k ap penyen moun k ap fè dread fashion oswa pou yo vin dread fashion. Se vre li gen 10 lane nan metye sila a, men genyen Unrica Auguste, alyas Makomè Dreadlocks, ki li menm ap fè menm travay la depi 15 lane. De moun sa yo, sou mache a byen lontan epi yo chaje kliyan. Géraldy Sanchez Martinez li menm, di l gen plis pase 500 kliyan ki epapiye nan tout monn lan.

Bagay anpil moun pa ta panse, men gen seri de stil dread ou deside fè ki mande anpil swen, atansyon ak lajan. Pa egzanp, Laura Louis, ki fèk ap dread rakonte : “ Lè m t ap fèk kòmanse, stidyo m te ale a te mande mwen 4 000 goud, epi m te sipoze vin penyen chak semèn pou 1 250 goud.”  Si Laura Louis te kontinye ale nan stidyo sila a,  sèlman pou premye mwa a, li t ap peye 9 000 goud antou pou l fè dread fashion nan, e yon sèl mwa pa t ap sifi l. « Men m te vin kite l pou yon lòt stidyo, kounye a se pa mwa mwen penyen pou 1 500 goud », Laura Louis eksplike.

Pri yo evolye nan mache dread la. Nan lane 2012, Mackenson St Louis, te deside fè stil kwafi sa a tou. Nan epòk la pa t ko gen stidyo. Li rakonte se te kay yon zanmi ki te konn penyen li te abitye ale. Li te peye 1 500 goud pou l te penyen premye fwa a, se pike yo te pike cheve a pou li. Apre sa, li te konn al penyen yo chak 3 oswa 4 mwa, pou 1 000 osnon 1 500 goud.

Diferan etap yon moun ka pase pou l rive dread cheve l yo

Nan dread fashion nan, Unrica Auguste fè konnen, ou ka kòmanse l ak yon dizay, kote se woule yo woule cheve a nan fòm twist ak jèl. Jèl la pa bezwen yon jèl espesyal. Nan ka sa a, menm jan Géraldy Sanchez Martinez di li tou, kliyan an pa gen dwa fè anyen ak cheve l poukont li. Se pwofesyonèl stidyo a ki pou lave, penyen oswa mete kèlkeswa pwodwi a nan tèt kliyan an.

Men frekans vizit yo varye selon stidyo ou ale a, jan Laura Louis te eksplike sa ak eksperyans li te fè a. Pou fè tip kwafi sa a, Unrica Auguste mande 50 dola ameriken, epi Géraldy Sanchez Martinez mande 3 000 goud pou pi piti pou kòmanse. « Men si kliyan an, lè l ap fèk kòmanse a, pa deside pran pasyans pou cheve l pran fòm epi stil li vle a, li ka pike yo, Unrica Auguste ajoute. Pou l fè sa, l ap peye 100 dola ameriken. »

Men tout moun k ap dread pa pase menm chemen an. Nan tout stil kwafi gen varyasyon ladan li, Roselande Jeanty li menm, eksplike li pa t ale nan stidyo pou al fè dizay twist oswa bay pike yo. Li rakonte : « Mwen pa t peye okenn moun oswa stidyo, m te annik penyen cheve m de dwèt epi mwen kite yo kole poukont yo. Cheve m te pran anviwon 3 a 4 mwa pou yo kole.»

Chak pwofesyonèl fè koze l jan pa l

Kisa metòd pike cheve a ye? Pwofesyonèl stil kout peny sa a di konsa se kondane yo kondane cheve a. Pou yo fè sa, yo rantre yon zouti ki rele kwochè ladan l, yo tise cheve a pratikman. Cheve a vin kòde, épi l vin bay aspè dread la. Yo rele stil sa a dread instantané. Pou Unrica Auguste, kliyan an ka pa retounen nan stidyo a si l vle. Li ka lage cheve l, fè sa l vle ak li.

Géraldy Sanchez Martinez li menm, li konn pike cheve tou, men li pa rekòmande pou yon moun ki fèk ap dread fè sa, paske pou li, cheve a pap rive pran fòm lib li. Se pa sèl li, pliske Laura Louis fè konnen : « M gen 4 mwa deja m ap ale nan dezyèm stidyo sa a, se jis nan mwa desanm nan la, m gen pou m al pike cheve yo pou 50 dola ameriken. »

Li tou: On a coupé mes dreads

Men tou de pwofesyonèl sa yo dakò sou yon koze : lè w ap fèk kòmanse dread cheve w, se chwazi byen nan ki stidyo w prale oswa kot kiyès ou prale epi rete la. Paske pou yo, cheve ki dread la pa fasilman manipilab menm jan ak cheve natirèl la, oswa cheve pèmanant lan. Unrica Auguste li menm, deklare l pi pito pran kliyan sou rekòmandasyon, paske « lè moun nan al yon kote ki pa byen fè l, se plis travay li ban m fè ». Kanta pou Géraldy Sanchez Martinez, li ka eseye repare dega nan cheve w yo, oswa menm fè w refè tout pwosesis la nèt.

Tankou, pou kliyan li Sherley Charles, Géraldy Sanchez Martinez te deklare : « Baz la pa bon, tout cheve yo pa t menm gwose, menm longè, yo pa t byen trase, m oblije fè l rekòmanse a zero. » Beїka Charles li menm, ki gen sèlman yon lane depi l ap vini nan stidyo sa a, te gen anpil fristrasyon ki t ap degaje lakay li, parapò ak satisfaksyon l pa t jwenn nan travay premye stidyo a.

« Erezman pou mwen, m pa t oblije rekòmanse menm jan ak Sherley, paske m te fè yon lane deja ap fè dread yon lòt kote, Beїka Charles tonbe rakonte. Gen seri de mechan deyò a, m te tonbe sou youn, ki te itilize fil, yo te koud cheve m ansanm. Kote ki koud yo te fè yon pakèt ne nan très yo. Gen très ki te kase epi yo pa t menm longè oswa menm gwosè. »

Gen moun ki dread cheve yo, men yo pa al penyen nan men pwofesyonèl yo ankò

Roselande Jeanty, ki gen 2 lane depi l gen dread, prezise : « Lè moun nan fin dread cheve li, lè l al penyen vle di, se swa li al sere rasin yo, kote ki gen twòp repous yo, oswa li ale fè kwafi. »

Jeanty rakonte li te ale nan stidyo yon sèl fwa, li te peye 1 500 goud jis pou l fè kwafi, men depi lè sa a se zanmi l li fè sere yo. Nan yon lane, li deklare li ka depanse anviwon 4 500 goud pou l pran swen cheve l, pomad, lwil, chanpou, elatriye.

« Apre pil kòb mwen wè m ap peye pou m penyen, m te vin degaje m aprann pran swen cheve m poukont mwen, gras ak sit entènèt tankou Youtube oswa èd kèk zanmi, Mackenson St Louis rakonte. Jounen jodi a, mwen pa ale jwenn okenn moun oswa ale nan stidyo pou m penyen yo. Pou yon lane, m ka depanse 2 000 oswa 2 500 goud pou cheve m sèlman, nan achte pwodwi pou pran swen yo.»

Pran swen cheve ki dread yo

Pou Géraldy Sanchez Martinez, cheve a li menm pa bezwen anyen pou l rive kole youn ak lòt. Men li menm, lè l ap twist cheve kliyan l yo, se yon jèl ki di li itilize. Li pa rekòmande pou w lave cheve w ak byè, li di konsa : « Anpil moun panse amidon ki nan pitimi an ap kole cheve yo, men yo twonpe yo, se jis move lodè l ap bay cheve a epi fè l pèdi koulè natirèl li. »

Men gen pwodwi natirèl ki sou mache a, tankou lalwa, lwil maskriti, lwil kokoye, oswa lwil mango ak sitwon vèt. Gen tout yon gam pwodui ki sòti Jamayik pou moun ki dread epi lòks. Kit se stidyo oswa moun nou te kontakte yo, yo te deklare yo itilize youn oswa lòt nan gam pwodwi sa yo. « Men pwodwi sa yo pa ka ranplase yon bon alimantasyon, pou cheve w pouse an sante », Géraldy Sanchez Martinez fè konnen.

Pran swen cheve ki dread yo, espesyalman dread fashion yo mande tan ak lajan. Ou dwe retounen regliyèman nan stidyo a epi w ka fè tout yon jounen chita ap penyen. Men, se pa sa sèlman. Ou dwe tou veyatif ak pousyè, toujou mache ak yon bagay pou mare tèt ou oswa yon bone. Lannwit, medam yo eksplike yo konn mete bone nan cheve yo, sitou lè y ap met tretman ladan yo. Paske isit tou, nan stidyo yo, ajan maketin konn vin vann pomad natirèl.

Dread pa yon kwafi ou ka leve yon bon maten w deside fè

Chak moun deside fè dread pou yon rezon patikilye. Sherley Charles fè konnen se nan yon « rèv, yon nèg cheve long, dread, bay lòd pou retire grèf la ». Pou Fedlyne Saint Germain, « apre 3 lane ap fè natirèl, trese cheve a, fè twist, m te vrèman vle fè yon bagay ki diferan ak cheve m. »

Chak moun deside fè dread pou yon rezon patikilye.

Unrica Auguste konseye pou moun nan fè dread la, paske l renmen l, paske sinon l ap dekouraje epi fòk moun nan gen anpil pasyans. Roselande Jeanty li menm konseye pou moun k ap chwazi stil kwafi sa a swa pou kote estetik li, swa poutèt yon ideyoloji pou l byen enfòme l nan kisa l ap anbake l. « Paske chaje baryè l ap mete devan w tankou prejije oswa diskriminasyon. »

Myriame Léandre avwe : « Kòmansman yo toujou difisil, dayè ou pa ka lave li, ou pa sanble ak anyen, cheve yo kout, moun dekouraje w, ou oblije ret tann cheve a gen yon ti longè pou tout po tèt ou pa deyò. » Se poutèt sa, li menm, li te chwazi fè dread (yon dezyèm fwa paske l te bay vag deja) paske l vle fè « yon lòt chwa pou vi li, rekonekte ak kilti l, asime idantite l antanke moun nwa. »

Orijin Kwafi dread la

Jounen jodi a, li difisil pou moun yo diferansye dread epi lòks, gen moun tou ki pa dakò gen diferans, men se youn nan stil kwafi ki varye anpil. Pa egzanp, apa Dread fashion nan, gen Nati dread oswa dread free form, Nappy, Bomgo dread (gwo bout très la), gen sister locks (ti très fen fen an), dreadlocks, roots dread, rasta, elatriye.

Souvan tou, moun yo asosye kwafi dread la ak kilti Jamayiken an oswa Rasta yo, men orijin li ale pi lwen pase sa. Gen tras li depi ansyen sivilizasyon yo, byen anvan nesans Jezi. Tankou sou tan Farawon yo, Aztèk yo, epi peyi Lend. Yon pakèt tribi an Afrik tankou Mau-Mau nan, Massaї, Bantous, Tveddo (wolofs pre-islamik), Bonos, Oromos, elatriye, te konn gen stil kwafi sa a tou.

Kanta pou gwo enfliyans kwafi sa a nan peyi Jamayik, Ajai Mansingh ak Laxmi Mansingh te etidye prezans kilti endyen an nan Jamayik depi plis pase 150 lane. Rezilta rechèch yo demontre sanble gen yon enfliyans potansyèl kilti endyen an nan peyi sa a, paske Sadhu yo (seri moun ki apa pou Bondye nan rechèch nan enèji espirityèl, nan kilti endou a) gen stil kwafi sa a. Enfliyans sa a te kòmanse ozalantou 1930, apre imigrasyon masiv travayè Endyen yo nan Jamayik.

Nan peyi Lend, depi plizyè mil ane, petèt depi nan tan pre-istorik yo, majorite nan Sadhu yo, gen cheve long ki se siy virilite ak fòs. Cheve a, nan sans sakre li, se pouvwa divinite Shiva a ba yo oswa genyen. Sadhu yo kite cheve yo pouse lontan epi avèk letan, yo vin kole epi pran fòm kòd, ki tonbe sou pye yo, epi yo sanble tèt pou tèt ak locks nou genyen jounen jodi a.

Hervia Dorsinville

Commentaires

Hervia Dorsinville
Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. À Ayibopost, elle écrit sur les sujets de société, la culture et la technologie. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    La dépendance à la publicité tue les médias haïtiens

    Previous article

    L’histoire palpitante des chemins de fer en Haïti

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost