ART & LITERATURECULTURESOCIÉTÉ

Powetik Politik Georges Castera

0

Georges Castera: « Bow! se bri tire. Men li se bay bo sou bouch tou »

Sa ki enteresan nan yon liv, se chak fwa ou retounen ladan li, ou jwenn yon aspè diferan. Anplis, ou pote yon lòt rega, yon lòt lekti apati eksperyans ou kòm lektè; men tou, apati entansyon ou nan rantre nan tèks la.  An Novanm 2007, Georges Castera pibliye BOW! nan edisyon Mémoire D’Encrier, Canada, ki fè li se youn nan ponyen liv Mémoire D’Encrier pibliye ann ayisyen. Liv sa a, yon rekèy powèm, depi mwen te resevwa li, te frape espri kritik mwen nan yon fason lòt liv pwezi Ayisyen ekri pa janm fè.

Toudabò, tit lan antan yon metatèks anonse yon jwèt langaj ki teknikman odasye, nouvo, epi efikas pa rapò ak kontni liv lan. Tit yon liv se yon enonse epi yon anonse. Nan papòt rekèy la, Castera endike entansyon li: « Kòm nou konnen, bow! se bri tire. Men li se bay bo sou bouch tou. E li vle di bo w nan sans bo pa w” (2007: 9). Nan devwale entansyon milti-sans liv la, Castera deja anonse li ap rantre nan yon chan powetik ki siyifikatif, kidonk misye pral chita tèks li yo nan siyifikasyon. Tout siyifikasyon mache ak entèpretasyon, mache ak yon politik doub sans.  Se pa yon powetik “doublure”, men se lide Bow! la, an li menm, ki se “sèl ak sik nan on sèl brase lide” (Castera, 9).  Si sèl bay yon gou, epi sik bay yon lòt gou, donk ou ta sipoze gen 2 gou. Men, nou konnen lè sèl ak sik brase li bay yon twazyèm gou, ki se youn ki brak.  Rekèy powèm Castera a gen twa gou. Menmjan ak tout gou gen youn ou gen dwa pi renmen pase yon lòt.

Li tou: Iwoni, Nouvote ak Pimansite nan Powèm Georges Castera

Bow! derape avèk yon fòs, yon elan, yon entansite, menmsi yon lektè pa te konnen ki moun Georges Catsera te ye, li ta pral chita pou mande ki ekriven sa a. Nan “Leson Gramè”, nou aprann gramatoloji powèt lan paske se pa règ gramatikal li etabli, men se règ relasyon gramatolojik ki genyen ant powèt la ki ap sèvi avèk yon lang ki espesyal pou li, epitou kòman yon aspè espisik nan lang ayisyen an etabli yon filyasyon entim nan mounans biyolojik li ki gen pou wè ak pwodui epi repwodui ki se zak poesis la, ki vle di kreye (etabli yon bagay ki pa te la avan).

Leson Gramè 

Nou menm, pwèt, se tou nòmal,
lè nou pa jwenn mo,
nou tete lang.
Lan lang kreyòl,
tout vèb pa koupe,
men koupe
se vèb kreyòl
ki pi dous.

Lalin fè chive-m pouse,
lapli mete-m sous a.
Se tou nòmal,
lakay mwen,
vèb kanpe
derefize chita.

Nan premye estròf la, Castera etabli yon kategori moun ki pa gen menm rapò ak tout lòt moun vizavi lang, vizavi mo, vizavi nesesite pou kreye. Kategori moun sa yo, ki se powèt, gen yon konpreyansyon, yon konplisite bezwen ki fè yo endirèkteman vin tankou chyen ki grangou, olye pou yo souse zo, yo tete lang. Tete lang sa a vin ba ou bezwen afektif (kòporèl) yon timoun ki bezwen soulaje tèt li paske li grangou, oubyen li gen anvi rele men gen yon sison nan bouch li ki kenbe lespri li preyokipe sou aksyon tete lang oubyen sison an. Men, pou granmoun, li vin rantre nan yon lòt afektif, yon lòt echanj ki se yon echanj kòporèl; pran lang avèk yon lòt moun.  Nou kapab pouse metafò “tete lang” lan pi lwen toujou pou nou rantre nan afektik langaj la. Yon lang, aspè fizik, se yon enstriman biyolojik ki pèmèt van ak son sòti nan bouch yon moun pou pwodui mo, pwodui pawòl, pwodui kominikasyon. Lang tou gen aspè langaj, aspè kiltirèl kolektif, lang yon pèp pale. Ki fè, nan premye estròf la sèlman Georges Castera foure nou nan mondans biyolojik, mondans psikolojik, ak mondans lengistik.

Nan dezyèm estròf lan, kreyativite powèt la pran yon lòt elan lengistik ak powetik. “Lan lang kreyòl / tout vèb pa koupe,” bon nou mele. Pa koupe a la a vle di pa tranche, pa konjige. Men powèt la te deja entisipe aksyon odyans li oubyen lektè li paske li vin klarifye deklarasyon an pou li ka byen etabli jwèt powetik la, jwèt lengistik avèk yon jwèt kreyatif ki an konplisite avèk bezwen biyolojik moun k’ap suiv powèm lan: “men koupe / se vèb kreyòl / ki pi dous.” Sipèlatif “pi” a sistematikman foure nou nan yon konparezon kote nou pa gen tan pou reponn paske yon verite deja etabli nan powèm lan. Verite sa a fè pati gramatoloji powèt la ki enplike lektè a nan gramè nasyonal la ansanm ak yon dividal referans kiltirèl ki chita nan psichi (esans psikolojik) Ayisyen an san li pa rann li kont li vrèman renmen vèb koupe a. Toudabò, nou gen Gede yo ki toujou ap pale de koupe sou yon fòm oubyen yon lòt; aprèsa nou genyen Koupe Kloure ki te toujou ap mande fanatik li yo “èske nou renmen koupe?” Anplis, nou te genyen Toto Nesesite ki rantre nou nan yon rèv konparatif kote li te reve li “te yon kouto, oumenm ou te yon melon…Ayy cheri koupe m’ dous.”  Bon, ou wè referans vèb koupe a nan kilti a epi ou wè efikasite li nan fason Georges Castera remonte avèk li pou li etabli enòmite li ansanm avèk dousè li nan chan biyolojik la. Men, nan chan politik sosyal la, koupe vin vyolan, vin brak.

Li tou: Powetik « jofraj » Georges Castera

Twazyèm estròf powèm “Leson Gramè” a, powèt la sòti nan yon kolektif pou li rantre nan mondans pèsonèl li paske gen yon transfòmasyon biyolojik ki fèt tankou yon bèt-a-pwal, yon lougawou, paske “Lalin fè chive-m pouse”. Se pa laperèz ki fè cheve li pouse men yon anvi, yon dezi ki vini avèk mizik lapli a ki mete powèt la “sou sa.” Twazyèm estròf la vin retounen jwenn premye estròf la pou li bay rezonnman oubyen jistifikasyon “nòmal” la ki nòmalman pa yon mo powetik san li pa parèt redaktif; men, nan powèm sa a li chita. Kidonk, “nòmal” ba ou sans sa ki nan òdinè: “se tou nòmal,/ lakay mwen,/ vèb kanpe / derefize chita”.  Nòmal la bay yon rezolisyon ki gen lyen avèk vèb yo. Vèb kanpe a lakay powèt la vin gen yon akò, yon konplisite avèk vèb koupe ki kategorikman refize chita. Powèt la, nan powèm lan, toujou an mouvman kreyatif: chache mo, oubyen tete lang. Tout mondans li se yon mondans kreyatif ki pèmèt li ekri gramatoloji li.

Sòti anndan kay powèt la, e menm sòti nan mondans psiko-seksyèl sijektif powèt la, li mennen nou nan lari pou nou ka rankontre ak yon “kokorat”. Yon ensèk ensiyifikatif, yon ensèk ki transfere non li bay tout moun ki, swadizan, pa gen valè. Nan powèm sa a, pote atansyon sou chanjman pèsonifikasyon an, mwen (nan premye estròf la), pou li janbe nan vwa yon pawolye, yon obsèvatè (powèt la) ki temwen epi ki vin naratè tou. Pèsonifikasyon an retounen fèt nan twazyèm estròf liy-senp lan.

Kokorat

Lari se manman-m,
lari se papa-m,
lari se lakou-m,
lari se kabann mwen.  

2 ti moun nan lari
ap jwe nan lari,
youn nan yo di:
«an-n troke mizè !»
Dlo kouri nan je lapli.

Kwak gen yon enkonsistans nan vwa ki nan powèm lan, emosyon ki chita nan iwoni ki dezyèm estròf la kenbe repetisyon anplasman abityèl la, lari, ki se mondans 2 ti moun yo, men tou se dekouvèt powèt la fè a ki bay powèm lan pwa: “an-n troke mizè!” Mizè vin tounen yon echanj, konsi mizè youn ta swadizan pi bon pase lòt, menmlè yo ap viv nan lari.  Lòt eleman sipriz iwonik ki gen powèm lan se pèsonifikasyon lapli a antan yon eleman nan lanati ki rive pwodui yon lòt eleman biyolojik ki prèske gen menm sibstans chimik men ki pa menm; donk lapli ki se dlo (H2O) bay lakri ki se kriye (NaCI + KCI + H2O) ki gen yon konpozisyon sodyòm klorid ak potasyòm klorid, plis dlo. Donk lapli a chanje eleman sibstansyèl li pou li ka fè santi doulè li pou ti moun yo. Tank yon kriye gen plis emosyon psichik se plis pwoteyin li genyen nan konpozisyon li. Doulè lapli a vin pi fò pase doulè leta, paske doulè leta pa menm nan kad powèm lan pou li ta temwen soufrans ti moun yo paske leta absan.

Nan yon lòt powèm ki vrèman kreyatif epi lejèman konplike, Georges Castera rantre byen fon nan chan langaj la pou li ka powetikman konstwi powèm lan ki pa disosye oubyen detache de reyalite peyi a non yon moman istorik, senbolik, epitou dinamik nan istwa Ayisyen. Powèt la pa nan kache lonbrik, ni li pa didaktik nan fason li ekri powèm lan. An depi angajman ideyolojik li oubyen pozisyon politik li sou sa ki te pase an 2004, Castera respekte langaj powetik la ki diferan ak pawòl, ki deiferan ak diskou, ki diferan ak santimantalite.

2004

Ala on 200 zan pou mwen !
Bal o palè,
pèsòn pa konn danse,
pye pile pye.

Bal nan lari,
moun ap tonbe,
tout po tanbou mouye.
Prezidan machwè sere,
gravman grav.

Bò kote-l, on chèf
ki gen non-l sou beki
vin pou retire nan tololo,
on zakolit tilolit.
Konsa konsa on rèy malfini
fini
an joujou lakomedi.

Depi nan premye estròf la powèt la deja devwale maskarad ki ap fè pou selebre 200 zan nasyon an paske gen yon “bal” nan palè a, men, malerezman pyès moun pa konn danse. Danse sa a endike yon mank senkwonizasyon, yon mank kolaborasyon ki pa pèmèt patnè dans lan konnen ki mouvman asosye li pral fè. Deja, san powèt la pa dirèkteman di l’, sijesyon an etabli pa gen souplès, rafinman, elegans, ni konpetans paske moun ap “pile pye”.

Mo endikatif, oubyen mo gouvènay powèm lan se “bal” ki vin reparèt a doub sans nan dezyèm estròf lan. “Bal nan lari,” wi, ou ka gen bal ki fèt nan lari; pakont, kase liy lan fè yon dekoupe lè “moun ap tonbe”. Vèb tonbe a, kwòk li pa dirèk paske powèt la vle kenbe anbiguite siyifikatif la, li vin rapousuiv fil ide a lè nou jwenn “tout po tanbou mouye”. La a, nou oblije mande èske se sye moun yo sye oubyen se mouye yo mouye ak san. Donk, san powèt la pa devwale entansyon li aklè, li kite imaj la fè travay la san langaj lan pa twò imaje, pa twò deskriptif. Akoz ka Prezidan an grav, machwè li “sere”. Kidonk, mekontantman prezidan an endike ki kalite bal ki te gen oubyen tire nan lari a.

Jwèt mo ki fèt nan powèm lan vin dekachte nan twazyèm estròf la. “Bò kote-l, on chèf / ki gen non-l sou beki.” Chèf sa a ta ka gen non li ki make sou yon beki, men li pa t’ap gen sans. “Sou beki” sa a vin konote/rime avèk non yon chèf etranje ki te nan palè a an 2004, ki se Thabo Mbeki ansyen prezidan Sid Afrik. Castera sèvi avèk yon metafò pou senbolize Mbeki, sa vin bay powèm lan yon lòt fòs paske beki a se yon senbòl pou sipò lè yon moun gen yon pye, janm ki kase oswa fraktire. Dayè, moun nan bal yo t’ap pile pye nan premye estròf la, donk prezidan an bezwen on lòt chèf pou retire li nan “tololo”. Tololo, on jwèt timoun ki toujou gen pou atant arive yon granmoun.  Malerezman granmoun pa vini paske prezidan an se yon “tilolit” ki etabli yon rèy malfini ki limenm fini mal, fini “an joujou lakomedi.” Donk 2004 la tou mal fini paske pa te gen akò pou te gen yon bèl bal san bal, san dezakò, san tilolit pa te jwe joujou lakomedi. Mòd langaj powetik ki envoke plizyè sans, se fòs kreyatif Castera.

Pakont, se pa tout powèm Georges Castera yo ki rive tonbe daplon. Genyen ki brak, vrèman brak.  Gen powèm ki arive pibliye, men mwen oblije mande kòman sa fè fèt paske powèm lan te bezwen plis travay, anpil travay. Maleresman, nan anpil ka, lè on powèt byen etabli, li vin prèske difisil, e menm enposib pou yon moun pwente sou feblès yon travay li. Powèm ki rele “Moun Rive Sodo” a se youn ladan yo. Se malere paske sijè a ansanm avèk ide powèm lan gen anpil potansyèl, epi Sodo ofri posibilite pou yon ekriven, mwen kwè Castera te rate mete fòs ak optik powetik li sou powèm sa a.

Moun Rive Sodo 

Moun rive Sodo,
Yo kwè, kwè, kwè.
Sa-w kwè yo kwè ?
Yo kwè li lò atò
pou tout moun konn li
pou tout moun gen limyè,
pou tout moun gen dlo pou bwè,
pou tout moun lave swe
pou yo fre, pou yo bèl,
Pèsòn pa ta renmen Ayiti,
Ayiti nou an
(yon epope)
fini an zopope.

Tèks sa a, pote twòp anfaz sou dezirata powèt la kote langaj powetik la vin ranplase par yon langaj redaktif ki ba ou yon tèks didaktikman emosyonèl. Pa gen okenn eleman sipriz, pa gen okenn demontre, nou rete nan chan deklaratif la kote tout moun ap dakò avèk emosyon ki enonse yo, men langaj la vin san siyifikatif. Ou vin gen enpresyon, malerezman, Castera te ap chache yon kote li te ka itilize mo “zobope” a epi li foure l’ paske li rime avèk epope. Se malere paske Castera gen yon abilite pou li jwe avèk mo, pou li bleye yon mo avèk siyifikasyon, la a mwen santi misye gaspiye mo paske emosyon ak vizyon ideyolojik la te tèlman wo, misye te sakrifye powetik la.

Konparativman a “Moun Rive Sodo,” lè ou pran yon powèm ki tou kout tankou “Danje Nan Kay-La” ou jwenn vizyon politik la ansanm ak yon vehikilasyon ide ki etabli san langaj powetik la pa afekte. Nan powèm sa a, powèt la respekte fason yon powèm dwe ye, menmsi li gen ti feblès li tou.

Danje Nan Kay-La

Lè-m gade, mwen wè gwoje.
Lè-m gade, mwen wè dwèt long,
mwen wè ti bouch,
gwo bouch.
M’ di vi-n an danje.

Bouch an bouch,
youn di lòt,
ak ti bouch ak gwo bouch,
latè nan ronn tenten,
lavi pèp gen dan sere.

Feblès powèm lan se pa nan metafò yo, ni fòm, ni kontni, men nan referans rega a ki pa ankre okenn kote. Rega a vin tounen youn ki omnisyan, yon zye ki wè toupatou san li pa tache ak yon tèt. Li vin tounen yon opti-eskopik. Powèt la te dwe ankre rega a nan yon anplasman, yo lokalite pou kreye kredibilite dekouvèt la atravè yon vizyon, yon rèv, yon moman ki debouche ak tout sa li wè yo. Klèman, “kay-la” se pa yon mezon men plito abitasyon planetè. Ki fè, powèm lan se yon kritik ekopolitik ki alafwa tou yon kritik pou peyi d’Ayiti ki ap soufri menm ravaj ekolojik mond lan ap soufri a.

Bote powèm lan chita nan fòs teknik Georges Castera nan sèvi avèk imaj lokal pou li kreye yon powetik demotik. Demotik se yon mo Grèk ki vledi langaj òdinè, langaj moun toulèjou pale. Ki fè, nan langaj powetik demotik Castera a, gen yon politik lokal ki vle touche sansibilite tout moun. Nan mo demotik la, ou jwenn demos (pèp) menmjan ak demokrasi (gouvènans pou pèp) “bouch an bouch / youn di lòt”, ou ka wè nan ki pwofondè ideyolojik pwezi Castera yo rantre, se poutèt sa mwen rele misye yon powèt demotik. Powèm sa a “Danje Nan Kay-La” demontre ekzijans powetik Castera vizavi planèt la, vizavi pèp. Si “lavi pèp gen dan sere” se paske tout kalite bouch (gran-manjè) ak dwèt long (vòlè) rantre non yon ekwasyon koripsyon pou yo wè kiyès ladan yo ki pi gwo aloufa, kiyès ki pral deplimen latè, deplimen kay-la, deplimen Ayiti. Powèm lan adrese yon kriz ekolojik ak imanitè ki sòti akoz safte moun.

 Preyokipasyon Georges Castera pou planèt la konsène bèt tou. Li konsène mechanste moun vizavi bèt, kote inosans yon senp bèt tankou yon zandolit jwenn lanmò li san rezon, san okenn nesesite biyolojik. Zandolit la vin ranplase lavi zòt ki san enpòtans, ki jwenn lanmò avan ou bat zye ou.

Ti Zandò

 «Ti zandò, ti zandò
 fèy nan bwa…»
Zando,
zando,
zandolit.

On zandolit mouri
tou vèt,
tou frèt,
ak on wòch bò kote-l
tou vèt,
tou frèt.
Li pa mèt wòch-la,
wòch-la vinn pou li.
Wòch-la touye-l
tou vèt,
tou frèt.

Se gran donmaj o
desten bèt
chita nan men lòm.

Powèm lan montre problematik zak kondanasyon lèzòm, lè se yomenm ki jwe wòl polis, jij ak ekzekisyonè alafwa. Menmjan ak desten bèt, tout ti Zando (gade majiskil premye zando a, ki endike yon non pèsonèl) deja kondane pou yo pa janm atenn desten yo.

Yon lòt powèm Georges Castera ki konsène pèpetyèl mizè pèp Ayisyen ap ankese; epitou, espas piblik la ki reprezante espas doleyans pèp la, ki se lari a kote pèp kouri dèyè desten li, se “Solisyon Madigra”. Powèm sa a chaje ak iwoni, ak pwent, epi powèm lan bay yon sansasyon kòmsi vivans pèp lan kawotik, kanavalès, yon vivans moun fou.

Solisyon Madigra 

Mwenn ti evènman
bri kouri, nouvèl gaye:
tanbou pran lari.

Tanbou pran lari
pou Ayisyen kouri dèyè
desten-l,
tankou ayennafè.

Chaka ne lamizè bay lamizè
lanmen,
yo kase randevou
pou joudlan,
lamizè ayè, lamizè jodi,
youn swete lòt
bwa nan nen.

Powèm lan mete nou anfas yon reyalite nan yon politik powetik ki vle ding ding lespri lektè a avèk iwoni, avèk yon pèpetyèl kontradiksyon ki pa janm ka jwenn yon solisyon paske se nan yon woulawoup tentennad nou ye, “chak ane lamizè bay lamizè” nan yon chan madigra ak tout kalite mask, kote sèl bagay ki rete sèten: lamizè pa nan degize, lamizè pa ka pa la.

Nan dènye powèm ki nan liv BOW! lan, ou kapab wè rezon ki fè mwen klase Georges Castera kòm yon powèt demotik. “Bèk” beke antan yon powèm se paske gen yon bèk ki bay ladan li, men se paske gen yon vitès ak yon vyolans brèf ki ka mezire menmjan lè yon bèt volay bay yon bèk: li rapid, li pike, li kout.

Bèk

Demo,
demokrasi, 2 mo ?,
pe dan ou,
ou pa wè m’ okipe.

Nan “Bèk”, langaj powèm lan konsène demokrasi nan yon nesesite ki demontre ezitasyon pawolye a ki reprezante nan espas ak mo ki chaita ant vigil la ak pwen entèwogasyon an, “2 mo”. De senp ti mo pawolye pèp la anvi mande. Ezitasyon kesyonnman an, jwenn a yon repons vyolan ki ekzije pou li “pe dan” li paske pawolye ki anti-pèp la, anti-demokrasi a, pa gentan pou li tande, ni bay pèp lapawòl.

Alò, men nou plis pase 200 lane depi nou retire baboukèt esklavaj ak kolonyal, nou po ko atenn demokrasi politik la ni demokrasi ekonomik lan. Se sa ki te rèv Georges Castera, se pou tèt sa li te vin yon powèt. Yon powèt ki ap abitre avèk langaj.

Georges Castera, etan yon powèt demotik, sèvi kòm yon abit ant evennman sosyo-politik ak entèpretasyon pèsonèl li atravè sansibilite powetik li. Kidonk, chwa pwodiksyon powetik la ki vini sou fòm yon pwezi fini (pibliye), se yon travay ki fèt atravè yon abitrasyon entèn ant estetik powèt la ak pozisyon filozofik li vizavi jwèt politik ki ap jwe sou teren gouvènans nasyon an.  Donk, pwezi a se yon abitrasyon atistik; ki nan pwòp asanblaj nannantik (konstititif) li jwe nonsèlman yon wòl estetik, mentou yon wòl politik.

Abitrasyon pa ka fèt san jijman, e jijman pa ka fèt san yon entèpretasyon, epi entèpretasyon pa ka fèt san yon pozisyon. Yon pozisyon ki gen pou wè avèk afilyasyon oubyen aspirasyon klas sosyal. Kifè, ekri pwezi ki pran yon pozisyon atravè sa li devwale oubyen sa li dekouvri powetikman, se youn nan pi gwo zak kouraj entèlektyèl paske powèt la montre li gen yon konsyans sosyal ki anti-enjistis, anti-demagoji, anti-konkèt neo-kolonyal.  Toubònman, Georges Castera, atravè powèm li, montre li pa nan danse kole ni tete-lang ak magouyè, ni demagòg.  Devwa ak devouman Georges Castera se te pou li kontinye abitre langaj li atravè pwezi nan yon vi ki te ranpli ak lavi, ak lanmou, ak pawòl dous, ak pawòl sale, ak pawòl brak; men, se te toujou ak pawòl powetik ki badijonnen ak verite.

Patrick Sylvain
Powèt, ekriven, kritik sosyal e literè k ap anseye nan Brown University

Patrick Sylvain se yon powèt, edikatè, esèyis, romansye, kritik sosyal ak literè e li se yon fotografè tou. Sylvain te resevwa yon Lisans (B.A.) nan syans-politik ak sikoloji-sosyal nan UMass-Boston; yon Metriz (Ed.M) nan edikasyon nan Harvard Inivèsite kote li te espesyalize nan devlopman ak akizisyon lengistik epi devlopman kognitif. Sylvain konplete yon MFA (metriz bèl lèt nan pwezi) nan Boston Inivèsite kote li te yon Robert Pinsky Global Fellow. Sylvain te nonmen de fwa kòm kandida pou Pri Pushcart.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *