FREE WRITINGLe BlogSOCIÉTÉ

Opinyon | Aba restavèk

0

« Bonjou, madanm, mwen rele Ti Sentaniz.

– Retire’w devan m lan! Kèk bèl tabòk m pako ba ou depi m maten.

– Non, madanm, m p ap pran tabòk ankò, paske moman an rive pou m pale. Jodi a mwen vin di w wen bouke. Mwen bouke viv nan restavèk. Esklavaj sa dwe fini. Li lè li tan. Mwen pa kapab ankò. Maten an m te tande Chantoutou k ap etidye yon leson ki di Ayiti se premye pèp nwa ki libere. Sa pa sifi non madanm paske pa gen libète vre.

Kòman ta fè gen libète lè ti lezanj tankou m oblije ap viv nan esklavaj? Epi fè travay ki twòp pou laj li? Mwen m pa vle etikèt restavèk la ankò. Se pa pou sa paran m te mete m sou tè a. Se move lavi ki fè m vin chwe devan pòt kay ou. Se lamizè, se goudougoudou, se kolera, se siklòn, se malfektè, sanzave ak bandi ki voye paran anpil ti restavèk parèy mwen nan peyi san chapo e fòseyo al ateri devan pòt kay Madan Zotobre.

Labou rete kouran. Si se pa t sa, nou t ap kay paran nou. Pa vin di m pito nou lèd nou la, paske nou pa t ap lèd e nou t ap la. Nou ta viv tankou timoun. Nou ta jwe, nou ta chante Zonbi mannmannan an kreyòl. Nou ta grandi nan kè poze. Nou ta reve. Nou ta al lekòl. Menm kay Koyo nou ta fè de jou. Malerezman, mwen, se anba men’w m tonbe.

Mwen monte lesyèl pa do nan fè tout kalite travay lajounen kou lannwit. Mari w, mesye Wobè, mennaj Chantoutou, bòfrè w, mari vwazin lan…Tout pase sou mwen. Mwen, m’ pa t gen dwa pale. Ki moun ki t’ap koute m dayè? Pyès moun pa t’ap kwè m paske tout lasosyete konplis. Yo chita, y’ap asiste! Gwo liv yo nan men yo… Nou t’ap tann yo di yon mo. Men yo p’ap janm fè sa, paske yo gen ti restavèk lakay yo tou.

Nou menm, nou bouke. Se twòp atò. Nou deside met kò nou deyò. Nou pral mande liberasyon ak lavi miyò pou lòt restavèk yo. Nou pral di malere yo koze pitit se richès la se manti. Nou pral di otorite yo fòk yo di yon mo. Fòk yo kwape koze restavèk sa nan peyi a. Nou pral di malfektè ak bandi yo kite paran nou an repo. Paske chak manman, chak papa yo touye, se youn, de, twa e menm sèt lòt ti lezanj ki vin tounen djab anba pye sen Michèl pou madanm ak lòt moun pita.

Yèswa m te wè ti frè Leya Kokoye ap kriye bò ravin lan. Li di m se sou Leya li te gen espwa, men li poko janm ka jwenn yon ti travay. Tout direktè, tout patwon, menm minis vle kouche l’ avan pou yo ba’l yon ti degaje. Nan peyi isit, ou pa gen dwa ap trennen yon diplòm ak yon vijinite.

Lè w se pitit sòyèt, chatiman an vini avan krim lan. Sosyete a pini w depi an lagan. Sedwàn gen twa mwa depi li kay mesye Abraam. Bòpè l’, Gwo Moso, te touye manman l anba baton yon jou li te soti Channmas tou santi tafya. Sedwàn ap viv nan yon lanfè lòtbò a.

Men pi gwo pwoblèm li, se Gwo Moso ki toujou kontinye ap chante non vanyan l’ sou Channmas la. Li pa ka konprann poukisa gason tout klas sosyal toujou kontinye ap bat fanm e sosyete a twouve sa nòmal. Li pa ka konprann kòman fè nan tout zannimo, se sèlman nan espès pa nou an mal fè vyolans sou femèl. Pa gen pyès ti Jandam pou ki ta vin met yon ola.

Twòp koze, madanm! Fòk radiyès pèmèt sa fini jodi a! N’ap bay dèyè nou de tap pou nou met kò nou deyò. Sedwàn di m li pral fè jaden andeyò ak tonton li, Bòs Chaleran. Ti frè Leya Kokoye a pa anvi retounen nan nimewo 13 koridò Lamizè ri Lantèman… Li pral lave machin Channmas pito. Mwen, m p’ap di w kote m prale, se kouto sèl ki konn sa ki nan kè yanm.

– M konprann ou, Ti Sentaniz, ou gen rezon w. Li lè li tan vrèman pou tout moun ki gen ti restavèk lakay yo aji yon lòt jan. Se yon fanmi dakèy y ap chèche pou yo ka gen yon ti lavi miyò. Nou oblije apati jodi a sispann matirize yo paske yo te ka pitit nou. Fòk nou trete yo byen paske yo se pitit Bondye. Eskize m si mwen te konn trete w pi mal pase yon vomisman chen. Eskize m si mwen te konn pile tout dwa w anba pye. Padone m, silteplè, pou tout mizè mwen te fè w pase.

– Ti lezanj tankou m pa ka kenbe moun nan kè, madanm. Pa fatige w, se bon santiman sèlman ki nan lespri m. Men se pa wòl mwen pou mwen padone w, se Leseyè ki ka fè sa si l santi ou merite sa. Mwen, m ap pran lari a. M pral vann ti rès kafe a. M a pran kòb la pou m ka regle koze m… Meeeeeeen kaafeeeee iyeeeeeeee! »

Delvales Doccy

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *