SOCIÉTÉ

Poukisa li enpòtan pou ou fè ak desè ?

0

Ak desè oswa ak lanmò se yon ak eta sivil ki deklare yon moun mouri. Tankou tout lòt papye eta sivil yo, ak desè a se yon pyès enpòtan. Poutan anpil fanmi pa toujou fè l.

Frantzy Decidas se yon jèn gason yon trantèn lane ki soti 2zyèm seksyon kominal Dori nan depatman Sid. Se la li pase tout anfans li jiska fen etid segondè l.

Lè li t ap grandi, Decidas te asiste antèman anpil gran paran l, men li pa t janm tande fanmi l yo pale de ak desè. « Jeneralman lè gen lanmò nan kominote a nou tou antere moun nan menm jou a oswa nan demen san nou pa al nan mòg », se pawòl Frantzy Decidas ki ajoute moun yo pa bezwen ak desè pou yo fè pataj byen defen an te kite.

Jeneralman lè gen lanmò nan kominote a nou tou antere moun nan menm jou a

Decidas rakonte: « Nan kominote kote m soti a tout moun deja konnen si yon moun mouri kay li kite a se pou dènye pitit gason l li ye. Si li pa t gen pitit gason kay la ap vin pou dènye pitit fi a. Apresa si te gen bèt oswa lòt byen se eritye yo ki deside kijan y ap separe yo. Menmsi ta gen yon litij, gen youn nan pati yo k ap bay vag. Kidonk yo p ap blije ale nan tribinal pou ki ta mande yo ak desè.»

Ou ka li tou: La mort coûte très cher en Haïti

Se lè Franzy Decidas vin al etidye Dwa Pòtoprens li vin konnen kisa ki rele ak desè a. « Jiskaprezan lakay mwen moun yo pa fè ak sa a. Sèl si anbasad ta mande yo li. Sinon, yo pa vrèman konn enpòtans li. »

Menmjan ak fanmi Frandzy Decidas gen anpil lòt fanmi ki an pwovens oubyen nan Pòtoprens ki pa janm fè ak desè pou pwòch yo ki mouri. Poutan se yon papye ki enpòtan.

Poukisa ak desè a enpòtan ?

Ak desè a se yon papye ofisye eta sivil bay ki prouve yon moun mouri. Li pèmèt fanmi moun sa a kapab pran posesyon legalman nan byen moun mouri an te kite. Dokiman sa a ede fanmi defen an debloke kont labank li te kite. Anplis, ak desè a pèmèt Leta konnen konbyen moun ki mouri nan peyi a pou li ka konnen kòman li dwe oryante politik piblik li.

Dokiman sa a ede fanmi defen an debloke kont labank li te kite.

Mèt Franzer Dorcély se yon ansyen ofisye eta sivil ki travay nan biwo eta sivil seksyon Sid pandan 10 zan. Kounya li ap travay nan Sèvis enspeksyon ak kontwòl nan Ministè Lajistis. Mèt la fè konnen ak desè a dwe fèt nan biwo eta sivil kote antèman an chante a. Si ak desè a te fèt yon nan lòt biwo etasivil, ofisye a dwe transfere rejis la bay ofisye dènye kote moun nan te rete a.

Kijan ak desè a dwe fèt?

Atik 77 jiska 87 nan kòd sivil la pale de ak desè a. Selon atik 77 kòd la, se 2 temwen ki ka pwòch fanmi oswa vwazinaj ki dwe ale kay ofisye eta sivil nan zòn kote moun nan mouri an pou deklare lanmò a. Si moun nan pa mouri lakay li, kote l mouri a moun nan kay la kapab al fè deklarasyon kay ofisye eta sivil ki pi pre a.

Mèt Dorcély deklare fanmi defen an dwe mande nan ponp finèb oswa lopital kote defen an te ye a yon sétifika ki ateste l mouri. Avèk sètifika sa a, fanmi an ap ka prezante l nan yon biwo eta sivil. Menmsi se ta nan yon prizon yon moun ta mouri, gadyen prizon an oswa moun k ap jere l la dwe deklare lanmò sa a nan biwo eta sivil.

Jeneralman, ak desè a dwe gratis men ofisye eta sivil yo ka mande yon frè paske lalwa pa bay pwovizyon pou kouvri depans yo gen pou fè. « Ak desè a dwe fèt nan 24è moun nan mouri jiska 2zan anivèsè lanmò li », toujou selon Me Franzer Dorcély.

Li tou: Les fascinants secrets du métier de croque-mort en Haiti

Tankou la, si yon moun te mouri 16 janvye 2018 fanmi li gen jiska 16 janvye 2020 pou fè deklarasyon lanmò moun sa a nan biwo eta sivil. « Si delè 2zan an pase, avoka fanmi an ap adrese yon rekèt bay dwayen tribinal premye enstans kote moun nan te mouri a pou li ka antame yon pwosedi pou fè ak desè a », ansyen ofisye a k ap pale toujou. Li ajoute : Lè konsa a fanmi sa a ka peye anpil lajan pou mennen demach pou li ka jwenn ak sa a.

Daprè Mèt Dorcély anpil ak desè kapab fo, sa vle di yon raketè ka fè yon fo ak desè pou yon moun oswa yon fanmi, lè sa a ak la pa anrejistre. Lè sa a rive, se tout pwosesis demann ak la ki pou reprann. Se poutèt sa ansyen ofisye a rekòmande pou moun yo ale dirèkteman nan biwo eta sivil yo. Oubyen, pou yo chache wè avoka yo lè delè a gentan pase.

Si yon moun ta mouri nan yon rejyon rekile kote moun yo pa souvan ale lopital ni nan ponp finèb, Me Franzer Dorcély fè konnen se Kazèk nan zòn nan ki pou redije yon papye kote l ap mete so l ak siyati l sou li. Papye sa ap reprezante yon sètifika lanmò e se menm pwosesis yo ak delè a k ap respekte pou deklare lanmò a nan biwo eta sivil.

Mèt Franzer Dorcély ankouraje tout moun fè ak desè a lè yo gen yon pwòch ki tonbe paske li ka ede yo nan lè yo pa ta panse.

Photo couverture: DIEU NALIO CHERY / AP

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *