AYIBOFANMSOCIÉTÉ

«Poisson d’avril» : men orijin tradisyon sa a | Videyo

0

Menm si premye avril pa yon jou ferye, anpil peyi selebre l paske li ba nou posibilite distrè n ak zanmi, fanmi, kòlèg nou, tout moun nan antouraj nou

«Poisson d’avril»

Fè yon pwason davril sinifi fè yon blag jou premye avril la.

Orijin tradisyon sa chaje vèsyon. Men, daprè sa anseyan epi antwopològ Emmanuel Stéphane Laurent eksplike AyiboPost, youn nan orijin pwason davril la nou ka fè konfyans egziste depi nan mwatye XIe syèk, e li panse se ta yon tradisyon peyi Lafrans.

Anseyan Laurent raple, nan epòk sa a, ane yo pa t kòmanse 1e janvye, men pito nan entèval 25 mas pou rive 1e avril.

Efektivman, gen paj listwa ki rakonte ane yo pa t kòmanse menm jou pou tout rejyon an Frans. Pou kèk nan yo se nan prentan,  pou lòt se nan peryòd pak, e se sitou nan 1e avril yo te konn bay zetrèn pou selebre ane tounèf la.

Nan lane 1564, Wa Charles IX deside fini ak pil konfizyon kalandriye pasi pala t ap kreye nan Lafrans. Se konsa, li dekrete sa ki rele «Édit de Roussillon» an, kote li enpoze 1e janvye kòm sèl dat pou lane kòmanse nan tout rejyon an Frans.

Poisson d'avril et Édit de Roussillon

Édit de Roussillon

Kèk lane aprè, espesyalman an 1582, pap Grégoire XIII li menm enpoze desizyon sa sou tout kretyen avan yo fè adopsyon kalandriye gregoryen an.

Men, se pa t yon desizyon ki te fè tout moun plezi. Gen yon pati pèp Lewòp la ki te malalèz ak desizyon sa paske li te poulòp sou yo twò rapid. Yo te stil kontinye kenbe kòmansman ane a 25 mas pou rive 1e avril pou youn ofri lòt pwason.

Kounya la, pou trip sou kategori moun sa yo, ki pa fè mizajou rapid, antouraj yo kòmanse ofri yo fek kado, ba yo fo pwason, pase yo nan betiz pou griyen dan sou yo. (Depi lontan gen fawouchè.) Enben, se nan kontèks sa a tradisyon 1e pwason davril la soti.

Pape Grégoire XIII France

Pape Grégoire XIII France

Bon ! Kounya a, gen yon kesyon enpòtan pou n poze : poukisa se « pwason » yo chwazi menm ?

Menmjan lè n te lekòl nou te konn fè jwèt “ti bourik pote chay san l pa konnen” an, se kon sa, depi nan epòk «Moyen Âge» nan listwa Lafrans, te gen yon pratik kote moun konn kole pwason nan do yon lòt moun san l pa konnen. (La n ap pale de vrè pwason hein. Se te sitou ak « hareng » yo te konn fè sa.)

Sepandan, se pa t pou jwèt yo te fè sa vrèman. Pratik sa a te gen 2 siyifikasyon pou moun yo : yo fè sa pou make sezon lapèch epi yo te kwè sa ka pote chans pou pechè yo te ka jwenn plis pwason.

Ou ka dekouvri tou : Videyo | 29 fevriye : tout sa w dwe konnen sou «ane bisekstil» yo

Men, pratik la vin transfòme byen rapid ak fo pwason moun yo fabrike ak diferan materyèl pou fè prank. Anpil moun pwopoze pwason an menm paske daprè yo se yon bèt ou pran fasilman. Bagay la kòmanse sanble yon amizman moun fè ak pwòch yo pou fawouche yo jantiman. Epi ti kras pa ti kras li vin tounen yon tradisyon.

Se konsa tout nan XXe syèk la, koutim nan ap evolye, ata menm medya ak lòt antrepriz lage nan envante fo nouvèl, m vle di : nouvèl pwason davril.

Youn nan medya ki fè non l nan sans sa a, se BBC. 1e avril 1957, medya sa a pibliye yon repòtaj wòdpòte kote li pyeje telespektatè yo. Nan videyo a, BBC fè kwè, nan peyi Lasuis, gen pyebwa k ap donnen espageti. Kèk lane apre, CNN kalifye emisyon sa a de pi gwo prank yon medya janm bay nan sans sa a.

Lòt eksplikasyon ki gen sou chwa pwason an, se paske premye avril la koresponn ak peryòd karèm kote kretyen yo fè yon jèn 40 jou avan Pak e lè sa yo bani konsomasyon vyann. Ki fè se pwason ki vin ap mennen.

Ou ka pwofite li : Cerfs-volants et poisson gros sel: dernières traditions victimes de l’inflation

Kanta pou ipotèz pou eksplike tradisyon pwason davril la, se sa k pa manke.

Kounye a, sa ki enterese n, se kijan pratik sa a fè antre nan tradisyon nou an Ayiti.

Daprè antwopològ Laurent, sa ta gen pou wè ak pase nou antanke pèp ki viktim anba kolonizasyon franse, soti nan trete Ryswick an 1697 pou bout ak revolisyon ayisyen 1804. Kòm ta sanble pwason avril se yon tradisyon Lafrans e nou kontinye kenbe patrimwàn ak tradisyon yo nan koutim nou, e kòm se kolonizasyon yo a ki te pi long, li sipoze se yon eritaj Lafrans kite pou nou. Yon lòt bò, li panse, kòm nou toujou an kontak ak Lafrans e se yon tradisyon ki devlope lakay yo gras ak medya nan XXIe syèk, se nan sans sa tradisyon an kontinye manifeste lakay nou an Ayiti.

Fèt sa kounya pran mond lan pou li. Menm si premye avril pa yon jou ferye, anpil peyi selebre l paske li ba nou posibilite distrè n ak zanmi, fanmi, kòlèg nou, tout moun nan antouraj nou. Jou sa ba n okazyon twonpe moun ki distrè ak moun ki trè kwayan yo pou n fè yo aji fwa yo yon lòt fason. Jou sa yo, moun ki renmen fè blag yo an penpan, epi sa ki pa renmen sa yo oblije ranmase chita yo.

Nan kontèks peyi dAyiti twouve l jounen jodi a, kote gen anpil boulvèsman, kote moun yo plede (ap emède PM nan) fè l pa ka rantre nan peyi a, kote estrès plede anvayi moun toupatou, èske w panse pwason davril la gen plas li ?

 Rechèch, Entèvyou ak Redaksyon : Fabiola Laurent & Chérubin Jérôme

► Montaj : Makenson Pinquière ak Peterson Patrison Roger

► Ilistrasyon : Peterson Patrison Roger

► Sipèvizyon : Casimir Philicien


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Jounalis, komedyèn epi imoris, Fabiola Laurent se yon pasyone kominikasyon.

    Comments