AYIBOFANMCULTURESOCIÉTÉ

Atis fanm yo ap monte masuife nan endistri mizik la

0

Men poukisa li difisil pou fanm pèse nan mizik an Ayiti 

Vanessa Jeudi se yon chantèz anviwon yon ventèn lane ki pran desizyon pou li fè mizik tounen yon metye depi 2017. Depi li fin lanse karyè l, Vanessa Jeudi deklare li pa janm sispann travay. Malgre Vanessa Jeudi eseye monte pwòp ekip li pou li avanse, sa pa anpeche li fè fas ak zak tizonnay, frekansite, avans seksyèl, elatriye.

Plizyè fanm nan endistri mizik Ayiti rapòte menm konpòtman sa yo ki pafwa vini ak bòykotaj epi pwopozisyon endesan. Nan sektè sa a, se gason ki domine.

Yon jou yon pwomotè envite atis Jeudi pou al jwe an pwovens. Depi nan preparasyon vwayaj la chantèz la te fè moun nan konnen li ap vini ak yon mizisyen. Poutèt sa a atis la di pwomotè a rezève yon sèl chanm pou li ak mizisyen an « sou pretèks depi yon gason akonpanye yon fanm fòk yo dòmi ansanm pou sa ». Vanessa Jeudi deklare li te pete gwo lobo ak pwomotè a ki te kontinye ap bay tèt li rezon pou sa li te fè a.

Reyalizatris espektak teyat ki rele « Dekò » a deklare li fè lòt eksperyans ki kite move gou nan bouch li. Gen yon pwodiktè ki te vle bouste karyè l ki pa t sispann fè  l kèk remak sou kò li, sa ki pa t twò fè atis la plezi. « Li di m li renmen cheve m men li estime m twò senp paske li ta renmen fè m tounen yon Rihanna. »

Sa ki ta pral fè Vanessa plis dekouraje se jan pwodiktè a te vle pou li rankontre avè l. « Yon jou m al kote l ak yon zanmi gason epi li te plede mande m si se mennaj mwen. Malgre m te di l non, li te ranvwaye randevou a. Aprè li voye moun kote m pou di m se apa li ta renmen wè m, sa m te toujou refize. »

Vanessa Jeudi ki gen Label li ki rele Bosal Mizik pa sèl atis fanm ki jwenn difikilte sa yo. Mikaëlle Cartright ak Tamara Suffren se de lòt chantez ki kwè pa gen menm plas pou fanm ak gason nan endistri mizik an Ayiti.

« Aprè 10 ane nan mizik, afè m pa pi bon pase sa a », Mikaëlle Cartright

Mikaëlle Aimé Cartright se ansyen prezantatris emisyon Metronight sou Tele Metropole nan lane 2013 yo. Li te konn chante Jazz epi li te kolabore ak kèk atis ayisyen. Sa fè lontan Cartright kite Ayiti pou al evolye nan peyi Etazini.

« Pou m di la verite. Aprè 10 ane nan mizik, afè m pa pi bon pase sa a. Tout pwomès mwen jwenn nan men moun pa janm abouti a anyen. Mwen fè anpil erè tou. Mwen pat edike tèt mwen sou kisa pou’m fè pou pèse nan mond mizikal la. Lè m vin wè ki jan de sakrifis bagay yo mande, m di mwen p ap van tèt mwen », sa se deklarasyon Mikaëlle Cartright depi nan peyi Etazini.

Li tou : La musique haïtienne risque la mort si elle ne s’adapte pas aux nouvelles technologies

Li kontinye pou l di se « gason » ki fè fanm yo pa anpil nan endistri mizikal la e ki se difikilte yo tou. « Men se pa yon pwoblèm ki egziste sèlman an Ayiti, se konsa sa ye a travè lemonn. Pa gen yon sèk nan le mond ki ofri famn ak gason menm avantaj yo. Pandan se tan, famn gen menm enpòtans ak gason nan sosyete a », toujou Mikaëlle Cartright ki ajoute gen anpil pòt ki te fèmen pou li nan endistri mizik an Ayiti jis paske li pa t alèz ak yon seri de moun.

Sou bò pa l Tamara Suffren ki se yon atis ki ap evolye nan peyi a fè konnen jis yon koudèy nan afich yo ak piblisite yo montre aklè fanm ak gason pa egal nan mizik pa bò isit. « Majorite fanm ki atis jwenn difikilte tankou bòykotaj, pwopozisyon endesan, elatriye. Mwen se chak jou m ap goumen pou m rete pozitif epi pou m pase chak move enpas nan karyè m ki pou mwen se eksperyans k ap aprann mwen reyaji lè kalite okazyon sa yo prezante ankò. »

«Majorite fanm ki atis jwenn difikilte tankou bòykotaj, pwopozisyon endesan, elatriye.» Tamara Suffren

Suffren pa vle antre nan detay men li di li pa janm sispann jwenn pwopozisyon endesan nan karyè li. Tamara Suffren gen de albòm deja, pou kounya l ap travay sou yon videyo nan dezyèm albòm li an ki ta dwe sòti nan pa twò lontan.

Poukisa gwoup fanm yo pa dire lontan ?

Gen anpil fanm ki rive fè non yo nan endistri mizikal la an Ayiti tankou Emeline Michel, Yole Desrose, Lunise Morse nan Ram, Mimerose P. Beaubrun alias Manzè nan Boukman eksperyans, Rutshelle Guillaume, pou site sa yo sèlman. Men tou gen gwoup fanm sèlman ki te gen sisksè oubyen ki te parèt tèt yo. Nou  ka site Top Girls, Riske, Compas au féminin, Artiz. Tout gwoup sa yo parèt nan diferan peryòd epi yo disparèt youn aprè lòt.

Akinson Bélizaire alias Zagalo ki se pwodiktè epi pwomotè deklare se paske medam yo pa fasil, se sa ki fè gwoup ki gen fanm sèlman yo pa rive lwen. « Li pi fasil pou yon gwoup gason mache paske yo ka ini yo. Fi a toujou bezwen yon anviwonman kote li konfòtab. Epi gen lòt faktè pou n konsidere. Tankou medam ki patisipe nan gwoup konpa yo souvan yo gen relasyon ak mizisyen yo, sa ki konn fè yo pa grandi », Zagalo ki ap pale toujou.

Pi lwen pwomotè a di li t ap pi bon lè yon fanm ap evolye nan mizik pou se mari l ki manadjè l. Malgre deklarasyon sa yo, Zagalo  fè konnen fanm ak gason gen menm chans nan mizik daprè li menm. « Lontan se non ak koulè pou te genyen. Kounya depi ou gen talan ou ap avanse. Si ou gade dènye atis k ap parèt yo la a se pa ni koulè, ni referans, ni si yo se fi ou gason ki fè yo briye, se talan ak pwodiksyon yo. »

Interview: Michael Brun : « La musique haïtienne doit conquérir le monde »

Siromiel ki se yon gwoup ki gen fi sèlman soti nan enstriman tonbe nan vwa pa wè endistri mizikal la menm jan pwomotè Zagalo dekri l la. Depi anviwon 2 lane medam siromiel yo ap jwe konpa nan peyi a. Men ta sanble piblik la pa toujou byen resevwa yo. « Moun yo toujou panse nou pa metrize sa n ap fè a byen. Pafwa gen moun ki konn vin nan pwogram nou jis pou yo wè si reyèlman se nou menm k ap jwe enstriman yo, si se pa mime n ap mime », pawòl Samora Julmisse ki se Maestro gwoup la.

Kontrèman ak sa a anpil moun ta fè kwè, maestro a relate pa gen ankenn orijinalite nan yon gwoup jis paske l gen fanm sèlman ladann. « Kòm pa gen anpil inisyatif kote fanm yo mete ansam pou fè mizik, lide Siromiel la parèt orijinal. Majorite gwoup konpa ki ap jwe yo se gason sèlman yo genyen,  men pa pyès moun anyen. »

Julmisse soulinye menm nan gwoup rara ki gen fanm yo se pa tout enstriman yo bay medam yo jwe. Pou maestro a, meyè  fason pou l kontinye fè mizik se regwoupe l ak fi parèy li ki ap sibi menm opresyon avè l.

Daprè Samora Julmisse moun ki nan endistri mizikal la an Ayiti pa janm rive kwè yon fanm ka yon bon enstrimantis. « Menm jan yo toujou klewonnen yon fanm pa ka fò nan matematik. Se yon seri lide tou fèt moun yo gen sou fanm. »

Julmisse deklare si yon gwoup oubyen yon atis ap chèche yon mizisyen, yo p ap pran youn nan atis siromiel yo jispaske yo se fanm. « Gen yon atis ki ta pral jwe men basis li a pa t disponib. Menm basis sa a te pwopoze Myrlande Louis ki se basis Siromiel pou jwe nan plas li. Malerezman maestro atis la te opoze ak chwa a jis paske l pa t kwè Myrlande Louis te konpetan ase. Li pa t menm bay jèn atis la chans pou eseye », toujou Samora Julmisse ki t ap pale ak lapèn.

Kisa nou ka atann pou lavni ?

Tout atis fanm ki pale nan atik sa a yo espere yon jou sitiyasyon fanm yo nan mizik va chanje  nan peyi Dayiti. Men yo pa kwè chanjman sa a se pou kounya. Pou Vanessa Jeudi, endistri mizikal la ale nan menm sans ak sosyete a. Kidonk travay ki ta dwe fèt yo ta sipoze fèt sou tout sosyete dabò.

Menmjan nan sosyete a anpil fwa lè fi ansent li oblije kite lekòl oubyen lòt aktivite l ap mennen, se menm konsta a Vanessa Jeudi fè nan mizik. « Depi fanm nan ansent li kanpe karyè l pou sa a. » Menm jan nan sosyete a yo renmen pran fanm pou timoun se konsa atis la di yo fè l nan endistri mizikal.

Samora Julmisse li menm panse sosyete a leve tifi ak ti gason yon fason pou tigason an toujou depase tifi a. « Paran yo toujou bay tigason yo tan pou yo aprann. Ou ka wè tigason an ap jwe mizik nan legliz li depi piti. Alòske tifi a li menm, li toujou okipe. Menm si li ta gen yon ti tan pou fè mizik, li toujou gen yon travay nan kay pou l te fè. »

Maestro gwoup siromiel fini diskisyon li ak nou nan mo sa yo : « Defwa m konn di tèt mwen èske m ap ret nan mizik paske m p ap ka pase tout vi m ap konpare m ak lòt moun. »

Laura Louis

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *