SOCIÉTÉ

Tout sa w dwe konnen sou fenomèn tèt chòv la

0

Se yon pwoblèm anpil moun ap chèche rezoud li

Ane sa a bay pè Sainfaste 60 lane. Granmoun tèt chòv la remakab paske li rete djanm nan tout aktivite l.

Pè Sainfaste kòmanse pèdi cheve depi lè l gen 34 lane. Li pa sèl moun ki ap viv yon sitiyasyon konsa. Koze chòv la touche jenn moun kou moun laj avanse.

«Jeneralman, moun pèdi pou piti ant 120 ak 150 branch cheve pa jou. Kit se pandan w ap penyen cheve a, bwose l osnon pandan w ap lave l», daprè kathleen Cedras, yon dèmatològ ki se chèf rezidans lopital jeneral.

Pwoblèm pèdi cheve a enkyetan. Souvan, li tounen yon preyokispasyon lakay moun ki ap sibi modifikasyon sa a sou kràn tèt yo. Se konsa sa ye lakay Evens Danger ki se yon kwafè ki gen 42 lane. «Sa fè lontan mwen kòmanse pèdi cheve. Se yon bagay ki gen dwa soti nan fanmi osnon anpil refleksyon kapab lakòz li», se sa li di. Gen rechèch ki pwouve strès afekte ekilib enèjetik cheve yo.

Pwoblèm moun k ap pèdi cheve pa chita sèlman lakay moun k ap pran laj. Jackson Compère se yon jèn 23 lane ki kòmanse chòv byen bonè. «Mwen te konn kite gwo cheve nan tèt mw, men depi desann 2019, mw kòmanse ap pèdi chève devant tèt mwen. Sa toujou rive lè m ap lave cheve a, osnon lè m ap pase fouch ladan.» Compère di li se yon moun ki strese anpil. Li toujou santi kràn tèt li ap pike l, sa ki konn mande pou li grate pati devan tèt li anpil.

Fenomèn pèdi cheve a touche fanm kou gason, selon dèmatològ Cedras. Mesye yo plis frape ak pwoblèm sa a. Genyen ki kwè nan trètman, gen lòt ki chwazi rete tèt kale bobis. Konsa tou, gen moun ki chwazi pa fè anyen pou sa.

De fason sa kapab rive

Lopital jeneral se youn nan sant medikal nan peyi a ki resevwa anpil ka moun k ap pèdi cheve. Moun sa yo ta renmen jwenn yon solisyon ak pwoblèm sa, daprè dèmatològ Kathleen Cedras. Pou pi piti, li di yon moun ki kòmanse ap pèdi cheve nan yon fason anòmal kapap gen 350 grenn cheve ki tonbe chak jou.

«Gen yon premye kategori pèt cheve ki kite sikratris, gen yon dezyèm ki pa kite», se sa dèmatològ la fè konnen. Espesyalis la fè konprann li vrèman difisil osnon tou sa gen dwa pa posib pou cheve janm pouse nan kràn tèt moun ki frape ak premye kategori maladi a.

«Lè aparèy (follicule pilleux) ki la pou rejenere cheve a rive detui li vrèman difisil pou jwenn yon trètman. Men pi souvan kategori sa a lye ak yon faktè jenetik lakay moun nan», konsa li esplike. Ekspè a montre tou kijan moun k ap avanse nan laj yo kapab pèdi cheve osnon vin chòv.

Li tou: À quoi servent les dermatologues en Haïti ?

Dezyèm kategori moun pèdi cheve yo lye ak yon pakèt lòt faktè. «Sa ki lakòz sa pi souvan se estrès, twoub sikolojik, twoub òmonal ak enfeksyon sitou lè moun renmen gen pyas.» Espesyalis la fè konnen se ka sa yo nou genyen plis nan peyi a daprè konsta li rive fè nan ka ki prezante lopital jeneral yo.

«Gen kèk medikaman moun konsome ki konn rann li pèdi cheve tou», selon esplikasyon Cédras. Pami yo, nou jwenn medikaman ki la pou konbat depresyon, medikaman ki kapab aji sou enflamasyon ak sa yo ki la pou fè san moun sikile byen.

Eske gen yon trètman posib ?

Gen yon gwo mache ki ekziste dèyè fenomèn moun ki ap pèdi cheve oubyen moun ki vin chòv. Medikaman yo anpil epi rezilta yo konn pran tan pou rann yon moun rejwenn cheve l.

«Sèl pwoblèm ki gen avèk trètman pou cheve yo, ou oblije esklav yo. Si se yon pwoblèm ki lye ak yon faktè jenetik, moun nan vrèman pa kapab aji sou jèn li. Kidonk, depi l kanpe trètman an cheve yo ap tonbe pi rèd», daprè sa dèmatològ la fè konnen.

«Pa gen yon tan ki defini vrèman [pou jwenn rezilta] lè w ap aplike trètman pou cheve. Sa kapab pran senk mwa selon koz ak nan nivo moun nan kòmanse pèdi cheve a», konsa Sephora Alexandre, yon enfimyè ki travay lopital Mibalè, esplike l.

Sa kapab pran 8 mwa pou rive yon lane, pou yon moun jwenn rezilta li swete ak yon trètman, selon dèmatològ la. Men cheve ki ap pouse yo ap frajil anpil. Li kontinye pou li di, cheve sa yo pa gen twòp rezistans epi yo mouri fasil. «Anpil prekosyon dwe aplike pou yo pa pèdi jiskaske yo vin ranfòse, men cheve yo p ap janm tounen menm jan an.»

Poutan, byenke Jackson Compère se yon moun ki jèn anpil, li di li pa itilize pyès trètman pou cheve devan tèt li kapab repouse jan sa te ye. «Pou mwen menm, pa gen yon tretman ki posib vrèman. Gen moun ki gen mwayen ki chòv, si te gen yon remèd vrèman, m panse moun yo t ap gentan achte l.»

Pè Sainfaste li menm raple li te konn itilize yon pwodui ki rele Minoval. «Men avèk laj k ap rantre sou mwen, sa vin fè mwen abandone tout pratik sa yo», se sa li di. Evens Danger li menm chwazi reziyen l pa pran anyen, men tèt li te toujou konn kale byen wòz pou kache efè pèdi cheve yo devan tèt li. «Mwen te renmen kale tèt mwen, men kounye a mwen dakò viv ak sa. Mwen kite cheve m pouse kounye a.»

Gen lòt metòd

Anpil rechèch fèt sou fenomèn pèdi cheve a. Gen kote yo fè grèf pou moun ki chòv osnon yo itilize yon metòd pou kole cheve a nan tèt entèrese a. Gen lòt tou, se medikaman yo chwazi privilejye.

Sephora Alexandre vle montre chak remèd gen efikasite yo. Gen remèd pou fè cheve pouse ki kapab efikas pou yon moun epi li pa mache pou yon lòt, se sa li di.

Li eksplike fenomèn pèdi cheve a lakay medam yo konn parèt aprè akouchman. «Pafwa, sa souvan lye ak estrès ki deklannche apre akouchman osnon chanjman òmonal ki fèt lakay fi a», selon sa dèmatològ Cédras ajoute. Li panse penyen cheve sere kapab andomaje rasin yo epi favorize problèm ki ka lakòz kèk branch cheve pèdi.

Li tou: « Tate tifi », le test de virginité qui traumatise des femmes en Haïti

Alexandre montre danje ki genyen nan koze repase cheve a ki kapab lakòz anpil cheve pèdi lakay medam yo. «Mete pèmanent konn detwi «follicule pilleux» yo. Sa rive se lè pousantaj soud kostik la, yon eleman chimik ki nan pèmanant, twò wo. Bagay sa a konn brile cheve medam yo», daprè sa enfimyè a di.

Lè bagay sa yo rive konsa, moun yo konfye trètman bò tèt yo ak remèd tradisyonèl yo. «Mwen kwè remèd tradisyonèl yo vrèman ede nan ranfòse cheve moun epi lite kont cheve kase osnon ki ap pèdi tout tan», sa se konpreyansyon enfimyè a.

Sinon, gen anpil konpoze tradisyonèl ak plant yo fè. «Tankou, gen moun ki itilize zaboka, jèl lalwa ak luil amand. Gen remèd ki fèt tou ak zonyon osnon lay paske pwodui sa yo gen souf ki kapab favorize repous cheve yo», selon Alexandre. Li kwè pwodui natirèl yo kapad ede paske tout trètman ki ap vann yo fèt ak baz plant.

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments