SOCIÉTÉ

Opinyon | Poukisa ou pa vle vin jounalis ?

0

Si nou vle amelyore kalite medya yo an Ayiti, antre ladan yo pou n fè yon travay ki diferan de sa n ap kritike a

Nan inivèsite, yon moun aprann konsa : li gen pwofesè ki ekspoze kou yo, li fè rechèch sou kou a, li itilize bon metòd pou pwodui devwa apati rechèch yo. Nan devwa a, li aprann triye, klase epi ekspoze. Kòm inivèsite privilejye lespri kritik, yon etidyan dwe poze anpil kesyon sou sa l ap aprann nan. Apre sa, etidyan an gen ekzamen sou kou a, kote y ap poze l kesyon jeneralman sou sa li te wè yo.

Travay jounalis la pa gen gwo diferans. Menm jan ak yon etidyan nan inivèsite, yon jounalis dwe al tande yon seri moun. Se moun ki gen pawòl ki enpòtan. Yo kapab espesyalis, sendikalis, ouvriye, peyizan, machann, elatriye. Lè moun sa yo pale, jounalis la koute, li pran nòt pou li rapòte ekzakteman sa yo di.

Yon jounalis la pou l rapòte bay piblik la ki sa k ap pase. Menm jan yon etidyan konn apresye diferan kouran panse pou yon kou, jounalis la dwe balanse pawòl moun li tande yo. Li dwe mache tande chak moun ki gen pozisyon oubyen opinyon ki pa menm. Li poze yo bon kesyon. Apre sa, li dwe bay kontèks epi jwenn kisa ki kache nan tout istwa ki genyen yo.

Repòtaj jounalis la, se devwa final la. Se gras ak travay sa, piblik la pral evalye si travay la kòrèk, oubyen, si li gen feblès ladan l. Alabaz, li gen pou l bay yon seri detay nan travay li a pati kesyon sa yo :  Kiyès ? Kisa ? Ki kote ? Kilè ? Poukisa ? Nan jagon jounalis yo, yo rele sa prensip 5W yo (Who, What, Where, When, Why).

Nan piblik la, gen tout kalite moun ki byen konnen plizyè aspè nan sijè repòtaj la, k ap evalye travay la. Se pou sa, jounalis la dwe asire l travay la toujou byen fèt.

Jounalis la la pou l rakonte istwa moun nan sosyete a. Li gen misyon pou ede sosyete a wè epi konprann yon seri bagay ki pa evidan, ki kache. Yon jounalis gen pou l tcheke travay moun ki nan pòs desizyon yo. Li la pou l louvri je moun, nan ede yo wè kontradiksyon ki genyen ant prensip ki etabli yo, ak pratik moun nan sosyete a. Yon jounalis, gen yon gwo responsabilite.

Yon medya se yon gwo zouti

Si apre tout tan sa a Ayisyen ap tande radyo, li pa janm ka konnen pa ekzanp, kisa sosyete sivil vle di, kisa yon Inivèsite ye, oubyen kisa demokrasi ye… medya yo responsab pou sa.

Se pa yon nouvèl, nivo n ap fè medya ak laprès an Ayiti a ba anpil anpil. Gen anpil rezon ki eksplike sa. Men, pi gwo rezon an, se kalite moun k ap fè metye jounalis ak lòt metye ki nan medya yo.

Gen yon paradòks an Ayiti, kote paran yo senyen kò yo pou voye timoun yo lekòl. Men, jeneralman, yo pa poze kesyon sou kalite edikasyon timoun yo resevwa, ak ki nivo pwofesè k ap anseye timoun yo. Se pratikman menm bagay la ki rive pou medya yo. Moun yo envesti yon gwo pati nan tan yo, ap konsome medya yo, men, yo pa rive poze kesyon sou kalite moun k ap kominike yo kontni ak enfòmasyon yo.

Se paske, depi lontan, travay jounalis pa janm gen valè pou Ayisyen. Jeneralman, paran yo fòmate lespri timoun yo pou yo vin enjenyè, doktè, agwonòm oubyen avoka. Nan tèt anpil moun, metye jounalis, se moun ki pa gen nivo ki pratike sa. Menm jan move lekòl ak move pwofesè defòme lespri Ayisyen, se konsa move medya ak move jounalis simen konfizyon nan peyi a.

Li tou: En fin de vie à travers le monde, le journal papier en crise en Haïti 

Yon medya, se yon enstitisyon politik, ki gen yon gwo travay ideyolojik l ap fè an pèmanans. Se fonksyon politik sa a ki fè yon rele laprès « Katriyèm pouvwa » nan yon demokrasi. Sa vle di, apre twa pouvwa ki etabli yo (Ekzekitif, Lejislatif ak Jidisyè), laprès se yon katriyèm pouvwa.

Se pa san rezon, diktati yo toujou vle gen kontwòl medya yo. Se paske, medya yo se yon seri enstriman k ap ouvè je popilasyon an, pou l kesyone travay dirijan yo. Menm jan medya yo ka louvri je, yo ka kokobe lespri moun tou. E, malerezman, se sa k ap pase an Ayiti depi lontan.

Se pou sa, dwe gen moun ki gen bon anbisyon ak bon nivo ki pou pratike laprès ak fè medya nan peyi a. Se nan sans sa a, m ap envite nou chak k ap li tèks sa a, pou reflechi sou kijan nou kapab amelyore kalite medya yo nan peyi a.

Lè moun aplike pou travay kòm jounalis nan Ayibopost, jeneralman mwen di yo, « nou tout gen kritik nou fè sou laprès, men, vin pratike laprès yon fason ki diferan de sa w ap kritike a ». Paske o final, se bon pwodui ki rantre move pwodui. Si nou pase tout tan nou n ap plenyen, n ap denonse, n ap kritike sèlman, pwoblèm nan pap rezoud.

Plis moun ki gen konpetans dwe travay kòm jounalis pou n leve nivo laprès nan peyi a. Konpetans alabaz yon moun bezwen pou l jounalis se : fouyapòt (li gen anpil kiryozite pou chache detay), lespri kritik (pou kesyone kèlkeswa sa ki di), kapasite pou òganize lapawòl (mete sa ki enpòtan yo an premye), kapasite pou fè sentèz, epi, rapòte byen.

Lè yon moun gen konpetans sa alabaz, epi li gen yon espesyalizasyon nan kèlkeswa domèn nan lavi a, sa ranfòse kalite travay li kòm jounalis. Apre sa, metye a ekzije yon seri prensip etik. Pa ekzanp, jounalis la dwe mete anpil ekilib nan travay li, li dwe bay tout kalite moun pale, li dwe respekte piblik l ap sèvi a. Laverite dwe se bousòl li.

Chery-Dieu Nalio ki agoch nan foto a, se yon jounalis foto Ayisyen ki te nan lis pou pri Pulitzer pou ane 2020 an. A kote l, se Jeanty Junior Augustin ki pwodui yon pakèt bèl foto, sitou nan manifestasyon yo. Travay jounalis sa yo gen anpil valè. CP. Valerie Baeriswyl

Ou pa oblije ale lekòl jounalis pou w vin bon jounalis

Lekòl jounalis se yon bagay ki pa ekziste lontan. Premye lekòl jounalis ouvè an Frans nan ane 1899. Ozetazini pa ekzanp, premye diplòm jounalis te lanse an 1908 epi pwogram metriz nan jounalis te lanse nan ane 1935. Peyi Almay te gen premye lekòl pou jounalis nan ane 1949. Sa yo se bagay ki resan, lè n konsidere istwa laprès ale depi nan ane 1400 yo.

Kontrèman ak sa ki souvan di an Ayiti, yon moun pa oblije ale lekòl jounalis pou l vin jounalis. Enfòmasyon se yon dwa, se yon nesesite epi, se yon byen piblik li ye. Se aspè sa ki fè li fondamantal nan tout sosyete pou gen moun k ap pwodui enfòmasyon.

Gen anpil jounalis ki fè bon travay nan istwa laprès ki pa pase nan okenn lekòl jounalis. Jeneralman, pwofesyonèl sa yo gen diplòm nan lòt domèn, epi, yo travay nan redaksyon medya yo, kote yo fè prèv kalite travay yo kòm jounalis. Pa ekzanp :

Sheri Fink pran pri Pulitzer an 2010. Li gen yon diplòm sikoloji apre sa, li gen doktora nan newosyans. Li ekri sou lasante, lasyans ak medsin. Repòtaj li klase pami 10 pi bèl repòtaj dis dènye ane ki sot pase la yo.

David A. Farenthold pran pri Pulitzer 2017. Li gen diplòm nan Istwa.

Ta-Nehisi Coates se yon jounalis ak ekriven Ameriken Nwa. Li travay nan plizyè medya ki gen prestij Etazini tankou The Washington Post, TIME, The New York Times Magazine. Li pa gen diplòm inivèsite, men sa pa anpeche li se yon entèlektyèl sosyete ameriken an rekonèt kalite travay li.

Ed Yong ap fè travay repòtaj syantifik wo nivo nan The Atlantic. Li etidye Zooloji ak Byochimi.

Ou ka li tou: La précarité des journalistes fragilise la démocratie en Haïti

Edwy Plenel ki kofonde jounal Médiapart ki se yon modèl medya nan mond lan, pa fini etid li te kòmanse nan Syans Politik.

Gen anpil lòt ekzanp konsa kote, se angajman pwofesyonèl, konpetans bazik ak respè prensip etik metye a ki fè yon pakèt bon jounalis nan mond lan. Men, n ap remake, jeneralman, jounalis ki gen bon fòmasyon akademik, pote yon bon valè nan kalite travay yo. Jounalis Ayisyen ki pi selèb jiskaprezan, Jean Dominique, se yon agwonòm li te ye. Konpetans akademik ak kilti jeneral li, te pèmèt li fè yon travay bon kalite.

Laprès se yon metye ki mande anpil travay sèvo. Se pou sa, nan peyi ki gen près bon kalite, se moun nou kalifye « entèlektyèl » yo ki dirije yo. Epi tou, laprès se yon poto pou kenbe demokrasi nan tout sosyete (bay moun lapawòl, defann dwa, siveye dirijan yo, denonse deriv).

Li pi fasil pou w fè travay jounalis jodi a

Revolisyon nimerik la boulvèse modèl ekonomik medya tradisyonèl lokal yo. Anpil jounal fèmen toupatou nan mond lan tèlman yo paka reziste ak bourad entènèt la. Sa vin kreye yon seri « dezè medyatik » nan yon pakèt rejyon nan mond lan. Sa vle di, se de zòn kote sitwayen yo pa gen aksè ak bon jan enfòmasyon ki konsène yo.

Apre sa, fason gwo platfòm nimerik yo rale piblisite yo, vin fè gen yon seri jounal ki tounen « jounal fantom ». Sa vle di, yo ekziste, men yo pa gen enfòmasyon bon kalite ladan yo, tèlman yo pa gen mwayen pou rekrite bon jounalis. Se sijè sa jounalis Margaret Sullivan trete nan yon liv ki rele « Ghosting the News ». Rechèch yo montre, kote medya lokal yo sispann travay oubyen yo pa ekziste, koripsyon chita, epi patisipasyon sitwayen yo nan desizyon politik yo bese.

Margaret Sullivan te dènye moun ki te okipe pòs « Public Editor » nan The New York Times ki se medya ameriken ki gen plis prestij e youn nan pi gwo medya nan mond lan. Wòl yon « public Editor », se veye anndan medya a, èske etik pwofesyon jounalis la respekte nan travay yo. Se yon moun medya a peye pou kritike pwòp travay li.

Travay jounalis ap fè w rankontre anpil moun, epi rakonte istwa lavi yo ki pa vrèman pale nan sosyete a.

Travay jounalis ap fè w rankontre anpil moun, epi rakonte istwa lavi yo ki pa vrèman pale nan sosyete a.

Ak nouvo teknoloji nimerik yo, li pi fasil pou moun fè medya. Medya nimerik yo ekzije yon seri konpetans anplis de konpetans tradisyonèl jounalis yo. Apre konn ekri bon atik, jounalis yo dwe kapab metrize zouti nimerik yo. Medya nimerik yo mande yon seri talan tankou moun k ap pwograme nan enfòmatik, ki ka kreye sit entènet ak aplikasyon, moun ki fè enfografi, videyo, son, elatriye.

Jodiya, anpil medya ap envesti nan yon pòs yon rele « product manager ». Okenn kote poko fòme pwofesyonèl sa yo. Moun ki okipe pozisyon sa yo nan medya yo gen responsabilite pou aliye objektif editoryal yo ak nesesite komèsyal yo. Nan peryòd « Ekonomi Atansyon » n ap viv la, medya yo konprann nesesite pou devlope kontni yo tankou bon pwodui ki pou kapte atansyon piblik la.

Plis konpetans ak kalifikasyon fè pi bon jounalis

Moun ki diplome nan tout nivo (lisans, metriz, doktora) dwe pratike metye laprès pou ogmante nivo a an Ayiti. Yon enjenyè-agwonòm ki ap fè repòtaj sou agrikilti pa ekzanp, ap gen yon seri reflèks jeneralman yon moun ki pa nan domèn nan p ap genyen. Gras ak konesans li genyen alabaz, li ap konn ki kesyon ki esansyèl pou l adrese fas ak yon seri pwoblèm nan sektè a.

Anplis kontribiye nan fè demokrasi chita epi ouvè lespri moun, yon jounalis ki chwazi travay byen, devlope yon seri konesans k ap itil li pandan tout lavi l. Yon moun ki diplome nan ekonomi pa ekzanp, gendwa pandan karyè l, chwazi fè yon seri repòtaj sou ekonomi nan peyi a. L ap konnen ekzakteman kiyès k ap fè kisa, ki kote ak kijan. L ap konnen prensipal aktè ki nan diferan filyè, l ap devlope yon rezo kontak ak konesans. L ap gen aksè ak piblikasyon ki fèt nan domèn nan. L ap aprann ekri byen, apran manipile nouvo zouti, aprann tande epi priyorize bagay ki gen bon sans.

Kontrèman ak yon moun diplome ki chita ap pale san l pa vrèman konprann sa l ap di, jounalis espesyalize a ap gen eksperyans tèren an, li konn moun yo, li konprann reyalite a. Tout sa, pandan l ap fè yon travay ki itil sosyete a epi pandan l ap sèvi kòm modèl. Se konsa yon metye kapab bay lavi moun yon sans.

Gen anpil bèl istwa ki dwe rakonte. Gen anpil bagay k ap pase nan lavi a jounalis yo gen pouvwa pou fè yo parèt nan je sosyete a.

Ekzanp sa valab pou yon pakèt lòt domèn. Se ka pa ekzanp, ekonomis Thomas Lalime, ki pat satisfè ak sa l te konn li nan paj ekonomi jounal yo. Li te deside ale nan Le Matin pou l fè diferans lan apre kat ane depi l fin diplome CTPEA.  Li deklare : « Mwen ak kèk lòt ekonomis, nou te di nou pi byen plase pou n fè yon paj sou ekonomi ki enteresan. Nou te di tèt nou, ann fè diferans lan. »

Reflechi byen si w pa t ap fè enpak

Li difisil pou n depase yon seri konplèks ak prejije sosyete a foure nan nou depi nou piti. Jeneralman, pou yon moun avanse nan lavi a, fòk li aprann soti nan ti zòn li toujou konfòtab la. Eksperyans plizyè jenerasyon Ayisyen montre nou, sosyete a toujou mal oryante jèn yo. Se poutèt sa, mwen envite nou gen yon lòt konsiderasyon sou travay medya ak metye jounalis. Kesyon salè a toujou parèt nan pwen sa a. Men la ankò, gen yon lòt fason nou ka wè pwoblèm nan. Gen yon pakèt Ayisyen ki diplome ki aksepte travay nan biwo pou menm salè yon jounalis ap touche e pafwa mwens.

Li finalman: Voilà comment les médias haïtiens peuvent contribuer dans la lutte contre la corruption 

Mwen menm ki ekri tèks sa a, m pat janm panse m t ap jounalis nan lavi m. Se yon seri sikonstans ki depoze m la, epi mwen wè anpil sans nan travay m ap fè a. Reflechi byen !

Gen moun ki antre nan pwofesyon jounalis la paske, yo swa bezwen fè vedèt, oubyen, kreye rezo politik. Se konsa, gen moun ak gwo CV ki pa rive akouche travay ki nan dimansyon CV yo. Gen plizyè jounalis san diplòm ki pwodui travay pi bon kalite. Rezon an m panse, se fason nou konplekse ak travay ki mande mete men. Souvan nou panse, depi yon moun konn li ak ekri, se travay dèyè biwo li dwe fè ak pale anpil toupatou. Se konplèks sa ki fè plizyè moun ki revandike tit jounalis, pa rive pwodui bon travay sou tèren. Yo bay opinyon sèlman.

Fòk nou aprann apresye valè moun yo sou kalite travay yo. Jounalis se yon metye menm jan ak tout lòt, li gen ekzijans li. Plis ou byen travay, se pi bon rezilta w ap bay.

Pou m fini, men kèk pwojè enteresan ki montre richès ak divèsite teknoloji nimerik la bay pou travay jounalis nan tan n ap viv la. Gen yon pakèt travay enteresan ki nan domèn nan, men, mwen mete sa yo sèlman.

  • Hibridos : Yon pwojè dokimantè sou diferan rit ak rityèl relijyon nan peyi Brezil. Pou pwojè sa, reyalizatè yo kreye yon sit espesyal ki bay detanzantan yon seri fim dokimantè sou chak rit kwayans yo. Se yon bijou !
  • Serial (Podcast) : Yon podcast sou yon seri ka ki nan lajistis Ozetazini. Poscast sa telechaje plis pase 340 milyon fwa.
  • Datajournalism.com : Yon platfòm ki itilize done pou pwodui travay jounalistik bon kalite.
  • The Counted : Yon pwojè jounal Anglè The Guardian kreye pou montre kantite moun lapolis touye Ozetazini.
  • The City : Fè yon bèl travay repòtaj pandan pandemi Covid la nan Nouyòk, yo eseye jwenn tras anpil moun ki mouri, epi pale de moun sa yo atravè yon pwojè ki rele Missing Them.
  • Sideways  : Yon seri dokimantè ki fèt pou pibliye sou entènèt. Yon travay enteresan !
  • Humans of New York : Yon blòg foto ki rakonte istwa moun ak foto. Pwojè a kòmanse ak foto moun Nouyòk. Apre sa, gen sitasyon moun yo ki ajoute. Jodi a HONY gen plis pase 18 milyon moun k ap suiv paj la sou Facebook.

Ralph Thomassaint Joseph

Commentaires

Ralph thomassaint Joseph
Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Quel était l’idéal politique de Jean-Jacques Dessalines ? (Première partie)

    Previous article

    Me Marie Suzy Legros : «Le procès du Bâtonnier Monferrier Dorval nous tient à cœur »

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost