CULTUREOp_EdsSOCIÉTÉ

Powetik « jofraj » Georges Castera

0

Jòf pa fonksyone nan yon sans inik. Jòf gen plizyè vwa, plizyè polarite

Jofre se yon vèb ki endike plizyè aksyon a la fwa. Li di ou « mwen » ap ba ou yon apèsi. Li di ou tou mwen ap pèmèt ou fè yon mouye zye. Pi devan, li endike ou tou aksyon yon moun ki obsede pou gade moun nan ti twou; mentou, li endirèkteman oryante ou vè yon moun ki ka renmen pran plezi nan bay jòf. Donk, lè nou pran tit liv pwezi Georges Castera a « Jòf » ki te pibliye an janvye 2001 nan Éditions Mémoire, deja gen yon kafouray aktè ak aksyon ki anonse nan sèl non sa a, jòf.

Jòf pa fonksyone nan yon sans inik. Jòf gen plizyè vwa, plizyè polarite. Yon moun ka bay jòf, e yon moun ka pran jòf. Ant bay e pran, gen yon echanj konplis ki fèt; men tou, nan absans konplisite diskrè sa a, gen zak vyolans endirèk ki fèt, ki se vyole espas prive yon moun. Ant konplisite e vyolans nou ap rantre sou yon teren, sou yon chan konplèks.  Se konpleksite sa a ki chita nan powèm Georges Castera yo nan liv Jòf la ki navige politik ewotik la, politik vyolans lan atravè pwezi nan kreyasyon powetik li ki mande dekòtike.

Toudabò, sou pwen etimolojik mo a, nou jwenn aspè konplisite mo a apati rasin li nan fransè: je offre (j’offre), ki se fòm prezan endikatif lan.  M ap ofri. Ofri ki sa ? Yon choz, yon bagay. Lè gen yon òf, gen yon akseptasyon. Mo jòf lan vin rantre nan vokabilè koloni Sendomeng lan depi nan lane 1780 yo kote, nan epòk sa a, te gen plis pase 25,000 (vennsenk mil) milatrèz ki t ap fè pwostitisyon. Youn nan fason pou pwostitiye yo te anonse yo te gen bèl « machandiz » se pou yo te leve rad ak jipon yo wotè kuis yo pou yo bay jòf, pou yo bay apèsi.  Nan jounen jodiya, toujou nan tranzaksyon seksyèl oubyen ekonomik ki debouche sou sèks, gason an konn retire bous li pou bay fanm jofre (pou li montre sa li ka ofri) sa ki gen nan bous li. An gwo, jòf la se yon echanj. Tout echanj gen limit yo, epitou tout echanj gen fòs kote yo.

Li dezyèm tèks nan seri sou Georges Castera a: Iwoni, Nouvote ak Pimansite nan Powèm Georges Castera

Nan dinamis pwezi Georges Castera yo ki baze sou tematik « jòf », gen yon dinamis echanj ki fèt ki sitou baze sou seksyalite fanm lan, epitou avèk konplisite gason nan relasyon avèk fanm. Nou pa jwenn fanm lan kòm jofrèz. Kidonk, rega seksyèl la rete posesyon gason an. Nan powèm « Ala Yon Bèl Ti Dam » la, tit la deja anonse ou rega a se pou jofrè a. « Ala yon bèl ti dam 20 tan daj, pye atè,/ ki pase ri 20 / an pantalèt naylonn / ak on mon-savon-olè / tou glise nan men l’ ! ». Nan premye estwòf la, swa pawolye powèm lan konn ti dam lan, oubyen li se yon bon konesè moun pou li bay laj ekzat dam lan.

Anplis nou oblije mande èske ti dam lan ekspoze kò li akoz kondisyon ekonomik li, « pye atè », « pantalèt naylonn », epitou kalite savon an. Nou oblije mande ki kote ti dam lan prale oubyen sòti pandan li t’ap pase nan ri 20 an? Èske li pral (oubyen sòti) benyen nan espas piblik? Èske se yon komisyon yo ba li fè? Nou pa konn anyen de li eksepte pawolye powèm lan anvi l.

Anvi sa a devwalye nan dezyèm estwòf la lè nou li nan twazyèm ak katriyèm liy: « m’ chèche pawòl ki kouri / pou kouri kenbe l’. » La a gen yon ijans pou kominike ak ti dam lan ki di nou anvi sa a, se yon anvi ki deklannche apati yon jòf piblik ki bay pawolye a yon lòt gwo anvi paske nan dènye de liy powèm lan nou dekouvri: « Pou li, m’ chèche lapli / ki fèmen anba kle ».

Kwak powèm lan senp, Georges Castera ekspoze dezi gason an, menmsi kondisyon sosyal sijè a (ti dam lan) malouk; gason an toujou motive par anvi li. Epitou, Castera jwe ak langaj powetik la ki pa fin twò dekachte tout dezirata pawolye a ki senpleman ta renmen wè plis sou kò ti dam 20 tan an, men, malerezman, lapli pa tonbe pou li te ka mouye zye li pi plis sou sa ki anba rès rad ti dam lan. Donk, eksitasyon pawolye a rete nan zak jofraj la.

Konparitivman, premye powèm ki deklannche seri jofraj la, vin aklè. Tèlman li aklè, se yon jwèt powetik li tounen kote powèt lan ap fè aliterasyon ant « van » ak « vant », kote aliterasyon sa yo vin ba ou yon repetisyon ki sanble ak chante, yon priyè pou sa ki t ap swete rive a, rive:

Mèsi Van 

Van leve rad ou
jous anba ti vant.
M’ di: mèsi van,
mèsi vant.

Kat senp ti liy ki bay yon kapital ouvèti sou etadam pawolye powèm lan. Si ou vle nou ka di powèt la, men li ap mye pou nou rete sou pawolye a (speaker) paske pwezi tou kreye narasyon fiktif li sa mwen rele mondans powetik la. Nan mondans powetik la nou jwenn van an tounen yon ajan aktif ki ede jofrè a jofre jouk li ka apresye « ti » vant lan. Adjektif « ti » sa a modifye kalite vant lan. Paske se yon « ti vant » gen yon plezi ki pran. Jofraj la ogmante sou sa ki devwale, kidonk efè psikolojik seksyèl la fè pawolye a remèsye van an tankou se yon priyè ki jwenn repons pozitif.

Ki fè, nou ka li tou nan powèm lan gen yon prezans estetik sou gwosè fanm. Èske yon patapouf ta pral bay pawolye powèm lan e menm powèt la eksitasyon pou arive ekri yon powèm si sijektif konsa? Menm pou lektè a tou, gen yon anvi vityèl pou li jwenn van pa l, ti vant pa l. Donk, san powèm lan pa anonse sa, li jwe avèk emotif lektè a nan pwòp juisans pa l atravè imajinasyon li ak atravè chan lengistik powèm lan.

Bwi Kò Nou 

Natif Natal,
nou leve nan tanbou,
se tou nòmal nou gwonde
kou nou damou.
Moun ki pa moun isit
(misyonè sou pwèl bouzen,
moun ki aprann kreyòl nan diksyonè),
pran sa pou nou :
pise fè chen leve pye l’,
chen fè frekan devan kay mèt li.
Si w’ pa damou sal,
si w’ pa gwonde,
ou pa p’ tande lakilbit solèy ak lalin
sou dotòl.
Natif natal, nou bat tanbou nou,
Nou danse l’ kole.

Powèm sa a se sa mwen te ka rele yon powèm miltivalan, filozofik epi politiko-pèsonèl. Mwen pral eksplike tout sa.

Powèm lan ouvètman deklare pozisyon powèt la atravè apèl kategorik li ki fèt pou « natif natal » epi li anonse san rezèv yon lòt kategori afimatif ki se: « leve nan tanbou ». Kidonk, powèm lan di ou tanbou fè pati esans ak langaj Ayisyen.

Pi bèl toujou, pandan gen yon politik ki enonse, gen yon bote powetik ki suiv enonsiyasyon an. « se tou nòmal nou gwonde/kou nou damou ». Nou an ranplase tanbou pou li pèsonifye sijè a nan yon relasyon « nòmal » ki di tanbou, di gwonde. Gwondaj tanbou vin tonbe sou yon langaj natirèl ki se damou. Donk nou gwonde nan fè lanmou mennjan tanbou nou gwonde pou li bay pawòl natif natal. Se la a relasyon miltivalans chita ant tanbou ak langaj lanmou ki pran ritm li sou teren natal li. Natif natal la vin gen de langaj esansyèl: tanbou ak lanmou.

Nou vin rantre bab-pou-bab nan politik powèt la, nan esans powèm lan tou, ki chita anndan yon parantèz kòmsi se yon detou lengistik l ap fè pandan l ap pale avèk etranje: « moun ki pa moun isit. » Langaj lan vin afektif avèk yon ton ki fache. « Misyonè sou pwèl bouzen ». Tout sa ki sou pwèl bouzen sipoze grate, raze. Misyonè sa a vin senbolize mòpyon, yon maladi veneryèn ki enpoze bouzen viv.

Kidonk, nan parantèz la, misyonè vin tounen mòpyon pou kilti natif natal Ayisyen ki chita nan estetik tanbou a, nan juisans foubi-bouk anba tonèl, nan plezi kache « liben » nan lakou, nan banbilay vant-deboutonen nan rara, nan danse kole dous pou dous, nan rabòday ki retire depresyon. Se sa yo ki rete an silans anndan parantèz powèt la mete a, men tou ki fè lektè a konnen misyonè sa yo pa fouti konprann, oubyen dekode, langaj natif natal la paske se nan « diksyonè » yo aprann. Diksyonè se yon edifis, se yon achiv, diksyonè pa vivan. Ki fè, misyonè a p ap viv nan vivans lang ak langaj Ayisyen an. Anplis, nonsèlman misyonè a se yon mòpyon, li se yon « chen » tou ki sipoze aprann pou li « leve pye l’ » lè l’ap pise, paske chen an pa ta dwe ap « fè frekan » devan lakay natif natal la.

Andeyò politik powèm lan ki mezire anndan enonse a, nou jwenn deplasman chan senbolik yo ki kite espas kosmik yo pou y al tonbe « sou dotòl ». Solèy ak lalin eleman senbolik maskilen ak feminen kontinye chan echanj lan pou yo « damou sal », pou yo fè « lakilbit », pou yo « gwonde » nan yon ekzistans ki kontinye fè natif natal danse kole. Ankò, nou jwenn Georges Castera enterese pou li retire obstak, oubyen prejije ak baboukèt sou vivans Ayisyen an nouvo-kolonyalis, nouvo konkeran Evanjelik Kretyen yo vle mete sou espas entim, espas prive Ayisyen ki se kote li danse kole, li repwodui kole, li jui kole, li pike-kole.

Karese M’… 

Karese m’, m’ a karese w’!
Mizik dous anba ti vant,
ou ding, mwen dong.
Pòt la detake,
karese m’, m’ a karese w’
ròb la deboutonnen,
lannwit pantan sou nou.
Sa l’ wè nan lasal la?
sa l’ wè a, li wè l’ nèt,
li wè on bagay gonfle
k’ on biswit cho nan men m’.
Cheri, pa m’, se pa w’!
cheri pa,
pa kite yo pran poul sou
bote w’, cheri.
Karase m’, pou m’ karese w’!

Ki sa mwen ka di aprè powèm lan fin ouvri pòt lasal pou li bay yon jofraj lengistik ki mande pou nou rantre nan chan imajinatif nou pou nou ka wè « bote » a, imajine biswit cho a, transpoze l jan nou vle nan limit siyifikatif imajinè. Pakont, li t ap ireponsab de mwen si mwen pa ta endike kèk aspè, kèk jès ki fèt nan powèm lan.

Li tou: Pou ki sa pou nou bay kreyolofoni an jarèt?

An gwo, powèm sa a semi-abstrè epi li pa gen yon sijè dirèk nan aktè powèm lan. Toudabò, nou gen de moun, yon fi ak yon gason ki gen yon relasyon entans, entim. Sanble gason an se nan kay fi a li ye. Fi a ap viv avèk yon moun, petèt paran li. Paran an parèt sengilye paske sijè ki pantan sou yo a se yon sèl moun: « sa l’ wè a ». Li sa a pa gen yon sèks, nou pa konnen si se yon fi, si se yon gason. An menm tan, anbiguite sijè a ansanm ak relasyon l nan vin dekouvri de lanmourèz yo, kapab se yon chapaj lanmou k’ap fèt, yon zoklo k’ap bay sou moun ki vin dekouvri yo a.  Sa ki enteresan nan powèm lan, andepi non-deskriptif sijè yo, sèke esans aksyon entim nan powèm lan pa pèdi sans li.

Sa ki enteresan tou nan powèm sa a, Castera kreye yon santiman demokratik nan sa ki bay ak sa ki resevwa paske youn ap karese lòt, epi youn « ding », lòt la « dong ». Gen yon ekitabilite nan relasyon an. Men, vèb tankou « detake » anonse ou danje ki pral vini.  Anplis, « lannuit pantan sou nou » fè ou konnen te gen yon reglaj tan ki te sipoze fèt, men tèlman lanmou an dous lè a vanse sou yo san zatann. Setyèm liy sa a ba ou tansyon ki gen nan powèm lan.

Li tou: Comment le séisme a transformé la littérature haïtienne contemporaine

Tansyon powèm lan vin debouche sou estomakasyon moun ki pantan sou yo a nan « lasal la », yon anplasman semi-piblik ki di ou kay la gen yon ko-abitan. Deja, ekonomi kay la vin yon sijè silansye ki endike ou lanmourèz yo pa vrèman gen espas prive yo pou deboutonnen lanmou yo.

Kwak se yon bèl powèm, feblès li rete nan absans deskriptif relasyon an ak « bote » sijè a. Èske se bote pati prive fi ki ekspoze? Èske se bote fizik lan? Èske se bote vizaj la? « Bote » rete twò abstrè pou pwa powèm lan. M ap plis panche sou pati prive fi a paske gen metafò « biswit cho » a, epi ou gen sanblans direksyon vwa gason an ki di, « pa kite yo pran poul sou/ bote w’, cheri ». Dabitid, « pran poul » gen pou wè ak kopye sou yon kanmarad pandan ekzamen. Men la a, pran poul siyifi jofre, gade sa ou genyen ki bon. Pati prive a, se li ki « bon » an, se li ki « biswit cho » a.

Finalman, moun ki pantan sou yo a « wè on bagay ki gonfle » ki limenm endike pati prive gason an. Donk, atitid powèm lan di ou nou nan mal, nou nan mal nèt. Kite mele m si yo wè m. Ankò, se aspè demokrasi sosyal ak pèsonèl la Georges Castera kontinye veyikile nan powèm li kote sèks ak seksyalite se bagay ki nòmal. Se yon juisans bilateral, « karese m’, pou m’ karese w’! » Pa gen yon politik moralite nan travay li. Se sa ki fè Castera se yon powèt moun damou.

Patrick Sylvain
Powèt, ekriven, kritik sosyal e literè k ap anseye nan Brown University

 

Commentaires

Patrick Sylvain
Patrick Sylvain se yon powèt, edikatè, esèyis, romansye, kritik sosyal ak literè e li se yon fotografè tou. Sylvain te resevwa yon Lisans (B.A.) nan syans-politik ak sikoloji-sosyal nan UMass-Boston; yon Metriz (Ed.M) nan edikasyon nan Harvard Inivèsite kote li te espesyalize nan devlopman ak akizisyon lengistik epi devlopman kognitif. Sylvain konplete yon MFA (metriz bèl lèt nan pwezi) nan Boston Inivèsite kote li te yon Robert Pinsky Global Fellow. Sylvain te nonmen de fwa kòm kandida pou Pri Pushcart.

    Chita tande sou rap kreyòl, sòti sou Master Dji rive nan rap levanjil

    Previous article

    OP-ED: La police aux Gonaïves n’a nulle part où mettre des prisonniers

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost