POLITIQUE

Ayiti, kriz sou kriz

0

 

Eske eleksyon ki ta sipoze yon senp fòmalite demokratik se yon malediktion li ye pou Ayiti? Depi gen eleksyon, gen kriz. Manman pwoblèm nan se nan feblès osinon absans enstitisyon yo. Poukisa nou pa janm gen yon Konsèy elektoral pèmanan? Pouki nou pa ka kreye yon enstitisyon elektoral ki endepandan de egzekitif la?

Si nou te reponn kesyon sa yo, nou tap ka evite 12 janvye 2015. Kisa ki pral pase aprè jou sa? Eske n’ap aksepte yon Prezidan dirije pa dekre? Eske opozisyon rache manyòk la ap deside chita avèk gouvènman iresponsab sa pou yo jwenn yon solisyon ak kriz sa?

Li enpotan pou nou jwenn yon solisyon pou nou ka evite katastròf politik sa ki gen anpil chans pote gwo latroublay ekonomik, sosyal ak politik nan peyi a. Mwen panse ke solisyon an dwe respekte règ demokratik yo. Rache manyòk pou apre nou rebat kat la pa solisyon ak kriz sa. Y’ap lage nou nan plis enstabilite politik. Men panse pa mwen sou yon solisyon a kriz la:

Pozisyon pa m’ li baze sou respè manman lwa peyi a, ak règ demokratik yo.

  1. Prezidan an dwe pran tout responsablite pou echèk pwosesis elektoral la. Devwa Prezidan an se pou li veye sou bon fonksyonman enstitisyon yo e nan sans sa li echwe. Kòm devwa Prezidan an se pou li veye ke manman lwa peyi a respekte ak veye sou bon fonksyonman enstitisyon yo, li klè ke Prezidan an echwe nan misyon ke pèp la ba li, paske eleksyon yo pa fèt nan tan konstitisyonel lan. 
  2. Gouvènman an dwe mete kanpe yon nouvo Konsèy elektoral pwovizwa, dapre manman lwa peyi a e nan lespri atik 289 lan.
  3. Nan respè pou konstitisyon an ak chwa demokratik pèp lan te fè a, Prezidan an ap rete pou li fini manda li an. Epi tou, mwen panse ke li t’ap fè plis sans pou gouvenman Lamothe la rete nan plas li, paske manman lwa peyi a bay koman pou nou chanje gouvenman.
  4. Nan menm lepri konstitisyon peyi a, pa dwe gen okenn pwologasyon pou senatè ak depite ke manda yo fini. Men senate ke manda yo pako fini ap rete pou yo fini manda yo, jan la lwa prevwa li.
  5. Si Palman an pa gen koròm, li legal pou prezidan an dirije pa dekrè. Men sa ap kreye yon pouvwa ekzekitif san balans, san limit, ki se yon gwo pwoblèm ak yon danje nan yon demokrasi e se la sous destabilizasyon politik lan ye. Fòk Prezidan an limite pouvwa li aprè 12 janvier, pou kreye yon balans ak nouvo pouvwa dekrè ke li ap genyen an. Mwen pwopoze kòm balans sa, yon komite endepandan k’ap konpoze de de manm nan opozisyon an, yon manm nan sektè media a, yon manm nan sektè sosyete sivil la, yon manm nan sektè relijye ak manm senatè ki poko fini manda yo.

Misyon komite endepandan sa se pral analize sitiyasyon an ak fè yon rekòmandasyon pou chak dekrè avan yo pibliye. Komite sa tou ap la pou li ede Prezidan an mete kampe yon Konsèy elektoral pwovizwa endepandan pou li fè eleksyon an Avril 2015. Lè ke nouvo palman an pran plas li, Komite sa ap fini avèk misyon l’. Pi gwo defi nouvo manm lejislatif yo ap pou yo kreye yon Konsey elektoral pemanan endepandan pou evite ke eleksyon Ayiti kontinye rete kriz sou kriz.

Marc is a physician, specialize in Internal Medicine. Marc is passionate about medicine, sports and politics. He is one of the founding board member of ForHopeInternational, an organization that seeks to empower Haitian health professionals (2009- Present). Marc will be writing mainly about medicine, healthcare and politics. Feel free to contact him via twitter, facebook and email.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *