RECOMMENDEDSOCIÉTÉ

Eksplwatasyon sab bò lanmè se malè pandye

0

Nan antre vil Jeremi gen yon lokalite ki rele Ginode ki pote menm non ak pon ki nan zòn nan. Gen kèk moun ki vann sab bò lanmè Ginode a pou konstriksyon, yon pratik ki ka danjere pou anviwònman zòn nan

Anba yon solèy midi plizyè pechè koubi do yo jouk atè pou rale nas yo te tann nan lanmè Ginode a pou peche pwason. Toupre a, gen yon rivyè kote plizyè fanm chita ap fè lesiv. Timoun yo menm, fi kou gason, ap kouri, jwe epi pran plezi gade pi gran pase yo k ap travay pandan son vag lanmè ap jwe tankou yon mizik pou ankouraje moun yo. Toujou bò lanmè a, gen yon dizèn jèn gason k ap ranmase sab fen pou yo ka vann.

Elony Germain se youn nan jèn gason sa yo. Lannuit li peche zangi, lajounen li transpòte sab lanmè a sou zepòl li. Yon pèl ak yon bokit fele se sèl materyèl ki sèvi mesye 34 lane a pou fè travay sa a. Vizaj li pa souriyan men Elony Germain pa parèt fatige. Li fè aletounen ap ranmase sab sa a pou l al vide nan yon pil. « Gen yon kamyon k ap pase pran pil la pou pote bay moun k ap konstwi kay », se konsa mesye a t ap pale.

Li tou: Vivre sous les carrières de sable de Fontamara

Elony Germain se papa sis pitit. Daprè sa l di, sab la ede l pran swen fanmi l anpil. Li ajoute : « Mwen abite Tesye, li pa twò lwen la men m vin rete nan kay manman pitit mwen bò lanmè a paske se la m fè degouden. »

Mic Cadet se yon lòt jèn gason ki ap travay bò lanmè a depi 2 lane. Do touni, Cadet swe nan sanble sab. Kontrèman ak Elony Germain, Mic Cadet rete lwen plaj la. Li peye 200 goud moto chak jou pou vin travay epi retounen lakay li. « Pafwa m rantre kòb la, pafwa m pa rantre l tou sa depan de sezon an », se pawòl Mic Cadet ki presize se lanati ki deside kijan jounen travay li ap dewoule.

Yon gwo danje pou anviwònman an

« Sab se yon resous natirèl ki enpòtan anpil. Apre dlo ak lè, se twazyèm resous natirèl ki pi plis sou Latè », deklarasyon Ronald Cademus ki se enjenyè ak espesyalis nan jesyon anviwònman.

Apre dlo ak lè, sab se twazyèm resous natirèl ki pi plis sou Latè

« Depi nan tan lontan yo itilize sab nan anpil konstriksyon, pa egzanp, yo te itilize l nan piramid Ejip (Égypte) yo nan melanj ak lòt materyo. Jounen jodi a sitiyasyon pa chanje. Yo itilize sab nan tout sa ki gen pou wè ak beton, siman, adezif, seramik, vit, elatriye », toujou dapre Ronald Cademus ki fè konnen itilizasyon sa yo vin fè gen yon kwasans eksponansyèl (osinon k ap grandi) nan konsomasyon resous sa a.

Espesyalis la fè konnen eksplwatasyon sa yo ap kontinye akoz kwasans popilasyon an ak estanda vi moun yo. Enjenyè a soulinye moun yo plis bati kay beton pase kay tòl ak pay. « Plis moun k ap fèt e plis moun ki vle mennen yon vi estanda, se plis eksplwatasyon sab (karyè). Kòm se yon resous ki pa renouvlab, sa vle di k ap diminye detanzantan, nou ka wè kounya plis moun ap dirije yo bò kote sab maren yo ki se yon pratik nou pa dwe ankouraje. »

Ou kapab li tou: Le charbon de bois cause-t-il vraiment le déboisement en Haïti?

Espesyalis la ajoute, sab maren yo pa sèlman la pou fè plaj yo bèl. Yo se abita pou anpil espès ki viv nan lanmè ak nan kot yo tankou tòti yo ki ponn nan sab lanmè yo. 

Yon lòt bò, Ronald Cademus esplike wotè nivo sab la pèmèt dlo pa rive kote moun ap viv bò lanmè. « Donk lè nivo a altere (vin pi ba), lanmè a ap antre nan kominote kotyè yo. Se jisteman travay sa a eksplwatasyon sab maren an ap rive fè, donk gen anpil chans pou dlo lanmè anvayi kot yo, sa kap kreye inondasyon », presizyon espesyalis la.

Li ajoute : « Anplis de sa lè nou eksplwate sab maren yo, dlo lanmè a ki sale pral penetre dlo dous ki nan nap freyatik la, sa ki pral fè gen pwoblèm pou moun jwenn bon dlo pou bwè epi agrikilti p ap ka fèt nan tè sa yo. Fòk nou pa bliye tou nou pa p jwenn bèl plaj pou fè touris. »

Sab maren yo se abita pou anpil espès ki viv nan lanmè ak nan kot yo tankou tòti yo ki ponn nan sab lanmè yo. 

Pou fini enjenyè Ronald Cademus sinyale itilizasyon sab maren pou fè kay ka yon danje lè yo pa byen trete li. « Sab lanmè a, Ronald Cademus k ap pale, gen klò ladan l ki ka degrade fè ak asye yo itilize nan beton, sa ki ka koze anpil domaj. » 

Se lanati ki deside kòman jounen travay la ap ye

« Lè lalin nan monte (lè l kache anba nyaj) tankou nan mwa desanm nan la, li pi fasil pou m jwenn sab. Gen kèk mwa ou pa jwenn li, tankou septanm ak janvye se wòch lanmè a bay sèlman. Konsa tou, ou ka nan bon mwa, ou sanble sab ou byen pwòp epi vag lanmè a ale avèl ankò », selon Mic cadet.

Anvan l t ap travay bò lanmè a, Mic Cadet te konn pentire kay, men se pa yon aktivite ki regilye kidonk li prefere bouske sab la ki daprè sa l di pèmèt li rantre yon tikòb chak jou. « Pafwa m ka kite sab la pou yon travay penti. Tankou la, m ka jwenn yon kontra 25 000 goud sa ki pa rive fasil, lè konsa m konn pwofite al fè l. Apresa m toujou retounen nan sab la. M gen madanm ak pitit pou m pran swen », temwanyaj Cadet ki te parèt preyokipe nan jan li t ap pale a.

Sou bò pa l, Elony Germain anvizaje kite sab la nan jou k ap vini yo pou l konsantre sou prensipal aktivite li di li te konn mennen ki se agrikilti. Alòske Mic Cadet li menm pa ka di anyen sou avni l bò lanmè a. Annantan li gade bèt (poul, kabrit, bèf…) pou ede l kouvri kèk depans lè sab la pa rapòte l ak lè l pa jwenn kontra pou pentire.

Toude mesye sa yo ak kèk lòt moun ki ap eksplwate sab lanmè a pa konnen ki konsekans aksyon sa a ka genyen sou lavi yo.

Photos: Estaïlove St-Val

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *