Anrichisman ilegal se lè yon pèsonalite politik, yon fonksyonè Leta pa gen jistifikasyon pou yon ogmantasyon egzajere byen li posede parapò ak revni li rantre
« Aksepte yon moun fè koken paske l pòv, se aksepte yon moun fè koken, pou l pa vin pòv »
Se mo « kòripsyon » an ki monte nan lespri m an premye, paske efektivman, kòripsyon se lè yon fonksyonè sèvi ak pòs li okipe pou jwenn pwofi ilegalman pou tèt li osnon pou pwòch li olye li aji nan enterè kolektif la.
E pou n konprann egzakteman de kisa n ap pale lè n itilize mo kòripsyon an, gen divès zak atik 5 lwa 12 mas 2014 sou prevansyon ak lit kont kòripsyon an Ayiti a mete nan lis la. Pa egzanp : anrichisman malonèt, blanchi lajan sal, itilize byen piblik pou zafè pèsonèl, lè yon moun resevwa lajan anba tab, lè l pwofite de fonksyon l okipe pou li jwenn avantaj pou tèt li, lè l favorize fanmi l vin okipe pòs desizyonèl yo, lè l itilize enfliyans li pou l jwenn avantaj, elatriye.
Men, èske w te konnen lalwa ayisyen pini tout zak ki lye ak kòripsyon ? A wi ! M pral ede w konprann.
Pou n pi byen konprann koze kòripsyon sa a, ann gade yon ka ki te fè gwo eskandal nan jou ki sot pase yo.
Nan dat 3 septanm 2024 la, Inite lit kont koripsyon remèt lajistis 7 rapò ankèt ki lye ak detounman byen piblik, anrichisman ilegal, abi fonksyon, blachiman, elt.
E, youn nan rapò sa yo konsène ansyen minis planifikasyon ak koperasyon ekstèn lan, Aviol Fleurant, ki t a itilize fonksyon li te okipe nan Leta a, soti mas 2016 rive desanm 2018, pou l anrichi tèt li ilegalman.
Anrichisman ilegal se lè yon pèsonalite politik, yon fonksyonè Leta pa gen jistifikasyon pou yon ogmantasyon egzajere byen li posede parapò ak revni li rantre.
Jan de zak konsa, se enfraksyon lalwa pini jiska 20 lane prizon, selon sa Jij Marthel Jean Claude, prezidan asosyasyon pwofesyonèl majistra yo, fè AyiboPost konnen.
E, koupab la ka peye Leta jiska 2 fwa lajan li anrichi ilegalman an kòm amann, selon sa atik 5.2 lwa 12 me 2014 sou prevansyon ak lit kont kòripsyon an presize.
N ap souliye pou ou, ankèt ULCC a reyalize aprè 4 mil 900 moun te siyen yon petisyon pou mande enstitisyon an evalye kantite byen ansyen minis Aviol Fleurant posede e pwofite verifye si t a genyen anrichisman ilegal ak lòt ka koripsyon.
Men, kisa rezilta ankèt ULCC la revele sou ansyen minis la ?
Dabò, anketè yo fè konnen, ansyen minis planifikasyon an deklare byen ta kantite byen li genyen yo lè li fin nome pou pòs minis planifikasyon nan dat 24 mas 2016 la. Sa ki se yon enfraksyon.
An Ayiti, atik 2 ak 3 lwa 12 fevriye 2008 sou deklarasyon patrimwàn lan egzije pou tout pèsonalite politik, fonksyonè Leta ak lòt ajan piblik pou deklare kantite byen yo posede tankou : kont labank, objè ki gen valè tankou bijou, revni anyèl yo, veyikil a motè, propriyete yo bati ak sa ki pa bati, elt.
Daprè sa Jij Marthel Jean Claude, esplike AyiboPost, « Mezi sa yo la pou anpeche kòripsyon, verifye si lis byen fonksyonè a reflete sa li te genyen kòm salè osnon evalye si l te pwofite fonksyon an pou anrichi ilegalman ».
Pami pèsonalite ak fonksyonè ki dwe deklare sa yo posede yo, genyen : prezidan, premye minis, minis, senatè, depite, manm pouvwa jidisyè yo, anbasadè, sekretè jeneral, delege, majistra, elt.
Yo tout dwe founi pyès ki jistifye tout byen yo posede yo nan yon rejis espesyal grèf tribinal premye enstans kote yo rete a, ak tout sinyati yon notè ki otantifye l.
Pwosesis sa a dwe fèt trant (30) jou apre yo fin rantre nan fonksyon ak lè y ap kite fonksyon an.
Apresa, ULCC ap kolekte done sa yo pou l analize si pa gen ka koripsyon osnon anrichisman ilegal.
Nan ka avoka Aviol Fleurant an, anketè yo jwenn fomilè deklarasyon li an otantifye nan dat 18 desanm 2017.
Sa ki reprezante 21 mwa apre li fin rantre nan fonksyon li.
Gen lòt detay toujou !
Li deklare kantite byen li genyen lè l ap kite pòs li aprè 24 mwa, dapre anketè yo..
Rapò ULCC a endike deklarasyon sa yo avoka Fleurant bay yo pa konplè epi pa laverite.
Pa egzanp, nan fomilè deklarasyon byen li posede lè l ap rantre nan fonksyon li antanke minis, Fleurant deklare li genyen 5 kont labank : 4 nan Unibank epi lòt la nan Sogebank. Sa ki nan Sogebank la an goud, e pou 4 lòt ki nan Unibank yo, gen 2 an dola epi 2 an goud.
Sepandan, anketè ULCC yo fè konnen Aviol Fleurant ansanm ak madanm li, Ludmia Toussaint, posede 16 kont labank olye de 5 kont kont.
Pami kont labank sa yo ki fèt tanto sou non Fleurant, tanto sou non madanm li oubyen antrepriz jiridik yo genyen, sèt (7) nan yo an goud epi nèf (9) lòt yo an dola ameriken.
Nan menm deklarasyon byen sa a avoka Fleurant deklare li achte bijou lò ak dyaman plis 2 lòt atik ankò sòti 2008 rive 2017 pou 35 000 dola ameriken.
Epoutan, nan deklarasyon byen l li fè lè l ap kite pòs li, Aviol Fleurant fè konnen li te sèlman achte sis (6) bijou lò ak dyaman pou 13 500 dola ameriken.
Rapò ULCC a fè konnen tou, avoka Fleurant gen kèk machin li posede li pa t deklare.
Lè l t ap rantre nan fonksyon l li fè konnen li genyen twa (3) machin.
Yon machin mak Toyota Land Cruiser li achte nan lane 2015 pou 45 000 dola ameriken, yon Hyundai Santafe l te achte an 2010 pou 35 000 dola plis yon mak Luxus rezime rapo Ulcc a pa presize pri a.
Nan patrimwàn lè l ap kite fonksyon minis li avoka a deklare twa (3) machin. Men fwa sa a, li ajoute yon nouvo machin ki se yon Toyota Land Cruiser Prado li te achte pou 4 365 400 goud, nan lane 2018.
Pi lwen, menm ankèt sa a revele gen de (2) lòt machin ki te anrejistre sou non li ki pa t deklare. Yon Kia Sorento plis yon Mazda.
Mete sou sa, selon sa yon komisyon ankèt Direksyon jeneral Enpo (DGI) revele, gen 2 lòt machin ki anrejistre sou non l nan baz done Office d’Assurance Véhicules Contre Tiers (OAVCT) ki pa t deklare.
Nan ankèt sa a tou, DGI revele lajan koup Fleurant touche nan administrasyon piblik ayisyen an.
Dabò, Aviol fleurant te travay nan kabinè rektè Inivèsite Leta Ayiti a epi li te konsiltan nan fakilte dwa ak syans ekonomik Pòtoprens avan li te nome minis planifikasyon nan dat 24 mas 2016.
Madanm li, Ludmia Toussaint, li menm t ap travay nan Fon asistans ekonomik ak sosyal (Faes) epi nan Ofis nasyonal asirans vyeyès (Ona) avan li te entegre konsèy modènizasyon antrepriz piblik yo (Cmep), nan dat 6 jwen 2016.
Sepandan, Aviol Fleurant pa t deklare fonksyon madanm li te okipe nan Fon asistans ekonomik ak sosyal la (Faes) dapre anketè yo.
Mete sou sa, Fleurant te toujou ap resevwa lajan «Cabinet Fleurant», ki se pwòp antrepriz prive l, ki t ap fonksyone nòmalman toutpandan li te minis planifikasyon.
E, soti mas 2016 rive desanm 2018 li resevwa antou 13 milyon 200 mil goud salè, avèk 400 mil goud chak mwa.
Kòb sa yo salè li resevwa, toutpandan li te minis, ki soti nan pwòp kabinè prive li a.
Men, lè yo analize divès kont labank Aviol genyen yo, anketè yo pa jwenn okenn tras lajan Kabinè a fè sou 33 mwa sa.
Rapò a montre li menm rive fè yon fo deklarasyon definitif enpo kote li pa deklare totalite 400 mil goud chak mwa salè li t ap touche kòm avoka sou menm peryòd 33 mwa sa a.
Yon aksyon ki fè Leta pèdi 2 milyon 788 mil 467, 78 goud pandan peryòd 33 mwa sa a ankèt la te konsidere a.
Selon atik 30 dekrè 20 mas 1979 ki reglemante metye avoka a, ou paka ap egzese metye tankou : sekretè Deta, tout fonksyon ki lye avèk kò lejislatif epi jidisyè a, ofisye Deta sivil, elt. anmenmtan w se avoka.
Globalman, ankèt ULCC a montre gen yon gwo diferans ant kantite lajan ki depoze sou kont labank koup Fleurant an, ki se 100 milyon 204 mil 240, 82 goud, parapò ak kantite revni yo rantre ki se 29 milyon 695 mil 456, 53 goud.
Yon seri konsta ki sanble vle endike yon ogmantasyon egzajere byen koup Fleurant an.
Si anketè yo konstate avoka a pa jistifye plizyè depo lajan sispèk ki fèt sou diferan kont li genyen yo, li fè konnen se akoz kabinè li te pran dife ki anpeche li soumèt dokiman administratif ak kontab ki jistifye tranzaksyon yo.
Poutan, nan dat 7 jwen 2024 la nan yon odisyon devan komisyon ankèt Ulcc a, ansyen minis la te fè konnen se te yon tantativ pou boule kabinè a. Se pa t yon gwo dife.
Dayè, yon pwosè vèbal jij de pè seksyon Sid Pòtoprens la, Jean Claude Mondelus, nan dat 13 septanm 2017 te sètifye tantativ pou boule kabinè e li pa deklare kabinè a te boule.
Rapò ankèt Ulcc a montre ansyen minis planifikasyon an, Aviol Fleurant, pa rive jistifye tou kote li jwenn lajan li te achte de (2) tèren nan Pegi-Vil sou non pitit li yo, nan lane 2017, pou 77 000 dola ameriken pandan menm peryòd li te an fonksyon an.
Kounye a, kisa ki kapab rive yon fonksyonè Leta ki pa deklare byen li posede yo ?
Li enpòtan pou n presize, rapò ULCC a dokimante yon seri alegasyon. Li rete ak lajistis pou òganize yon pwosè kote Aviol Fleurant ap gen pou l defann tèt li.
Men pou m byen di w, chaje sanksyon sanksyon pou jan de moun konsa ki pa deklare byen yo posede. Pa egzanp, moun sa kapab pèdi dwa pou l vote epi kandida nan eleksyon, li p ap kapab egzèse kèk fonsyon piblik, li p ap gen dwa kòm sitwayen pou li pote zam epitou li p ap kapab temwen nan kad pwosè nan tribinal. Chaje lòt toujou wi. Men nou kenbe sa yo senpman.
E nan ka kote fonksyonè a bay fo pyès, lajistis kapab lanse yon aksyon kont li akoz sa konsidere tankou yon enfraksyon kriminèl.
Lè sa a li ka pran yon pèn kriminèl.
E, atik 107 kòd penal ayisyen an relate tout fonksyonè osnon ofisye piblik, ki nan kad egzèsis fonksyon li, ap fè fo, dwe jwenn yon pèn kote l ap gen pou pase tout rès vi l nan prizon ap fè travay fòse.
Kounye a, e si fonksyonè sa pa deklare byen li posede nan delè lalwa fikse pou sa ? Kisa k ap rive l ?
Dabò, ULCC ap raple fonksyonè a obligasyon li genyen.
Si li pa janm fè deklarasyon an, Ulcc kapab pwodui yon rapò ak trezò piblik kote y ap pran yon ka nan salè li chak mwa jiskaske li reponn ak egzijans yo.
Si moun lan kite fonksyon an san li pa t janm fè yon deklarasyon, komisè gouvènman an ap gen pou mete aksyon piblik an mouvman kont li epi trennen l devan tribinal koreksyonèl ki la pou estatye sou sa.
Daprè jij Marthel Jean Claude, si nou vle tout bon yon gouvènans ki baze sou transparans, deklarasyon patrimwàn lan te kapab (e menm ta dwe) yon kondisyon aksè ak kèk fonksyon piblik.
Lè sa, konsèy elektoral la te ka pa egzanp ajoute sa kòm kondisyon konplemantè pou moun okipe fonksyon tankou depite osnon senatè.
Jij la rapousuiv pou l di, peyi a gen ase zouti legal ki ka ede nou lite efikasman kont kòripsyon si lajistis t ap byen fonksyone epi te gen volonte politik.
E ou menm ? Di m. Daprè ou, èske ou wè gen volonte politik pou konbat zak kòripsyon yo an Ayiti ?
Kamera : Sherlande Pierre
Montaj ak Animasyon : Riquemi Pérez
Prezantasyon : Rebecca Bruny
Sipèvizyon : Chérubin Jérôme
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici
Comments