InsécuritéSOCIÉTÉ

Lavalas, Tèt Kale, Luijanboje, Zenglendo… kote mo sa yo soti ?

0

Mo yo pa inosan. Yo soti nan rasin sosyete a, e yo charye vyolans ladan yo

Pa gen yon lang sou latè ki pa gen imaj vyolans. Paske, toupatou sou teritwa kote moun t ap viv nan izolasyon, te gen yon fòm konkèt oubyen yon lòt ki te arive fèt. Eksperyans konkèt pral pote pwòp eksperyans pa li, pwòp dram sikolojik li. Kidonk, lang yon pèp pale pral reflete anviwonnman li ak vivans li. 

Tank yon pèp soufri oubyen toupizi lòt, se tank langaj li pral gen plis vyolans. Anglè kòm ekzanp se yon lang ki chaje ak metafò lagè ansanm ak twoub mantal tou. Ann Ayiti, nou eritye ekspreyon metaforik Ameriken sa yo: “fòkòp”, “fòkè”. 

Fransè tou ranpli ak metafò vyolans, ak metafò ki yerachize klas. Lè yon Fransè di: « la guerre est une barbarie », ou kwè li rann li kont kote metafò « barbare » la sòti? “Intouchable”, metafò sa a menm chaje. Tèlman li chaje ak siyifikasyon, li vin eksplozif nan yon sans lengwistik paske li alafwa sosyal, politik epi legal.  

Nou ta ka rantre nan jès, oubyen jestikilasyon yon pèp pou gade relasyon vèbal la genyen avèk ekspresyon fizik. Nou ta ka menm gade rasyonalite ki genyen dèyè kontwole jès lè politisyen Ameriken oubyen Britanik ap pale.

Donk, yon jès poze (demontre) kapab maske yon pawòl vyolan; menmjan an tou yon jès ka parèt vyolan epitou pawòl ki di a pa gen okenn vyolans ladan li.  Konsa tou, jestyèl la avèk vèbal kapab pote doub vyolans. Lè Jean-Bertrand Aristide te fè diskou « Pè Lebren » li an, se te kèk semèn sèlman avan lame restavèk la te lanse yon koudeta vyolan an Septanm 1991.

Pè Lebren, non yon moun ki te konn vann kawotchou, vin tounen yon metafò pou vyolans popilè. Metòd la, se te fè yon kawotchou tounen madayon dife pou kankannen yon moun tou vivan. Aristide pa te envante tèm Pè Lebren an, men li te vin popilarize li, e menm anbrase li kòm defans kont ennmi pouvwa a. Vyolans rankontre vyolans, oubyen fè koupe fè. Leta pwodui vyolans, leta tou lejitime vyolans atravè zak ak langaj li.

Pè Lebren, non yon moun ki te konn vann kawotchou, vin tounen yon metafò pou vyolans popilè.

Sa ki enteresan pou mwen nan atik sa a, se lè yon metafò vyolan rantre nan yon lang epi li vin ap sikile tankou yon pawòl, oubyen yon non, ki nòmal. Pa ekzanp, Coupé Cloué, an 1979 te anregistre yon mizik ki rele “Fanm Kolokent”, e li te sakaje kiryozite sosyete Ayisyèn lan tèlman li te popilè.

Popilarite chante sa a te fè Coupé Cloué repwodui li sou CD an 1997. Repwodiksyon an depase popilarite orijinal la paske teknoloji te avanse; men tou, sikilasyon, ogmantasyon ak ekspresyon demokratik Ayisyen te pran yon lòt anplè ki pa te la an 1979.

Li tou: Iwoni, Nouvote ak Pimansite nan Powèm Georges Castera

Donk, “Fanm Kolokent” vin tounen yon metafò ki nonsèlman denigre fanm, men ki vin pran yon nivo satirik sou esans fanm.  Kidonk, lè nou pran dejenerasyon sosyete a atravè langaj mizik popilè pou rive nan langaj politik, se tou nòmal (malerezman) nou jwenn metafò vyolan ansyen prezidan nou yo te enonse epi pèp la vin vilgarize metafò sa yo. 

Maximilien Laroche, ki te youn nan meyè kritik literè Ayisyen, raple nou “la parole est légère en Haïti. Parce que le plus souvent elle n’est pas écrite.  Même alors, elle ne nourit point la mémoire” (2013: 215). Tèlman pawòl lejè, se poutèt sa nou renmen di: pawòl la rantre nan zòrèy dwat, li sòti nan zòrèy goch

Sa vle di mantal la, konsyans lan pa gen tan pou li analize, nou senpleman repete. Nou vin tounen jako repèt. Yon pèp ki pran pawòl lejè, se yon pèp ki kondane pou li repete erè li tout tan. Paske, li pa sonje domaj pawòl te fè; oubyen tou, move edikasyon ak presyon ekonomik pa ba li tan pou li chita reflechi sou pawòl ki ap sikile epi repete nan yon atmosfè rara.

Se poutèt sa mo oubyen pawòl politisyen sipoze byen trete, byen analize. Lè yon prezidan rele tèt li bandi legal, pa gen anyen bon ki ka sòti nan gouvènans li paske li sèvi ak yon metafò ki nonsèlman vyolan, men ki endike tou li pral enstrimantalize vyolans legalman avèk aparèy leta a.

Kisa yon metafò ye?


Metafò sòti nan mo grèk metaphora, ki vle di transpò, oubyen transpòte. Meta = pami, ki vini avan yon bagay, oubyen nan mitan yon bagay k ap chanje. Phora limenm vle di pote, chanje plas oubyen pozisyon.

Ki fè nan retorik, oubyen nan etid ki gen pou wè ak literati, filozofi, epi diskou, metafò se youn nan fòm yo pi etidye epi ki bay filozòf anpil pwoblèm pou sène paske li rantre nan sikologi koyitif tou.

Metafò se kle tout lang. San metafò pa gen imaj, san imaj pa gen relasyonalite mo. Se metafò ki bay mo sans epitou se atravè metafò mo chanje sans. 

Metafò se dlo yon lang epitou li se resipyan an pou pote dlo a. San resipyan pa gen transpò. San metafò pa gen imaj, si pa gen imaj pa gen rezonans. Si mwen di Alsibyad epi mwen fini, pa gen okenn referans ni rezonans ak non Alsibyad la.

Li tou: Powetik Politik Georges Castera

Alòs si mwen di Alsibyad se yon kochon, gen metafò ki fèt an referans avèk Alsibyad. Mwen pran de non ki pa gen rapò youn ak lòt, epi mwen transpòte yo pou yo vin bay yon nouvo sans: Alsibyad = Kochon.  Lè Ayisyen rele politisyen oubyen manb klas revandè a (klas posedan an) granmanjè, pèp la kreye yon metafò.

Granmanjè vin egal a yon moun, oubyen gwoup moun ki voras, visye, aloufa, epi ki renmen tout pou li paske yo se gwo pans. Donk, nan sans politik, granmanjè a vin yon seri moun ki ap souse, devore ekonomi peyi a pou pwòp benefis pa yo. Donk vèb devore a, souse, ki se aksyon sijè a (granmanjè) ki vin yon non metaforik, fè vyolans sou peyi a atravè fason yo manje, ki se devore. 

Politisyen chwazi metafò avèk entansyon

Yon politisyen se yon retorisyen, se yon moun ki rantre nan echanj diskou pou chanje lide oubyen opinyon lòt moun. Yon politisyen se yon oratè, yon mèt deba. Yon moun ki pa kapab konvenk moun nan sans pozitif la, pral sandout manipile emosyon moun ki ap suiv li yo pou fè mal.

Rezon an trè senp: politik se atizay pèsyazyon ak twokaj oubyen konpwomi: ban mwen, mwen ap ba ou. Sa ki bay la se yon lòt koze. Kifè, lè yon politisyen ap pale li dwe konnen sa li ap di a paske pawòl li yo pral etabli santiman epi transpòte emosyon. Lè emosyon melanje avèk aksyon ki pa kontwole sa bay deblozay. 

Lè Etazinyen te kreye pwòp metafò li kont Ayisyen ki te ap reziste vyolans okipasyon an (1915-1934), te gen anpil metafò ki te vin tabli epi sikile rapidman nan peyi a. Patizan Charlemagne Péralte yo te rele tèt yo Kako akoz yon zwazo koulè nwa ki te trè difisil pou moun atrape. Alòske Etazinyen te rele Kako yo Bandi

Nan epòk sa a, yon bandi se te yon moun ki te ap viv andeyò lalwa. Yon moun ki te yon kriminèl y ap chèche. Chak kan te gen diskou yo. Diskou a etabli ki kalite oubyen kalifikatif ki pral sèvi pou pentire ennmi an. Diskou a pral bay fòs metaforik la ki pral pèmèt yon pati komèt krim sou lòt la apati etikèt yo mete sou do lòt.

Si tout Ayisyen se te bandi, donk vyolans militè Etazinyen yo te lejitim.  Men, si tout Etazinyen se te ravèt blanch, piyadò, atoufè, ak blan asasen, donk zak Kako yo se te zak lejitim. Non oubyen etikèt ki te bay te fè pati politik okipasyon an. 

Tout ane ki vini jis avan ak aprè okipasyon militè Etazinyen yo, pral bay yon dividal metafò vyolan ki rantre nan vokabilè Ayisyen epi ki vin popilarize kòmsi moun t ap di dlo, oubyen manje. An nou gade kèk:

Luijanboje

Louis Jean Beaugé se te yon ofisye nan lame d’Ayiti ki te fè yon gran pati nan karyè militè li nan Kazèn Jeremi a kote li te yon tòsyonè. Yon militè ki te swadizan brave danje. Brave danje paske li pa te respekte okenn kòd etik.

Akoz tradisyon teledyòl epi aspè natirèl nan langaj ki se fè konparezon, yon neyolojis (nouvo tèm) vin kreye atravè yon metafò ki alafwa istorik epitou vyolan. Jounen jodi a, yon luijanboje se yon tapajè, yon atoufè, yon moun ki san respè pou lalwa. 

Èske se yon kowensidans pou Brothers Posse, an 1995, te glorifye mòd vi luijanboje lè yo te rele youn nan CD yo, « Lwijanboje »? Youn nan chantè/rapè Brothers Posse se Don Kato (Senatè Antonio Cheramy) ki te glorifye vyolans ak betiz nan tradisyon rap ameriken ; enben, vennkat lane apre, li salopete Palman an paske li se yon luijanboje. Youn, fwa sa a, ki legal.  Louis Jean Beaugé, luijanboje, se menm kout baton imoral, ilegal la. Vyolans kontinye fèt atravè aparèy leta a.

Chaloska

Lè mwen te piti mwen te pè chaloska anpil.  Chaloska toujou rete yon eleman mitolojik epi metaforik ki sakaje lespri timoun. Yon ekip gason tòsni avèk pèldan ki badijonnen kò yo avèk grès machin nwa epi ki mete zèl bwa katon nan do yo, yon vye bòt nan pye yo, ansuit yo ap mache fè jès simayen rigwaz pandan yo ap pale nan yon langaj “yiyan yiyan” ki enkonpreyansib.

Sa a se yon terè, oubyen yon fòm terè ki te ekzèse nan kad kanavalèsk, sou fòm satirik (plezi-iwonik). Dèyè chaloska kanavalèsk yo, te gen Jeneral Charles-Oscar Etienne. Charles-Oscar te chèf lapolis sou prezidan Vilbrum Guillaume Sam (4 Mas rive 27 Jiyè, 1915).

Jeneral Charles-Oscar te tèlman yon tòsyonè san konsyans, misye te pote non « le terrible ». Pandan peryòd levekanpe ki te fèt kont Prezidan Sam, Jeneral Charles-Oscar te maspinen, tiye, anprizone yon pakèt moun nan kapital la. Charles-Oscar te panse se avèk fòs moun gouvène.

Se fòs maspinay yo tou, ki te an pati, fè gouvènman Guillaume Sam lan tonbe. Men nou, sansenkan (105) apre, diferan chaloska sou pouvwa. Ayiti nan madigra. 

Woulo Konpresè

Avèk devlopman ak agrandisman teritwa a, nouvo enstriman oubyen teknoloji vin rantre nan sikilasyon. Woulo Konpresè te vrèman efektif nan plati tè pou fè wout ki asfalte. Si woulo ka plati, tankou woulo lè yon boulanje ap fè pen, woulo vin tounen yon enstriman itil. Woulo tou vin elaji chan li.

Politisyen transpòte mo woulo a sòti nan kuizin ak nan fè wout, pou li vin tounen yon enstriman ki pran wout pou li. Moun vin tounen enstriman Daniel Fignolé pou yo woule epi konprese sou lennmi misye. Nan lane 1940 ak 50 yo, woulo konpresè te jwe menm wòl ak dechoukè nou te vin konnen aprè lane 1986 yo.

Avan eleksyon 1946 yo, Daniel Fignolé te kontwole mas pèp la, tout ti travayè ak moun ki te viv nan zòn pòv yo. Fignolé te rele moun sa yo Woulo Konpresè. Jounen jodi a metafò sa a sanse mouri paske langaj politik la chanje epi entansite vyolans lan pran yon lòt nivo. 

Kansonfè

Tank vyolans lan te ogmante nan lane ’40 ak ’50 yo, se tank lame avèk lapolis te ogmante sou metòd siprime, oubyen krazebrize pou mete baboukèt. Ant woulo, ansyen Kako, ak militè ki ap defann enterè Etazini ansanm avèk klas revandè a (swadizan boujwa), vin gen yon dividal metafò ki vin tabli sou espas politik la.

Kansonfè se youn ki te vin trè popilè akoz Jeneral Paul Eugène Magloire te deside elimine tout mouvman radikal oubyen gochis. Lè Paul Magloire vin prezidan an 1950, misye te mete baboukèt nan bouch laprès. Magloire te kwè nan lòd ak lalwa militè dikte.

Paul Magloire, ki se pitit yon ansyen jeneral sou Prezidan Nord Alexis, te leve nan yon fanmi militè, yon fanmi kote gason se te kansonfè.  Alò, pou li kontinye sipòte elit ki te jwenn apui prezidan Lescot yo, Magloire te siprime tout enjerans ak leve kanpe nan peyi a.  Se sou Prezidan Magloire anpil nan klas profesyonèl la pral kòmanse kite Ayiti tèlman politik kansonfè a te toufe espas sivil la.

An 1954, nan yon gwo woumble pou sipòte gouvèmnan li an, Magloire te anonse metòd kontwòl li an rele « kansonfèrism ».  Misye te remete sistèm espyonaj la an plas, epi li te kontwole tout branch militè yo avèk kansonfè

Tonton Makout

Metafò sa a toujou avèk nou, menmlè li pa materyalize sou fòm moun ki ap fonksyone kòm Tonton Makout (VSN_Volontè Sekirite Nasyonal, oubyen Milisyen), anpil moun toujou gen nostalji rejim Duvalier yo tèlman peyi a vin degingole.

Men, malerezman, yo pa wè se te makout yo, lame, ak rejim Duvalier yo ki te foure peyi a nan djakout makout yo. Yon Tonton Makout se yon pèsonaj fòlklorik Ayisyen ki te la pou fè timoun pè, paske Tonton Makout te gen kapasite foure timoun nan gwo djakout li epi li disparèt avèk ou. Pèsonaj mitik sa a te kreye yon disiplin lakay timoun akoz laperèz te akapare imajinasyon yo.

Kidonk, an 1959, Clément Barbot, ede Duvalier fòme epi etabli kò « makout » la (VSN) pou kontrebalanse pouvwa lame a epitou pou defann avèk obeyisans Prezidan François Duvalier. VSN oubyen kò milisyen yo (Makout) te ranplase kagoula yo ki te fondamantal pou sivivans pouvwa a depi nwa Septanm 1957.  Makout yo te vin tounen yon fòs sanginè nan peyi a, epitou pwopaje yon mantalite kriminèl ki pa wè nasyon an kòm yon antite siprèm, men yon prezidan ki  foure nasyon an nan djakout li. 

Fiyèt Lalo

Yon Fiyèt Lalo se yon pèsonaj fòlklorik Ayisyen tou ki te la pou fè timoun pè. Fiyèt Lalo a limenm vini sou fòm yon espri fanm ki gen kapasite pou li disparèt avèk ou nan mitan lannuit. Kòm yon pati nan chante fòlklorik popilè a di: “…fiyèt lalo konn manje timoun, si ou ale l a manje ou tou..”.  Deja, nou rantre nan yon metafò vyolan paske fiyèt lalo a se yon devorèz, se yon grangozye pou timoun.

Kidonk, terè fanm-makout ki te sèvi rejim Duvalier a te simayen, te vrèman tankou fiyèt lalo mitik nou yo. Fanm tankou Madan Max Adolphe ki te chèf paramilitè medam yo ak yon ekip gason tou, te responsab prizon Fò Dimanch lan. Fò Dimanch se yon prizon sadistik. Kòm Ayisyen di: yo manje moun nan Fò Dimanch.

Fiyèt Lalo yo te disparèt oubyen tòtire moun menmjan ak Tonton Makout. Sa ki enteresan an, Fiyèt Lalo ak Makout se desandan gwoup Guyons, yon sèk sekrè ki te opere nan lane 1840 yo. Guyons yo te vin pote non lougawou tèlman yo te sakaje, teworize peyizan yo.

Guyons yo te konn pote yon gwo makout ki te gen zosman moun, diferan pakè wanga, koulèv ak krapo ladan yo. Donk, Guyons vin lenguistikman metamòfoze an lougawou, ki vin chanje an Tonton Makout epi ajoute Fiyèt Lalo pou fanm ki te manb entegral yo.

Dechoukaj / Dechoukè

Metafò sa a sòti nan vivans agrikòl Ayisyen an ki endike ou yon fòm amenajman tè ki bay debwazman. Pyebwa yo pa debranche, men yo derasinen. Derasinman sa a, oubyen dechoukaj la gen lòt koneksyon dirèk avèk esklavaj.

Tout yon fanmi te derasinen nan travèse Atlantik la, epi, si li te rete entak, lè fanmi an rive nan youn nan koloni yo, fanmi sa a vin derasinen atravè lavant moun kòm esklav. Pi lwen toujou, nou ka pran arestasyon epi depòtasyon Toussaint L’Ouverture la kòm yon derasinman, yon dechoukaj. 

Toussaint te tèlman rekonèt pouvwa langaj ak metafò, li te di Fransè yo: « lè nou fin arete m epi depòte m, se yon sèl moun ou pran. Men, pa bliye rasin mwen yo long epi yo pwofon. » Sa yo pa te senpleman mo, se te pawòl ki te vin tounen yon diskou, yon pawoli ki chaje ak siyifikasyon ansanm avèk yon asanblaj emosyonèl. 

Pou plantasyon menm, pou chanje yon pwodiksyon agrikòl, tè a te oblije debleye. Koupe pyebwa pa te sifizan, yo te oblije retire chouk bwa yo; kidonk, dechouke yo on fason pou yo pa janm grandi. Dechoukaj se yon fòs kont lanati, yon fòs vyolan kont pyebwa.

Nan mouvman popilè ak politik non-echanj, mo dechoukaj la vin transpòte sòti nan agrikilti pou li vin bay yon lòt sans, men avèk menm efè vyolans lan. An 1986, aprè 29 lane opresyon Duvalier-makoutik, raj pèp la ale defoule epi eksprime sou yon fòm vyolans reparatif ki se dechoukaj

Etandone vyolans se yon zak ki enkontwolab, popilarite dechoukaj vin debòde. Dechoukaj vin tounen yon zam popilè epi pèsonèl. Konsekans lan se plante laperèz ak mefyans pami manb yon nasyon ki te deja twomatize. 

Zenglen / Zenglendo

Metafò sa a enteresan. Li sòti nan aksidan ki fèt lè yon boutèy tonbe atè epi li kraze an myèt mòso. Ti mòso ki zuit yo, ti myèt-myèt yo, sa moun pa ka pran nan yon pensèt, se yo menm ki vin pi danjere paske yo fasilman plante anba pla pye moun.

Nan yon lòt sans, zenglen te vin zam kèk esklav lè yo te konn pile zenglen jouktan yo tounen poud, epi yo mete poud sa a nan manje mèt yo kòm pwazon. Fenomèn zenglen an vin pran yon dimansyon politik sou Prezidan Faustin Soulouque (1847-1859), lè misye avèk sipò Jeneral Augustin Maximilien te fòme yon gwoup sipòtè ak defansè pouvwa Soulouque la, ki te rele « Zenglen ».

Zenglen sa yo te fè pati klas travayè epi yo pa te fè elit la (les hommes de couleur) konfyans ditou paske se yo ki te gen pouvwa pou fèt e defèt. Malerezman, kèk sankarantan pita, akoz twoub politik ak opòtinis ki te bezwen destabilize peyi a, zenglen yo vin pran non Zenglendo pou fòme yon gwoup operatif kriminèl ki te blese, e menm kòche avni nasyon an.   

Lavalas

Metafò sa a ranpli ak emosyon. Toudabò, lavalas vledi yon inondasyon. Aprè yon lapli toransyèl, nivo dlo monte epi fòs dlo a pase pran tout sa ki sou chemen li. Nan lanati, kòm yon fenomèn meteyolojik natirèl li vyolan akoz destriksyon li ka fè, oubyen potansyèl li pou detwi.

Kifè, nan epòk 1990 yo akoz swafte pou chanjman demokratik, pou devlopman nasyon an, lè Pè Jean-Bertrand Aristide te deside rantre nan politik gouvènemantal anpil moun te twò kontan rantre nan mouvman Lavalas la san yo pa te panse sou etimoloji mo a. Anplis, se te senpmen yon non, yon metafò. 

Kòm mwen deja demontre, non pa janm inosan, pa janm abitrè, gen yon entansyon dèyè sa yon moun bay non. 

Tèlman lame, ansyen makout, zenglendo, ak manb FRAP te fè krim, moun te vin swaf chanjman. Mouvman Lavalas la te ranmase diferan kouch sosyal pou yo te ka pran pouvwa a demokratikman. Malerezman, demokrasi pa respekte epitou gouvènans anndan règleman legal pa respekte nonplis.

Donk, tout malveyans, animosite, layèn, antagonis, antyoupretaj, kont-mal-taye, ak vanjans arive fèt kont, oubyen pami, patizan lavalas yo. Se tankou yon moun te voye yon molotòv nan mitan lavalasyen yo.

Gouvènman Aristide la te pran de koudeta, e mouvman Lavalas, kwak li toujou ap fonksyone, te vin yon mouvman ki chaje ak chirepit epi ki te vin pèdi lejitimite li paske li te vin antidemokratik akoz Aristide pa janm konstwi okenn enstitisyon demokratik. Anplis, mouvman an rete twò santre sou dezirata pèsonalite Aristide e nonpa yon vizyon politik ki fondamantalman demokratik. 

Chimè

Yon metafò mitolojik grèk (chimaera) ki vle di yon bèt ibrid ki fèt ak plizyè pati lòt bèt (lyon, koulèv, ak kabrit). Chimè a, esansyèlman, se yon asanblaj bestyal ki krache dife. Avèk Lame-Wouj lan ki te devlope nan bidonvil yo aprè Aristide te retounen sou pouvwa an 1994, te fòme zèl militans mouvman Lavalas la.

Se jounalis Jean-Dominique ki te premye rele patizan gang Lavalas la, Chimè.  Apati 1995, chimè yo te deraye, soule avèk pouvwa. Petèt, sa ki te gen yon bon entansyon pou defann gouvènman Aristid la, te vin rapidman dejenere an gang, an vakabondaj ki te chimerize relasyon moun. Espas chimerik peyi a te vin akouche yon dividal gang ki kontinye ap mitraye avni nasyon an.

Tèt Kale

Se yon metafò ki sòti nan 3 (twa) espas konkèt epi toupizay, obyen espas opriman. Premye a, se te pandan lesklavaj. Pou retire endividyalite yon esklav rebèl, fanm tankou gason, ou depouye li de kwafi pèsonèl li. Tèt kale sa a deja make li kòm yon eleman ki merite siveye.

Dezyèm moman an, se nan ane 1860 yo, lè legliz Katolik te vin responsab edikasyon nasyon an, tout elèv gason ki te enskri nan lekòl pwovens yo, li te obligatwa pou raze tèt yo, sou pretèks yo te swadizan ap prevanti pwopagasyon pou, lota ak gratèl.

Kifè, nou te vin genyen kòm chante: “tèt-kale bobis, mèsi pè, 10 kòb savon, yon jilèt 5 kòb, enpe dlo.” Fenomèm Tèt-kale a te vin tounen yon fòm annui pou timoun, epi li te senbolize klas tou.  

Twazyèm moman an, se pandan lokipasyon Etazinyen an kote  blan rasis ki te sòti an majorite nan Sid Etazini, te fè kale tèt tout prizonye pou yo te kapab distenge yo de rès popilasyon an.  Nan diferan pratik kiltirèl ak lenguistik, metafò tèt kale a vin evolye pou di yon moun oubyen yon bagay ki la pirèd. Pi devan, li pran yon siyifikasyon seksyèl pou endirèkteman nonmen pati prive gason an.

Men, avèk Michel Martelly, li vin pran yon metafò pèsonèl ki reprezante misye, mentou ki pral reprezante tout patizan li yo.  Tèt Kale toujou rete yon mak, yon apatenans; kidonk yon separasyon avèk sosyete a. Sèl diferans, kounyen an, tèt kale Martelly yo ap kale tèt peyi a pou yo kontinye deboundatize, devalize, oubyen mete peyi a toutouni.

Bandi Legal

Metafò sa a limenm ranpli ak pwoblematik, ak kontradiksyon. Mentou, li trè enfòmatif kòm tèm, kòm enonse. Li di ou aklè entansyon dèyè non an. Li kategorikman rekonsilye, oubyen inifye, sa ki te deyò lalwa (bandi) avèk sa ki te anndan lalwa (legal).

Kounye a ou genyen yon inifikasyon etatik avèk fòs banditis pou fòme yon operasyon entouchab. Lè Michel Martelly, kòm mizisyen, te rele youn nan CD li yo Bandi Legal (2008), li deja anonse pozisyon li avèk entansyon li.

Dayè foto Martelly ki sou CD a pwojte yon pèsonaj bacha, mafya, arogan, yon luijanboje byen abiye ki ap fimen yon siga. Alò, men nou. Bandi jwenn pyès legal yo pou yo mafyatize leta.

An konklizyon, langaj gen yon asanblaj emosyonèl ki pèmèt yon tranzaksyon nominatif ki transfere imaj atravè mo.  Imaj sa yo anbleye avèk santiman ki deklannche emosyon: pozitif oubyen negatif. 

Donk, tout metafò oubyen neyolojis mwen site nan atik sa a, nonsèlman vyolan men yo atache tou nan mantal endividi a kòm yon asanblaj emosyonèl.  Mo tankou lavalas, bandi legal, luijanboje, kadejakè, avèk dechoukè pa ditou inosan.

Yo pa senpleman mo, yo chaje avèk eksplosif emosyonèl epi yo gen istwa vyolan.  Pwochèn fwa nou deside sipòte yon politisyen, chache konn istwa li epi pote atansyon sou langaj li, sou diskou li avèk sou ki metafò li chwazi pou li idantifye tèt li oswa mouvman li an. Metafò kapab sove nou oubyen lage nou nan plis tyouboum.

Patrick Sylvain

Foto kouveti: Woy Magazine

Patrick Sylvain se yon powèt, edikatè, esèyis, romansye, kritik sosyal ak literè e li se yon fotografè tou. Sylvain te resevwa yon Lisans (B.A.) nan syans-politik ak sikoloji-sosyal nan UMass-Boston; yon Metriz (Ed.M) nan edikasyon nan Harvard Inivèsite kote li te espesyalize nan devlopman ak akizisyon lengistik epi devlopman kognitif. Sylvain konplete yon MFA (metriz bèl lèt nan pwezi) nan Boston Inivèsite kote li te yon Robert Pinsky Global Fellow. Sylvain te nonmen de fwa kòm kandida pou Pri Pushcart.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *