AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Kisa fenomèn fanm travèse gason an ye menm ?

0

Se yon fenomèn yo bay yon non diferan anpil kote

Gen yon fenomèn an Ayiti kiltirèlman ki rele fanm janbe gason. Gen moun ki jis rele l gason ki gwòs. Se yon sitiyasyon kote yon gason prezante siy gwosès pandan madanm li ansent. Lè sa a rive fèt nan yon fanmi, anpil moun konn di se fanm ansent lan ki travèse oswa janbe mari l pandan y ap dòmi ansanm. Manise Jean, yon dam ki gen anviwon 60 lane te viv yon eksperyans konsa ak mari l lè l te jèn.

Manise Jean di li pa sonje si l te janbe mesye a men li te prezante anpil siy fanm ki ansent. « Mari m te krache anpil, li anvi manje tout kalite manje. Gen de sant li pa ka pran. Li gen parès pou l kite kabann li alòske m nan tout piwèt mwen, nan tout aktivite m.  Men ou menm ki gwo vant la ou pa gen ankenn soufrans. Li vin pran ekilib li nan 9 mwa, lè m pral akouche. »

Manise Jean di li pa t fè anyen pou mari l paske l te konnen egzistans fenomèn sa a. Li konnen gason ki deside dòmi dèyè madanm yo jis pou l pa travèse yo.

An Ayiti, pa gen ankenn etid ki fèt sou fenomèn fanm janbe gason an. Nan  lane 2007 « Université de Londres » soti yon etid kote yo te analize fenomèn sa a soti lane 1950 pou rive 2006. Travay  sa a montre menmsi se pa yon fenomèn la medsin rekonèt, yo rive idantifye anpil anpil ka. An Angletè, chif yo varye ann 11% ak 50%. Sou chak 100 papa nan peyi Lasyèd ak Lafrans, gen  anviwon 20 nan yo ki prezante sentom gwosès. Jiska 61% taylandè ak 68% chinwa ta sanble santi sentom sa yo. Sa ki montre fenomèn sa a pa egziste sèlman Ayiti.

Li tou: Et si on parlait du pseudocyesis ?

Dapre doktè Marie Ange Jean Fils, ki se sikyat, fenomèn fanm ansent ki janbe mari yo a a se yon twoub sikosomatik (yon maladi sikolojik moun nan genyen ki aji sou kò l) ki rele « syndrome de la couvade ». Li fè yon seri gason prezante kèk siy klasik gwosès yo. « Gen gason vant yo vin gwo, genyen ki gen lèt ki soti nan tete yo oubyen ki gen vomisman, yo menm konn gen tranche lè fi a pral akouche. » Daprè espesyalis la se yon gwosès sikolojik gason an genyen menm jan gen fanm ki konn gen « pseudocyesis », sa nou rele kiltirèlman pèdisyon an.

Menm jan ak mari Manise la gen anpil gason ki viv fenomèn sa an Ayiti selon Jean Vilso Benêche ki se medsen fèy. Li gen yon eksplikasyon ki pa syantifik sou dosye sa a. Benêche fè konnen se gason ki fèb espirityèlman ki viv eksperyans sa yo.  « Nèg ki fèb, daprè Beneche, depi madanm li travèse l, l ap vin an mal makak jiskaske fanm nan akouche. Alòske gason ki ak tout puisans  li, menmsi fanm nan travèse l, li p ap gen anyen. »

Jean Vilso Benêche di lè sa a rive, anpil fwa se espre medam yo konn fè yo janbe mari yo. Genyen tou, toujou selon Benêche, se inyorans ki mennen yo aji konsa. « Tout moun ki resevwa fòmasyon konnen ou pa travèse gason. Menmsi nèg la ap dòmi ou dwe sekwe li pou ou ka leve al fè sa ou gen pou fè a. »

Li tou: L’hôpital Nos Petits Frères et sœurs ferme son service de maternité

Selon natiralis la pa gen yon esplikasyon byen defini sou fenomèn fanm janbe gason an. Li fè konprann lanati granmoun, li fè sa l vle. Li pran egzanp sou poul ak kòk pou li esplike sa l vle di a.

« Yon kòk batay ki gen yon poul ki kouve pa ka al nan gagè. Si ou pa leve poul la sou nich li, kòk la ap pèdi batay la. Ou dwe tann poul la kale pou ou al bat kòk la osinon ou dwe leve manman poul la sou nich la, ou mare l pou ou ka al bat kòk la. »

Jean Vilso Benêche di li resevwa anpil moun ki nan sitiyasyon sa a. Se paran moun sa yo ki konn vin kote l. 

Kisa ki lakoz « syndrome couvade » la ?

Daprè Marie Ange Jean Fils, fenomèn twoub sa a plis frape jèn gason. Se yon strès moun nan genyen ki fè li vin prezante kèk manifestasyon fizik. Selon doktè Jean Fils, jeneralman nan sosyete a nou toujou wè jèn fi ki vin konnen yon egzistans difisil lè yo ansent bonè. Men gen jèn gason ki konn nan menm sitiyasyon sa a tou.

« Gen anpil gason ki konn pè responsablite patènèl yo sitou lè yo jèn anpil ak lè se premye pitit yo. Lè yon fi di li ansent pou mesye sa yo, se konn yon move nouvèl pou yo. Anpil fwa se yon timoun oubyen yon adolesan ki te sou kont fanmi l ki vin gen responsablite pou pran swen tèt li, yon madanm ak yon pitit alòske li pat prepare mantalman pou sa. Fanmi ti gason sa a konn abandone l paske li ansent yon fi. »

Li tou: La crise d’éclampsie, c’est quoi exactement ?

Doktè a kontinye pou l di tout pwoblèm sa yo vin kreye yon laperèz ki bay yon strès lakay jèn gason sa a. Strès sa a vin kreye yon dezòd òmonal lakay gason sa a ki fè l bay yon seri chanjman nan kò l.

Pandan Vilso Benêche di li trete anpil ka kote mesye yo di madanm yo ki ansent janbe yo, Marie Ange Jean Fils di li poko janm resevwa yon sèl ka konsa. Tout konesans li genyen sou fenomèn sa a soti nan liv. Poutan, daprè doktè Jean Fils, « gen anpil ka konsa nan peyi a, yo jis pa vin wè pèsonèl sante mantal yo. Moun yo pito al wè yon ougan. Menm lè yo al wè yon medsen fèy, se plis travay mistik la y ap chache lakay li. Popilasyon an di lè l al kay ougan li jwenn rezilta, men li pa di l al kay sikyat li jwenn rezilta. »

Sikyat la di gen anpil travay ki ta dwe fèt pou sansiblize moun yo sou yon seri twoub mantal. Daprè sa Marie Ange Jean Fils di, gen medsen ki pa menm okouran de yon seri twoub mantal. « Gen yon travay ki pou fèt pou moun yo konnen kijan yo ka kwape yon seri twoub mantal. Medsen fèy yo ka toujou fè travay yo nou menm n ap fè travay pa nou. »

Manise Jean se yon non nou prete.

Laura Louis

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *