EN UNEFREE WRITINGOp_EdsRECOMMENDED

Pou Ayiti pa dòmi deyò nan 50 lane k ap vini yo

0

Nan lane 2015, jounalis Ralph Thomassaint Joseph ki jodi a se chèf redaktè Ayibopost mande yon ekip jèn, mwen te youn ladan yo : Kijan w wè Ayiti nan 50 lane ? (http://bit.ly/2G7AZQn) Konsta a te grav : pifò nan nou pa t wè klè, dizon nou te negatif, pifò te tris pou peyi a. E se pa t san rezon. Jiska jounen jodi a si lidèchip peyi a, jenès peyi a ak elit la pa fon koub sankatreven degre sou mòd fonksyònman, refleksyon ak angajman, pèsòn p ap wè klè pi rèd an 2025 ni an 2065.

Nan « Gran Wou lakilti » (na va tounen sou sa nan yon lòt atik), pwofesè Erik Rosengren prezante n yon modèl byen senp pou n eseye konprann sosyete yo. Ladann li prezante n kategori sila yo ki fòme sosyete yo : syans, konesans, literati, pwodiksyon atistik, relijyon, politik, ekonomi ak teknoloji.

Lè n eseye pran chak grenn kategori sa yo pou n evalye Ayiti : kilès ladan yo ki gen yon envestiman konsekan nan 30 dènye ane yo ak vizyon pou n te soti nan pwen A rive nan pwen B malgre tout divèjans politik? Keseswa pou pwodui osnon pou fè rechèch pou konprann.

Ki sektè tout Ayisyen konnen nou te vle devlope, vin gen ekspètiz ladan l, pwodui konesans pa nou, fè n yon referans nan mond lan? Si se pat a ak kilti, malgre fèb mwayen pwodiksyon ak estrikti, anprent estetik ayisyen sou mond lan te ka pa egziste. Se vre gen wonm, gen kafe, gen mango, gen vetivè, elatriye…men konbyen kòb yo rapòte Ayiti? Eske n gen ase resous ak konesans pou n eksplwate, transfòme sa nou genyen ? Sa pa vle di lòt sektè yo pa fè anyen, men yo fèb, yo pa gen bon jan envestisman ni materyèl ni nan moun ki janm fèt ladan yo.

Alòs kijan n kapab chanje vizyon negatif jèn ki te reponn kesyon Ralph yo ak ou menm tou ki an Ayiti osinon aletranje ki pa kwè peyi sa ap fè yon pa ? Kijan n kapab mete etensèl limyè lespwa lakay jenès la ?

Chanjman lidèchip la dwe rive

 Nou tout konnen sa deja : lidèchip peyi a se yonn nan premye blokaj nou depi digdantan. Nou chanje yo, nou chase yo, lòt tounen bann bèl pawòl. Nad, marinad. Se pa jis chanje yon ekip lidè non, men se ki kalite moun yo ye, ki sansibilite yo, ki eksperyans yo fè ki kapab ba yo lakrent nan sèvi ak lajan Leta a. Moun ki wè Ayiti tankou yon eritaj, yon pwen memwa pou make mond lan sou mounite l. Se pa moun ki wè Ayiti tankou yon biznis plis pase l wè moun k ap viv ladan l yo. Moun ki kapab fè sakrifis, ki ka pran desizyon difisil, ki pa gen dwèt long, ki sèvi ak done lasyans, moun ki kwè « byen pou nou tout » pi fò pase « byen pou mwen sèl ak pwòch mwen », moun ki kapab reflechi sou konpleksite mond lan pandan l ap chita pou l bati yon pwojè sosyete.

Si gen moun ki panse Ayiti demen an rezime ak jwenn manje, gen kouran pou n divèti nou, gen lasante, konn li ak ekri, li manke konprann mond n ap viv jodi a, e li manke vizyon pou Ayiti demen an. Jan mond lan vin pi konplèks la, konsa tou nou vin gen plis pwoblèm pou n rezoud, egzistans nou vin plis menase.

Se vre, plis tan ap pase, plis nou pa rezoud pwoblèm manje, kouran, dlo…se plis n ap vin pi pòv, se mwens n ap kapab retire tèt nou nan twou nou ye a. Kounye a kesyon an se : kijan n kapab pa sèlman absòbe konesans mond lan ap vide ban nou, epi an menm tan rezoud pwoblèm de baz yo ? Eske n dwe fè yon chwa ? Sa vle di eske n dwe gade mond lan k ap vanse kite nou ak tout avanse teknolojik yo ki gen avantaj ak danje yo, pandan n ap goumen pou n rezoud sèlman pwoblèm de baz yo. Youn pa mache san lòt.

Yon lòt pwojè sosyete ki chita sou ledikasyon nan tout sektè

 Wi, nou dwe vini ak yon lòt pwojè sosyete san nou pa bliye poukisa zansèt nou yo te ban nou libète. Yon pwojè sosyete kote klas ki deja gen mwayen an, si l pa vle yon gwoup monte, epi li deside nasyonalize sa yo genyen pou redistribye richès pou tout moun, li dwe envesti l nan edikasyon ak pwodiksyon pòl konesans pou pèmèt non sèlman nou ratrape n nan yon seri sektè, men tou nou garanti egzistans ak endepandans nou nan mond lan. Elit sa tou dwe deside eske yo se Ayisyen oubyen yo jis ap pase yon kote, eksplwate yon mas moun epi al mouri nan yon lòt peyi.

Lè n pale de edikasyon an, nou pa jis wè konstriksyon lekòl ak lise. Non, li plis pase sa. Paske fò n eseye ratrape reta n, men tou fò n mete n ajou sou jan mond lan ap vanse a. Wi, sa pap fasil, men pa gen anyen ki fasil nan mond sa. Edikasyon an dwe tounen yon aktivite transvèsal kote tout politik nou vire sou sa pou dis lane pou pi piti. Li dwe gen rechèch, li dwe gen pwodiksyon konesans, develope kapasite pou n itilize resous lokal yo, e li dwe kouvri tout kategori nou site pi wo yo. Tout pwojè ak entèvansyon peyi zanmi nou nan peyi a, dwe vire sou sa pou fasilite transfè konesans ak teknoloji. Paske n konn pawòl la deja, bay yon moun yon pwason, l ap toujou grangou, men aprann li peche, li pap janm grangou ankò.

Ann pran yon egzanp pami anpil lòt. An 2015, peyi Izrayèl te deside nan espas 2 lane pou yo tounen yon referans nan zafè sekirite pou pwoteje moun ak tout sa ki konekte sou entènèt (cybersécurité, nan lang franse). An 2017, peyi a rive youn nan 5 pi gran pisans nan kesyon sa epi resevwa 1/5 envestisman nan domèn lan lakay yo. Se vre Izrayèl pa yon peyi pòv, men metòd yo te chwazi an te efikas. Paske se sekirite, lame chaje l de dosye a, yo rekrite jèn pou fòme yo sou teknoloji a, epi 2 lane anvan sa, Ministè defans kreye yon pwogram pou elèv lekòl. Yon lide, yon plan, yon vizyon ki abouti sou rezilta yo te bezwen an. Men ki pa fèt san elit ekonomik ni san estabilite politik.

Inovasyon nan delivre ak angajman sere nan pratike

Se pa pou anyen gen peyi ki mande fòk gen sitwayen yo nan nenpòt gwoup k ap vin envesti lakay yo. Se pa pou anyen gen peyi ki finanse etidyan yo al pran fòmasyon pou n vin kreye filyè lè yo tounen. Pran konesans, fè l chè mèt, chè mètrès la, pou rive kreye a : dwe yon politik djanm. Paske w pap rive ajou sou mond lan epi rezoud pwoblèm pi fasil si etidyan w pa ajou nan konesans yo. Kidonk fò n aprann de lòt nasyon yo, men fò n toujou ap fè rechèch pou n konnen jan lòt nasyon ap avanse, fò n eseye refè epi amelyore sa lòt nasyon fè. Si w pa gen bon inivèsite, ou nan tenten.

Sila ki pou pote pwojè sosyete sa, li pa dwe menm aktè politik k ap vire won depi lontan nan chimen pouvwa san okenn rezilta. Jèn Ayisyen ki chita nan lonbray ak dyaspora ki rekonèt tèt yo nan chanjman lidèchip nou pale pi wo a dwe pa pè pran responsablite yo ak de bra. Paske pa gen pyès peyi nan mond lan k ap deside akeyi 11 milyon Ayisyen sof si petèt yon volkan ta eklate britsoukou sou tout teritwa a, menm la ankò, anpil nan nou ap fin mouri.

Wi, jèn yo ak sila ki gentan gen konsyans sa koripsyon fè n pase, sa diktati fè n pase, jan elit ekonomik lan ap mal jere privilèj lapè ak mwayen pou anrichi tèt yo, jèn ki pa gentan rantre nan machin koripsyon an, dwe rantre nan chanje lidèchip peyi a pou pwopoze lòt vizyon Ayiti demen an, Ayiti nou vle a. Paske sa k ap regle nan twa pouvwa yo la poko Ayiti zansèt nou te vle a, ni sa nou menm, kretyen vivan, reve a. Pa gen pyès sosyete ki avanse san yon vizyon ni san lidè ki san vizyon.

Nou konnen pwoblèm Ayiti yo konplèks e anpil. Pwoblèm ak rezon yo anpil, anpil. Bagay yo melanje tankou vèmisèl. Men lè n fin chanje lidè yo, fò n gen pasyans, fòk bwase lide ak angajman an pa febli.

Yvens Rumbold

yrumbold@gmail.com

Twitter : @YRumbold

Commentaires

Yvens Rumbold
Contributeur Ayibopost

    Peyi lòk, biznis lòk, les petits et moyens entrepreneurs font leur bilan

    Article précédent

    États Généraux Sectoriels de la Nation : où sont passés les travaux du comité ?

    Article suivant

    Commentaires

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost