AYIBOFANMEN UNESOCIÉTÉ

Videyo | Medam yo dwe pridan ak medikaman ki rele «After day» la

0

Èske si w konn pran «After day» l ap fè w vin pa ka fè pitit ? Èske gen kantite jou ki limite ou ka pran l nan yon ane ? Èske se vre l ka fè w fè AVC ?

Pou yo pa ansent, anpil fanm lage nan bwè after day. Ou pa konn kisa ki after day la ? Enben, kite m eksplike w sa byen vit.

An reyalite, li rele Pillule du lendemain. Men, non komèsyal e ki pi popilè a se After day.

Se yon ti konprime ki fè pale anpil de li e ki pa sispann sove medam yo lè yo santi yo riske ansent aprè yo fin fè bagay. Men, anpil nan yo itilize konprime sa a nenpòt kijan, san okenn prekosyon, san bliye anpil fanm ki pran after day la san vrèman konnen itilite reyèl li.

Èske si w konn pran after day l ap fè w vin pa ka fè pitit ? Èske gen kantite jou ki limite ou ka pran l nan yon ane ? Èske se vre l ka fè w fè AVC ?

Daprè sa Dr Dominique Hubermane eksplike n nan AyiboPost, pilule du lendemain an se yon konprime fanm itilize an «ijans» pou yo pa ansent. Sa vle di medam, nou pa ka gentan ap prepare n pou nou pran pilil la depi byen avan nou pral fè bagay, oubyen pou nou itilize l tankou yon senp konprime jis paske li ka anpeche w ansent. Non, li pa bon ! Se sèlman lè gen ijans.

Kidonk, espesyalis medikal konseye pou nou pran l nan ka kote swa prezèvatif la ta pete pandan w ap fè bagay, swa nan ka kote ou ta bliye pran konprime planin abityèl ou, oubyen tout lòt faktè ki vrèman montre se yon ijans ki fè w pran l.

Doktè Hubermane eksplike, pillule du lendemain an gen sa  yo rele Progesterone nan ladann, ki se yon hormone ki patisipe nan cycle menstruel la lakay medam yo. Wòl li nan ka sa a se anpeche ovulation an fèt. Men, si ovulation an gentan fèt, li ka modifye sa yo rele andomèt la, ki fè muqueuse utérus la vin pa kite nidasyon an fèt.

Doktè a kontinye pou l fè konnen, pillule du lendemain an gen ladann tou yon molekil ki rele levonorgestrel ki doze a 1,5 milligram. Levonorgestrel la se yon pwojestatif sentetik ki nan kontraseptif ijans yo, ki anpeche w ansent aprè yon rapò seksyèl ki pa pwoteje.

Kòman yon fanm dwe pran pillule du lendemain an ? Nòmalman, ou dwe pran l aprè w fin fè bagay la, nan yon delè ki pa depase 72 èdtan. Epitou, youn nan bagay ki enpòtan, sè ke tank ou pran l pi bonè se tank posiblite pou l efikas la ogmante.

Men Pilule du lendemain oubyen after day pa yon metòd planin òdinè, ni tou, li pa bare wout kont enfeksyon moun ka trape nan fè bagay.

Kounye a, an n gade efè segondè after day la ka genyen.

Li ka fè règ fanm nan pa regilye. Li ka fè fanm nan senyen, li ka bay tèt fè mal, kranp anba vant, vètij, elatriye.

Erezman medam, Doktè Hubermane fè AyiboPost konnen, pillule du lendemain an pa gen gwo konsekans sou lavi fanm, men fò k fanm nan gade èske l pa gen contre indication avan l pran l. Pa egzanp, li dwe sèten li pa gen pwoblèm cardio-vaskilè, maladi renal, nan fwa, kansè, elatriye… Men, daprè doktè a, sa yo se ka apa ki pa antre nan kad jeneral la.

Antouka medam, pillule du lendemain oubyen after day p ap ba w pwoblèm pa-ka-fè-pitit, e jiskaprezan, okenn etid pa montre nonplis si w pran l anpil fwa nan yon ane pa egzanp, li ka danjere pou lasante.

Men, li enpòtan pou nou sonje, ke nou dwe pran l kòm yon estrateji ijans, e lè n fin pran l, pa bliye aprè 3 semèn anviwon, pou w fè yon tès gwosès.

► Rechèch, redaksyon ak prezantasyon : Lucnise Duquereste

► Reyalizasyon : Max Kendlay K. Toussaint

► Kamera :Wilson Saintelus

► Sipèvizyon : Philicien Casimir & Wilson Saintelus


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments