AYIBOFANMEN UNESOCIÉTÉ

«Amnistie» : men kisa sa vle di toutbon | Videyo

0

E pou nou menm an Ayiti, kisa n ka di sou koze «Amnistie» a ? Èske nan istwa peyi a gen omwen yon fwa Leta te bay «Amnistie»? Kite m rakonte w

«Amnistie» (amnisti) se yon ti mo … Non ! S on GWO mo, ki alamòd anpil an Ayiti dènye jou sa yo. Gen moun ki fè silans, konsa tou gen lòt ki pa kache bay opinyon yo sou li. Men, èske n pa panse li vrèman enpòtan pou n ta konnen kisa mo sa vle di toutbon, e sitou, kisa lalwa peyi dAyiti di sou koze sa ?

Rale chèz ou, kalme w, AyiboPost pral ede w konprann sa byen rapid.

Toudabò, kisa «Amnistie» a ye ?

Amnisti jwenn rasin ni nan yon mo grèk ki se «amnêstia» (ἀμνηστία) ki sinifi an franse «oubli» oubyen «pardon». An bon kreyòl, nou ta ka di li sinifi «bliye» osnon «bay vag».

Nan anpil peyi, Otorite lejislatif yo, sa vle di sila yo ki gen manda pou fè lalwa, tankou nan palman osnon yon asanble, enben, yo konn itilize metòd amnisti a pou «padone» yon moun osnon yon gwoup moun pou enfraksyon yo te komèt nan pase yo, e ki te deranje sosyete a. Otorite sa yo ka chwazi pase trè sou kèk osnon sou tout zak moun nan te poze a.

An bon kreyòl, nou ta ka di amnisti sinifi «bliye» osnon «bay vag».

Men, fò n presize, se pa pou tout enfraksyon non yo ka akòde amnisti an. An jeneral, se sitou pou yon seri enfraksyon dòd politik yo fè sa, nan ka pa egzanp kote yon peyi t ap konfwonte ak yon sitiyasyon boulvès ki pa fè fyète l. Nan sousi pou yo ka retabli lapè ak tèt ansanm nan sosyete a, yo konn chwazi bay otè enfraksyon ki konsène yo amnisti.

Talè konsa, nou pral ba ou egzanp 4 peyi omwen ki te aplike amnisti a nan istwa yo.

Otorite nan peyi k ap pran desizyon pou akòde amnisti a, yo konn pran yon seri de dispozisyon pou yo pase trè nèt sou sa moun sa yo te fè a. Yo kapab efase sa sou plan pouswit penal kont moun sa yo, sa vle di, lajistis angaje l pou pa tounen sou dosye a ankò. Men sèl bagay, dwa moun ki viktim yo ap toujou rete yon bagay inoubliyab. Sa vle di, fòk moun osnon gwoup moun ki viktim yo jwenn reparasyon kanmenm.

«Amnistie» an tou se yon konsèp ki plis itilize nan lòt mekanism jistis ki pa jistis enstitisyonèl oubyen etatik, sa nou rele jistis tradisyonèl la, men depi kèk ane, gen anpil rezistans k ap fèt kote anpil peyi nan kominote entènasyonal la remete an kesyon amnisti an nan ka kote gen enfraksyon ki pi grav yo tankou vyolasyon masiv dwa moun. Peyi sa yo kwè, nan ka kote gen vyolasyon dwa moun tankou jenosid, krim de gè, masak popilè, elatriye, pa ka gen amnisti.

***

E pou nou menm an Ayiti, kisa n ka di sou koze amnisti a ? Èske nan istwa peyi a gen omwen yon fwa Leta te bay amnisti ? Kite m rakonte w.

Toudabò, an n gade kisa Lalwa an Ayiti di.

Nan Konstitisyon 29 mas 1987 amande a, Atik 147 la pale de kesyon amnisti a. Li eksplike nan ki kondisyon yon moun ka benefisye de privilèj sa a. Li fè konprann, se sèlman an matyè politik yon moun ka benefisye de amnisti a. Kisa sa vle di an matyè politik ? Daprè espesyalis AyiboPost kesyone, yon moun pa egzanp ki te poze yon seri zak ki deranje sistèm demokratik la, yon  moun tou pou rezon politik ki te komèt ekzaksyon sou yon seri de moun; tout sa yo kapab konsidere kòm enfraksyon ki pou pèmèt yo akòde l amnisti.

Se pa pou tout enfraksyon non yo ka akòde amnisti an. An jeneral, se sitou pou yon seri enfraksyon dòd politik yo fè sa.

Kounye a, an n gade ki lè konsa nan istwa peyi dAyiti otorite ki la pou sa te bay «Amnistie».

Enben, daprè sa Mèt Samuel Madistin rakonte AyiboPost, nan lane 1994, konsèp amnisti a ta pral fè deba nan opinyon piblik la twazan aprè koudeta 30 sektanm 1991 la kont prezidan Jean-Bertrand Aristide, lè Mezon-Blanch t ap fè demach pou pèmèt prezidan egzile a tounen nan peyi a.

Poutchis yo, sa vle di militè ayisyen ki te òganize koudeta a, e ki te gen alatèt yo jeneral Raoul Cédras, te egzije pou yo te jwenn amnisti jeneral nan kad yon akò ki te siyen 10 sektanm 1994. Amnisti jeneral, sa vle di, pou efase enfraksyon tout kalte yo te fè depi lè yo te tanmen derapaj ki akouche koudeta a. Sa se kondisyon kle poutchis yo te poze pou remèt Aristid pouvwa a.

Se konsa, 7 oktòb 1994, aprè Chanm Depite a fin fè pati pa l la lavèy, Sena ayisyen an te finalman adopte yon pwojè lwa ki otorize Prezidan Aristide dekrete amnisti pou poutchis yo. Men, fòk nou di, te gen yon ti flou nan menm jou a konsènan si se yon amnisti politik osnon yon amnisti jeneral.

Amnisti jeneral, sa vle di, pou efase enfraksyon tout kalte yo te fè depi lè yo te tanmen derapaj ki akouche koudeta a.

Mèt Samuel Madistin, ki te yon jèn depite 31 lane alepòk, di AyiboPost li te patisipe nan deba yo. Li fè konnen, Palman an te vote lwa a ak yon mansyon politik.

Se konsa, Gouvènman de fakto alepòk la, ki te gen nan tèt li Émile Jonassaint, te akòde amnisti an sèlman pou aktè prensipal koudeta yo pou krim politik. Se sa k fè, pa t gen pouswit jidisyè kont jeneral Raoul Cédras, chèf polis la Michel Francois ak jeneral Phillipe Biamby, bwa dwat jeneral Cedras ki te enplike nan koudeta a.

An gwo, sa se istwa amnisti 1994 la. 

Amnistie : Emile Jonassaint, AyiboPost

Émile Jonassaint, Prezidan pwovizwa de fakto Ayiti soti 12 me pou bout 12 oktòb 1994. | © Profil Ayiti

Men, pi pre nou la a, nan 13 dènye lane ki sot pase yo, AyiboPost rive note 4 gran moman nan peyi a, kote mo amnisti a ajite nan opinyon piblik la.

Premye moman : an avril 2011, nan yon entèvyou sou Skype li akòde a jounal kanadyen La Presse, Michel Martelly ki potko menm prete sèman, te evoke posiblite pou ta akòde amnisti a 2 ansyen prezidan egzile ki te apèn tounen nan peyi a : se Jean-Claude Duvalier, ki te rantre 19 janvye 2011 apre l te pase anviwon 25 lane an egzil, epi Jean-Bertrand Aristide ki te rantre 18 mas 2011, ki te an egzil depi koudeta 2004 la.

Dezyèm moman mo amnisti a te eksploze nan aktyalite a se an 2019. Eric Jean Baptiste, ansyen sekretè RDNP, te deklannche yon eskandal nan larepiblik, kote l te denonse plizyè senatè nan opozisyon anfas Jovenel Moïse  ki t ap nouri pwojè anba anba pou pran pouvwa a epi aprè pou y al bay amnisti ak dilapidatè lajan PetroCaribe yo.

Twazyèm moman an se an 2020. Nan mitan gwo laparèz Covid-19 an Ayiti, yon eskandal pete sou yon nouvo Kòd Penal Prezidan Jovenel Moïse mete deyò an jen 2020. Pandan anpil moun te fokis sou koze gras prezidansyèl ak seksyalite ki deranje nan kòd penal sa a, enben, Senatè Youri Latortue ajite nan aktyalite a yon nouvote li remake ki depaman ak Konstitisyon 1987 la. Daprè lekti ansyejn palmantè a, atik 221 nouvo kòd penal la ki presize se sèlman lè gen “jenosid, krim lagè osnon krim kont limanite” pa ka gen amnisti, se te yon fason anba anba pou kòd penal la kite yon pòt louvri pou amnistye kriminèl finansye.

Men yon videyo k a ap ede w konprann poukisa Rapò PetroCaribe a deranje gwo chèf yo konsa an Ayiti:

Anpasan, fòk nou pa konfonn amnisti ak gras prezidansyèl. Atik 146 nan konstisyon 1987 amande a pale de sa. Nan yon lòt videyo, AyiboPost ap detaye diferans la pou ou. Men an gwo, nou ka di w : se yon prizonye sèlman ki ka benefisye de gras prezidansyèl; alòske pou amnisti a, yon moun pa t bezwen kondane deja pou l jwenn ni.

Ret branche, n ap pote detay pou ou nan yon lòt videyo. An n kontinye !

Katriyèm gran moman mo amnisti a rebalanse nan opinyon piblik la an Ayiti, se sitou fen fevriye a mas 2024. Men fwa sa a, se amnisti pou gang yo k ap fè deba nan sosyete a, nan yon kontèks espesyal kote zak laterè yo ogmante pi plis. 

Depi 29 fevriye, yo atake, piye epi fèmen plizyè enstitisyon enpòtan Leta nan kapital la. Nan lannwit 2 mas la, yo atake 2 gwo prizon peyi a : Penitansye nasyonal ak prizon sivil Kwadèbouke, sa ki lakòz, plis pase 4000 prizonye sove. Yo boule komisarya, atake pi gwo ayewopò peyi a, sa ki ta pral lakòz konpayi aeryèn yo kanpe vòl yo sou Ayiti, e ki te menm lakòz premye minis de fakto Ariel Henry pa t ka rantre nan peyi a, jouk li oblije anonse demisyon l nan lannwit 11 mas la pandan li deyò peyi a. M byen di wi : li anonse entansyon l pou l demisyone; m pa di li remèt demisyon l.

Soldat protège Aéroport international Toussaint Louverture Haiti

Yon sòlda Fòs Ame dAyiti (FADH) ap sekirize wout ki mennen nan antre ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a, jou 4 mas 2024 la, kote plizye1 enfòmasyon fè kwè Premye Minis Ariel Henry ta pral rantre nan peyi a.

Jouk jounen jodi a, bandi ak zam ki reyini tèt yo sou non «Viv ansanm» kontinye fè dega : moun ap mouri, plis pase 33 000 moun deja kouri kite kay yo nan zòn metwopolitèn nan, daprè yon rapò Organisation internationale de la migration (OIM). Gen anpil lèzòt ki vin alonje lis moun ki abite nan kan yo. Kounye a, plizyè batiman piblik tounen abri pou moun sa yo. Èske se abri pwovizwa oubyen ? N ap suiv.

Èske nou ka pale de Amnisti jounen jodi a nan peyi d’Ayiti ?

Daprè sa yon avoka ki pa vle non l site eksplike AyiboPost, kontèks nou gen la pa apwopriye ak amnisti, paske se yon sitiyasyon ki pa lye ak kesyon politik. Avoka a fè konprann, jiskaprezan aktè ki sou tèren an ki enplike  nan zak kriminèl yo, k ap fè egzaksyon sou sosyete a pa t janm ofisyèlman fè pati de yon pati politik, ni poze aksyon ki ale nan sans revandikasyon politik pou yo vinn pran pouvwa.

Mèt Samuel Madistin ale nan menm sans lan. Li fè konprann, gang yo pa genn kenn pwojè politik. Avoka a di aktivite gang yo se aktivite kriminèl, ki pa nan kategori enfraksyon ki ka benefisye de «Amnistie» nan okenn peyi nan mond lan.

Lòt bagay ki enpòtan pou n souliye : pa gen yon lwa jeneral ki aplikab otomatikman pou tout sitiyasyon ki mande amnisti, se chak sitiyasyon ki prezante ki egzije pou gen lwa espesifik pa li. E lwa sa a, dwe presize evènman politik la ak pou ki peryòd l ap kouvri li a tou.

Kidonk, jounen jodi a an 2024, nou poko ka pale de «Amnistie» nan sitiyasyon nou ye la, paske pou gen amnisti, fòk twa pouvwa yo ap fonksyone.  Nan moman sa, pouvwa lejislatif nou an pap fonsyone. Nou gen sèlman yon egzekitif ki la, men ki pa finn konplè ak sèlman premye minis lan epi pouvwa jidisyè a li menm ki pap mache byen.

***

Gen plizyè peyi atravè lemond ki akòde «Amnistie» nan moman patikilye nan istwa yo. Se ka peyi tankou ESPAY an 1977 aprè lanmò diktatè Francisco Franco Bahamonde ki pase 40 lane sou pouvwa a; se ka Afrik di Sid, an 1995, kote te gen yon pwosesis amnisti ki tanmen avek Comission de vérité et de réconciliation (CVR) ki mete bout a sistèm Arpatheid la ki te dire 46 lane; se ka peyi Chili, an 1978, apre diktati Augusto Pinochet a, kote te gen yon «Amnistie» ki te soti pou padone krim politik ki te fèt soti 1973 rive 1978; epi, nou gen youn nan amnisti istorik, ki trè popilè, ki te aplike apre jenosid 1994 nan peyi Rwanda. Ka sa a merite yon videyo apa.

Jounen jodi a, Ayiti ap travèse yon grav kriz politik e sosyal, ki marande ak kesyon ensekirite. Nan moman enpòtan sa nan listwa peyi a, plizyè espesyalis dakò gen dispozisyon eksepsyonèl ki kapab pran pou pèmèt sosyete a rekonsilye ak tèt li, pran chimen lapè epi devlopman. Lòt bagay anpil moun dakò sou li tou se enpòtans verite ak lajistis, avan tout diskisyon sou rediksyon pèn oubyen «Amnistie».

Gen plizyè twoma kolektif Ayisyen poko janm dijere. Peryòd 1957 – 1986 diktati Divalye a se youn nan pi gwo yo.

Èske re-entegrasyon chèf gang ki pase plizyè ane ap vyole fanm ak tifi, piye magazen, pouse do plizyè moun kite peyi a, kidnape… san yo pa janm rekonèt krim yo fè, san peyi an pa konnen kilès ki t ap finanse yo, san pa gen dispozisyon ki pran pou sa pa rekòmanse – ap pèmèt Ayiti pran tout bon chimen lapè ak devlopman ? Mete w alèz, di nou sa w panse nan kòmantè. 

Rechèch, Entèvyou ak Redaksyon : Fenel Pélissier, Chérubin Jérôme & Widlore Mérancourt


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Daphena Rémédor est comédienne et étudiante en sciences juridiques. Passionnée par les relations humaines, elle met ses compétences en communication au service de sa communauté.

    Comments