POLITIQUESOCIÉTÉ

Videyo | Otorite ak gang Nasyonzini sanksyone an Ayiti

0

Sanksyon sa yo devwale vizaj kèk konplis nan zak vyolans an Ayiti

19 Oktòb 2023, konsèy sekirite Nasyonzini pran not yon rapò 156 paj yon gwoup ekspè Nasyonzini ekri, ki lonje dwèt sou plizyè manm elit politik ak ekonomik peyi DAYITI ki gen relasyon ak gang yo.

Rapò a site non sèt (7) moun nan peyi a pou lyen yo gen ak gang yo epi enstablite yo kreye nan peyi a. Moun sa yo se ansyen prezidan Michel Joseph Martelly,  ansyen senatè Latibonit la, Youri Latortue, ansyen depite Tirivyè Latibonit lan, Victor Prophane, ansyen direktè jeneral BMPAD la, Patrick Norame, ansyen premye minis Laurent Lamothe, ansyen direktè jeneral  ladwàn nan, Romel Bell ak Reynold Deeb ki se yon biznismann.

Sanctions onusiennes HAITI

Youn aprè lòt : Victor Prophane, Michel Joseph Martelly, Youri Latortue, Laurent Lamothe, Patrick Norame, Romel Bell ak Reynold Deeb.

Yon sous nan Nasyonzini fè AyiboPost konnen, gen plis moun toujou ki gen non yo site nan rès rapò sa a.

Depi 21 Oktòb 2022, konsèy sekirite Nasyonzini an te adopte Rezolisyon 2653 a, ki etabli yon seri mezi sanksyon ki valab pou yon lane a pati dat yo pwononse yo a. Konsèy sekirite Nasyonzini an te tou pwolonje mezi rezolisyon 2653 a, jou ki te 19 Oktòb 2023 a.

Sanksyon sa yo se : entèdiksyon pou moun ki anba sanksyon yo vwayaje epi jele  byen moun sa yo.

Fòk nou di, Jiska prezan, se sèl chèf gang «G9 an fanmi e alye a», Jimmy Chérizier alyas Babekyou, ki sou lis sanksyon Nasyonzini  an.

Jimmy (Barbecue) Cherizier

Jimmy « Barbecue » Chérizier, nan Pòtoprens, 5 mas 2024. | ©  AFP – CLARENS SIFFROY

8 desanb ki sot pase la, Depatman trezo ameriken an, nan yon kominike, yo anonse yo pran sanksyon kont 4 chèf gang nan peyi a pou vyolasyon dwa moun. Chèf gang sa yo se :  Johnson André alias Izo, Renel Destina alyas Ti Lapli, Vitel’homme Innocent ak Wilson Joseph alyas Lanmò San Jou.

Chef Gang Haiti

Chef Gang Haiti

Konsèy sekerite Nazyonzini an gen pou l pibliye yon lis non moun ki dwe anba sanksyon yo.

Depi anvan rapò Nasyonzini an te soti, peyi tankou Kanada, Etazini ak Sendomeng te pran sanksyon kont kèk moun nan klas politik ak ekonomik peyi Dayiti.

Nan rapò Nasyonzini an, ekspè yo vini ak dosye lajan Petro Karibe a.

Nan ane 2018 plizyè milye moun te pran lari pou mande ki kote kòb sa pase. Seri manifestasyon yo te fòse LaKoudekont  pwodui yon rapò ki montre plizyè otorite nan Leta a, te mal depanse ak detounen lajan sa a.

Petrocaribe a se yon akò koperasyon Ayiti te siyen ak peyi Venezyela nan ane 2006. Ayiti te achte pwodui petwolye nan men Venezyela ak yon pri espesyal. Epi, li t ap gen pou l peye yon pati nan lajan sa a sou 25 ane, ak yon to enterè 1 pousan.

Objektif la, se te pèmèt Leta Ayisyen jwenn lajan pou finanse yon seri pwojè devlopman.

Ou ka li : Le procès PetroCaribe peut-il encore se tenir ?

Nan rapò Nasyonzini an, ekspè yo raple se sou prezidans Michel Joseph Martelly a pifò lajan Petro Karibe a te detounen. Rapò a raple, se, Laurent Lamothe, kòm premye minis ak minis planifikasyon nan ane 2012 ak 2014, ki te otorize dekese 668, 8 milyon dola pou 149 pwojè.

Daprè espesyalis nan dwa entenasyonal James Boyard, rapò ekspè Nasyonzini yo jwenn fondman legal li nan atik 41 ak 42 chapit 7 chat Nasyonzini an ki bay Konsèy sekirite a pouvwa pou li pran dispozisyon lè gen menas kont lapè ki deranje sekirite mond lan

Sanksyon Nasyonzini yo te konn vize Leta peyi ki twouble lapè ak sekirite entènasyonal. Men sanksyon nou gen la yo  pa vize leta men se de (2) patikilye, pami yo, genyen ki pa t menm fe pati gouvènman yo.

Nan rapò Nasyonzini an, ekspè yo raple se sou prezidans Michel Joseph Martelly a pifò lajan Petro Karibe a te detounen.

Se pa premye fwa nasyonzini adopte sanksyon kont Ayiti. Nan dat 7 me  1994, konsèy sekerite a te vote yon anbago sou Ayiti aprè koudeta kont Prezidan Jean Bertrand Aristide.

Anbago sa a te sible pwodwi alimantè, pwodui petwolye ak pwodwi medikal yo. Te gen entèdiksyon vwayaj pou manm rejim militè yo ak entèdiksyon pou avyon militè Ayiti yo te vole. Sanksyon sa yo nan epok la te vize manm gouvènman an.

Men, kijan lajitis ayisyen kapab sezi dosye sanksyon yo ?

Nan pratik Nasyonzini, rezolisyon sou sanksyon yo toujou ekzije peyi ki konsène a pou li aplike  sanksyon yo. Rezolisyon yo konn mande tout peyi manb Nasyonzini yo pou yo pouswiv moun yo sanksyone yo.

Konsèy sekirite a kapab kreye yon tribinal penal entenasyonal «ad hoc» espesyalman pou l tande moun ki sible yo, si li estime  zak yo komèt la grav anpil epi si lajistis peyi ki konsène ta  two fèb pou li tande prezime koupab yo.

Nan pratik Nasyonzini, rezolisyon sou sanksyon yo toujou ekzije peyi ki konsène a pou li aplike  sanksyon yo.

Tribinal entènasyonal espesyal la kapab tande moun ki anba sanksyon yo si Nasyonzini estime zak moun sa yo poze yo ta vyole dwa entènasyonal, tankou nan achte zam.

Konsèy sekirite a kapab chwazi youn nan peyi manb Nasyonzini yo pou li tabli tribinal penal «ad hoc» sa.

Claudie Marsan ki se manb konsèy Bawo Pòtoprens, fè konnen, fòk gen prèv pou yon tribinal tande moun ki nan lis sanksyon an.

Li fè konnen, lajistis ayisyen dwe mennen ankèt sou moun sa yo jan lalwa mande sa.

Avokat la fè konnen yo pa kapab arete yon sèl moun nan kad yon dosye koripsyon. Paske pou gen kòripsyon fok gen plizyè moun ki enplike.

Rechèch, Entèvyou ak Redaksyon : Fenel Pélissier


Montaj : Makenson Pinquière ak Peterson Patrison Roger

► Ilistrasyon : Peterson Patrison Roger

► Sipèvizyon : Casimir Philicien


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Fenel Pélissier est avocat au Barreau de Petit-Goâve, professeur de langues vivantes et passionné de littérature.

    Comments