SOCIÉTÉ

Kisa AVC a ye e kijan pou w pwoteje pwòch ou ?

0

Aksidan vaskilè serebral oubyen Stròk se youn nan maladi ki lakoz plis moun mouri nan peyi Dayiti. Poutan ak prekosyon, li posib pou evite l

Grann Doun se yon granmoun 64 lane k ap viv Taba ansanm ak pitit li plis pitit pitit li. Se li ki okipe tout sèvis nan kay la tankou fè manje, lave, pase epi pran swen pitit pitit li yo. Se pa moun ki ret nan kabann, li toujou sou aktivite.

Depi kèk jou grann Doun santi tèt li ak dèyè kou l ap fè l mal. Li gen bra goch li ki pa ka leve nan menm nivo ak  dwat la.

« Lòt jou m ap fè mennaj nan kay la epi m rete m pa wè anyen m kouri lage kò m yon kote. Lè m reprann mwen, m bay kontwole tansyon an pou mwen, li te 14/10 », konsa madanm nan ap plenyen. Grann Doun pa konnen si fason li santi l la sanble ak siy AVC yo.

Kisa AVC a ye ?

« Aksidan serebro-vaskilè oubyen stròk se yon aksidan ki fèt nan sèvo a lè san pa rive sikile jan sa a ta dwe fèt selon doktè Michel Ibrahim ki se espesyalis nan pwoblèm kè. Lè san an pa sikile, sèvo a pa jwenn oksijèn ak lòt eleman li bezwen pou li kontinye mache. »

Kidonk, espesyalis la eksplike, «gen yon seri ti kanal yo rele veso sangen ki la pou pèmèt sikilasyon san an. Ebyen lè veso sa yo eklate oubyen lè yo bloke li vin bay AVC sa nou rele stròk la. »

AVC a ka ereditè sa vle di yon moun nan fanmi ou ki te genyen l ka lakoz ou genyen l. Konsa tou se ka konsekans yon seri enpridans yon moun fè. 

Li kontinye pou l di : «  AVC a ka ereditè sa vle di yon moun nan fanmi ou ki te genyen l ka lakoz ou genyen l. Konsa tou se ka konsekans yon seri enpridans yon moun fè. » Daprè espesyalis la, jan de aksidan sa yo ka lakoz lanmò oswa andikap youn ou plizyè manm nan kò yon moun.

« Tansyon wo se yon koz ki alabaz AVC. Tansyon nòmal yon moun sipoze 12/8 », sa se pawòl Delvalès Doccy ki se yon lòt medsen.

Li tou: L’eau traitée par osmose inverse est imparfaite. Voilà pourquoi !

Doktè Ibrahim kontinye pou l di bra ki pa ka leve a se yon lòt gwo siy. « Youn nan fason pou ou konnen yon moun fè AVC se mande pou leve de men l anlè oubyen mande l souri. Si moun nan pa ka fè jès sa yo gen anpil chans pou li ta fè yon stròk. Pafwa se lang moun nan ki lou, li gen difikilte pou l pale, pafwa tou se vizyon moun nan ki konn bese. »

Kòman nou ka fè prevansyon kont AVC?

Anpil nan nou konnen yon fanmi oswa yon zanmi ki te fè yon AVC. Ayiti se peyi nan Karayib la kote plis moun fè aksidan sa a. Se youn nan maladi ki lakoz plis moun mouri nan peyi a. Laj mwayen moun prezante ka sa a isit se 52 zan, sepandan nan yon ankèt sant GHESKIO te fè nan lane 2016 ak 2017, yo montre maladi sa a frape  menm moun ki gen 18 lane. Kidonk li enpòtan pou nou fè prevansyon epi konnen kisa pou nou fè si nou te deja viktim.

Ayiti se peyi nan Karayib la kote plis moun fè AVC.

Doktè Michel Ibrahim fè konnen nan pi fò ka aksidan vaskilè serebral se tansyon wo ki lakoz. « Lè tansyon an monte li fè gwo presyon sou sikilasyon san an sa ki ka lakoz veso sangen an ka eklate si li te deja nan movèzeta. » Lè sa a espesyalis di se yon emoraji ki fèt ki vin bay AVC a.  Li ajoute : « Lè konsa moun nan gen tèt fè mal souvan. Li enpòtan pou moun yo toujou kontwole tansyon yo.  Epitou yo sipoze pran abitid pou pa mete anpil sèl nan manje yo. »

Doktè Ibrahim fè nou konnen se pa sèlman tansyon wo ki ka lakoz moun fè stròk. Yon moun ki soufri dyabèt oubyen maladi sik kapab fè l tou. Se menm jan pou yon moun ki gwo anpil oubyen obèz. Yon moun ki fimen osinon bwè alkòl anpil kapab fè aksidan sa a tou.

Evite twòp sik, twòp sèl, sigarèt ak alkòl

« Li konseye pou nou fè egzèsis fizik ki se yon bon mwayen pou konbat AVC. » Si nou ka mache plis li t ap bon. Doktè a raple, se pa sèlman sèl pou nou modere, nou pa sipoze konsome twòp sik nonplis. « Si nou ka evite fimen  ak alkòl li t ap bon.»

Doktè Delvalès Doccy ale nan menm sans lan. Li konseye moun ki fè tansyon,  ki fè sik oubyen ki obèz pase wè doktè yo souvan pou yo kontwole eta sante yo. Epi fè kèk egzamen tankou sa ki vin apre yo :  verifye to sik ak kolesteròl nan san yo, elektrokadyogram, eskanè serebral, elatriye.

Li tou: Les 11 maladies pour lesquelles il faut se faire vacciner en Haiti

Selon doktè Doccy, moun sa yo dwe toujou pran medikaman doktè  preskri yo.  Li di : « Nan pratik medikal mwen, m souvan rankontre kèk Ayisyen ki renmen di yo soufri tansyon wo men yo pa pran medikaman paske tansyon an pa janm ba yo pwoblèm ».

Doktè Doccy pwofite fè n konnen tansyon wo pa zanmi pyès moun. Li ka fè anpil tan li pa ba w pyès sentòm e poutan gen anpil ti dega l ap fè anndan w. Epi bridsoukou li deside fè ravaj e li ka menm rive koze lanmò sibit yon moun ki te parèt an sante.

Daprè plizyè medsen, konsèy pi wo yo ap itil moun k ap fè prevansyon kont AVC menm jan ak moun ki ta deja viktim maladi sa a.

Commentaires

Laura Louis
Je prends plaisir à vous informer.

    Combien coûte le président de la République ?

    Previous article

    Connaissez-vous les principaux acteurs de la crise actuelle ?

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost