SOCIÉTÉ

Poukisa fòk ou legalize yon diplòm Ministè Edikasyon Ayiti bay ?

0

Poukisa apre Ministè Edikasyon Nasyonal fin bay yon diplòm, li nesesè pou legalize diplòm lan nan menm enstitisyon sa a ?

Tout elèv, kit li te nan lekòl piblik oubyen prive, dwe sibi egzamen ofisyèl Leta. Sila yo ki rive reyisi tès evalyasyon yo benefisye diplòm Leta a. Ka sa a, se pou lekòl klasik ak lekòl pwofesyonèl yo. Gen divès kalite diplòm Leta a osnon sektè prive a bay nan zafè edikasyon. Gen diplòm inivèsite, diplòm lekòl pwofesyonèl ak diplòm lekòl klasik yo. 

Tout papye sa yo, menm papye ki gen nòt yo (relevé de note), dwe legalize nan Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon profesyonèl (MENFP). Pami dokiman enstitisyon sa a legalize, nou jwenn : diplòm ak papye ki gen nòt bakaloreya yo, atestasyon sizyèm ak nevyèm ane fondamantal, diplòm inivèsite piblik ak prive, lisans yo, papye ki gen nòt inivèsite piblik yo ak diplòm lekòl pwofesyonèl yo. 

Li tou: Nécessité d’un contrôle de qualité dans l’éducation haïtienne

Ministè Edikasyon nasyonal pa legalize papye nòt inivèsite prive yo. Selon Elisabeth, yon sekretè k ap resevwa dokiman ki dwe legalize yo, lalwa pa ko bay ministè a dwa pou li legalize dokiman sa yo, se pou sa nou jwenn lòd pa resevwa yo. Men, « chaje etidyan nan sektè prive a ki toujou bezwen legalize papye sa yo, sitou le yo jwenn bous osnon y ap kite peyi a. »

Diplòm ki legalize yo gen yon lòt valè

Mèt Coulange Joseph se yon avoka ki ap travay nan seksyon jiridik Ministè Edikasyon Nasyonal. Li fè konnen Ministè edikasyon nasyonal legalize sèlman diplòm ki bon. Li di gen yon pwosesis ki la pou verifye kalite diplòm nan anvan ministè a depoze so legalizasyon an sou li jan Dekrè ki te sòti 10 fevriye 1967 la mande sa.

Pwosesis legalizasyon pyès yo kòmanse depi sou diktati Duvalier. Nan lane 1967, Doktè François Duvalier ta pral pran yon dekrè pou li mande legalize tout pyès administrativ ak jidisyè.  Premye atik nan dekrè sa di: « Legalizasyon an se yon operasyon kote yon fonksyonè piblik lalwa mete la pou sa, kapab deklare siyati ki nan yon dokiman bon, pou tout kote pyès sa pase moun kapab kwè ak rekonèt li se yon vrè dokiman. » Kidonk Leta sèvi ak legalizasyon an pou lite kont rezo fo papye nan peyi a.

Li tou: Connaissez vous les dispositions de la loi sur les frais scolaires?

Menm tèks lwa sa kontinye pou li di, legalizasyon pyès se zafè leta. Tèks lwa sa a pote yon diferans kapital sou papye sa yo. Li fè konprann legalizasyon yon pyès diferan ak anrejistreman pyès la nan yon ministè osnon nan nenpòt lòt enstitisyon Leta. Kidonk, tout papye nòt ak diplòm Ministè Edikasyon Nasyonal bay yon moun ki pase egzamen Leta rete yon papye ki anrejistre nan ministè a men ki pa legalize.

Tout papye ki legalize yo gen yon taks Leta pran pou sa selon jan lalwa presize l. Li diferan nan ka papye bakaloreya yo ki senpleman anrejistre epi ministè a dakò livre li gratis.

Pwosesis legalizasyon an

Premye etap pou legalize yon dokiman tankou pyès bakaloreya, diplòm, elatriye, se pase nan Direksyon jeneral enpo (DGI) pou gen yon resepise. Chak papye ki pou legalize dwe gen resepise pa yo. Dokiman sa a koute 102 goud, se selman Direksyon jeneral enpo peyi a  ki bay li.

Premye etap pou legalize yon dokiman tankou pyès bakaloreya, diplòm, elatriye, se pase nan Direksyon jeneral enpo (DGI) pou gen yon resepise.

Se dokiman sa ki ap pèmèt ministè a resevwa pyès ki dwe legalize yo nan biwo sètifikasyon ki anndan enstitisyon an. Konsa, sou 22 jou, dokiman ki depoze yo ap legalize avèk so epi siyati ministè Lajistis, so pakè a ak siyati komisè gouvènman an.

Si moun ki mande legalizasyon an ta vle itilize papye sa pou li regle kèk bagay nan lòt peyi, li dwe peye pou yon resepise ki ap pèmèt li legalize dokiman sa ankò nan ministè ki ap regle zafè etranje yo. 

Li tou: La technologie absente de la Formation Professionnelle en Haïti

Se Enstiti nasyonal fomasyon pwofesyonèl (INFP), yon depatman nan Ministè edikasyon nasyonal ki jere legalizasyon diplòm lekòl pwofesyonèl yo.  Direksyon INFP a egzije yon taks 300 goud, avan li achte resepise ki ap pèmèt li legalize dokiman an nan Ministè Edikasyon nasyonal la. 

Pou diplòm Inivèsite Leta yo (UEH), enterese a dwe legalize li nan rektora inivèsite a anvan. Apre li kapab pase depoze l nan Ministè edikasyon nasyonal pou fè legalize l. 

Nan ka pa inivesite prive yo, enterese a ap pase pran yon lèt nan direksyon ansèyman siperyè ministè a. L ap pote lèt sa a nan inivèsite li a ki ap gen pou li prepare yon lèt ba li ak motif legalizasyon an pou li pote bay menm direksyon sila a nan ministè a. Konsa, li ap jwenn dokiman ki ap pèmèt li kapab fè legalizasyon dokiman li yo.

Emmanuel Moïse Yves 

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *