POLITIQUESOCIÉTÉ

Michel Martelly nan yon gwo eskandal, ansyen prezidan an riske pase 20 lane prizon | Videyo

0

Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly riske pran gwo pèn prizon ! ULCC di li dekouvri nan yon ankèt fo deklarasyon patrimwàn sou kantite byen ansyen prezidan an te posede anvan li te eli prezidan, ak aprè li te kite pouvwa a. AyiboPost pral ede w konprann dosye sa a pi byen

8 desanm 2025, Inite lit kont koripsyon remèt bay lajistis ayisyen senk (5) rapò ankèt sou kòripsyon nan administrasyon piblik la. Pami ankèt sa yo, youn konsène ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, pou fo deklarasyon kantite byen li te posede avan li te eli kòm prezidan peyi Dayiti ak aprè l kite pouvwa a. San konte plizyè lòt iregilarite grav rapò a revele ki te genyen nan deklarasyon patrimwàn yo. Pou w konprann dosye sa a ULCC mande mete aksyon piblik an mouvman kont Michel Joseph Martelly, AyiboPost envite w gade videyo sa a. 

Kisa dosye Michel Joseph Martelly a ye ? 

Dabò, tout istwa a kòmanse aprè yon korespondans òganizasyon sosyete sivil, « Ensemble contre la corruption » voye bay ULCC, nan mwa septanm 2024. Nan lèt sa a, òganizasyon an te mande ULCC louvri yon ankèt sou kantite byen ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ak kèk pwòch li te posede. Kidonk, pou te reponn ak demann lan, enstitisyon an te mandate yon komisyon pou ankete sou dosye a. 

Komisyon sa a te gen pou verifye fyabilite ak egzaktitid enfòmasyon ansyen chèf Leta a te bay lè l t ap fè deklarasyon patrimwàn li yo. Men tou, li te dwe egzamine evolisyon tout byen fiks ak mobil ki nan patrimwàn reyèl Michel Joseph Martelly pandan ak aprè li te prezidan an. Sa vle di, sòti peryòd 14 me 2011 rive 7 fevriye 2016

── Si Michel Joseph Martelly te fè deklarasyon patrimwàn pa li yo, rezilta rapò ankèt la fè konnen kanta pou madanm li Sophia Saint-Rémy Martelly ak pitit gason l Michel-Olivier Martelly, ki te konseye l lè li te prezidan, yo pa t respekte obligasyon sa a lalwa te fè yo a. 

Rapò ULCC a te presize, toulede moun sa yo t ap touche lajan nan trezò piblik la pou fonksyon sa a yo te okipe a. Nan ka Sophia Saint-Rémy Martelly a, rapò ULCC a fè konnen relve chèk Ministè ekonomi ak finans  te emèt pou li, sòti me 2011 rive fevriye 2016, demontre vèsman regilye ki pa t deklare, e ki te dwe entegre nan deklarasyon patrimwàn lè Michel Joseph Martelly t ap rantre an fonksyon an. 

Aprè verifikasyon fòmilè deklarasyon byen ansyen prezidan Martelly, lè l t ap rantre ak kite fonksyon l, anketè ULCC yo revele deklarasyon sa yo te fèt anreta, epi yo te chaje iregilarite. 

Nou pral esplike w byen. 

── An Ayiti, lwa 12 fevriye 2008 sou deklarasyon patrimwàn lan egzije pou tout pèsonalite politik, fonksyonè Leta ak lòt ajan piblik pou deklare kantite byen yo posede tankou : kont labank, objè ki gen valè tankou bijou, revni anyèl yo, veyikil a motè, propriyete yo bati ak sa ki pa bati, elt.

Pami pèsonalite ak fonksyonè ki dwe deklare sa yo posede, genyen : prezidan, premye minis, minis, senatè, depite, manm pouvwa jidisyè yo, anbasadè, sekretè jeneral, delege, majistra, elt.

Yo tout dwe founi pyès ki jistifye tout byen yo posede yo nan yon rejis espesyal grèf tribinal premye enstans kote yo rete a, ak  siyati yon notè ki otantifye l.

Pwosesis sa a dwe fèt nan trant (30) jou apre yo fin rantre an fonksyon ak lè y ap kite pòs yo. Apresa, ULCC ap kolekte done sa yo pou l analize si pa gen ka kòripsyon osnon anrichisman ilegal

Deklarasyon ki fèt anreta Martelly yo. 

── Nan ka ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, anketè yo fè konnen fomilè deklarasyon lè l t ap rantre an fonksyon an pa t gen yon dat korèk. Nonsèlman sa, dat ki te ekri a te gen rati, e li te difisil pou li. Se sèl dat otantifikasyon notè an, 11 jiyè 2011, ki te figire nan fen fomilè a. Sa ki montre deklarasyon lè ansyen prezidan an t ap rantre an fonksyon an te fèt plis pase 30 jou aprè dat ki te fikse pou sa a. Kidonk, li te fèt anreta, epi l te iregilye, selon sa anketè ULCC yo te fè konnen. 

Sa pa t anyen toujou, paske ansyen chèf Leta a te fè epi otantifye deklarasyon patrimwàn lè l ap kite fonksyon l lan, 30 janvye 2018. Swa, anviwon 2 lane aprè l te kite pòs li kòm prezidan nan dat 7 fevriye 2016 la. Sa ki vle di, fòmalite legal sa a te fèt byen ta ankò. 

── Nan fòmilè deklarasyon patrimwàn lè l t ap rantre an fonksyon an, ansyen prezidan an te deklare kat (4) depo a tèm li te genyen nan Capital Bank ki evalye a 130 407 dola ameriken, selon sa rapò anketè ULCC yo fè konnen. 

Menm fomilè an deklare egzistans kat (4) kont labank toujou nan Capital Bank, twa (3) an dola ameriken epi youn an goud. Kantite kòb ki te deklare sou yo lè ansyen chèf Leta a t ap rantre an fonksyon te evalye a 37 548 dola ameriken epi  98 194 goud

── Deklarasyon patrimwàn Michel Joseph Martelly a te mansyone tou yon prè ak garanti nan UNIBANK ki t ap bout nan lane 2018, kote l te gen pou peye 5 280 dola ameriken chak mwa; san konte kredi li te genyen nan UNICARTE kote l t ap gen pou ranbouse 1 500 dola ameriken chak mwa. 

Komisyon ankèt ULCC a te fè remake enkoyerans ak lòt pwoblèm ankò yo te konstate nan kont labank Michel Joseph Martelly te deklare lè l t ap rantre an fonksyon yo.  

Pa egzanp, anketè yo fè konnen gen yon depo a tèm plis yon kont kouran, nan Capital Bank, Martelly te mansyone nan deklarasyon pandan l t ap rantre an fonksyon yo pa jwenn nan relve bank lan te bay ULCC yo. 

── Yon lòt bò, gen yon prè Sophia Saint-Rémy Martelly te fè nan UNIBANK, nan mwa dawou 2007, ki t ap bout an septanm 2011, ki parèt nan relve bankè yo men ki pa t deklare nan fomilè deklarasyon patrimwàn lè Martelly tap rantre an fonksyon an.

Enkoyerans grav nan kont bankè yo. 

── Selon enfòmasyon ki sòti nan relve bankè ULCC jwenn nan men plizyè Bank konsènan koup Martelly yo, komisyon ankèt la te idantifye anplis yon kat kredi, yo te jwenn 20 kont bankè ki anrejistre sou non Michel Joseph Martelly ak madanm li, epi lòt asosye. 

Yon seri dekouvèt ki montre klè yon gwo eka ant kont labank ki te deklare ofisyèlman an jiyè 2011 ak sa ki te genyen reyèlman selon enfòmasyon bank yo te transmèt bay anketè ULCC yo. 

► Aprè analiz relve labank yo, men kisa anketè yo te jwenn : 

── Genyen 12 kont bankè, ki te swa endividyèl oubyen enstitisyonèl ki pa t note nan deklarasyon patrimwàn rantre an fonksyon ansyen prezidan an, alòske yo te aktif nan dat sa a. 

Plizyè nan kont sa yo te lye ak kanpay elektoral Michel Joseph Martelly, epi yon lòt antite li te genyen ki rele « Fondation Rose et Blanc ». 

── Kidonk, tout enfòmasyon ki te kache konsènan kantite kont labank reyèl yo, prezans gwo mago lajan ki pa t devwale, fè komisyon ankèt la konkli pou l di te gen yon sou-evalyasyon reyèl patriwàn ansyen chèf Leta a te deklare a. Rapò ULCC a presize tou, Michel Joseph Martelly te gen yon volonte toutbon pou l bay fo enfòmasyon konsènan kantite byen li posede. 

Sous revni pèsonèl Michel Joseph Martelly te deklare

Nan fomilè lè l t ap rantre an fonksyon, ansyen chèf Leta a te fè konnen li genyen divès sous revni ki repati ant revni pèsonèl, atistik ak familyal. 

── Dabò, ansyen prezidan Michel Joseph Martelly te deklare l t ap touche yon salè 242 400 goud chak mwa pou fonksyon li te okipe antanke prezidan. 

Li te deklare tou li rantre anviwon 100 mil dola ameriken pa ane gras ak lokasyon enstriman mizik ki lye ak aktivite atistik prive l, selon sa rapò ULCC a presize. 

── Ansyen chèf Leta a te deklare yon revni anyèl pou madanm li, Sophia Saint-Rémy Martelly, ki anviwon 60 mil dola ameriken ki sòti nan aktivite komèsyal enpresyon ak piblisite.

── Pi lwen, Michel Joseph Martelly t ap pral reyevalye revni anyèl li apre l fin peye tout taks, a anviwon 181 000 dola ameriken. Yon montan ki enkli patikilyèman revni anyèl li antanke prezidan, ki te evalye a 2 milyon goud selon fomilè deklarasyon rantre an fonksyon l lan. 

Li te deklare yon revni familyal anyèl ki evalye ak 529 mil dola ameriken, ki tou enkli yon revni 348 mil dola ki atribye ak madanm li. 

Sepandan, anketè yo fè konnen yon egzamen konparatif enfòmasyon ki te nan deklarasyon patrimwàn lè ansyen chèf Leta a t ap rantre an fonksyon an, mete an evidans plizyè enkoyerans grav ak yon latriye enfòmasyon ki pa t deklare. Sa ki mete anje egzaktitid ak senserite enfòmasyon ki te soumèt yo. 

── Youn nan iregilarite yo konsène revni atistik ansyen chèf Leta a te deklare pa ane, ki se 100 mil dola ameriken, pandan l te fè konnen tou revni anyèl li se 181 mil dola. Poutan, pa t gen okenn detay konsènan lòt sous revni fomèl ki te pèmèt li jistifye diferans 81 mil dola sa a. Yon kontradiksyon entèn konsa nan yon deklarasyon ki t a dwe « konplè epi sensè » reprezante yon enkonpatibilite epi redui anpil fyabilite tout deklarasyon patrimwàn sa yo. 

► Anketè ULCC yo te jwenn tou enkoyerans nan revni ki te deklare pou madanm ansyen prezidan an, Sophia Saint-Rémy Martelly

── Si yon seksyon nan deklarasyon patrimwàn lan te deja fè konnen Sophia Saint-Rémy Martelly te gen yon revni anyèl 60 mil dola ameriken ki sòti nan aktivite enpresyon ak piblisite, yon lòt pati nan deklarasyon an ki sou revni familyal konsolide, atribye yon montan ki pi wo pou madanm ansyen chèf Leta a, ki se 348 mil dola. Men, pa t gen okenn pyès pou jistifye eka 288 mil dola a, yon fason pou te klarifye tout fòm endis anrichisman ilegal. 

Anketè yo te souliye nan rapò a, yon bon pati nan revni Michel Joseph Martelly te deklare yo te fèt an dola ameriken. Anplis, li pa t endike kote kòb sa yo sòti, ni l pa t founi dokiman jistifikatif.  

Selon anketè yo, absans trasabilite sa a vyole obligasyon lwa ayisyen sou blanchiman lajan ak finansman aktivite ilegal yo, ki mande yon dokimantasyon klè sou orijin lajan ki nan yon deviz etranje.

► Kounyeya, ann gade kisa ansyen chèf Leta a te deklare sou kantite byen li posede lè l t ap kite fonksyon li. 

Pou sa k gen pou wè ak revni l deklare lè l t ap kite pouvwa l, rapò a presize Michel Joseph Martelly pa t endike okenn revni l rantre pa mwa pou tèt pa l ak pou madanm li. Sepandan, nan lòt pati nan fòmilè deklarasyon an, li te deklare kèk rantre finansyè ki konsiderab ki te sòti nan aktivite atistik li, lokasyon, pansyon, epi lòt avantaj ki te lye ak fonksyon l te okipe kòm ansyen chèf Leta. 

► Anketè ULCC yo te esplike, yon analiz detaye deklarasyon patrimwàn ansyen prezidan an, lè l t ap kite fonksyon l, te devwale plizyè pwoblèm grav sou plan jiridik ak kontab. 

── Reveni ansyen chèf Leta a di l te fè nan domèn atistik epi kòm konferansye te rive 370 400 mil dola, sa ki reprezante yon ogmantasyon 270 % pa rapò ak revni 100 mil dola ameriken li te deklare lè li t ap rantre an fonksyon, an jiyè 2011 lan. 

Anketè yo fè konnen, byenke yo rekonèt Michel Joseph Martelly tou sou non atis li « SWEET MICKY », pa t gen okenn prèv dokimantè ki konfime li te kontinye fè aktivite sa yo pandan l te prezidan an. 

Se menm remak la tou pou revni li deklare li fè nan fè konferans yo, ki pa t gen okenn prèv pou jistifye yo. Sa ki soulve gwo dout sou sous reyèl lajan sa yo. 

── Mete sou sa, anketè ULCC yo fè konnen reveni lokatif yo ki te evalye a 138 mil dola ameriken pa t genyen ni papye tè, ni Ak notarye ki te jistifye yo. Ansuit, byen ki jenere kòb sa yo pa t nan deklarasyon patrimwàn lè l t ap rantre an fonksyon an 2011 lan. Sa ki souzantann li te vin genyen yo pandan manda a, yon atitid ki vyole lalwa 2008 sou deklarasyon patrimwàn lan nan atik 11 li. 

► Deklarasyon patrimwàn lè Martelly t ap kite fonksyon l

── Nan fòmilè deklarasyon lè l ap kite fonksyon l, ansyen prezidan Martelly te mansyone li genyen de (2) depo a tèm nan UNIBANK ki evalye ak 386 866 dola ameriken. 

Li te deklare tou sis (6) kont labank nan CAPITAL BANK, pami yo senk (5) an dola ak youn an goud ki evalye ak 175 372 dola ameriken epi, 5 milyon goud. 

Pou pati ki lye ak dèt nan menm fomilè sa a, anketè yo te jwenn yon prè 108 milyon goud anviwon ki t ap bout nan lane 2034, kredi nan BNC, UNICARTE ak SOGEBANK pou anviwon 38 728 dola epi yon milyon goud anviwon. 

Lè anketè yo verifye deklarasyon patrimwàn lè ansyen prezidan an kite fonksyon l parapò ak relve diferan bank, yo te jwenn gwo eka nan kantite kont bankè reyèl koup Martelly an te genyen, men tou sou orijin kont sa yo. 

── Alòske Michel Joseph Martelly te deklare l genyen sèlman 6 kont labank nan deklarasyon lè l ap kite pòs li, anketè ULCC yo te eksplike dokiman bank yo te fè yo jwenn yo te revele li te genyen 17 kont bankè aktif ak twa (3) kat kredi ki te anrejistre sou non pa l ak non madanm li Sophia Saint-Rémy Martelly ak lòt antite li te gen kontwòl yo. 

── Anketè yo souliye tou, gen nan kont labank, kat kredi ak depo a tèm ansyen prezidan an te mansyone nan deklarasyon patrimwàn lè l ap kite fonksyon l yo pa t rive retrase, ni idantifye yo, nan kèk bank. Oubyen, yon seri kont ki te lye ak kèk estrikti Sophia Saint-Rémy Martelly te mandatè osnon sinyatè pou yo, ki pa t gen tras yo. 

Sa ki soulve anpil kesyon sou senserite epi konfòmite deklarasyon patrimonyal la ak lalwa. 

► Lòt detay ankò anketè yo site kòm iregilarite se konsènan kantite kay ansyen prezidan an te deklare li posede lè l ap rantre epi kite fonksyon l. 

── Nan ane 2011, lè ansyen prezidan Michel Joseph Martelly t ap rantre an fonksyon li te deklare li genyen kat (4) kay. Youn ki te twouve li nan Florid Ozetazini epi, 3 lòt yo te Pegivil ak Petyonvil an Ayiti. 

N ap presize, montan byen sa yo evalye a 2,25 milyon dola ameriken. 

Sepandan, nan deklarasyon patrimwàn li fè nan lane 2018, anviwon 2 lane apre l fin kite pouvwa a, ansyen chèf Leta a te deklare li posede 6 kay  ki te evalye a 10 760 000  dola ameriken. 

► Kay ki pa t deklare 

Kounyeya, ann gade kisa anketè yo relve kòm pwoblèm nan deklarasyon byen imobilye sa yo. 

── Dabò, gen youn nan kat (4) kay Michel Joseph Martelly te deklare lè l t ap rantre an fonksyon nan lane 2011, li te achte Petyonvil nan lane 1997, ki te disparèt nan deklarasyon patrimwàn li te fè nan mwa janvye 2018, aprè l te fin kite pouvwa a. 

Anketè ULCC yo fè konnen, Michel Joseph Martelly pa t founi okenn pyès jistifikatif, ni papye ki pwouve te gen vant, transfè osnon don, nan fòmilè deklarasyon lè l fin kite pouvwa a. Disparisyon byen sa a san jistifikasyon t a souzantann yon chwa pou pa deklare l, swa yon transmisyon osnon yon volonte pou pa mete l ajou. 

► Mete sou sa, genyen byen ki pa t deklare nan mitan toulede deklarasyon patrimwàn yo. 

── Se ka pa egzanp pou yon kay ki nan Petyonvil ansyen chèf Leta a te achte nan lane 2005 pou 120 mil dola ameriken ki te dwe nan lis byen li t ap deklare lè l t ap rantre an fonksyon. Sepandan, anketè yo te remake se nan deklarasyon patrimwàn lè l fin kite pouvwa a, nan lane 2018  sa te fèt.

Anketè yo te souliye tou egzistans nouvo byen nan deklarasyon patrimwàn lè Michel Joseph Martelly ap kite fonksyon li an. Se ka pa egzanp yon kay nan Puiblen ki vo 1.5 milyon dola, li te achte nan lane 1991 ki te dwe sou lis byen lè li t ap rantre an fonksyon kòm prezidan an, men ki pa t la. 

Sou menm koze kay sa a, gen yon lòt kay ki twouve li nan zòn Bwanèf, komin Senmak li achte nan lane 2012 pou 180 mil dola pandan manda prezidansyèl li an, san l pa di klè kote sous finansman sa a sòti. Sa ki t a fè anketè yo sispèk ka sa a t a lye ak anrichisman ilegal. 

ki Kantite machin ansyen chèf Leta a te deklare l posede

── Konsènan kantite machin Michel Joseph Martelly, te posede lè l t ap pran fonksyon kòm prezidan peyi Dayiti, li te deklare de (2) machin. Men, w ap sezi tande anketè ULCC yo te remake pa t gen okenn machin ki te mansyone nan fomilè deklarasyon patrimwàn lè l kite fonksyon l lan. Sa k pi grav la, pa t gen okenn pyès ki pou jistifye èske l te vann, bay lòt moun yo osnon transfere yo. 

Disparisyon total flòt machin sa a, ki te deklare lè Michel Joseph Martelly te pran pouvwa a, reprezante yon pwoblèm parapò ak kontinyite patrimonyal lalwa egzije a. 

── N ap presize tou, anketè ULCC yo fè konnen Office d’Assurance Véhicules Contre Tiers (OAVCT) te enfòme yo non Michel Joseph Martelly pa t figire nan okenn baz done aktif enstitisyon an. Sa ki vle di pandan reyalizasyon rapò an, pa t gen tras okenn machin ki anrejistre sou non li. 

► Aktivite komèsyal, endistriyèl ak finansyè, Martelly te enplike ladan yo

── Konsènan patisipasyon ansyen prezidan an nan aktivite komès, endistri ak finansye, anketè yo pa jwenn okenn tras kote l te mansyone enplikasyon l nan aktivite sa yo nan deklarasyon patrimwàn lè l ap rantre an fonksyon, ni li pa t deklare revni antrepriz, aksyon osnon patisipasyon l nan kapital yon sosyete kèlkonk. 

Poutan, daprè enfòmasyon anketè yo te gentan jwenn nan men Ministè komès ak endistri epi Direksyon jeneral enpo,  Michel Joseph Martelly ak mandanm li Sophia Saint-Rémy Martelly te genyen plizyè antite komèsyal ki anrejistre sou non yo, depi avan ansyen chèf Leta a te rantre an fonksyon. 

── Nan fòmilè deklarasyon patrimwàn aprè li kite fonksyon l, li te fè nan mwa jiyè 2018, ansyen prezidan Martelly te resi di pou premye fwa li genyen 400 aksyon pou yon valè 2 milyon goud li te achte nan mwa avril 2015 nan sosyete M6 Consult S.A. N ap souliye, se te sèl referans ak yon aktif komèsyal ki te genyen nan tout dosye deklaratif ansyen prezidan an. 

Selon done bankè ofisyèl anketè ULCC yo te jwenn nan men UNIBANK, se te Michel-Olivier Martelly, prezidan M6 consult S.A. nan epòk la, ki te transmèt 400 aksyon sa yo bay Sophia Saint-Rémy Martelly an 2015. 

── Pou anketè yo te ranfòse envestigasyon yo t ap mennen yo sou patisipasyon Martelly ak madanm li nan antite ekonomik, sosyal ak komèsyal, yo te ekri Ministè komès yon korespondans. 

Nan dat 27 desanm 2024, ministè a te transfere bay ULCC yon lis antite ekonomik ki asosye ak ansyen prezidan Michel Joseph Martelly epi madanm li, Sophia Saint-Rémy Martelly. 

── Enfòmasyon sa yo anketè ULCC yo te jwenn yo revele egzistans plizyè antite ki aktif ak sa ki inaktif ansyen prezidan an pa t janm notifye ni nan deklarasyon rantre an fonksyon l ni nan deklarasyon lè l kite pouvwa a. Yon atitid ki vyole obligasyon sou transparans lalwa 12 fevriye 2008 la. 

── Enplikasyon ansyen prezidan an nan aktivite komèsyal sa yo plis pozisyon l te okipe nan tèt Leta a, mete an evidans risk pou gen konfli enterè, trafik enfliyans ak abi fonksyon, selon sa anketè ULCC yo te souliye. 

Nan sans sa a, Inite Lit kont koripsyon an mande pou mete aksyon piblik an mouvman kont ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, nan konfòmite ak aktik 17 lwa 12 fevriye 2008 la, epi atik 107 ak 108 kòd penal la ki gen rapò ak krim epi itilizasyon fo.

Pandan travay sa a, AyiboPost te mande fanmi Martelly a kòmantè pa yo sou rapò ankèt ULCC a. Men, yo pa t reyaji avan piblikasyon videyo a. 

N ap raple, 15 desanm ki sot pase a, Inyon ewopeyèn pibliye yon kominike ki anonse yo sanksyone ansyen prezidan Michel Joseph Martelly epi 2 ansyen senatè : Youri Latortue ak Rony Celestin pou finansman epi koneksyon yo genyen ak gang yo an Ayiti.  Inyon ewopeyèn sanksyone tou gang « 5 segond » lan, chèf gang Jhonson André alyas « Izo » ap dirije.

Peyi Etazini, nan dat 19 dawou 2024 la, te deja sanksyone ansyen prezidan Michel Joseph Martelly pou trafik dwòg, epi sipò li ak gwoup gang yo. Yon desizyon peyi Kanada te gentan pran kont ansyen chèf Leta a, yon lane avan. 

N ap raple tou, ansyen prezidan an gen men l tranpe byen fon nan gaspiyaj lajan Petwo Karibe a, kote pifò lajan sa a, ki te sòti nan kad yon koperasyon ant Ayiti ak peyi Venezyela, te detounen sou peryòd li te prezidan peyi a. 

Nan yon entèvyou ansyen direktè lapolis la ki kounyeya Sekretè deta sekirite piblik, Mario Andresol, te bay AyiboPost nan lane 2018, li te fè konnen ansyen prezidan Michel Joseph Martelly te konn transpòte dwòg pou dilè kolonbyen.

Kounyeya, apre w fin tande tout iregilarite sa yo ki genyen nan deklarasyon patrimwàn ansyen prezidan an, èske w panse lajistis ap rive abouti ak kondanasyon ansyen chèf Leta a ? 

Kite repons ou nan yon kòmantè, n ap kontan konnen sa w panse. Epi, pa bliye LIKE, PATAJE, e sitou, pwofite ABÒNE ak AyiboPost pou w pa rate anyen nan pwochen travay n ap sòti yo.

⚠️ AyiboPost ap fè w konnen tout eleman ki sòti nan rapò ankèt ULCC nou itilize nan videyo sa a rete nan kad akizasyon. Akize a toujou prezime inosan toutotan pa gen yon tribinal ki pwouve li koupab. 


Kredi 

Kamera : Sherlande Pierre, Marc Elie Rosena

Montaj : Marc Elie Rosena 

Prezantasyon : Lucnise Duquereste

Redaksyon : Fenel Pélissier

Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl, Wethzer Piercin, Philicien Casimir


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments