SOCIÉTÉ

Yon liy telefonik UNICEF pou sansibilize sou kolera totalman an fransè

0

«Se vyole w vyole yon dwa moun lan genyen pou li jwenn bon jan enfòmasyon nan lang li pale», daprè Rogeda Dorcé Dorcil, prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an

Fon nasyonzini pou anfans, UNICEF, ede mete sou pye yon liy mesajri telefonik otomatize nan konpayi Digicel pou fè prevansyon sou kolera ki totalman nan lang fransè pou yon popilasyon ki gen anviwon 12 milyon moun ki pale Kreyòl, AyiboPost konstate.

Pou Rogeda Dorcé Dorcil, pwofesè etnolenguistik nan inivèsite Leta Ayiti (UEH) epi prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), «se yon vyolasyon dwa lenguistik sa ye». Dapre espesyalis la, sa kapab enplike tou vyolasyon dwa yon moun genyen pou li jwenn bon swen sante.

Dorcil kontinye : «Nan ka kote w ap kominike sou sa ki reprezante yon gwo ris ak menas pou sante ak lavi moun, ou dwe fè sa nan lang moun lan pale. Nan ka kontrè a, se vyole w vyole yon dwa moun lan genyen pou li jwenn bon jan enfòmasyon nan lang li pale».

Yon liy mesajri telefonik […] pou fè prevansyon sou kolera, ki totalman nan lang fransè, pou yon popilasyon ki gen anviwon 12 milyon moun ki pale Kreyòl.

UNICEF lanse liy mesajri otomatik, 8090, nan objektif pou « pi byen enfòme piblik nasyonal la » pa rapò ak ogmantasyon ka kolera ki retounen nan peyi a depi oktòb 2022, selon enfòmasyon ki parèt nan yon rapò United Nations Office for the Coordination of Humanitarian Affairs (OCHA) pibliye nan mwa janvye 2023.

Konpayi telefòn Digicel pa responsab kontni liy lan.

Si atik 5 nan Konstitisyon 1987 la mansyone kreyòl se lang ki simante tout Ayisyen, atik 40 lan egzije Leta pou li kominike tout sa ki gen pou wè ak enfòmasyon nan toulede lang yo (kreyòl ak fransè).

Rapò OCHA a fè konnen, UNICEF deja rive touche 82 000 moun, ki konsilte mesajri otomatik sila a pou ane 2022 a. Pliske nimewo a itilize pou plizyè sèvis, li pa klè si tout moun yo se enfòmasyon sou kolera yo t ap chèche. Pa gen done piblik pou kòmansman ane 2023 a.

Atik 40 (Konstitisyon an) egzije Leta pou li kominike tout sa ki gen pou wè ak enfòmasyon nan toulede lang yo (kreyòl ak fransè).

Liy mesajri otomatik 8090 la reponn totalman nan lang fransè, lè yon itilizatè konpayi Digicel voye sentaks «KOLERA» nan nimewo 8090. Konpayi telefoni mobil sa a gen anviwon 6 milyon itilizatè nan peyi a, epi yo okipe 73.59 % mache a, selon done Obsèvatwa Mache Telekominikasyon CONATEL la soti an septanm 2016.

Toutfwa, menm liy sa a disponib an kreyòl pou itilizatè konpayi telefoni Natcom, ki gen anviwon 2 milyon itilizatè e ki okipe 26.41 % mache a.

Liy mesajri otomatik 8090 la reponn totalman nan lang fransè, lè yon itilizatè konpayi Digicel voye sentaks «KOLERA» nan nimewo 8090.

Nan lane 2017, yon rapò asosyasyon Global System for Mobile Communications (GSM), ki reyini plis pase 800 operatè ak 300 antrepriz nan domèn mobil atravè lemonn, ki titre «Global Mobil Trends », fè konnen Ayiti genyen 6.5 milyon itilizatè telefòn mobil. 33 % ladan yo sèvi ak telefòn entèlijan. Sa ki mete li nan 17e pozisyon sou 20 peyi nan zòn Amerik Latin lan, pou kantite itilizatè telefòn.

Liy kolera a sou sipèvizyon U-Report Ayiti, yon sistèm gratis ki opere pa mwayen mesaj (SMS) ak sou rezo sosyal yo (Facebook, WhatsApp, Twitter).

U-Report se yon inisyativ UNICEF lanse nan lane 2011, nan lide pou amelyore efò mobilizasyon sosyal yo, fasilite angajman sitwayen, pataje enfòmasyon sou pwoblèm kominote yo ap fè fas, elt.

Ayiti se 55e peyi ki rejwenn rezo mondyal U-Report la, nan dat 27 jwen 2019 la.

Pliske nimewo a itilize pou plizyè sèvis, li pa klè si tout moun yo se enfòmasyon sou kolera yo t ap chèche. Pa gen done piblik pou kòmansman ane 2023 a.

Pandan redaksyon atik sa a, AyiboPost kontakte yon responsab pwòch U-Report-Ayiti nan dat 27 jwen 2023 a, pou konnen kijan mizanplas pou mete enfòmasyon sou kolera yo disponib sou liy 8090 la, kijan yo evalye efikasite l parapò ak kantite moun yo relate li touche yo, poukisa chwa lang fransè a. Responsab la fè konnen « done U-Report yo konfidansyèl, nou pa divilge yo piblikman ».

Nan dat 27 jwen 2023 a, AyiboPost te kontakte tou OCHA nan kad travay sa a, pa mwayen responsab enfòmasyon piblik ak rapò yo, Elsa Bedouk. Li fè konnen, «OCHA pa responsab liy telefonik 8090, mwen pa ka ba nou plis enfòmasyon sou sijè sa a».

Gregory Calixte, ki se sekretè jeneral Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), rekonèt se pa yon pwoblèm pou òganis nasyonzini an kominike sou aktivite òganizasyon an nan youn nan lang ofisyèl li yo. Sepandan, li souliye «Pou sa ki konsènen kominikasyon avèk popilasyon ayisyen an dirèkteman, se lang li pale a [kreyòl] pou ajans lan itilize». Akademisyen an pousuiv pou l di, nan sa ki gen rapò ak estrateji kominikasyon, kategori moun ki bezwen sansibilize sou kolera yo pa pale fransè. E, se yon kategori ki defavorize. Gwoup moun sa yo pi souvan pa gen aksè ak sèvis enfrastrikti ijyenik ak sanitè, epi yo pa gen ase edikasyon pou ta itilize yo anplis.

Pou sa ki konsènen kominikasyon avèk popilasyon ayisyen an dirèkteman, se lang li pale a [kreyòl] pou ajans lan itilize.

Kidonk, kategori sa a pa an reyalite gen yon bon lyen ak lang fransè, e «youn nan mak fabrik yo sèke yo pa itilize, ni konprann ak pale fransè. Kidonk, li rete yon lang etranje pou yo» selon sa akademisyen an fè konnen.

Anplis, chwa a parèt etonan, nan yon kontèks kote pifò ka kolera yo te sitou konsantre nan komin tankou Site Solèy ak Pòtoprens, selon sa OCHA fè konnen nan yon bilten ki soti nan dat 15 novanm 2022 pase a. E, zòn sa yo anplis gwo grangou ki te deja touche yo, kolera vin ogmante vilnerabilte yo plis toujou.

Komin Site Solèy te gentan anrejistre 12 % ka kolera ki konfime, pandan 5 % nan abitan komin sila a te deja nan yon sitiyasyon grangou katastwofik (IPC faz 5).

Sa ki pa gen twòp tan, katye Jalouzi, Tèt Dlo, Pèlerin 1 te gen yon ogmantasyon konsiderab ka kolera yo. Selon rapò ministè sante piblik pou kòmansman mwa me 2223 a, yo rive jwenn anviwon 1 644 ka sispèk kolera nan zòn anwo Petyonvil yo. Pifò ka yo te konsantre nan bidonvil Jalouzi, ki gen anviwon 45 000 moun k ap viv ladan l.

Ou ka li tou : Le choléra envahit des quartiers de Pétion-Ville

Selon ministè sante piblik ak popilasyon, yo rive konfime 2 premye ka kolera nan dat 2 oktòb 2022, nan zòn Pòtoprens. Sa ki te mete fen nan yon peryòd 3 lanne depi Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) pa t anrejistre okenn ka maladi a nan peyi a.

Nan dat 23 jwen 2023 a, ministè sante piblik anrejistre 50 399 ka sispèk, 3 266 ka konfime epi 765 ka lanmò.

Yon sitiyasyon ki vin nesesite yon seri priz an chaj, kanpay pou sansibilize moun sou danje maladi sila a ak fason pou evite trape l.

Medsen Valéry Paul, espesyalis nan domèn epidemyoloji, responsab estatistik ak epidemyoloji nan Direksyon Sanitè Lwès, ministè sante piblik (DSO/MSSP), fè konnen : « Lè w genyen yon liy telefonik, s on rechèch pasif ou fè. Sa lakoz ou rete tann moun yo olye se ou menm ki ale jwenn yo». Li pousuiv pou l fè konnen, « Pandan COVID-19 la, ministè sante piblik te konn itilize yon liy telefonik, sepandan, ka kolera yo plis nesesite yon priz an chaj rapid parapò ak nivo danje maladi a», e se rezon ki fè yo priyorize yon apwòch aktif ki mande yon sansibilizasyon masif lajman laj.

Si liy telefonik sa a rantre nan kad pwomosyon pou sansibilize popilasyon an, plizyè moun remete efikasite estrateji sa a an kesyon.

Anplis, chwa a parèt etonan, nan yon kontèks kote pifò ka kolera yo te sitou konsantre nan komin tankou Site Solèy ak Pòtoprens.

Akademisyen Grégory Calixte kwè se yon «move estrateji ki la pou konsomasyon entènasyonal la, ki pa itilitè», e li p ap ede nan sansibilize sou prevansyon maladi kolera a si se an fransè l ap fèt.

Jennifer Légitime ki gen fòmasyon nan kominikasyon sosyal epi ki abitye travay nan sansibilizasyon sou kolera fè konnen : « Lè w ap fè sansibilizasyon sou kolera, sib yo pa toujou se moun ki rive lwen osnon ki ale lekòl ». Se pou sa fòk ou plis priyorize apèl ki anrejistre alavans olye mesaj ki ekri. Abitid sa lye ak tradisyon oralite ayisyen genyen.

Légitime kontinye pou l di : «Tout chanèl kominikasyon yo enpòtan, tankou medya yo, espas piblik yo, yon fason pou rann mesaj la repetitif». Sa ki kapab antrene yon aksyon bò kote moun yo. Nan sa ki gen rapò ak mesaj 8090 yo, li fè konnen enfòmasyon yo twòp nan mesaj lan, sa ki se yon pwoblèm anplis pou kenbe lektè a nan pwosesis lekti a.

Jérôme Wendy Norestyl

Journaliste-rédacteur à AyiboPost, Jérôme Wendy Norestyl fait des études en linguistique. Il est fasciné par l’univers multimédia, la photographie et le journalisme.

    Comments