SOCIÉTÉ

Tout sa w dwe konnen sou malkadi

0

Malkadi oswa epilepsi se yon maladi anpil moun ap soufri de li an silans an Ayiti. Malerezman, akoz move enfòmasyon k ap sikile, sa anpeche malad yo jwenn èd yo bezwen

Roudy Thimothé te gen 14 lane premye fwa kriz malkadi te pran l. Pandan l te lakay li, li sot tonbe nan koma. Se lè l reprann lespri l, li rann li kont te gen yon bagay ki te rive l, paske kò li t ap fè l mal epi lang li t ap senyen.

« Moun lakay mwen pat wè maladi sa a ak yon bon je. Depi anlè yo te deklare se maladi dyab li ye », Thimothé di. Yon mwa apre premye kriz Thimothé a, paran l mennen l kay Ougan pou fè remèd pou li, men sa pa t mache. Li te kontinye genyen kriz yo. Nou la nan lane 1997.

Apre sa, Roudy Thimothé te vin gen chans ale kay doktè ki te mete l sou tretman. Menm si medikaman yo pa t fè anyen pou li nan kòmansman, Thimothé pa t bay vag, li te kontinye al lekòl, rantre nan inivèsite, epi l te toujou ap poze kesyon, fè rechèch sou maladi li a.

Li tou: Le dangereux amalgame entre superstition et santé mentale en Haïti

Tan vin pase, Thimothé toujou sou medikaman, li siveye frekans kriz li yo pandan l ap pran prekosyon tankou pa bwè kafe oswa alkòl. Detanzantan, li te vin ap redui sou dòz yo, jiskaske l pa pran medikaman ankò. 2020 fè li 8 lane depi l pa pran kalman yo, epi l ap fonksyone nòmalman san l pa gen kriz.

An Ayiti 500,000 jiska 800,000 moun gen menm maladi ak Thimothé. Sa vle di, 10 % nan popilasyon an. Se yon pousantaj ki wo anpil. Sa vin fè Ayiti depase pousantaj mondyal la 10 jiska 20 fwa dapre Óganizasyon Mondyal Lasante.

Avèk bon jan akonpayman, moun ki fè malkadi yo kapab fonksyone san pwoblèm. Jodiya, Roudy Thimothé se pwofesè nan inivèsite, li fè etid nan Fakilte syans moun (FASCH), li fè mastè 1 li nan Lekòl nòmal siperyè (ENS), epi li entegre Lekòl nasyonal administrasyon piblik (ENAPP).

Sa malkadi a ye

Doktè Ronald Saint-Jean se youn nan 3 sèl newològ (doktè pou maladi nan sèvo) ki gen an Ayiti. Li eksplike malkadi se sa yo rele epilepsi an fransè a. An Ayiti Konsa yo rele l tou maladi tonbe. Gen de kalite fason kriz la manifeste nan ka malkadi a. Gen youn ki jeneralize tandiske lòt la pasyèl.

Malkadi oswa epilepsi ki jeneralize a manifeste diferan lakay chak moun, menm si tout moun yo toujou pa gen konesans lè sa rive yo, doktè a eksplike. Gen moun kou yo konn vire sou kote, yo konn mòde lang yo, bouch yo konn fè kim. Gen sa ki pipi oswa twalèt sou yo tou. Kriz sa a ka dire youn a 2 minit. Apre sa, moun sa a konn leve, li al kouche, li kagou, apre sa l reprann li nòmalman.

Ou ka li tou: Le séisme a aussi provoqué des troubles psychiatriques et psychologiques

Malkadi oswa epilpesi ki pasyèl la manifeste lakay moun lan sèlman nan yon pati nan kò l. Kidonk sa rive moun nan pandan je l klè. Li gen dwa gen yon bagay nan men l, epi san l pa konsyan de sa, bagay sa a sot tonbe. Konsa tou moun nan ka pa gen konesans tou menm jan ak epilepsi jeneralize a, men tout kò l p ap bouje poukont li.

Sepandan, pèdi moun nan pèdi kontwol kò li a, se pou yon ti tan ki tou kout, kèk segond sèlman. Paske, si moun nan ta fè plizyè minit oswa inèdtan ak kriz sa a, sèvo l ap andomaje. Li ka mouri tou. Poutèt sa, se pa tout moun ki tonbe kriz ki soufri malkadi.

Pa egzanp moun ki tonbe kriz nan antèman oswa ki tonbe kriz akoz chalè pa lye ak malkadi. Moun sa yo pou doktè Ronald Saint-Jean, se lòt problèm yo genyen paske kriz la se sentòm yon lòt maladi. Epitou, fòk moun nan tonbe kriz malkadi a omen 2 fwa pou dokte kòmanse panse se maladi sa l soufri vre.

Sa ki lakoz malkadi

« Tout moun sou latè, sa ka rive pou yon rezon oubyen yon lòt ou genyen yon kriz ki sanble ak kriz malkadi a ki pran w », doktè Ronald Saint-Jean fè konnen. Paske koz yo anpil nan ka maladi sa a, se sa k fè nenpòt ki moun nan kelkeswa laj la kapab genyen l.

Pou kòmanse, yon moun kapab soufri malkadi paske l gen yon moun nan fanmi pre l ki soufri l tou. Tankou manman l oswa frè l. Lè konsa, se depi lè moun nan timoun, li genyen premye kriz li.

Repòtaj: Dépression, suicides… les troubles mentaux tuent en Haïti

Apre sa, malkadi a kapab rezilta yon enfeksyon sèvo tou. Sa ka rive si moun nan manje salad ak fèy ki pa byen netwaye, pa egzanp. Gen yon ti vè solitè nan manje sa yo ki pa desann nan trip moun nan men ki pito monte nan tèt li. Lè konsa, doktè yo rele l enfeksyon nan sèvo paske moun nan gen yon parazit ladan l.

Konsa tou, moun nan gendwa se yon aksidan moto li te fè, kote li te frape tèt epi l andomaje sèvo li. Sa ka deklannche kriz la lakay li, epi l tou rete nèt. Oswa, li ka yon sentom yon lòt maladi. Pa egzanp, yon kansè oswa yon timè nan sèvo kapab provoke kriz yo.

Se sa ki fè, li pa rekòmande pou yon moun ki gen epilepsi pa pwoteje sante li. Moun sa a pa dwe bwè alkòl oswa kafe, li pa dwe nan plede dòmi ta leve bonè, doktè a fè konnen. Menm nan klèb li pa rekòmande pou moun sa a ale, paske limyè ki ap flache je moun nan ka deklanche kriz la tou.

Malkadi pa fè moun kokobe

« Gen 2 bagay ki enpòtan anpil pou tout moun dwe konprann sou maladi malkadi a: premye a se stigmatizasyon an. Paske an jeneral lè yon moun soufri de maladi sa a, sa ka gen efè sou vi sosyal ak pwofesyonèl li. Dezyèm nan: yon moun ki soufri maladi sa a, si l ap kondwi. li ka fè aksidan pi fasil pase nenpòt lòt moun. »

Dapre doktè a, atitid ki pa bon anpil paran genyen, se depi timoun nan soufri malkadi yo tou retire li lekòl. Sa montre kijan sosyete a mal reponn ak maladi a. Epoutan, epilepsi pa anpeche timoun travay byen lekòl, paske li pa redui sou kapasite sèvo yo genyen. Sa ki ka bay yon timoun ki pa pran tretman problèm, se paske l ka rate plizye jou lekòl akoz l ap plede tonbe kriz.

Konsa tou malkadi a ka mete lavi moun nan an danje epi moun ki bò kote li. Maladi a p ap touye l, men aksidan ki ka rive yo ka touye l epi touye lòt moun.

Pa egzanp, Ronal Saint-Jean fè konnen li gen nan pasyan li yo ki se chofè moto oswa machin yo ye. Sa konn rive yo, kote kriz la pran yo pandan y ap kondui. Chans pou yo, sa pa janm twò grav paske yo abitye ak kriz la, yo gentan santi l ap pran yo epi yo eseye ralanti pou mete yo sou kote wout la, nerològ la eksplike.

Li tou: Le danger des malades mentaux qui s’échappent du centre Mars & Kline en Haïti

Doktè a fè konprann tou, menm si se pa fasil, men sa ka rive kriz la andomaje sèvo w. Sa rive sèlman si moun nan devlope yon konplikasyon. Nan ka sa a, malad la ka mouri, si yo pa kouri lopital ansanm ak li, mennen li nan swen entansif, elatriye.

Konsa tou, gen timoun ki gen malkadi a, men se akoz yon malfòmasyon nan ADN li oswa lè l t ap fòme nan vant manman l ki lakòz sa. E nan ka sa a tou, timoun nan ka tou fèt retade mantalman, mete sou sa li soufri maladi a.

Ofinal, se pa malkadi a ki fè moun nan kokobe, mouri oswa retade mantalman, li gendwa te tou fèt konsa, oswa se aksidan yo ki fè sa.

Priz an chaj la pat toujou adapte

« Mwen m panse sitiyasyon an te pi mal anvan sa, paske an Ayiti priz an chaj maladi sa a pa t toujou byen adapte, Ronald Saint-Jean rapòte. Pa t toujou gen newològ, te konn genyen ayisyen ki etidye newoloji ki fè yon parèt, men yo pa rete. Epi moun yo pa t konn vle pale de maladi a oswa menm ale lòpital. »

Sa ki jwe anpil nan amelyorasyon priz an chaj maladi sa yo an Ayiti, se apre tranbleman de tè a, an 2010, te vin gen plis pwojè ki te gen awè ak sante mantal epi epilepsi. Vin kòmanse gen doktè ayisyen ki se newològ ki retounen nan peyi a, an 2011. Epi òganizasyon tankou Zanmi lasante te konn ap fè sansibilizasyon nan lari, ak sikològ epi travayè sosyal, pou ensite moun yo sispan stigmatize moun ki soufri malkadi a.

An 2015, gen yon sèvis newoloji ki louvri epi ki vin ap fòme newològ nan peyi a nan Lopital inivèsitè nan Mibalè. Sa a tou vin bay yon bèl avanse nan priz an chaj la, paske doktè yo pa t konn bay pasyan yo bon tretman. Se newològ yo ki konnen ki medikaman ki adapte ak chak ka epilepsi.

Èd pou moun ki epilektik

Si yon moun ap chache èd nan domèn piblik, li kapab ale kote yon newològ nan Lopital invèsite Mibalè a. Li kapab ale tou nan Lopital Sen Nikola Senmak la.

Apre sa, nan prive genyen Klinik Epilepsi ki la depi kèk lane nan Pòtoprens lan. Apre sa gen Lopital Sent Terèz Ench lan. Epi genyen 2 newològ ki gen klinik prive nan kapital la, se doktè Ronald Saint-Jean epi doktè Rooselvet François.

Entèvyou : Carel Pèdre: « Voir un psychologue a été une des meilleures décisions de ma vie »

Konsa tou, yon moun ki epileptik dwe kapab konte sou moun nan antouraj li. Paske lè yon moun tonbe malkadi, ede l pou l pa fè tèt li mal san l pa konnen enpòtan.

Moun ki prezan pandan kriz la kapab chache yon twal pou mete nan bouch li pou l pa mòde lang li. Moun sa dwe evite pou l pa mòde dwèt li, paske l pa konnen sa l ap fè a. Yo ka mete yon rad anba tèt li tou pou l pa frape l atè kote l tonbe a, oswa si pa gen rad, yo ka mete pye yo anba tèt li tou. Epi si kriz la dire plizyè minit, rele lopital byen rapid.

Lè yon moun tonbe malkadi, antouraj l pa dwe kouri. Yo pa dwe eseye foure men nan bouch li pou anpeche l mòde lang li nonplis. Yo pa bezwen ap kenbe moun tou nan pou anpeche l fè mouvman yo paske l ap toujou bouje kò l.

Ou ka viv ak maladi a

Malkadi oswa epilepsi pa geri. Si moun nan sou medikaman pandan yon peryòd 12 rive 24 mwa, epi li pa janm gen kriz, doktè a ka deside redui sou dòz la oswa retire l sou medikaman.

Men si pandan doktè a retire medikaman an pou moun ki soufri malkadi a, epi li fè yon kriz ankò, doktè ap remete l sou medikaman pou tout rès vi l fwa sa a. Paske sa a demontre li paka rete san l pa pran l.

« Malrezman nou pa gen lalwa sou maladi malkadi a an Ayiti konsènan kondisyon travay oswa pèmi pou kondui, Ronald Saint-Jean regrèt. Men pliske youn nan bagay ki ede moun yo aksepte viv ak maladi a, se lè yo wè yo ka kontinye travay, nou menm [newològ yo], nou edike pasyan nou yo, nou di yo men kilè y ap ka kondui. Se sèlman si yo gen minimòm 6 mwa sou medikaman san kriz.»

Anplis de sa, gen de travay tou, doktè yo tou di moun yo pa aksepte fè menm si yo pa janm gen kriz san oswa ak medikaman, paske se yon gwo risk li ye pou yo. Pa egzanp yon moun ki ap travay nan faktori kote l blije ap koud tout lajounen, si kriz la pran li, li ka koud tèt li. Moun sa yo pa kapab machann manje kuit, travay sou poto elektrik pou EDH oubyen travay nan antèn konpayi telefòn.

Jounen jodi a, gen lòt medikaman nan mond lan ki pi efikas kont maladi sa a ki egziste men ki pa dispobib an Ayiti oswa ki ra Ronald Saint-Jean eksplike.

Hervia Dorsinville

Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *