ART & LITERATURECULTUREOp_Eds

Iwoni, Nouvote ak Pimansite nan Powèm Georges Castera

0

Pwezi se youn nan langaj literè, oubyen espès literè, ki pi difisil pou ekri; men tou, malerezman, se limenm plis moun abize, maltrete, malnonmen kòm yon chwal yo panse yo ka monte

Pwezi malen, pwezi gen repondong, se sèlman yon bon dontè ki ka monte sou chwal malen epi galope l jan li vle. Pwezi se sa, se yon langaj estetik, ekonomikman mesken, epi malen ki mande pasyans ak bon zòrèy pou arive konprann dewoulman sentaks li avan pou arive donte l. Arivaj sa a, sa nan langaj akademik ki rele metrize; ki an reyalite, se yon etid apwofondi sou yon sijè ki pral ba ou yon ezans pou gen metriz sijè sa a. Enben, Georges Castera metrize pwezi menmjan yon dontè konn drese chwal.

Dontaj pwezi nan lang ayisyen an, Georges Castera arive fè l akoz yon revolisyon psiko-lengistik ki te etabli depi nan lane 1940 yo, kote ekriven Fransè, Espanyòl ak Ameriken te debarase langaj nasyonal yo de tout pretansyon, de tout fòmil aristokratik pou yo te ka abiye langaj literè a ak vètman kotidyen, vètman moun abityèlman mete tou-lè-jou; ki donk, ekri nan yon langaj ki klè.

Revolisyon sa a te debake ann Ayiti an 1945, lè sa a Georges Castera te gen sèlman nevan, lè Kongrè Filozofik la te reyini ann Ayiti pou konferans anyèl yo. Prezan, nou te jwenn jèn ekriven tankou André Breton ak Jean-Paul Sartre. Breton ak Sartre te rantre an kontak ak plizyè jèn ekriven Ayisyen tankou René Dépestre, Gérard Chenet, Gérald Bloncourt, Jacques-Stephèn Alexis ak kèk lòt. Dayè se gwoup mesye sa yo ki pral fè leve kanpe kont gouvènman kowonpi epi rasis Élie Lescot a, epitou, se gwoup sa a tou ki te kreye yon ti jounal literè, trè politize, ki rele “Laruche”. Laruche la ta pral sèvi kòm cheval-matonad yo kont rejim Lescot a.

Li tou: Powetik « jofraj » Georges Castera

 Priz konsyans an 1945 lan, ki te bay leve-kanpe 1946 lan, sòti nan mouvan literè ak filozofik 1940 yo; men tou, li pral mare rezondèt li nan apèl pèsistan Jean-Price Mars te fè depi an 1926 pou jenès Ayisyen an konprann mannyè ak karaktè aryè peyi a, epi eseye konprann konesans ki genyen nan mitan peyizan yo ki pral ede pote-kole, apiye eskanp kilitirèl peyi d’Ayiti.

Anplis, Price-Mars (pi devan Breton ak Sartre), pral mande pou gen yon enfizyon, yon kalfouyaj, konesans ki pou otantize vivans ayisyen an atrèvè literati yo. Kidonk, melanj Kongrè Filozofik, apèl Price-Mars, ak mouvans Negritid ki te deja sou pye, pral ba ou yon nouvote nan literati Ayisyen an, ki pral enkli yon revolisyon lengistik Georges Castera pral pi devan benefisye epi eksplwate nan yon fason pou li fè avanse estetik pwezi lokal Ayisyen an nan lang ayisyen.

Avèk piblikasyon pwezi nan lang ayisyen nan ane senkant yo, powèt tankou Félix Morisseau-Leroy, Claude Innocent, avèk Paul Laraque te tabli yon nouvote nan chema ekritoryalite estetik Ayisyen an ki te fòse anpil ekriven anbrase mouvman eksprime kreyativite yo nan yon langaj vant deboutonnen olye de gagann-a-wozèt ki t ap toufe langaj.

Se akoz de gwo mouvman sa yo Georges Castera pral jwenn lavwa epitou kontribye vwa pa l pou fè tabli epi vanse yon powetik lokal ki afekte plizyè jenerasyon. Pou mwen, nan jenerasyon pyonye sa yo, se Georges Castera ak Paul Laraque ki pral meyè powèt yo kwak tout lòt yo gen pwòp merit ak enpòtans pa yo. Liberasyon nan langaj la pral pèmèt inovasyon powetik fèt epi sa pral pèmèt vwa distenge etabli apati sansibilite ak seryozite powèt la vizavi langaj pwezi a ki mande anpil atansyon, anpil konpreyansyon ekonomi modalite powetik lan mande pou ka travay ak vèb, ak non. Kidonk, Georges Castera arive metrize langaj powetik la pou li vin yon mèt powèt.

Ou ka li tou: Powetik Politik Georges Castera

Nan koleksyon pwezi ki rele Blengendeng bleng! (2005, Presses Nationales), Castera ofri yon divèsite estil powetik men nou toujou jwenn yon nivo eleman iwonik (satirik) ki melanje nan yon travay ki prime sou estetik powetik la pandan totalite langaj badijonnen nan yon piman lokal ki pral bay esans konpozisyon final pwòp gou pimante li ki se rezilta konstriksyon (kuizinasyon) Castera ki te obsede avèk gou, avèk son, fòm, imaj, epi avèk vire-tounen ki fèt nan lang lan. Se vire-tounen sa yo ki pral sèvi kòm eleman sipriz, yon pa t atann ou pral jwenn nan matris powèm lan. An nou kòm ekzanp yon pensèt powèm ki rele “Sousou”:

Diran tout lavi,
tout vire tounen-yo,
se:
“Yes Mistè!”
Anyen pa janm yès.

Iwoni ak nouvote powèm chita nan senplisite l ki kache yon konpeksite nan sijè li antame a, epitou nouvote a chita nan fason iwoni a kache nan tan, ton ak espas powèm lan pran an menm tan an tou ak espas ki gen nan powèm lan.

Toudabò, powèm lan kòmanse avèk yon tan ki etènèl, dirab, solid nan ekzistans ki deja di lektè a sijè powèm lan pa ka sòti nan tan an paske nou deja nan: “diran tout lavi”.

Kounyen an nou oblije rantre nan tan powèm lan pou jwenn kote vwa naratif la ap mennen nou. Donk dezyèm liy lan di ou: “tout vire tounen-yo”, la a menm, nou rantre nan apil mouvman ki gen yon totalite ki enonse atravè yon mo, “tout”, ki ka yon adjektif oubyen yon prenon. Men, akoz li suiv par yon vèb marasa, “vire-tounen”, ki pa endike relasyon marasa ant vire ak tounen, nou oblije lye “tout” ak “vire” pou jwenn semantik lan san pa gen yon sijè fiks ki etabli paske liy powèm lan gen de fòm pliryèl ki brake l’, “tout” ak “yo”.

Li tou: Pou ki sa pou nou bay kreyolofoni an jarèt?

Donk, powèt la fè eksprè nan konpozisyon li pou li ba ou yon anbiguite semantik epi ki pral suiv yon lòt liy ki se yon kasiraj lineyen (coupure) avèk yon sèl mo, “se”. Se sa a se yon pwonon demonstratif, ki sanble yon vèb tranzitif, ki pral pèmèt powèt la demontre pwen santral powèm lan ki prezante tèt li nan katriyèm liy lan nan yon gimè epitou nan non yon anglè ayisyanize: “Yes Mistè!”  Sa ki enteresan an, sè ke tou-de-mo yo kapitalize ki pral grafolojikman make loudè pawòl k ap di, oubyen repete pandan tout yon etètinite, epitou nan tout sikonstans pou sijè ki parèt enbigi yo. “Yo” a li jenerel, non-espefisite sijè a ba ou esans totalite a pou tout yon gwoup de moun tit powèm lan anonse ki se “Sousou”.

Kidonk, akoz sousou sa yo, powèt la bay lektè a yon kanpo avan finisman powèm lan pou li kapab respire, pou li kapab re-oryante li, an menm tan an tou, pou powèm lan make dirabilite sijè l’ap trete a. Senkyèn liy final la frape ou avèk rezolisyon powèm lan ki di ou: “Anyen pa janm yès.” Dènye mo a, “yès” ki se yon natiralizyon lengistik, men tou li make eta pèmanans sijè jeneral powèm lan, “yo” k ap vire tounen epi ki rete nan yon pèmanans soumisyon, nan yon “yès” ki dire plis pase okipasyon Ameriken an.

Alò, men grandè yon powèt ki ka prezante ou yon powèm sou yon fòm kout, yon ekonomi mesken, yon sijè sengilye, men tou ki gen yon konpleksite entèn, yon dinamis anndan powèm lan ki di ou kategorikman powèm sa a se yon mèt, yon maton, ki ekri l.  “Li m avèk prekosyon, epi li m byen.”

Se menjann an tou pou powèm ki rele “A la foli” a, ki demontre talan Georges Castera nan yon langaj semi-ewotik, ki byen kache piman lengistik li nan sentaks ak semantik powèm lan ki mande pou lektè a deja gen yon eksperyans ak lavi, epi pou lektè a gen yon ezans nan doub-antann langaj powetik genyen espesyalman lè li mare ak metafò lokal tankou “pèdi fèy”.

Aswè 31 desanm lan,
nou voye tout rad jete atè.
Lajwa chare kriye.
Kò nou depale.
Si moun te ka wè-nou,
Yo t’a di nou pèdi fèy.

Powèm “A la foli” a plase sijè powèm lan nan yon dat fiks, “31 desanm”, epi nan yon tan fiks tou, “aswè”. Etandone n’ap viv anba kalandriye konkeran Kretyen yo, nou konnen 31 desanm se dènye jou nan yon ane, e moman sa a tou make avèk selebrasyon pou ka resevwa nouvo ane a avèk kontantman, lajwa epi mete ane ki prale a atè tankou yon madoulè.

Ou ka li tou: Nou kapab eksplike Lasyans an kreyòl

Alòs, nan powèm lan, pasasyon sa a make avèk yon selebrasyon de moun ki pa di relasyon yo ni sèks yo, men ki debouche nan yon juisans prive k ap imajine sa moun ta di si “yo te ka wè”, deja nou nan yon fantasm enposib, yon dezi kazi-ekzibisyonis men ki rete nan yon sipozisyon, “si”. Se “si” sa a, ki make kondisyonalite langaj la ansanm ak kondisyon afole sijè yo ki ret ap pèdi fèy nan juisans yo, mentou ki presipoze jan moun ta va estomake si yo te gen chans wè deblozay ki te fèt nan dat 31 desannm lan paske kòporèl sijè yo te “depale”. Donk powèm lan angaje l’ avèk plizyè fòm langaj afektif, langaj efektif, epitou yon langaj presipoze ki vini avèk yon moral paske imajine epi presipoze moun sa yo ta pral “pèdi fèy”.

M ava retounen sou de-twa lòt powèm Georges Castera pou mwen demontre kapasite powetik misye epitou enpòtans akademik li dwe genyen pou moun k ap ekri sou literati, avèk moun ki vle konprann pwezi pi byen. Angwo, Georges Castera pote anpil inovasyon nan powetik Ayisyen an epitou nan langaj ayisyen pou ekri pwezi. Se poutèt sa, sa ki parèt esans powèm misye yo arive bay anpil moun anvi ekri, sa ki kopye estil misye, men tou, ki kase dan yo nan monte kouri galope sou chwal pwezi san yo pa menm aprann metrize langaj chwal malen sa a anpil powèt pase plizyè ane pou metrize.

Patrick Sylvain
Powèt, ekriven, kritik sosyal e literè k ap anseye nan Brown University

Commentaires

Patrick Sylvain
Patrick Sylvain se yon powèt, edikatè, esèyis, romansye, kritik sosyal ak literè e li se yon fotografè tou. Sylvain te resevwa yon Lisans (B.A.) nan syans-politik ak sikoloji-sosyal nan UMass-Boston; yon Metriz (Ed.M) nan edikasyon nan Harvard Inivèsite kote li te espesyalize nan devlopman ak akizisyon lengistik epi devlopman kognitif. Sylvain konplete yon MFA (metriz bèl lèt nan pwezi) nan Boston Inivèsite kote li te yon Robert Pinsky Global Fellow. Sylvain te nonmen de fwa kòm kandida pou Pri Pushcart.

    OP-ED: Le taux de change n’est pas le vrai problème d’Haïti

    Previous article

    Op-Ed: Elimine redoubman kapab akouche yon katastwòf nan edikasyon an Ayiti

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost