SOCIÉTÉ

Videyo | 29 fevriye : tout sa w dwe konnen sou «ane bisekstil» yo

0

Poukisa fevriye se mwa ki pi kout ? Poukisa gen fevriye ki pote 28 jou tandiske gen lòt ki gen 29 ? Chak ki lè moun ki fèt 29 fevriye yo fete ?

Tout moun ki fèt 29 fevriye, leve men nou ! Wi wi, leve men n. M anvi mande n, chak ki lè nou fete anivèsè nou. Paske, an jeneral, se chak 4ran mwa sa pote 29 jou.

Mwen te toujou ap mande tèt mwen : Poukisa fevriye se mwa ki pi kout ? Poukisa gen fevriye ki pote 28 jou tandiske gen lòt ki gen 29 ? Epi, pi gwo kesyon an se : chak ki lè moun ki fèt 29 fevriye yo fete ?

Enben, AyiboPost pral fè sa klè kou dlo kòk pou ou jodi a, sou baz rechèch nou fè sou sijè a.  Men, m tou anonse w sa : nou pral gen ti leson istwa, jewografi ak matematik nan koze a wi !

Poukisa fevriye se mwa ki pi kout ?

Sivilizasyon Lawòm antik te tèlman enfliyan, plizyè domèn ki evolye jounen jodi a pote mak fabrik yo. Se sa k fè, kalandriye n ap itilize jounen jodi a, ki se kalandriye gregoryen an, jwenn rasin ni nan Lawòm antik.

calendrier 2024 année bissextile

Kalandriye mwa fevriye 2024 | RVA

Sou rèy wa Romulus, ki konsidere kòm fondatè lejandè vil Rome, Women yo te konn itilize kalandriye ki rele «romuléen», ki te genyen 10 mwa sèlman, soti mas pou rive desanm. Chak mwa te gen 30 osnon 31 jou. La a nou nan zòn VIIèm syèk av. J.-C.

Image montrant Romus roi legendaire Rome

Ilistrasyon Romulus, fondatè lejandè vil Rome. | Pasquier Baptiste

Nan epòk sa a, yon ane te pote 304 jou. Byen dousman ! Wa Numa Pompilus vin ranplase wa Romulus, e se li menm ki pral deside ajoute 2 mwa nan ane a ki se janvye ak fevriye. Donk, se apati de Pompilius ane yo kòmanse gen 12 mwa.

Nan epòk sa, pou Women yo, «nombre pair» te pote malchans, se sa k ta fè, Pompilius te fè tout mwa yo pote 29 ak 31 jou. Sofke, li te vin kwense ak yon ane ki gen «nombre pair». Se konsa, pou ane a te kapab gen 355 jou, li te dwe sakrifye yon mwa, e vwala : se fevriye ki te kandida ideyal la.

Numa Pompilius

Ilistrasyon wa Numa Pompilus | Archéologia

Kalandriye pompilyen an li menm te vin gen 354 oubyen 355 jou ki varye selon ane a. Epi, chak 2 zan, yon 13èm mwa poulòp pou konble dekalaj ki gen nan dat ak sik lanati. Lè sa, mwa yo t ap vasiye ant 29 a 31 jou, sof fevriye ki te varye ant 23 ak 29 jou.

Poukisa se malere sa ki toujou ap sibi ?

Enben, 2èm eleman repons : listwa rapòte, fevriye se moman nan ane a Women yo te konn onore mò yo. Yo te kwè yon mwa tristès pa ka long. Fòk soufrans lan abreje !

3èm eleman repons : 355 jou ane pompilyen an vin pa t koresponn ak plasman sezon yo. Pwoblèm pi rèd. 13èm mwa a te vin parèt tou mòtch.

Lè peryòd wayòm nan fini, Lawòm pase nan faz Larepiblik avan peryòd «empire» la. E se konsa, gen yon jeneral politik enfliyan ki rele Jules César, ki pral tante rezoud pwoblèm ki te genyen nan kalandriye Pompilus la.

An 46 av. J.-C., César modifye kalandriye Pompilius la. Li ajoute 10 jou, sa ki fè li bay tout mwa pote 30 oubyen 31 jou, sof fevriye li kite a 28 jou. Se apati de kalandriye jilyen an ane kòmanse pote 365 jou.

Daprè yon lòt eksplikasyon, se te pou rann omaj a Jules César epi anperè Auguste, yon jou siplemantè te ajoute sou mwa Jiyè ak Dawout epi retire sou fevriye ki vin pote 28 olye de 30. Nan tout vèsyon listwa, se fevriye k ap sibi depi lontan.

Se apati de kalandriye jilyen an ane kòmanse pote 365 jou.

Finalman, nan XVIèm syèk, pou anpeche kalandriye a detache l konplètman de sezon yo, pap Grégoire XIII fè ajoute yon jou nan ane a chak 4 an. Epi lapè ! Sa se kalandriye gregoryen an ki la depi 1582 e nou kontinye ap itilize l jounen jodi a.

Bon ! Tande m : apati de tout istwa m sot rapòte pou ou la yo, ou siman ka konprann kisa k eksplike fevriye se mwa nan lane a ki gen mwens jou. Men, ou ka toujou santi w poko metrize koze a twò byen. Enben, poze san w, respire, m pral mete w konfòtab nèt.

Men, kounye a, nou pral fè yon ti matematik ak jewografi tou piti.

Ou siman okouran ane 2024 la pote 366 jou, kontrèman ak 3 lane pase yo kote yo chak la te gen 365 jou. Si n fè yon senp rekil sou 23 lane ki apèn sot pase yo, n ap reyalize toutbon, se chak 4 lane gen yon jou ki ajoute sou mwa fevriye a, ki fè li pote 29 jou.

2020, 2016, 2012, 2008, 2004, 2000, yo tout te konsa, e se jan de ane sa yo ki rele «année bissextile» la, sa vle di : ane ki pote 366 jou.

Kounya a, ou siman anvi konnen, kijan pou w rekonèt yon ane bisekstil byen fasil, san ou pa oblije ap konte sou dwèt ou. Enben, men yon teknik byen senp ki souvan itilize pou detèmine si yon ane bisekstil:

2020, 2016, 2012, 2008, 2004, 2000, yo tout te konsa, e se jan de ane sa yo ki rele «année bissextile» la, sa vle di : ane ki pote 366 jou.

Pran nenpòt ane a, divize l pa 4, depi li ba w yon rezilta ankè, sa vle di yon rezilta san vigil, ou mèt tou konnen se yon ane bisekstil. An n pran egzanp lan sou ane 2024. Jis pran 2 dènye chif yo ki se 24, divize l pa 4, l ap ba ou 6. Ou pa bezwen nan reflechi, e sa l ye. Kidonk, pliske rezilta  a antye, 2024 se yon ane bisekstil. Ak metòd sa a, ou ka verifye si nenpòt lòt ane bisekstil.

Men mezanmi, atansyon, bagay la pa toujou senp konsa. Se pa tout fwa yon ane ki divizib pa 4 tou bisekstil. M pral eksplike w sa k fè sa.

Men avan sa, fòk ou byen konprann kote grenn jou ki ajoute sou fevriye a soti, ki fè ane 2024 la pa egzanp gen 366 jou.

Pou sa, li enpòtan pou m raple w kisa yon lane ye.

Lè n te toupiti lekòl, yo te aprann nou : yon lane se kantite tan planèt nou abite a ki se latè pran pou l fè laviwonn solèy la. Se mouvman sa a astwonòm yo rele «révolution» an. Se pa revolisyon nou toujou tande y ap pale de li Ayiti a non. Brèf !

«La terre est ronde comme une boule, elle a 40 000 kilomètres de tour.» Nou sonje ti leson sa a, pa vre ?!

Pran nenpòt ane a, divize l pa 4, depi li ba w yon rezilta ankè, sa vle di yon rezilta san vigil, ou mèt tou konnen se yon ane bisekstil.

Pandan latè ap fè laviwonn solèy la konsa, astwonòm yo pa t sispann analize konbyen tan li pran pou l retounen nan menm pwen li te derape a. Se nan plede obsève, ane apre ane, yo vin dekouvri, latè pa pran egzakteman 365 jou pou l fè lawiwonn solèy la, men se pito 365 jou ¼. Sa vle di, 365 jou plis 6èdtan. Yo rele sa ane sideral.

Donk, ou deja konprann, si pa egzanp 2021, 2022 ak 2023 gen 6è tan anplis, lè w vin ajoute 6èdtan k ap gen sou 2024 la, l ap bay 24è ki egal a yon jou, e ou tou konprann se grenn jou sa a ki ajoute sou mwa fevriye a, ki fè nou gen 29 fevriye 2024 jodi a. Di m si nou konprann !

Men mezanmi, obsèvasyon yo pa t kanpe la. Nan plede obsève, nan plede analize done, astwonòm yo vin remake, anplis de 6èdtan an ki ajoute sou 365 jou ane yo, gen 9 minit ak kèk segond ki boure kò yo tou nan koze a.

Tout sou Jules César, yo potko fè dekouvèt sa a, se sou pap Grégoire XIII astwonòm yo fè dekouvèt la, e depi lò a, kalandriye gregoryen an tou pran an konsiderasyon detay sa yo, pou non sèlman korije erè ki te konn fèt avan yo nan kalkile jou yo, men tou pou ajiste kalandriye a.

Lè n te toupiti lekòl, yo te aprann nou : yon lane se kantite tan planèt nou abite a ki se latè pran pou l fè laviwonn solèy la. Se mouvman sa a astwonòm yo rele «révolution» an.

Avèk kalandriye gregoryen an, prensip pou detèmine si yon ane bisekstik la vin pi sere. Kounye a, se 2 prensip sa yo ki pou respekte :

Pou w konnen si yon ane bisekstil, li dwe respekte youn oubyen lòt nan 2 prensip sa yo.

Premye prensip : fòk lè ou divize 2 dènye chif yo pa 4, li bay yon rezilta ankè, kidonk, san vigil. Epi an menm tan, fòk ane sa a pa ka divize pa 100.

Dezyèm prensip : fòk ane sa a ka divize pa 400, san li pa bay rezilta a vigil.

Kounya a, an n pran 2 egzanp : yon ane ki bisektil ak yon lòt ki pa bisekstil.

An n pran 2024.

Prensip 1 : fòk li ka divize pa 4, men pa a 100.

24 divize pa 4, li bay 6, men ak 100 li bay 0.24.

Kidonk, 2024 valide pou prensib nimewo 1 a.

Pou prensip 2 a, 2024 pa respekte l, paske lè w divize 24 pa 400, li bay 0.06. Men, sa pa pwoblèm, paske pou yon ane bisekstil li dwe respekte yon sèl prensip.

Kounya a, an n pran ane 2100 pa egzanp. Èske se yon ane bisekstil ? Men non. Poukisa ? Enben, lè w divize l pa 4, l ap ba w yon rezilta ankè ki se 525 oubyen 25 si se 2 dènye chif yo w konsidere, men li pa t dwe ka divize pa 100, daprè prensip 1 an.

Sa k pi dwòl ak ane 2100 an, anplis li pa respekte prensip 1 an, li pa respekte prensip 2 a tou. Sa vle di, lè w divize 2100 pa 400 tou, li bay yon rezilta a vigil ki se 5.25.

Bon, pou sila yo k ap rive viv an 2100, 2200, 2300, enben, ane yo p ap bisekstil pou nou ditou. Sof moun 2400 yo, ki ka gen chans sa a. Ouf ! Male lwen hein !

Avèk kalandriye gregoryen an, prensip pou detèmine si yon ane bisekstik la vin pi sere.

Antouka, m panse nou rive konprann 29 fevriye ki rive sou nou chak 4ran an.

Pou fini, an n reponn ti kesyon fondamantal nou an : chak kilè moun ki fèt 29 fevriye yo fete ?

Se sèten, si yon moun fèt 29 fevriye, se chak 4ran l ap gen chans fete nan dat 29 la, men sa pa vle di se chak 4ran li gen yon lane anplis. Lavi t ap twò bèl mezanmi ! Sa pa vle di tou, se chak 4ran li dwe fete.

Nan ka moun ki fèt 29 yo, gen ladan yo ki konn chwazi fete 28 osnon premye mas. Se souvan yon chwa pèsonèl, men gen de peyi ki deside fete anivèsè sa yo 28, se ka peyi tankou Nouvelle-Zélande. Gen lòt ki fete premye mas, se ka peyi tankou La Grèce.

Taiwan li menm, li pa nan koze 29 la menm. Depi timoun nan fèt 29, ou mèt tou konnen se 28  y ap mete pou li.

E an Ayiti menm, kijan nou fè sa ?

Si w gen repons la, oubyen si gen moun pa w ki fèt 29, pa ezite tag yo nan kòmantè pou yo ka di n plis kijan yo viv reyalite sa.

► Rechèch ak redaksyon : Fabiola Laurent & Chérubin Jérôme


► Reyalizasyon : Wilson Saintelus & Chérubin Jérôme

► Kamera : Wilson Saintelus

► Sipèvizyon : Chérubin Jérôme


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Jounalis, komedyèn epi imoris, Fabiola Laurent se yon pasyone kominikasyon.

    Comments