SOCIÉTÉ

Paran oblije peye kòb mwa septanm lan. Anpil lekòl pap peye pwofesè pou mwa sa a.

0

Sa fè prèske 2 mwa depi lekòl pako janm rive louvri. Ministè ledikasyon nasyonal eseye bay anons plizyè fwa, men anyen pa rive fèt akoz chak jou peyi a ap viv moman tansyon. Ki sò pwofesè yo nan sitiyasyon sa ?

Ministè ledikasyon nasyonal te anonse pou lekòl te louvri depi 9 septanm 2019. Se tap premye jou nan lanne akademik 2019-2020 la. Li deside louvri lekòl la jou sa pou pèmèt timoun yo fè prèske 200 jou yo dwe fè pou ane a. Malgre anpil moun nan sosyete sivil la, te mande pou rekile dat la.

Jiskaprezan, lekòl pa janm rive fonksyone vre. Chak jou nan peyi a gen mouvman tansyon. Pèsonn pa konn pou konbyen jou peyi a lòk.

Kijan dosye lekòl la ye pou paran yo?

Timoun yo fè mwa septanm nan lakay yo, yo pa rive ale lekòl. Poutan, paran yo nan obligasyon peye lekòl la jan sa ta dwe ye nan tan nòmal.

Kontra anpil responsab lekòl fè paran yo siyen oblije yo peye tout mwa yo. Menmsi timoun yo pa travay pou mwa a. Responsab lekòl yo pap pèdi. Paran yo oblije sakrifye.

Li tou : Guy Étienne: La loi sur les frais scolaires «risque de tuer les écoles privées de qualité»

Nou kontakte 20 paran ki gen timoun nan plizyè kategori lekòl prive nan peyi a : lekòl kongreganis, lekòl nòmal yo, ak sa yo ki nan klas pi ba yo.

Chantal Pierre, youn nan paran nou pase entèvyou pou dosye a, se manman 2 pitit fi. Li ap travay nan yon makèt kòm kesyè nan Petyonvil. 2 timoun li yo lekòl nan kolèj « Saint-Louis de Bourdon». Youn ap fè 9èm Ane Fondamental, lòt la menm nan Nouvo Segondè II.

Li fè konnen, « nan lekòl sa, m prèske fin peye tout ane lekòl timoun yo depi avan Janvye. Depi avan li rantre plis pase 50% lajan lekòl la dwe gentan fin bay. Pa gen posibilite pou yon moun pa bay kòb mwa septanm. » Pou li, menmsi revandikasyon popilasyon an jis, peye yon bagay li pa jwi se enjis.

Johnson Fleurimond li menm se papa 3 pitit : 2 gason ak yon fi. Manman timoun yo mouri nan tranbleman tè 12 janvye 2010. Pitit li yo lekòl nan « Grand collège Indigène » ki nan Fontamara. Li pa ko bay yon goud pou lekòl timoun yo. « Men se posib map bay tout kòb la paske se yon sèl frè pou tout lanne a. Pa gen dosye kòb chak mwa », se sa li di.

Kèk direktè lekòl deside peye pwofesè yo mwa septanm

Menmsi pwofesè yo pa travay, gen anpil direktè ki kanmèm peye pwofesè yo. Sa depan de enstitisyon an ak kondisyon yo bay paran yo pou yo peye lanne lekòl la.

Sou 10 pwofesè nou pase rankontre nan lekol yo di ki gen prestij yo, 8 ladan yo fè konnen yo touche lajan mwa lekòl la. Pwofesè sa yo anseye  nan lekòl kongreganis ak sa yo rele lekòl nòmal yo. Anpil nan lekòl sa yo, paran yo gentan bay pou pipiti 30% sou lanne lekòl la.

Jonathan Cyprien se pwofesè lekòl prive ak lise tou. Li etidye filozofi nan lekòl nòmal siperyè. Li fè kou antou nan 3 lekòl prive. Selon sa li di, tout responsab lekòl sa yo peye li mwa septanm lan. Pou li menm, deside peye oubyen pa peye yon pwofesè mwa septanm nan « se yon dosye konplike paske se yon kontra pwofesè yo gen ak direktè yo, sa koz yo vin oblije peye nòmalman. Se pa fòt pwofesè a si yo pa travay. Mwen disponib mwen menm, se yon pwoblèm peyi ki koz mwen menm m pa nan klas ap travay.»

Li tou : Comment les millions du Fonds pour l’éducation ont été dépensés? Personne ne le sait.

Junior se yon non nou prete yon pwofesè nan kolèj « Saint-Louis de Bourdon » ki pa vle site non li. Li se pwofesè. Li  presize « Nan kontra direksyon lekòl la gen ak pwofesè yo, li presize klèman depi te gen yon jou lekòl, direksyon an dwe peye pwofesè lekòl la. » Junior konfime responsab lekòl la peye tout pwofesè nòmalman.

Pa gen lekòl, pa gen kòb ki antre, pa gen pwofesè kap touche

Nou rankontre 10 pwofesè ak direktè nan lekòl ki nan zòn defavorize yo. 10 moun sa yo reprezante 10 lekòl diferan. Gen youn ki nan Site solèy, 3 nan Matisan epi rès la epapiye nan Fontamara. Tout lekòl sa yo pa peye pwofesè yo. Lekòl sa yo fè paran yo peye kòb ane a pa tranch tou.

Jean Claude St-Vil se pwofesè syans sosyal. Li anseye nan 4 lekòl nan Matisan. Li fè konnen pa gen youn nan lekòl sa yo ki rive peye li. « Jiskaprezan m pa gen yon goud, men m pa ka egzije direktè yo peye m paske paran yo tou p ap peye depi lekòl la pa louvri. Gen 3 nan lekòl m fè kou yo m konnen k ap peye m, lòt grenn nan peye sou lè pwofesè bay. »

Kijan yon pwofesè ka oze vin mande m touche jan sitiyasyon an ye la ?

Yon direktè lekòl ki moutre li gen pwoblèm ak lekòl la ki pa louvri a reflechi konsa : « Kijan yon pwofesè ka oze vin mande m touche jan sitiyasyon an ye la ? Sitou yo pa vin travay, ni tou elèv pa vin lekòl pou paran voye kòb. Pa gen anyen ki di m ap peye mwa lekòl la nòmalman pwiske m pa konn si paran yo ap peye lekòl la tou nòmalman. M pa ka fòse paran yo peye pou sa yo pa jwi. Se yon reyinyon ki gen pou fèt pou administrasyon an konn kouman nap jere paran yo. Aprè sa n ap konn sa k ap fèt pou pwofesè yo. »

Pwofesè ki touche sou baz kantite lè yo bay kou yo mele

Kategori sa pa gen okenn mwayen pou fè rekou. Yo peye yo dirèkteman sou kantite lè kou yo bay. Si yo pa fè kou nan yon mwa, yo p ap jwenn kòb. Si se inèdtan kou yo bay, y ap peye yo inèdtan an.

Jean Claude St-Vil gen yon lekòl li fè kou nan Matisan se konsa li fonksyone. Misye fè konprann li pa met lespwa sou kòb sa paske li pa fè kou. « Menmsi direktè a touche nan men paran yo, li p ap jere nou menm pwofesè yo. Se yon kòb li fè san redi. Pa gen pwofesè ki ka voye pye. »

Li tou: Les étudiants haïtiens enrichissent les universités dominicaines

Se sitou nan lekòl ki nan zòn defavorize yo, paran yo peye konsa. Lekòl yo nonplis konn pa chè. Selon Jonathan Cyprien, se yon mwayen pou direktè a jere kòb lekòl la rantre. « Si pa gen ase kòb, l ap difisil pou direktè a fè yon pri mwa ak ou. Sitou nan zòn sa yo, konn gen pwoblèm pwofesè pa vin travay.» Se sa li ajoute.

Anpil lekòl sa yo se yon sèl kòb yo fikse pou lanne. Paran yo pa gen pou bay lajan chak mwa. Nan ka sa, si lekòl fè 2 mwa pa fonksyone ditou, lajan paran yo oblije peye nòmalman an ap yon benefis pou direktè a.

Commentaires

Snayder Pierre Louis
Journaliste à Ayibopost

    OPINION: Que doit faire celui qui veut réellement changer le système en Haïti ?

    Previous article

    Que signifie le rituel vodou qui commence certaines manifestations ?

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost