SOCIÉTÉ

Lwil maskriti p ap fè cheve w vin long men li bon pou anpil bagay

0

Luil maskriti se yon pwodui yo itilize divès fason nan anpil kote sou latè. Yo fè remèd pou moun malad ak anpil lòt bagay avèk li. Men, jiskaprezan lasyans pa janm pwouve luil maskriti fè cheve pouse

Pwofesyonèl lamedsin yo pa kwè luil maskriti kapab fè cheve pouse. Li p ap  koze domaj a cheve yo, men kesyon pou l fè cheve pouse a rete yon « mit » selon sa yon chimis ki rele Pierre Romananski fè konnen.

Se pa sèl li menm ki dakò sou sa. Adam Friedman, Direktè pwogram fakilte medsin nan Inivèsite Washington fè menm remak la tou. Li menm li konstate luil la gen kèk eleman ki ka goumen kont mikwòb ki ka manje po tèt yon moun. Men li pa fè cheve pouse pou otan.

Adam Friedman konstate luil la gen kèk eleman ki ka goumen kont mikwòb ki ka manje po tèt yon moun. Men li pa fè cheve pouse pou otan.

Yon luil itil

Widner Saint-Luc, ki gen ti non jwèt Nènè nan zòn Bwa Mokèt kote l rete. Se yon medsen fèy ki fè remèd pou anpil moun sou katye sa ak sa k tou prè l yo. Luil maskristi se youn nan bagay li itilize anpil pou fè remèd, sitou lè l ap rale moun.

« Men se pa tout moun ou ka rale avè l paske se pa yon bagay ou itilize konsa konsa. Se pa tout pati ou ka rale ak luil maskriti a tou », daprè sa Nènè fè konprann. Li eksplike se fanm li plis rale ak luil maskriti lè l ap fè remèd paske kò fi a pi pare pou sa.

Li tou: Authentique avec mon maquillage!

« Aprè rale moun, ou ka itilize luil maskriti a pou anpil lòt bagay. Ou ka bay moun ki fè sezisman tou. Lè sa ou mete yon ti sèl fen nan yon kiyè ak tout luil la epi ou chofe l, aprè ou ba l bwè l », toujou daprè Nènè.

Li eksplike ou ka fè anpil lòt melanj avè l tankou ak fèy zoranj pou lè moun gripe, men fòk ou byen konn kòman pou ou prepare posyon an, selon sa l fè konprann. Ou ka itilize luil maskriti pou w fè anpil lòt remèd, daprè Nènè ki pa ka site tout yon sèl kou.

Kòman yo fè luil maskriti ? 

Maskriti a se yon plant ki donnen yon grenn e se ak grenn sa yo fè luil la.

Pou w fè luil la, gen plizyè etap pou w respekte. Lè w fin keyi grenn nan, ou dwe mete l sèch jiskaske po ki sou li a ouvè. Aprè ou dwe triye l pou w retire tout pay, wòch ak bout bwa ki ladan l.

Lè w fin fè tout sa ou griye grenn nan, men fòk ou gen yon bon dife pou w fè sa. Lè konsa se dife bwa yo plis itilize pou etap sa.

Li tou: Le “Hair and Body Care Expo”

Lè grenn nan fin byen griye, ou mete l nan yon pilon pou w pile l. Nan etap sa yo konn itilize moulen yo konn moulen manba yo tou paske lè sa fòk grenn nan vin likid likid pou fè sa yo gen pou fè aprè a.

Ou pran sa ou fin pile oubyen moulen an, yo lage l nan yon dlo epi yo kòmanse bouyi l. Lè l kòmanse byen bouyi, gen yon luil ki ap parèt sou dlo a e detanzantan ou dwe ap ranmase l ak yon kiyè.

An menm tan, ou dwe toujou ap bwase chodyè a ak yon kiyè tou pou luil ka kontinye monte.

Yon pwodui anpil moun ap chèche

An 2017 Lesly Joseph, yon jèn dantis ki toujou ap vwayaje ant Ayiti ak Etazini remake moun nan dyaspora yo toujou ap mande l pote luil maskriti pou yo. Depi lè sa, li lanse « Saint-Apollonia Castor Oil », yon antrepriz ki anrejistre anba « Saint-Apollonia Mobile Dental Clinic » nan ministè komès pou vann luil la.

« Nou gen kontak avèk pwodiktè nan Nòdès epi nou mete yo nan diferan resipyan pou vann yo. Nou kòmanse a pati 175 ml », daprè doktè Lesly Joseph ki rakonte pi fò kliyan Etazini l yo se pou cheve yo mande pwodui a.

Se pa yon bagay doktè pral preskri yon moun dirèkteman, men yo kanmèm rekonèt efè relaksan li genyen pou doulè. – Lesly Joseph

Men sa pa anpeche li rekonèt byenfè luil makristi a pou anpil lòt bagay. « Se pa yon bagay doktè pral preskri yon moun dirèkteman, men yo kanmèm rekonèt efè relaksan li genyen pou doulè. Konsa, gen doktè ki konn toujou konseye moun pase l lè yo gen doulè pa egzanp », daprè Lesly Joseph.

Doktè a rakonte li poko janm jwenn pwoblèm lè l ap pase nan èpòt ak pwodui « Saint-Apollonia » yo. « Ni nan imigrasyon isit, ni nan imigrasyon Etazini », yo toujou kite l pase. « Lè yo mande m sa sa ye, mwen jis eksplike », toujou selon Lesly Joseph ki kwè plis rechèch syantifik ta dwe fèt sou luil sa pou jan yo itilize l Ayiti.

Luil maskriti itilize pou anpil bagay

Anpil kote nan mond lan, yo itilize l pou nan medsin tradisyonèl e se pa pou rale moun sèlman yo itilize luil maskriti.

Nan rejyon Karayib la, peyi tankou Matinik, Jamayik ak Etazini itilize tou pou prèske menm bagay yo. Yo rale moun avè l, yo konn fè friksyon pou moun ki gen bwonch, grip, lafyèv, elatriye.

Selon sa yo di, se Arawak yo ki te premye konn itilize l pou remèd. Tan pase, yo transmèt itilizasyon li de jenerasyon an jenerasyon.

Selon sa yo di, se Arawak yo ki te premye konn itilize luil maskriti pou remèd. 

Anpil medam itilize l pou pase nan cheve yo pou fè repous. Méricia Léger, spesyalize nan kesyon luil pou cheve.

« Se sèlman si w alèji avè l ou pa ka itilize l. Se menm li menm yo rele huile de ricin an. Sa sèlman k diferansye yo se paske yo itilize dife pou fè maskriti a, yo pa fè sa pou risen an », daprè sa Méricia di.

Luil risen an pa gen menm sant ak maskriti a. Sa fè li pi chè pase maskriti a tou e yo itilize l pou plizyè bagay.

Méricia eksplike luil maskriti a bon anpil pou cheve. « Li bon pou bay cheve a volim lè li pay pay. Lè sa li fè l parèt plis. Epi lè cheve a ap kase,  li ba l fòs.», selon sa Méricia rakonte.

Tout moun, tout kalite cheve ka itilize luil maskriti daprè espesyalis pou cheve a. « Moun bò tèt yo ap kale yo ka itilize l pou fè repous tou. Chak swa anvan y al dòmi, yo ap gen pou pase l san yo pa menm bezwen chofe l epi yo mare l. M panse aprè 3 mwa yo ta dwe jwenn rezilta. »

Pou sant lan, Méricia kwè sant lan pa p ba w problèm sèvi avè l « pou ou al sou moun. » Dènye tan sa yo, li remake plis moun mande luil maskristi sitou ak fenomèn kote medam yo ap kite pèmanant pou vin fè natirèl.

Lwil maskriti pou fè masaj

Peguy Flore Etienne ap pratike masaj pwofesyonèl depi 2013. Menm si l rekonèt byenfè luil maskriti a, pou li se yon pwodui ki sèlman itilize nan kad tradisyonèl.

« Masaj mwen fè yo gen yon efè relaksan. Mwen pa itilize luil maskriti, se luil mineral ak krèm spesyal mwen itilize pou sa », selon sa li eksplike.

Peguy Flore ale pi lwen pou l eksplike luil maskriti a twò près pou l antre nan po moun y ap mase a. « Sa valab pou tout tip masaj », selon sa l rakonte.

Peguy Flore eksplike se ralè yo, ki fè pati medsen tradisyonèl yo, ki itilize l pou rale moun ki pran kèk chòk. Men se pa yon bagay yo aprann fè nan kad pwofesyonèl, selon sa l rapòte.

Menmsi l pa ka itilize l akoz pwoblèm sante, Peguy Flore rekonèt se yon bon pwodui sitou nan zafè cheve.

Livensia Merzil se yon famasyen ki itilize luil maskriti pou cheve l.  « Mwen leve jwenn fanmi m ap itilize l pou doulè, men mwen pa itilize l pou sa. Lè m te timoun yo te konn ban mwen l nan lòk paske m asmatik, men lè m fè rechèch li pa gen pwopriyete sa yo », selon famasyen an.

Livensia rakonte luil yo rele an fransè « huile de ricin » gen pi bon konsekans sou lasante pase luil maskriti a. « Sa yo fè a cho a [sa vle di luil maskriti a, ndr] pèdi anpil pwopriyete nan etap y ap fè l la », daprè li.

Leyogàn lè y ap pile grenn maskriti, anvan yo bouyi, li fòk tout moun ki kanpe tou prè pile tou.

Lè yo pase l nan dife luil la pèdi tout pwopriyete l ta dwe genyen pou l fè efè sou lasante yon moun. « Ou ka itilize l vrèman jan yo itilize l pou bay moun bwè a, men se lè l se « huile de ricin ». Lè se luil maskriti, ou ka itilize l sèlman pou bagay ki gen pou wè  ak pati ki pa deyò kò a », selon sa l kontinye di.      

An Ayiti, gen anpil kwayans sou kesyon luil maskriti a. Pa egzanp, nan Leyogàn lè y ap pile grenn nan anvan yo bouyi li fòk tout moun ki kanpe tou prè pile tou.

Selon kwayans lan si youn nan moun yo pa sou san l, li ka detounen luil la nan kè l. Konsa, si yo ba l pile l, yo kwè sa ap fè l pa ka detounen pwodiksyon an. Yon lòt kote, lè y ap fè luil la, etranje ki la yo sèlman ka gade kèk nan premye etap yo si luil la dwe vin yon bon luil.

Journaliste et communicateur

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *