SOCIÉTÉ

Pa genyen endistri lèt nan peyi Dayiti

0

Lèt Agogo se yon mak k ap ofri diferan tip pwodui ki fèt ak lèt an Ayiti. Men kantite lèt ki fèt nan peyi a pa ase pou satisfè tout demand yo, nan tout sezon

Sa gen plis pase 17 ane depi Lèt Agogo egziste an Ayiti. Se yon inisyativ ONG Veterimed te pran, pou mete pwodiktè lèt lokal, an relasyon ak konsomatè yo. Apre tout ane sa yo, genyen plis pase 30 letri nan tout peyi a k ap pwodui lèt anba etikèt Lèt Agogo.

Pifò letri sa yo pa pou Veterimed. Yo sèlman ap itilize mak “Lèt Agogo a”, men yo responsab tèt pa yo. Se yon sèl ladan yo ki pou ONG a. Li sitiye nan Bon Repo. L ap fonksyone depi 2003.

Jou ki te madi 28 janvye 2020 an, depi 9è nan maten, nou pran direksyon lokalite sa a, pou vizite letri a. Fanel Pierre Louis, ki te responsab letri a pandan plis pase trèz ane, akonpaye nou. Apre inèdtan wout anviwon, nou rive. Se la, nan yon lokal ki se yon don anbasad Japon, twa anplwaye responsab pou resevwa lèt epi pwodui fwomaj, yawout osnon lèt esterilize.

Sal pwodiksyon an gen plizyè gwo kaderik. Yo chak responsab pou resevwa lèt la, nan yon etap byen presi. Se apre yon pwosesis ki long, ki ka dire soti 5 jou pou rive 3 mwa, diferan pwodui yo fini epi pare pou konsome.

Letri Lèt Agogo nan Bon Repo. Foto: Jameson Francisque/Ayibopost

Asire kalite a

Tout jounen nan letri a sanble. Se menm travay la ki fèt chak jou. Depi 7è nan maten, anplwaye kòmanse resevwa lèt, apre yo fin lave epi sterilize tout veso ki pral itilize nan pwosesis la.

Se nan men asosyasyon elvè Veterimed achte lèt li yo. Nenpòt ki moun pa ka vin pote lèt.

Lè lèt la vini nan letri a, li suiv yon wout byen trase, ki pa sipoze chanje. Se yon pwosedi ki repete chak fwa gen nouvo lèt ki vini. Premye etap la se teste lèt la ak yon echantiyon.

Rene Clergé se responsab letri Bon Repo a. L ap travay ladan l depi nan lane 2005. Se li menm ki ranplase Fanel Pierre Louis nan pòs la. Li esplike kijan yo teste lèt la pou asire yo kalite a bon.

Li tou: Subventionner les importateurs de riz c’est tuer les producteurs locaux à petit feu

« Depi nan manmèl bèf la, lèt la genyen dlo ladan l, dapre sa li di. Lè peyizan yo vini la, nou itilize yon ti aparèy ki mezire dansite lèt la. Li pa sipoze pi ba pase 0.24. Si li pi ba sa vle di moun yo ajoute dlo nan lèt la. N ap refize l paske depi nou fin aksepte lèt la, nou pa ka retounen l. »

Men gen moun ki konn eseye jwe mètdam. Apre yo fin ajoute dlo nan lèt la, yo mete lanmidon ladan l, ki pral anpeche detekte dlo a. René Clergé di yo gen mwayen kanmenm pou verifye sa.

« Nou itlize yòd, li di nou, ki pral montre nou si genyen lòt eleman nan lèt la. Epitou, nou gen yon alkòl espesyal, ki ka montre nou si lèt la gen lontan depi li soti nan bèf la. Si li la lontan, lè nou mete alkòl la ladan, l ap vin fè yon pakèt ti boul, l ap kaye sou plas. »

Si lèt la pase tout etap sa yo san pwoblèm, anplwaye yo ka travay. Selon kòmand ki genyen yo, Clergé René pral konnen si se fwomaj, yawout osnon lèt esterilize pou li fè. Yo chak fèt yon fason diferan.

Se la Yawout yo depoze pou tann destinatè yo. Foto: Jameson Francisque/Ayibopost

Wout lèt la

Nan twa pwodui sa yo, se fwomaj la ki pi senp pou fèt dapre René Clergé: « Lè nou mete lèt la nan veso, nou ajoute kèk engredyan ladan l ki pou fè li vin di, epi pou fè l kaye. Li pral vin sou fòm pat. Apresa li ale nan yon moul, epi li pase nan yon machin pou prese l, pou retire tout dlo ki ladan l. »

Imedyatman fwomaj la fin fèt, moun ka manje l, men li poko ka fè tout resèt kizin. Pa egzanp li poko ka graje. Se apre 3 mwa l ap ase solid pou sa.

Si se lèt esterilize ki pral fèt, genyen yon pwosedi tou. « Lèt la gen yon wout pou li fè, e apre chak etap, anplwaye yo ekri nan yon fich. Konsa si gen yon pwoblèm nan pwodui a, nou ka konnen egzakteman ki kote li soti », dapre Fanel Pierre Louis.

Pierre Louis kontinye pou l di : « lè nou fin mete kèk engredyan ladan l tankou awòm, nou mete lèt la nan boutèy epi chofe l a 120 degre pou esterilize l. Lè yo fin esterilize, boutèy yo dwe rete tann pi piti 5 jou n ap siveye si pa gen ladan yo ki gate. Se sèlman apre etap sa a nou gen dwa mete l nan kès pou vann. »

Pou dènye pwodui a ki se yawout, gen plis prekosyon toujou ki dwe pran. Fanel Pierre Louis di: « Yawout la dwe toujou nan frizè. Men dire lavi li se 22 jou anviwon. Apre sa l ap gate. »

Kès boutèy Lèt Agogo esterilize. Foto: Jameson Francisque/Ayibopost

Pa gen anpil lèt

Nan moman sechrès, soti mwa desanm rive mwa jen, pa gen anpil lèt. Men, lè moman lapli yo rive, sitou nan mwa me, genyen anpil pwodiksyon. « Te gen yon epòk nou te konn resevwa 180 galon lèt nan yon jounen », Fanel Pierre Louis di nou. Pou yon ti letri lokal, atizanal, kantite galon lèt sa anpil. Men depi kèk lane, tandans lan ap bese.

Gen anpil rezon pou sa, dapre Fanel: « Anpil peyizan osnon pitit yo pati, yo vann bèf yo te posede yo. Men pi gwo pwoblèm nan se vòlè. Sa rive souvan pou yo debake epi vòlè plizyè bèf, mete nan kamyon epi ale. Sa dekouraje elvè yo. Epoutan sa te konn pote lajan pou yo. M konnen yon elvè ki te konn fè 100 000 goud chak mwa, malgre li pa t gen tan pou l tire lèt nan tout bèf li te genyen yo. »

« Lòt pwoblèm tou, Fanel kontinye pou l di, genyen anpil tè ki pa disponib ankò paske mèt yo deside plante sou yo. Bèf yo pa gen kote pou yo manje menmjan ak avan. Sa se yon veritab pwoblèm. »

Si bèf la plenn, sa vle di si li gen pitit nan vant li, li pa posib pou yo tire lèt la tou. René Clergé di yo genyen kòmand, men akoz manke lèt, yo pa toujou ka reponn tout.

Kaderik pou bwase lèt la ak yon près atizanal pou fè fwomaj. Foto: Jameson Francisque/Ayibopost

Endistri lèt an Ayiti

Tout pwoblèm sa yo fè li difisil pou genyen yon endistri lèt nan peyi a. Simé Schiller, se yon responsab teknik nan Veterimed. Li la pou bay akonpayman pou chak letri ki pral ouvè, epi fè fòmasyon, pou kalite pwodui a toujou rete menmjan.

Dapre li menm, se pa yon ti pwoblèm piti. « Si yon moun bezwen 5000 galon lèt nan peyi a, li p ap jwenn li fasil. Se mache pou l ta mache pran yon galon nan men 5000 elvè. Gen pwoblèm [tou] pou kolekte lèt ki pwodui yo. »

« Sa pa gen lontan, tout rezo pwodiksyon Lèt Agogo a te evalye a 1 milyon dola ameriken. Men se plizyè ti letri. Si yon moun al konstwi yon gwo letri, li riske pa jwenn lèt pou li ka travay. »

Pa genyen okenn politik piblik tou ki mete sou pye pou akonpaye sektè pwodiksyon lèt nan peyi a. Tout rezon sa yo fè gen anpil enpòtasyon lèt etranje, ki pa gen menm kalite ak lèt ki pwodui nan peyi a.

Mak Lèt Agogo a disponib

Nan tout peyi a, genyen yon trantèn letri tankou sila ki Bon Repo a, menm si yo pi piti. Se nan vil Limonad, nan depatman Nò, Lèt Agogo te kòmanse, dapre responsab teknik la: “Nou te vle akonpanye pwodiksyon an depi sou peyizan an rive sou konsomatè a. Men se mak la Veterimed posede. Nou mete mak sa disponib pou tout pwodiktè.”

Se konsa tout moun ki nan pwodiksyon lèt gen aksè pou mete etikèt Lèt Agogo sou pwodui yo, depi yo respekte estanda Veterimed etabli yo. Dapre Simé Schiller, pwodui Lèt Agogo yo pa ekspòte nan peyi etranje. Men, nan peyi Kanada genyen yon gwoup moun ki ap itilize mak la, selon menm kondisyon ak pwodiktè ki an Ayiti yo.

Nan lane 2007, pwogram kantin eskolè te fè yon patenarya ak pwogram Lèt Agogo a, pou pote lèt nan anpil lekòl nasyonal nan tout peyi a. Se Pwogram alimantè mondyal ansanm ak peyi Brezil ki te finanse pwojè a. Depi lane 2014, pa gen finansman pou pwogram sa a ankò; li kanpe.

Jameson Francisque

Commentaires

Jameson Francisque
Linguiste. Journaliste. Passionné de technologie. Je m'intéresse à la politique et à l'économie. Ah, j'écris aussi un peu de poésie, histoire de faire passer la vie.

De quoi parle Freda, le nouveau film que réalise Gessica Généus ?

Previous article

Comment se protéger du cybercrime et des arnaques 2.0 en Haïti ?

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost