AYIBOFANMCULTURESOCIÉTÉ

Videyo | Chaloska : yon pèsonaj espesyal nan kanaval an Ayiti

0

Chaloska yo toujou abiye an militè, gwo chapo, gwo bòt, pil meday sou inifòm yo, epi yo itilize dan bourik ki fè yo parèt lèd anpil

Chaloska !  Depi w tande non sa a, ou tou panse a kanaval, pa vre ? Men, kilès ki Chaloska a menm ? Enben, koze mande chèz, kite m eksplike w.

Nan kanaval an Ayiti, anvan w pale de gwoup atis k ap gen pou pèfòme sou pakou a pandan twa jou a, ou pa ka pa pale de sa nou ta ka rele nanm kanaval la ki se degizman yo : soti nan rèn yo, pase nan divès kalte defile timoun yo pou rive nan gwoup madi gra yo tankou lasèt kòd epi chaloska. Kanta pou Chaloska a li menm, se yon bagay apa.

Madigra sa jwenn plas li nan imajinè ayisyen an pou denigre yon moun sou aspè fizik li epi pou fè timoun pè.  Anplis de sa, se yon madigra ki baze sou yon pèsonaj istorik ki te rele Charles Oscar Étienne.

Charles Oscar Étienne

Charles Oscar Étienne

Mesye sa a se te yon kòmandan penitansye nasyonal an Ayiti, sou prezidan Vilbrun Guillaume Sam. Se te yon nonm fewòs, ki pa nan rans.

Daprè Donel Hyppolite, ki se prezantatè kanaval Jakmèl depi 8 lane, Charles Oscar Étienne te fè kont fè e defè l nan Marigo anvan li te monte Pòtoprens. Se sa ki ta pral lakòz moun Marigo kouri dèyè l.

Istoryen Jean Ledan Fils li menm di li pa okouran ke Charles Oscar Étienne te pase tan nan Marigo Jakmèl. Menm jan tou li pa janm konn nan ki zòn Charles Oscar te sòti malgre gen moun ki di se Gonayiv.

Charles Oscar Étienne, ki fèt premye janvye 1866 daprè sa istoryen Georges Michel di, ta pral asasinen plis pase 160 prizonye politik nan penitansye nasyonal la sou lòd prezidan Vilbrun Guillaume Sam, nan dat 27 jiyè 1915.

Vilbrun Guillaume Sam

Vilbrun Guillaume Sam, Prezidan Repiblik Dayiti pandan 4 mwa 18 jou, soti 9 mas rive 27 jiyè 1915.

Vilbrun Guillaume Sam te fè arete prizonye politik sa yo paske yo te opoze ak li. Pami prizonye yo te genyen ansyen prezidan Oreste Zamor epi 3 pitit gason ansyen prezidan pa enterim Edmond Polynice. Alavarite se elit entelektyèl ak ekonomik la ki te plis fè pati prizonye politik sa yo.

Nan demen, 28 jiyè 1915, ni Vilbrum Guillaume Sam ki te pran refij nan legasyon lafrans ni Charles Oscar Étienne ki te pran refij nan legasyon repiblik dominikèn ap mouri.

Listwa rapòte, se Edmond Polynice k ap touye Charles Oscar Étienne ak 3 bal : yon grenn pou chak pitit gason li yo. Apresa, pèp la ap antre pran kò a pou al dekapite l sou plas piblik. E se menm jou sa tou, lokipasyon amerikèn tanmen an Ayiti.

Kounya la, ou siman ap mande tèt ou, kisa yon nonm tankou Chaloska pèdi nan degizman kanaval nasyonal peyi Dayiti !

Anben, mesyedam lasosyete, se pou pase kòmandan fewòs ak sanginè sa nan rizib ki fè yo pral kreye pèsonaj fòlklorik sa nan kanaval ayisyen an epi y ap rele l Chaloska.

Listwa rapòte, se Edmond Polynice k ap touye Charles Oscar Étienne ak 3 bal : yon grenn pou chak pitit gason li yo.

Chaloska yo toujou abiye an militè, gwo chapo, gwo bòt, pil meday sou inifòm yo, epi yo itilize dan bourik ki fè yo parèt lèd anpil, yo mete linèt tou . Lè y ap defile, yo imite tout eksè jès militè yo pandan yo gen nan men yo swa rigwaz, swa fizi an bwa oubyen revolvè.

Donel Hyppolite fè AyiboPost konnen, nan kanaval Jakmèl la, genyen 2 pèsonaj prensipal nan Chaloska a, bosu ak mèt Richard.

Bosu a reprezante moun Charles Oscar Étienne te konn ap bat yo pandan Mèt Richard reprezante yon boujwa ki ak yon gwo malèt.

Nan seyans Chaloska a, militè yo ap atake Bosu a ak rigwaz epi mèt Richard ap di otan.

Se yon defile k ap pase an rizib sa kòmandan an te konn fè.

Jean Ledan Fils fè konnen se pa senpman Charles Oscar Etienne kòm militè Chaloska yo imite, gen plizyè lòt ansyen militè moun yo konn pran plezi fawouche nan defile yo tou.

Se pou pase kòmandan fewòs ak sanginè sa nan rizib ki fè yo pral kreye pèsonaj fòlklorik sa nan kanaval ayisyen an epi y ap rele l Chaloska.

Chaloska a fè pati madigra tradisyonèl peyi a.

Atizan yo pran plezi nan kreye kostim yo. Malgre se yon move pèsonaj Chaloska a reprezante, se toujou ak plezi kanavalye yo viv defile Chaloska yo.

Vwala istwa Chaloska.

Tèks ak prezantasyon : Daphena Rémédor

Imaj kouvèti a : A goch se imaj Charles Oscar Étienne; epi a dwat se imaj madigra ki reprezante Chaloska nan kanaval an Ayiti.


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Daphena Rémédor est comédienne et étudiante en sciences juridiques. Passionnée par les relations humaines, elle met ses compétences en communication au service de sa communauté.

    Comments