AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Li pa nòmal pou fi gen gwo doulè pandan règ yo

0

Lè sa rive, yo dwe chèche tretman

Pou anpil fi, règ vini ak gwo soufrans. « M te konn lage kò m sou twotwa nan lari a ap kòde ak doulè. Moun k ap pase konn panse se yon avòtman rate k ap kale m », Johane Elima rapòte.

Pwofesyonèl nan kominikasyon vizyèl la te konn panse li nòmal pou li santi l nan eta sa a chak fwa li gen règ. Men doktè yo pa dakò : fanm pa oblije gen gwo soufrans lè yo gen règ.

Nan lang save doktè yo, doulè fanm konn santi lè yo gen règ yo rele dismenore. Majorite fi gen yon ti doulè toupiti. Sa nòmal. Pou kèk lòt, doulè a konn ensipòtab epi rive jiska paralize tout aktivite yo. Elima fè konnen li te konn gen vomisman, dyare, vant li, tay li, tout ap fè l mal.

Daprè doktè Stephane Michel, yon obstetrisyen epi jinekològ, gen 2 kalite dismenore. Gen yon dismenore yo rele li primè. Li menm, li pa gen yon maladi ki lakòz li, se yon doulè ki prèske natirèl lakay fanm nan. Pou doktè sila a, gen nenpòt 50% fanm ki soufri dismenore primè a.

Dismenore segondè a pa natirèl. Yo konstate l lè yon fi ki te gen ti doulè oswa ki pa t genyen ditou, wè kounyeya se gwo doulè li paka sipote l ap pran, doktè Rodrine Janvier ki se yon jinekològ obstetrisyèn eksplike. Gen lòt manifestasyon ki konn akonpanye l tou. Fi a ka ap bay san nan bouch pa egzanp. Doulè règ sa a kapab rezilta yon maladi tankou fibwòm, andometriyoz, timè nan iteris, oswa yon enfeksyon.

Plizyè tretman

Fi santi doulè lè l gen règ paske matris li sekrete yon òmòn ki rele prostaglandin. Se li menm ki responsab efè kontraksyon nan kò yon moun. Doktè Rodrine Janvier di prostaglandin lan fè matris fi a sanble ak « yon zoranj ou ap prese » pou fè san an koule.

Se prostaglandin nan ki lakoz vant deranje ak vomisman pandan règ la. Òmòn sa a libere nan san fi a epi sikile nan kò l. Lè l rive nan sistèm dijestif medam yo, li gen menm efè li te gen nan matris la : li pwovoke kontraksyon ak doulè.

Medsin modèn poko rive di ki kote gwo doulè yo sòti.

Gen anpil faktè ki ka rantre nan dismenore a, doktè Michel rapòte. Li eksplike gen etid ki montre gen relasyon ant moun ki fimen sigarèt yo, epi entansite doulè règ yo. Gen menm eksperyans ki montre ta sanble gen yon aspè sikolojik ladan. « Moun nan nèk chanje koulè penti ki nan chanm li, epi sa chanje entansite doulè moun sa a resanti », doktè Michel k ap pale.

Doulè dismenore a pa manifeste ak menm entansite lakay tout fi. Pliske chak moun diferan, gen moun ki gen yon nivo tolerans ak doulè ki plis pase yon lòt. Konsa, jan l deranje yon fi, li anpeche l fonksyone, li ka pa twò deranje yon lòt. Se sa k fè, doktè Michel eksplike kèlkeswa doulè yon moun genyen an, li ka pran medikaman pou li.

Pou medam ki soufri dismenore yo, gen plizyè tretman yo kapab fè.

Li tou: Kisa fenomèn fanm travèse gason an ye menm ?

Youn nan premye bagay la, fi a kapab pran konprime pou doulè pou tou 2 kalte dismenore yo. Sa p ap anpeche san an koule vre. Menm si l ta pran yon medikaman “Anti-inflammatoire non stéroïdien”, (AINS) ki gen yon dò ki wo e ki anpeche san byen sikile, doktè Michel asire li pa yon problèm pase sa.

Ayibopost pa rekòmande moun pran medikaman san preskripsyon. Yon fanm ki gen doulè ensipòtab dwe al wè medsen.

Gen yon pakèt medam ki panse lè yo fè yon seri de planin, yo kapab gen problèm amenore. Epi yo konn panse si san an pa koule, sa vle di li rete yon kote. Yon konprann sa pral gen konsekans tankou tansyon monte, fibwòm elatriye. « Se yon bagay ki pa laverite ditou », doktè Michel di.

Dapre espesyalis la, san an p at kache okenn kote. Se paske fi a pa ansent ki fè san an koule. « Gen moun ki konn gen anpil san k ap koule, medsen konn ba yo medikaman pou diminye kantite san k ap koule a. Men sa pa vle di san sa a rete estoke yon kote nan kò moun nan. »

Soulajman gwosès konn pote

Gwosès konn pafwa aji kòm yon tretman pou medam yo. Johane Elima deklare li pa gen gwo doulè règ ankò apre premye pitit li. Menmsi se yon eksplikasyon ki senp, gen plizyè faktè ki ta dwe pran an konsiderasyon sou kesyon sa a.

Doktè Michel fè konprann pandan yon fi ansent, li pa ovile. Kidonk, matris li pa gen òmòn prostaglandin ki libere ladan l chak mwa. Fi a vin tankou yon moun ki sou tretman planin natirèl pandan nèf mwa. E apre akouchman an, sistèm repwodiktè li ap rebalanse epi problèm sa a ka tou korije.

Kanta doktè Rodrine Janvier, li avanse 2 tèz pou ka sa yo. Pou fanm ki fin akouche a, li di se tankou fib ki konstitiye venn ki nan matris la, sa yo rele myomèt la, fè yon ti lache, yo pa sere ankò. Kidonk, modifikasyon ki fèt nan matris la pandan gwosès la, fè venn ki fòme iteris la detire, mwens kole youn ak lòt. Moun lan santi mwens efè kontraksyon ki konn fèt epi ki jenere doulè an.

Li tou: Le marché des sextoys est en plein boom en Haïti

Yon lòt ipotèz gen pou wè ak kòl matris moun nan ki pa sere menm jan an ankò. Kidonk, san an koule pi byen.

Anplis, gen medam ki avanse nan pwosesis menopoz yo tou ki konn vin resanti mwens soufrans lè yo gen règ. « Pa gen okenn vye san doktè Janvier ensiste pou l di. Se tou senpleman paske moun yo pa konprann fenomèn ovilasyon an ki fè y ap pale de vye san. Imedyatman règ la fin pase pa gen san ankò, sofsi moun nan gen yon emoraji. Lè sa a, se maladi, se yon bagay ki pa nòmal. »

Byen manje epi fè egzèsis fizik

Gen kèk fi ki gen dyare ak vomisman ki akonpanye gwo doulè règ la. « Toutotan m pat vomi, gwo doulè a p ap pase premye jou a, Johane Elima ap eksplike. Apre 3 lòt jou yo, se nan kabann m rete. M te toujou ap mande m kijan m pral jere yon travay ak bagay sa a. »

Rodrine janvier fè konnen, doulè a konn iradye. Sa vle di, doulè a reponn moun nan nan yon lòt pati nan kò l. « Pafwa fi a ka santi se bouboun li menm k ap fè l mal, (…) li santi dèyè li gen kranp (…) », doktè a ajoute.

Yon lòtbò, fi yo konn santi sa yo rele rele Sendwom premanstriyèl (PMS). Li bay doulè, tèt ak do fè mal, tete sansib, oswa tanperaman chanjan anvan règ la. Bagay sa yo se yon seri fenomèn byolojik diferan ki lakòz yo. Yo pa gen okenn rapò ak dismenore a.

Yon bon alimantasyon, manje anpil fui ak legim epi gen abitid fè bonjan egzèsis fizik ka ede yon fi jere doulè règ li, doktè Rodrine Janvier fè konnen. Moun sa a tou, fòk li ta evite manje anpil sik ak grès.

Li tou: Taches sur la peau des bébés et envies des mamans, un mythe populaire en Haïti

Pou soulaje doulè a, ou ka kòmanse pa mete yon sèvyèt ki te tranpe nan dlo tyèd sou vant ou. Si w konn resèt remèd natirèl tankou te fèy, ou ka fè yo tou. Gen resèt ki pale de fèy « camonine » pa egzanp ki anti bakteryen epi anti anflamatwa. Doktè medsin modèn yo rekonèt remèd sa yo kapab bay rezilta. Sèlman, yo rekòmande pou pasyan yo fè anpil pridans nan dozaj la.

Gen plizyè tretman ki itilize pou kapab kontwole doulè règ. Se pa sèlman konprime doktè a ka bay pou doulè oswa pou kontwole pwodiksyon òmòn yo. Doktè yo pafwa mande se opere pou yo opere fi a si li te fèt ak yon malfòmasyon nan fòm matris li oswa kote matris la plase a.

Kèlkeswa dismenore yon fi ta resanti, li enpòtan pou l ale lopital pou medsen kapab tchyeke l pou konnen èske l segondè, èske l primè. Se lè sa a tou, doktè a pral konnen ki konprime li dwe bay moun lan, epi ak ki dòz. Espesyalis yo di pi bonè se granmaten.

Hervia Dorsinville

Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *