FREE WRITINGSOCIÉTÉ

Repons pou Jowànn sou koze « bouzen » an

0

Bonswa Jowán,

Toudabò, m ap remèsye ou menm ak Ayibopost dèske nou te pibliye nan dat 27 fevriye a, tèks sa ki te pouse m nan yon analiz pwofon sou mo “bouzen” an. Lè m t al chita sou baz sa w ekri yo pou m medite sou kesyon an, mwen te ka wè ou te rezone sou divès fason yo te ka itilize mo sa. Pou w te ale pi lwen, ou te menm analize sans li ka genyen lè yo di yon fanm oswa yon gason li. Jiske la, m te konprann e m te dakò; men  lè w vin vle fè m konprann ke mo sa,  sosyete patriakal la itilize l pou mete yon limit nan sa yon fanm dwe fè ak kò l, mwen te konprann  pwennvi w la men m pa t dakò ak ou.

Nan analiz pi pouse ke m te fè sou pati sa, se kòmsi w ta vle di si mo bouzen an vle di pou on moun  fè sa l vle ak kò l ki pou li, li pa ta dwe on jouman  paske tout moun se mèt kò yo e yo gendwa bouzen si yo vle. Ou te pale kòmkwa mo sa a ta dwe pito vin gen rapò ak libète yon moun genyen pou l fè sa l vle ak kò l, spesyalman fanm.

Pèdi nan fon panse m, se kòmsi m ta konprann ou vle bay zèv lachè priyorite sou lanmou. Se kòmsi m ta wè ou vle konfonn libète ak libètinaj, se kòmsi w ta vle di m yon sosyete chanèl ki chaje ak libètinaj t ap pi bon ke on sosyete  kote moun konn poukisa yo chwazi gen relasyon seksyèl ak yon moun, ou ankò li t ap nòmal pou n chwazi livre kò nou bay nenpòt ki moun nou vle senpleman paske l fè bon enpresyon sou nou. Bon nan ka sa, kisa w t ap fè ak mo « fanmi » an ? Èske sou baz libète oswa libètinaj, ou t ap eradike mo sa a ? Paske si fòk bagay yo vin chanèl, yon fason pou kraze limit sosyete a fikse, èske lafanmi ki se yon enstitisyon ki baze sou lanmou, ki chaje ak matirite ap ka reziste? Paske si libète chanèl la ta vin gaye e ke bouzen vin pa jouman ankò, lè pitit  mwen mande m pou manman l, m ap jis blije di l : « manman w kay vwazen an, l ap konsevwa ti  frèw la. »

Lè m te desann nan zantray kesyon an, m te vin konprann pandan m ap di pitit fi m lan ke manman l kay vwazen an l ap jwi libète l, li te ka sou kote m lan, l ap byen pran plezi l ak yon nèg  ki pa menm oblije konjwenl paske l lib pou l fè sa l vle ak kò l. M pa pral pi lwen sou kesyon sa. M espere ou ka vin konprann gen yon diferans ant libète ak libètinaj, e libètinaj ka detwi  bèl enstitsyon sa ki se lafanmi ; enstitisyon sa m panse w konnen ki ale pi lwen pase manman, papa ak pitit nan enpak li nan yon sosyete. « Lafanmi pèmèt ekilib sosyal ».

Kounyea,  an n analize kesyon kò fanm pa pou fanm lan. Eske pòm  lan mi  poul sèvi  tèt li oswa moun ki anvi savoure l la? Èske entèlektyèl la vin sa l ye a pou l sèvi tèt li oswa sosyete a ? E pou fini,  èske kò yon gason se pou sèvi l ? Kounyea, sou baz twa kesyon sa yo, m ta renmen w eksplike m  kisa nan mond lan ki pa itil pou konble yon vid ? Mwen lè m byen gade, pito kò m ret pou madanm mwen e pito bouzen rete yon jouman ki mete fren oswa  limit  nan libètinaj. Konsa, pitit mwen yo ap gen privilèj pou yo gen yon fanmi ekilibre e pou yo vin moun ki gen ekilib pandan yo lib. E siw ta mande m poukisa sans bouzen gason an diferan de sans bouzen fanm lan, m ap di w se senpleman paske se  fanm lan moun anvi pi fasil, yo anvi l menm jan ak yon sipèsta donk li gen plus ekzijans pou l kenbe kò l paske sosyete a atann de li sa yo ka atann de yon sta ki se yon modèl sosyal. Donk menm jan li di lè y ap avili esta yo, se konsa li di lè y ap joure fanm ki se poto mitan yon sosyete. Egzijans sosyete a fè fanm jis fè m konprann valè fanm genyen.

Se te Ti Pipo

Ak anpil respè pou fanm ki pa bouzen

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *