PODCASTRECOMMENDEDSOCIÉTÉ

PANORAMA #2 : Poukisa Ayiti nan eta li ye jodi a?

0

Èske w te janm imajine yon fwa Ayiti t ap nan eta li ye jodi a?

Anpil fwa, sila ki pi gran pase nou yo toujou rakonte nou jan peyi a te pi bon nan tan lonta. Sa kreye yon nostalji tan ki pase yo. Jeneralman, moun yo pale nou de jan vil yo te gen kouran, jan peyi a te gen sekirite, epi, jan lavi a pat chè lè y ap konpare l ak jounen jodi a.

Fason yo rakonte nou tan ki te pase yo konn kite nou konprann Ayiti te gen pi bon dirijan nan tan lontan. Poutan, gen yon pakèt reyalite ki pa janm rakonte nan istwa sa yo. Pa ekzanp, jan te gen yon majorite moun ki t ap fonksyone nan gwo mizè. Jan majorite Ayisyen pat janm gen aksè ak lekòl, dlo potab, kouran ak tout lòt enfrastrikti ki enpòtan yo.

Tout moun pa t konn wè limyè

Ann pran yon ekzanp: nan lane 1950, te genyen twa milyon moun k ap viv nan peyi a. Te gen 12.2% moun k ap viv nan vil yo. Sa vle di, majorite moun yo t ap viv nan sa sosyològ yo rele « peyi andeyò » a. Majorite moun sa yo pa janm konn sa yo rele devlopman an. Majorite moun sa yo, elit peyi a mete yo sou kote, li stigmatize yo. Konsa, yo pa janm jwenn tretman moun merite. Nou ka poze kesyon sa a: èske lavi a te pi bon pou moun sa yo tou nan tan lontan ?

Si nou pran li pwodiksyon literati ak istwa peyi a, n ap konprann fasil kijan lavi a pat janm fasil pou majorite Ayisyen. An 1901, Etzer Villaire ki se yon powèt, ekri yon tèks ki rele an fransè « Les dix hommes noirs« . Liv sa rakonte tribilasyon yon jenerasyon ap pase nan yon sosyete ki pa konsidere byennèt moun. Peyi a poko te gen yon syèk depi l endepandan.

Finalman, nou ka mande tèt nou: èske peyi a te janm diferan vre ? 

Apre sa, an 1904, Rosalvo Bobo ekri yon tèks ki enteresan anpil ki rele « A propos de la fête du centenaire ». Tèks sa fè yon ranmase sou eta peyi a te ye san (100) tan apre endepandans li. Li montre jan elit peyi a t ap eksplwate mas peyizan yo, epi li kite yo nan yon mizè moun paka imajine. Anpil nan pwodiksyon ekri ki fèt sou peyi a toujou rapòte detay sa yo.

Lavi a te tèlman di, Ayisyen te oblije kite peyi a pou al koupe kann Sendomeng ak nan peyi Kiba. Se konsa, an 1937, diktatè dominiken an, Rafael Leonidas Trujillo Molina, te touye plizyè milye Ayisyen Sendomeng.

Li enpòtan pou nou raple w Ayiti te anba okipasyon blan Ameriken soti 1915 pou rive 1934. Lè diktatè François Duvalier mouri an 1971, Ayiti te genyen 4.3 milyon moun. Te gen yon mizè ki tèrib. Lè pitit li Jean Claude Duvalier kite peyi a an 1986, anyen pat chanje. Nou ka wè kèk imaj epòk sa nan yon fim dokimantè ki rele « Haiti d’un Duvalier à l’autre ». Se mas pòv sa yo ki te leve pou mande chanjman apre diktati Duvalier yo. Se yo menm ki te adore pwomès Jean Bertrand Aristide yo.

Kidonk, Ayiti te toujou gen gwo mizè, e Ayisyen pa janm renmen pale de sitiyasyon lamizè peyi yo. Menm si prèske tout Ayisyen ap fè fas ak lamizè, jiskaprezan medya yo pa konfòtab pou montre reyalite moun pòv yo, epi ba yo pale. Chak fwa yon moun eseye mete reyalite sa anba je sosyete a, li fasil pou yo di se imaj peyi a l ap sal. Lekòl ak legliz ki se enstitisyon sosyalizasyon pa aprann moun yo reflechi sou kondisyon lavi yo kòm pòv. Jiskaprezan, gen Ayisyen k ap demanti chif anpil enstitisyon bay sou nivo lamizè an Ayiti. Yo di se blan k ap envante lamizè pou jistifye pwojè nan peyi a.

Youn nan fason elit peyi a kache lamizè, se lè yo fè sistiyasyon moun pòv yo sèvi kat postal pou vann yon imaj sou peyi a. Nan yon foto ki montre yon peyizan ki gen yon chay lou sou tèt li ak yon bourik chaje devan yon kay pay, li difisil pou nou wè se lamizè ki blayi devan je nou. Men, jeneralman nou wè se yon imaj ki vann Ayiti yon fason orijinal nan je lemonn. Poutan se moun pòv ki viv konsa nan peyi a.

Nan eta peyi a ye jounen jodi a, si nan senkant (50) tan anyen pa chanje, èske nou pa p di lontan te pi bon paske te gen bilding Digicel ak Mariott, te gen bato kwazyè ki rantre Labadie, te gen entènèt, te gen wout ki konekte kapital la ak vil yo, epi anpil timoun te konn al lekòl ? N ap kapab di bal te konn òganize, moun te konn al manje nan restoran, epi Ayisyen te vwayaje toupatou nan lemonn. Men… èske se sa ki bèl lavi pou tout peyi a?

Gen bagay ki chanje 

Si nou te rive reyalize kèk bagay nan tan ki pase yo, nou pa rive prezève sa ki te dwe rete yo. Se sa ki fè anpil nan nou panse kondisyon lavi a vin pi mal toujou. Si jodi a bisantnè tounen yon espas fatra, nou paka di li pat totalman diferan nan ane 1950 yo. Apre sa, kèlkeswa fason peyi a te ye, tout moun k ap grandi ladan l gen yon esperans. Yo reve wè li yon lòt fason. Yon lòt fason pa rapò ak jan y ap viv li a.

Se sou lide sa yo nimewo #Panorama sa a chita. Mwen espere li fè nou aprann anpil bagay, epi li fè nou apwoche istwa nou yon lòt fason

Ralph Thomassaint Joseph

Commentaires

Ralph thomassaint Joseph
|| Directeur de la rédaction ||

    Chelson Ermoza: «Une société sans théâtre marche avec les yeux bandés, n’écoute rien et ne vit pas»

    Previous article

    Voilà comment les médias haïtiens peuvent contribuer dans la lutte contre la corruption

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost