CULTURESOCIÉTÉ

OPINYON: « An kachèt » ou pa, NON se NON

0

Apre tèks mwen an ki te sòti, jou ki te lendi 30 dawout pase a pou denonse  pwomosyon asèlman seksyèl (Tizonnay) epi enfidelite videyo An kachèt – Roody Roodboy (Roody Petuel Dauphin) la gen ladan l, gen vwa ki te leve pou agimante nan sans kontrè a

Li premye atik la: Ak « An kachèt », Roody Roodboy ap fè pwomosyon pou asèlman seksyèl !

Apa pwoblèm ki prezante nan videyo atis la, kounye a vin ajoute nan deba a, agiman ki di pa gen asèlman seksyèl nan videyo a, paske « tout bagay se kontèks, menm yon NON». Mwen panse l enpòtan anpil pou deba sila a fèt, paske pozisyon sa a danjere, epi yon moun k ap ekri pou yon piblik ki gen yon pozisyon konsa, reprezante yon danje tou. Ann al wè poukisa.

Mande kontekstyalize « NON » yon moun se gwo danje

Mande pou yon gason oswa yon fi kontekstyalize « NON » yon lòt, danjere epi demagòg anpil.

Poukisa ?

Li danjere paske l ka sèvi pi devan pou jistifye konpòtman gason pa rapò ak fi, gason pa rapò ak gason, fi pa rapò ak fi, timoun pa rapò ak granmoun ki inakseptab.

Paske tou, nenpòt ki moun ki di yon lòt NON, epi entèlokitè a kontekstyalize l, li retire dwa l genyen pou l deside pou tèt li. Paske lè entèlokitè a kontekstyalize pou ou, fòk li chwazi, fòk li deside pou l konn si se NON vre. Poukisa pou m ta bay yon lòt moun dwa sa a sou mwen ? Poukisa kèlkeswa moun nan ta bay dwa sila a sou yo ? Kijan se pou lòt moun nan ki pou « sèten si dezisyon an definitif », apre yon NON klè, fèm epi kategorik ? Kijan tout sa ki gen rapò ak libète yon moun, tout sa ki gen rapò ak dwa endividyèl yon moun blije bay li ak yon lòt ? Si w pèdi libète pou w di NON, kisa k rete ?

Yon pozisyon demagòg

Li demagòg paske, se moun anfas ou a ki pral gen pou deside selon yon ansanm kritè (ki pa defini) si lè w di NON an se NON w di vre.

Menm pou referan lengwistik yo, semantik yo oswa kiltirèl yo, NON an pa bezwen konteksyalize. Paske baraj lengwistik yo pa anpil (nou tou de pale kreyòl oswa fransè), oswa kòd kiltirèl yo se menm (nou tou de se Ayisyen).

Kondisyon sikolojik la pa an konsiderasyon tou, paske w p ap janm gen pouvwa pou w li nan panse yon lòt. E menm si se ta ak yon moun ki soufri maladi sikolojik, NON l toujou rete NON, sof si medsen tretan l oswa lalwa foure bouch nan sa.

M pa menm ka imajine sou ki baz yon moun ka di yon lòt : « Ou te di m NON, menm kontekstyalize l, epi m pran NON w la pou yon WI ».

Oswa èske gen yon enstitisyon k ap kreye pou deside ki fi (paske agiman an konsène fi sèlman) ki « rizyèz », ki fi lè l di NON se NON vre. Epi tout fanm ki konsa ap gen nan kat idantite nasyonal yo make, « pa rizyèz ». Èske se konsa n vle fè « libète pou tout moun nan » ? Paske se t ap demagoji nèt ale.

« Rizèz » ou pa, NON p ap janm bezwen kontekstyalize

Nan yon atik Éric Fassin (sosyològ epi chèchè nan IRIS), ekri ki titre Au-delà du consentement : Pour une théorie féministe de la séduction, misye te pran san l pou l rakonte gwo deba sa te soulve nan peyi Lafrans, sou koze Dominique Strauss-Khan, patwon FMI, nan me 2011 lapolis te met lapat sou li, akize l fè agresyon seksyèl, tantativ vyòl epi sekestrasyon sou yon bòn ki rele Nafissatou Diallo, nan Sofitel (yon otèl).

Sa ki enterese nou nan tèks li a, se te sitou deba nan peyi Lafrans ki te gen sou koze sediksyon, konsantman epi feminism. Gen kèk feminis oswa lòt pèsonalite ki t ap defann yon feminism ki tipikman oswa kiltirèlman fransè, an opozisyon ak feminis (anpil moun kalifye kou rèd) ameriken an.

Yo te menm leve l nan nivo idantite nasyonal, kote yo vle defann atachman yo ak seri de reprezantasyon literati fransè a kite pou yo, tankou tandrès, galantri, lamou libèten, oswa womantik.

Men, te gen anpil moun ki te leve kanpe nan peyi Lafrans pou di yo pa dakò, yo te pran jounal tankou Libération, Le Monde pou yo. Pa egzanp, istoryèn Joan W. Scott, eksplike, feminism tipikman fransè sa a anpil nan yo vle a, « li nan rasin inegalite feminis fransèz yo ap batay depi lontan kont li a ».

E mwen mete l nan kontèks jounen jodi a, pou agiman ki di konsa « anpil fwa, nan kotidyen nou, menm fi a ki fin di sa fini a, santi l deranje, si gason an pa fè okenn tantativ pou kouri dèyè l ankò », pou eskplike, oswa eskize, oswa lejitime asèlman Roody a nan videyo An kachèt la. Pale de yon swadizan « abitid », oswa « konpòtman » yon gwoup fanm genyen pa rapò ak gason kòm agiman pou mete yon règ, paka kenbe.

Gen fanm ki se « rizèz »

Wi, gen fanm se « rizèz » y ap fè. Genyen tou ki pako pare pou asime desizyon gason an vle l pran an. Genyen tou ki jis pa gen matirite nan relasyon moun ak moun.

Rose-Marie Lagrave, Laure Bereni, Sébastien Rouz epi Eleni Varikas, te konprann lè yon gwoup moun nan sosyete a t ap enstitisyonalize feminism swadizan tipikman fransè a, fè parèt aspè kilitrèl yo plis pase aspè revandikatif tout mouvman feminis gen an komen kelkeswa kote l eklate nan monn nan, se yon « chwa ki politik » li ye.

Èske se menm bagay la isit tou ? Èske menm jan yo t ap eseye konstwi yon feminism tipikman fransè, isit nou vle konstwi medam yo tankou rizèz (paske se medam yo ki vle pou gason yo fè tantativ pou kouri dèyè yo, e se poutèt sa NON yo dwe konteksyalize) ? Konbyen fanm lè l di « tout bagay fini », bezwen « pou nèg la fè tantativ kouri dèyè l » ? Èske akoz yon fanm kanpe yon relasyon ak yon nèg, oswa yon fanm parèy li akoz yon problèm kèlkonk, si patnè a deside chanje, deside pote amelyorasyon nan relasyon an, epi pwomèt sa ap diferan (ki se tantativ pou retounen ansanm lan), sa fè fi a « rizyèz », oswa sa fè NON fi a bezwen « kontekstyalize » ? Èske si w espere èks ou ka mande w tounen, ou se « rizyèz » poutèt sa a ?

Nan sosyete « byennèt pou tout moun » n ap eseye konstwi a, n ap batay pou li a, eske « rizyèz » ap vin yon kalite kiltirèl pou fanm an Ayiti ? Eske nan je sediksyon an dwe toujou gen manti ? Epi menm si gen manti ak ipokrizi, èske poutèt sa a, chwa pou w di NON an retire nan men w ?

M ap repete l ankò, depi w tonbe nan kontekstyalize lè patnè w la di w NON, li pa p janm di NON vre, se ou k ap deside pou li nan kèlkeswa sikonstans lan. Eske w vle pran dwa sa a sou li ? Eske w vle yo pran dwa sa a sou ou ?

Yon ti kout je sou pawòl yo

Malerezman videyo a pa pawòl yo tou, paske sa l di nan chante a pa kadre ak aksyon yo nan videyo a.

M panse, lè w bezwen yon moun pran w pou « plan B », ou pa mete lavil an danje nan rantre lakay li pandan w konnen patnè l se yon « sansib alagachèt ».

Lè w di yon moun ou renmen l, èske w transfòme relasyon an an « strès total » lè w debake lakay li? Epitou, lè w di w ap « evite dram », « pran prekosyon », nan pa lage foto sou Instagram, pa fè komantè sou Facebook, èske w ensite l dwoge mari l pou l al nan bal ak ou ?

« Li di l pran feeling/ Lè m ap tèks li, li febli ; E nenpòt lè misye ta ba w pwoblèm k ap domine w/ Konnen m ap toujou la honey pou m tande w ».

Wi pawòl sa yo nan chante a montre te gen yon relasyon ki te bati. Dayè sa te evidan nan machin nan lè manzè te di l « Ok Roody ! Li lè pou n sispann ak bagay an kachèt sa a. Li p ap bon ni pou mwen, ni pou ou. »

Men èske paske te gen konsantman anvan sa a « ipotèz asèlman seksyèl la parèt pa twò solid » ?

Eske paske yon fi oswa yon gason te di WI deja, li pa ka di NON apre sa ? Eske konsantman yon moun « etènèl » ? Eske paske se de (2) gramoun ki tap enjoy yo, pa ka gen asèlman ?

Nan ka sa a, konsèp tankou « vyòl konjigal », « vyolans konjigal » pa t ap egziste. Oswa, Nice Simon (mè komin Taba) pa ta ap nan batay kounye a la nan tribinal kont ansyen patnè li, Yves Léonard.

Nou paka separe atis Roody Roodboy de zèv li

M konprann lè m di « ensite » a, li sanble m vle bay fi a yon wòl kote m ap « timounize l », rann li « emotiv, endesiz, enfliyansab », jan kèk kòmantè fè konprann.

Men m vle presize, se pa wòl sa mwen (oswa piblik la k ap kòmante) bay fi a, men pito jan videyo a prezante l la. E se nan pyèj sa a anpil moun tonbe. Paske se pèsonaj yo ye, se pa yo ki deside sa y ap fè, sa y ap di, kijan y ap reyaji. Kidonk, si fi a (parèt) « timounize, emotiv, endesiz, enfliyansab » se yon chwa. E se chwa sa a pou n kesyone.

Menm si fi a te chwazi, te vle, oswa te byen renmen bagay an kachèt li, se pa sa ki pwoblèm mwen. Dayè nou pa nan moral la a. N ap pale de asèlman seksyèl. M pran l antanke yon problèm sosyal, paske l se « se youn nan manifestasyon estrikti sosyete partiyakal la, epi pouvwa inegal ant fanm ak gason », jan m te deja di l nan tèks anvan an.

Problèm nan se poukisa reyalizatè a, oswa atis la, oswa pwodiktè a chwazi fè fi a mache nan tout kay la di nèg la NON, olye fè l chwazi nenpòt lòt strateji. Tankou nan anpil m te wè nan kòmantè yo, « al chita ak mari a, mande mari a pou l voye je sou bòs la, pyeje nèg la lè l rantre nan chanm nan, elatriye ».

Poukisa tou, apre l fin fè tout refi sa yo bridsoukou li chanje lide? Kisa pwodiktè a, reyalizatè a oswa atis la vle montre nan chanjman sa a? Paske n pa dwe pa wè videyo a tankou yon kopi po pou po reyalite. Reyalite a konplèks, akoz dimansyon ekonomik, sosyal, politik, kiltirèl oswa relijye l.

Atis la lib

M pa atake libète atistik Roody Roodboy gen, li te ka montre m fi a gen yon twazyèm nèg menm! Jan Nègès Dayiva di l nan atik li ki sòti nan Ayibopost, ki titre Men pouki rezon anpil atis ayisyen refize pran pozisyon sou kriz la, «  atis la gen kapasite reprezante mond lan nan tout sa li gen ki bèl epi enjis ».

Menm jan l raple pozisyon Roody Roodboy konsènan lit pèp la ap mennen an epi konsènan jan l wè moun k ap manifeste nan lari a.

Mwen ap raple, pase atis la pa « flou » konsènan repitasyon bat fanm li, dayè l te ekri yon lèt eskiz sou sa, li pa t demanti sa. Menm jan l pwodwi sou pwoblèm peyi a, èske n te ka espere plis konsènan rapò miwo miba fanm ak gason an Ayiti? Antouka…

Pliske « atizay pa gen misyon amize senpman » epi « zèv atis pa janm inosan », mwen antanke konsomatè, mwen blije poze tèt mwen kesyon kisa l te vle pase kòm mesaj.

E la a m ap vini ak lòt aspè nan koze a, ki se sijè videyo a t ap trete a, relasyon fanm ak gason (an kachèt, an deyò maryaj oswa andeyò yon akò kèlkonk).

Videyo a pa t ap pale de asèlman. Kounye a la, si l vin parèt pa anba nan aksyon pèsonaj yo klè konsa, èske se pa pwomosyon (volontè oswa envolontè) pou li? M dakò nou ka nyanse, men se pa pèsonn reyèl yo ye. Chak mo, imaj, son ki nan videyo a sòti nan chwa atis la oswa reyalizatè a, ki nou p ap bliye pote andedan yo tout chay ideyoljik sosyete a gen pa rapò relasyon fanm ak nonm.

Feminism, yon mouvman sosyal ki pa omojèn

Ou se feminis ? Men sa pa lejitime w pou w di konsa yon moun dwe konstekstyalize NON yon lòt. Epi ki feminis souple ? Feminis se yon « mouvman sosyal », ki gen anpil lòt kouran ki tavèse l, tankou kouran « liberal égalitè » a, ki di enspire l daprè John Stuart Mill.

« Liberal égalitè » a di konsa, nou gen libète pou n fè sa nou vle, jan nou vle, san nou pa deranje libète lòt moun yo. Kouran sa a panse koz rapò miwo miba ant fanm ak gason chita sou sosyete kapitalis la ki pa kadre ak bezwen fanm yo, ki diskriminalize fanm yo sosyalman, politikman, epi ekonomikman.

Pou yo, jis edike, sosyalize fanm yo yon lòt fason epi chanje mantalite sosyete a ta sipoze chanje sa. Pandan sa a tou, gen kouran « maksis » la, ki di w konsa, « feminism liberal » la se yon « feminis boujwa » ki ap sèvi enterè kapitalis yo, nan ba yo plis fanm travayèz pou yo eksplwate. Epi yo panse, opresyon fanm yo vini ak nesans sosyete prive epi l ap disparèt ak taboula raza sosyete kapitalis la. Menm kouran « maksis feminism » lan tou eklate, gen feminis soyalis yo, gen feminins popilè yo, elatriye.

Epi gen kouran mwen chwazi idantifye m ladan l jounen jodi a, « black feminism », ki ap panse dominasyon patriyakal la, rapò miwo miba fanm ak gason yo pa rapò ak kesyon ras epi klas sosyal.

Bon, menm gen « feminism lesbyèn » oswa « feminism madivin », ki wè lè sosyete a enpoze relasyon etewoseksyèl yo tankou sèl rapo de moun, se yon fason pou domine fanm yo. Paske gen yon pakèt mezi sosyete a pran swa nan domèn relijye, kiltirèl oswa sosyal pou kenbe fanm yo nan tip de relasyon sa a.

Jezi te di konsa, lapawòl la se grenn pwa li ye, li ka tonbe nan bon teren, konsa l tou li ka tonbe nan move teren, pou montre kijan sou yon menm pwoblèm ka gen anpil divèjans opinyon. E sa a se pa levanjil, men se bon sans. Kounye a la, se agiman w antanke feminis ki pou oryante deba a, pa etikèk feminis ou.

Mouvman #PaFèSilans

Jou dimanch ki te 26 me 2019 la, plis pase mil moun te pran lari Pòtoprens ak rad blanch sou yo, pou yo di NON ak agresyon seksyèl (vyolans sou fanm), NON ak zak vyolans sou fi (bat fanm), NON ak vyòl (kadejak).

Se te mouvman #PaFèSilans lan ki te deklannche apre vyòl kolektif ki te gen sou plizyè etidyant ki sòti nan divès inivèsite nan kapital la. Sòti sou wo Tijo desann nan riyèl Rivyè, anba yon flanm solèy cho, pil moun sa yo te mache pou di konsa lè yon fanm oswa gason di NON, se NON l vle di. Pa vre ?

Kounye a eskplike poukisa NON nan fi a, nan videyo An kachèt – Roody Roodboy la, ki sòti 20 septanm 2019 la, pa menm 6 mwa apre sa bezwen kontekstyalize ? Poukisa NON fi a nan tout 3 minit 33 segonn anvan yo bezwen kontekstyalize ? Mwen seryezman espere anpil nan nou pa t vin nan mach sila a, paske m te la.

Pou kèlkeswa rezon an, menm si se paske fi a te pè mari l, menm si paske mari l pa konn abitye mennen l sòti, menm si manzè te byen anvi sòti, menm si se paske manzè ap fè « rizyèz » (jan aktris la di l sou Instagram), depi w di NON se NON. Pwen boul !

Itilize pwofesyonèl Ayisyen

Epitou, m ap tou pwofite envite atis yo itilize jèn aktè ayisyen, ayisyèn nan videyo yo, yon jan pou leve nivo a nan je aktè yo. Fè yon casting pou videyo a, bay komedyen, komedyèn yo chans yo.

Epi bay plizyè moun ki sòti nan plizyè disiplin syans moun ak sosyal yo wè videyo a oswa tande mizik la. Petèt, gen seri de erè yo ka anpeche w fè. Paske akoz n ap viv nan yon sosyete machis ak dominasyon patriyakal, gen seri sterewotip, move pèsepsyon, imaj ak reprezantasyon ki ankre nan nou, san nou pa rann nou kont, nou repwodwi yo.

Eske Ayiti pare pou l pale de seksyalite, asèlman, vyòl, konsantman, liberasyon/oryantasyon seksyèl, elatriye ? Eske andedan sosyete ayisyèn nan pa gen problèm sosyal ki lye ak seksyalite, asèlman, vyòl, konsantman, liberasyon/oryantasyon seksyèl, elatriye ? Yo se pwoblèm ki pa izole wi souple ! Yo se pwoblèm ki konsène plis pase mwatye popilasyon an wi souple ! Paske anpil nan yo gen rapò ak fanm.

Pou m di menm jan ak Gisèle Halimi, dwa gason yo p ap menm jan ak pa fanm yo si kondisyon kiltirèl, relijye, politik, ekonomik, epi sosyal yo pa pran an konsiderasyon nan pwoblematizasyon lit pou respè dwa yo.

Kounye a, si se pa nan moman Ayiti gen yon mouvman sosyal k ap lite pou gen « libète ak byennèt pou tout moun », ki moman ankò pou m vin pale de asèlman seksyèl epi konsantman ?

Sosyete ki gen « libète ak byennèt pou tout moun » nan, li pou fanm ak gason (kèlkeswa oryantasyon seksyèl yo, klas sosyal yo, relijyon yo, elatriye) pa vre ? M ap wè n ap batay vre, se lè tout moun pran lari a ak pantak nan men, pòtvwa yo, k ap denonse tout kalte vyolans ekonomik, relijye, kiltirèl, politik, sosyal, epi (an patikilye) fanm yo (akoz de pozisyon nimerik nou nan sosyete a).

Dènye mo a…

Nan liv selèb Eve Ensler ekri, Les Monologues du vagin, li di l renmen epi l panse nou dwe di mo Vagin an.

Li ajoute : « Mwen di l paske mwen kwè sa nou pa di yo, nou pa wè yo, nou pa rekonèt yo, nou pa sonje yo.» Se menm bagay la lè nou pa rele yon « asèlman », asèlman, lè n ap di konsa se « ensiste » li ensiste.

Eske ensistans lan vle di pa gen limit ? Eske si yon moun swadizan « Tizè » yon lòt, moun sa a ta sipoze aksepte l fè « nenpòt bagay » pou l ka jwenn akò l ? Si n ap ret nan menm lojik patriyakal, kot galantri a nan ka sa a ?

Gen bagay toujou pou di, men m remèt kòn nan.

Hervia Dorsinville / Èvya Dòsenvil

Commentaires

D’où vient la crise que traverse Haïti. De très loin répondent les historiens.

Article précédent

30 septembre 1991 et 11 septembre 1973: deux coups d’État pour un même projet?

Article suivant

Commentaires

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost