Le BlogOp_Eds

OP-ED: Kondisyon yo reyini pou timoun jodi pa itil peyi a anyen demen

0

Kòman yon timoun ki pa marande ak bon jan edikasyon, ak bon jan refleksyon ki pou dezonbifye l e bal lespri kritik kapab vin granmoun demen ? Kòman yon Leta ki pa mare sosis li ak konpetans,valorizasyon edikasyon kapab pretann timoun Jodi ap vin granmoun demen?

Timoun jodi granmoun demen se youn nan pwovèb ki toujou ap klewonnen nan peyi Ayiti. Se yon mannyè pou montre sosyete a ap kontinye egziste a travè jèn yo ki, avèk matirite, eksperyans gen pou yo vin granmoun. Men si n ap gade byen, n ap wè mak fabrik pwovèb sa se aloral paske de jou an jou, pa gen okenn aksyon ki poze pou fè timoun yo tounen granmoun tout bon.

Lè nou di GRANMOUN, nan sans sa, nou wè moun ki kapab egzèse dwa yo, ki konn devwa yo e ki konsyan yo responsab. Nou wè tou moun ki ka mobilize yon ansanm konpetans pou envesti yo nan sosyete a nan sans enterè ak byennèt kolektif. Lè nou di granmoun, nou wè responsabilite, etik, angajman sosyal ak bon jan aksyon sitwayèn.

Yon lotè Fransè ki rele Antoine de Saint Exupery, nan yon liv li ekri ki gen pou tit «Terre des hommes » fè konnen yon moun se Granmoun  lè li responsab. Yon granmoun, toujou selon Saint Exupery, se yon moun a travè aksyon l ap poze ki kontribiye nan pwogrè mond lan.

Yon lòt bò Saint Exupery fè konprann pou yon moun responsab li dwe aksepte epi sibi konsekans zak lap poze. Nan sans sa, depi n ap pale de GRANMOUN, nou dwe otomatikman marande l ak responsabilite.

Lè n ap fè radyografi sosyete peyi Ayiti, n ap rive konprann se yon sosyete ki gen problèm nan tout nannan li.

Anpil sosyològ rive rekonèt se nan sosyete moun reyalize tèt yo. Sa vle di, se sosyete a, a travè diferan enstitisyon l yo e nan dinamik fonksyonman li nan sa ki gen pou wè ak politik ki adapte nan divès domèn tankou alimantasyon, edikasyon, enstriksyon, sante, lwazi, elatriye, k ap fòme moun  pou patisipe nan repwodiksyon li.

Kalite moun n ap gen demen yo, jan yo pral konpòte yo, pozisyon sosyal yo, jan yo pral panse, jan yo pral aji, pral sitou depann de sa sosyete jodi a ap transmèt yo. Se sa sosyològ Pierre Bourdieu ak Jean Claude Passeron nan yon liv yo ekri ansanm ki gen pou tit ERITYE YO (Les héritiers ) rele « Repwodiksyon sosyal ».

Edikasyon

Youn nan pi gwo eleman santral nan zafè repwodisksyon sosyal la se edikasyon men eleman sa pèdi tout bonnanj li anba neglijans Leta. Nan lide pou rann yon ti gwoup moun konfòtab (Elit ekonomik, boujwazi, siwolibanè elatriye) leta neyokolonyal la, koupe kout je inyorans mas popilè a. Inyorans sa sèvi zam pou yo garanti dominasyon yo.

Daprè yon fowòm alfabetizasyon ak edikasyon ki te òganize nan ane 2015 (15-16 jen), sou chak dis (10) Ayisyen gen twa (3) ki se analfabèt. Sa ta vle di 30 % nan popilasyon an pa konn li ak ekri.

Pou 70% ki swadizan jwenn chans al lekòl yo, gen yon veritab miwo miba (inegalite)ant gwo lekòl ak ti lekòl (lekòl bolèt).

Nan yon atik jounal Le Nouvelliste te pibliye nan dat 24 janvye 2014, nou aprann genyen 52 % pwofesè nan sistèm edikatif ayisyen an ki pa kalifye. Kidonk, anpil  nan sila yo ki al lekòl pa gen aksè ak bonjan edikasyon, sa ki konplike sitiyasyon peyi a plis toujou paske yon moun mal fòme pi danjere pase yon moun ki pa fòme ditou.

Edikasyon ti koulout sa tounen yon kansè pou bon jan refleksyon ak lespri kritik. Konsyans anpil moun k ap sibi eksplwatasyon ak vyolans sou tout fòm bobo ak simityè.

Sila ki swadizan byen fòme yo pa jwenn yon fòmasyon ki kapab ede yo panse ak reflechi sou pwoblèm k ap wonje sosyete a, anpil nan yo redui nan swiv chimen vant yo, defann enterè mesken ak nan pran pozisyon lelit, men yon lelit dezatikile, iresponsab. Sa fè pozisyon lelit yo vle adopte a rete yon senp pretansyon paske si nap gade konsèp lelit la nan linèt Jean Price Mars (1876-1969), n ap wè l jwenn tout sans li nan obligasyon moun sa yo dwe bay tèt yo pou aplike savwa yo nan defini bon jan pwojè sosyete ki bobo ak byennèt epi pwogrè peyi a. Men lekòl neyokolonyalis ki produi lelit sa rann sila yo k ap souse manmèl peyi a konfòtab paske majorite moun ki pase landann pa rive dezonbifye pou kesyone e mete pozisyon yo an peril epi poze aksyon pragmatik pou transfòme reyalite demounizan sosyete a.

Sitiyasyon sila fè n konprann sistèm edikatif la yon Bò epi sosyete a yon lòt Bò, pa gen zanmitay nan mitan yo. Se sa yon lotè tankou Yves Dejean montre nan yon liv ki rele, YON LEKÒL TÈT ANBA NAN YON PEYI TÈT ANBA lèl di: « Sistèm edikatif Ayisyen  pa fòme moun pou aji nan enterè kolektivite a. »

Lekòl ak reyisit pa ale ansanm

Gen yon lòt sitiyasyon malouk ki mete abse sou klou nan koze lekòl la. Konplo Leta ak boujwazi retwograd la detwi tout posibilite pou mete kanpe yon sosyete ki devlope bonjan rapò ak konesans syantifik, etid elatriye. Kòkòday ant lekòl ak reyisit pa defini kòm ideyal tip pou jènès la. Men de (2) gwo rezon pou n kore sa n di a :

1)Enstitisyon Leta nan peyi a pa mete aksan sou konesans ak konpetans.

Nan yon atik ki te pibliye sou administrasyon piblik nan peyi a nan dat premye oktòb 2018, Le Nouvelliste rapòte pawòl Josué Pierre Louis ki fè konnen : « Sou 81 000 anplwaye ki fome fonksyon piblik la, gen mwens pase 5 % ki gen yon lisans ».

Nan anviwon 95 % an, gen anpil ki pa gen pyès kalifikasyon, se zanmitay politik, rapò familyal, relasyon lanmou ki reprezante baz entegrasyon yo.

Kidonk, pakou Akademik, konpetans prèske pa sèvi kòm kritè pou moun okipe fonksyon nan Leta. Se nepotis, kòkòday politik, twou nan manch ki peze pi lou nan kritè kalifikasyon yo. Sa ki vin diminye pi plis chak jou plas enpòtan lekòl ta dwe jwe nan estrikti sosyete a. Pou resevwa enkonpetan ak  kowonpi, se yon gwo baryè ki louvri men se yon ti tou blòk plen twal arenye yo kite louvri pou moun konpetan ak moun dwat pase. Tout sa yo se konsekans pratik Leta neyokoloyal la ki pa vle kreye pyès presedan ki ka derasine l. Timoun jodi yo pa gen egzanp kompetans ak pakou akademik kòm kondisyon pou yo vin kichòy nan sosyete a.

2) Anpil kad nan peyi a oblije lage pye yo nan lòt peyi. Daprè Le Nouvelliste (4 oktòb 2011), 70% kad fòme peyi Ayiti ap viv nan lòt peyi. Ensekirite piblik, ensekirite sosyal, konplo ant Leta ak boujwazi retwograd pouse do yo al Etaznini, Kanada, Lafrans elatriye.

Yon peyi ki pa chita politik li sou kreye kondisyon pou bon jan kad fòme entegre divès enstitisyon yo ap toujou plonje nan solisyon kosmetik,enprovizasyon ak desizyon souf nan tyou. Se sak fè, sosyete a rive nan yon dimansyon kote yon seri ekspresyon tankou «kolòn ki bat », «Menm nan lanfè gen moun pa» tounen kritè pou seleksyone moun.

Nan sans sa, konpetans, moralite ak etik tounen mo pou n mete nan mize, yo pa sèvi kòm eleman pou chwazi moun pou mete nan divès fonksyon nan peyi a. Lè timoun yo gen move pratik sa yo kòm modèl, pi devan, yo plis gen tandans mize sou zanmitay avèk minis, direktè jeneral, depite, senatè elatriye (ak tout move konfyolo sa ka genyen) pou yo ka ogmante posibilite pou yo sòti tèt yo pandan yo p ap fè efò pou yo etidye, ogmante konpetans yo paske lojik «kolòn ki bat la» la rive tèlman chita kòl nan sosyete a, kòkòday ak yon zotobre nan Leta ou lòt enstitisyon prèske pran plas konpetans, diplòm ak lisans.

Kòman yon timoun ki pa marande ak bon jan edikasyon,ak bon jan refleksyon ki pou dezonbifye l e bal lespri kritik kapab vin granmoun demen ?

Kòman yon Leta ki pa mare sosis li ak konpetans, valorizasyon edikasyon kapab pretann timoun Jodi ap vin granmoun demen?

Nan sa ki gen pou wè ak moralite, nou plonje nan yon derègleman sosyal, sa vle di yon eta kote yon seri valè ap vole gagè. Gen anpil lane depi sosyete a devlope yon seri pratik ki bat chalbare deyè etik ak pidè fòw ta di se yon savann kote respè, diyite ak onè mouri antere.

Lajan « Commission intérimaire pour la reconstruction d’Haïti » (Cirh) gaspiye apre tranbleman, volè yo ap bat lestomak yo. Kòb petwokaribe dilapide, vòlè yo ap fè awogans nan tout radyo kòmkwadire volè se valè.

Anpil moun, sitou manfouben k ap koupe rache nan Leta Peyi a, sòti pou fè sa yo vle poutan nou gen règ yo ak prensip ki blayi sou papye men nan konpòtman moun sa yo, yo koupe yo kout je. Obsèvasyon sila mennen nou dwat nan sa sosyològ Alain Gilles rele KILTI DETOUNMAN. Nou gen kòd yo, prinsip yo, lwa yo ak enstitisyon ki ta dwe la pou fè respekte yo men pratik yo pa kadre ak sa ki ekri.

Pèsonn moun pa vle kreye antesedan ki gen pou wè ak aplikasyon lalwa yon mannyè pou l ka benefisye gras yon lòt demen lè li menm li bafwe la lwa. Si lajistis rann yon nasyon gran, enjistis nan tout sans, diminye l e plonje l nan labim.

Si nap pran san nou poun gade, n ap wè rapò anpil moun nan sosyete a ak lajan kapab konsidere kòm youn nan koz ki esplike deperisman sa. Se yon rapò ki chita sou yon depandans avèg kote anpriz kapital la (lajan) pase anba pye tout valè.

Entegrasyon kapital (lajan) atake tout sak dwe fèn viv tankou moun. Devan lajan, tout valè ki dwe marande ak diyite vole gagè.

George Orwell (1903-1950) te deja di: «  Gen yon lè k ap rive, sosyete yo nan mond kapitalis la gen pou fè fas ak depèdisyon tout valè. Sa yo rele modèl yo p ap egziste ‪ankò. Se ap konsekans anpriz pouvwa lajan ( kapital ) ».

Jounen jodi a, lajan jwe yon wòl deteminan nan tout ti koulwa sosyete a, tout bagay kwense anndan l. Lajan achte konsyans,li achte jistis, li patisipe nan envèse anpil gwo valè ki te reprezante poto mitan sosyete a. Nou plonje nan yon kriz modèl.

Kòman Timoun ki pa gen  bon modèl pou swiv jodi a kapab vin granmoun demen ?

Kòman timoun kapab vin granmoun demen nan yon sosyete kote koripsyon ap taye banda, imoralite ap vale teren ?

Lakilti

An nou kounye a fè yon kout  tèt sou la kilti. Youn nan pi gwo bagay ki kapab ede yon nasyon rete vivan se kilti li ki se nanm li epi fondman idantite l. Gen yon  lotè ki rele Jean Casimir ki difini kilti konsa: « Se tout enstriman sosyal ki fondamantal nan konstriksyon pèsepsyon nou. »

Enstriman sosyal yo se lang, kwayans, valè, relijyon ki jwe wòl poto mitan nan fason n ap gade tèt nou epi nan fason n ap gade lòt yo. Enstriman sa yo gide konpòtman ak pratik kiltirèl nou, yo fòje idantite nou, mete kanpe yon ansanm eleman ki pwòp ak nou, ki ban nou respè ak nanm. Poutan lè n ap gade byen, chak jou kap pase, nap pèdi respè sa. Gen plizyè rezon ki kapab esplike sa:

Premye rezon an jwenn sous li nan sistèm neyokolonyalis la ki vle kontinye detwi tout sa nou genyen kòm reprezantasyon sosyal tankou lang, kwayans, pratik kiltirèl, relijyon elatriye.

Menm nan aktivite prekanavalès yo, mizik k ap taye banda sou cha yo konn pa gen anyen pou wè ak mizik Ayisyèn alòske kanaval la ta dwe yon espas pou fè pwomosyon kilti pa nou. Gen yon tandans pou dyabolize tout sa ki pou nou. Nan sans sa, anpil moun nan sosyete a konn ap repete kreyòl la se yon lang vilgè, vodou se satan, vodou se dyab, poutan, lè n ap gade byen, n ap wè vodou te jwe wòl relijyon liberatris nan kontèks kolonyal la fas ak katolik la ki t ap sipòte kolonizasyon e ki te itilize pou tabli kolonizasyon mantal epi rann sistèm kolonyal esklavajis la konfòtab.

Dezyèm rezon an se vyolans senbolik anpil moun ap sibi chak jou a travè aparèy ideyolojik yo (laprès, lekòl, legliz….) yon lotè tankou Pierre Bourdieu, fè konnen vyolans senbolik la se yon fòm dominasyon sosyal kote moun y ap domine yo konsidere lòd anplas la kòm yon bagay nòmal e natirèl. Moun k ap sibi dominasyon yo pran lide ak konpòtman klas dominant lan pou siperyè pandan l konsidere klas pa l lan  kòm enferyè.

Nan sans sa yo vin devlope yon santiman ki fè yo santi yo mwens moun, yo vin santi yo ensiyifyan fas ak moun klas dominant yo. Sitiyasyon sa souvan pwodui twa (3) konsekans:

1) Moun Ki sibi fòm vyolans sa souvan gen tandans nwaye nan imitasyon nan chache konfòme pratik yo, konpòtman yo ak modèl aparèy ideyolojik yo enpoze a.

2) Vyolans senbolik la souvan ansèkle lespri yo. Sa ki anpeche yo pran pozisyon kritik, demaske reyalite a epi sèvi ak eleman kiltirèl pa yo pou yo avanse.

3)Vyolans senbolik la ba yo yon seri diskou kont pwòp tèt yo. Se yon seri diskou k ap maske listwa, kap maske reyalite lavi yo yon mannyè pou lòd anplas la toujou rete konfòtab.

Ann pran kèk egzanp

Se vyolans senbolik la ki fè anpil moun nan sosyete a toujou ap di yo gen senk (5) dwèt youn pa menm longè, se nòmal pou gen moun  rich se nòmal pou gen moun pòv. Nan sans sa, povrete a vin pou yo yon òd ki natirèl, yo konprann yo paka fè anyen kont sa alòske se yon bagay ki sosyal e ki konstwi istorikman. Sa vle di, se lèn founi je gade listwa nap jwenn esplikasyon sou zafè inegalite, n ap ka rive konprann poukisa gen yon gwoup sansi ki gen tout pou yo epi majorite a ap benyen nan kras.

Se vyolans  senbolik la ki fè yon pakèt moun nan sosyete a ap dechouke koulè po yo. Y ap douko pakse gen yon tandans ki marande moun po klè ak siperyorite.

Se vyolans senbolik la ki fè anpil moun ap di kreyòl pa lang, anpil responsab vle metel deyò nan lekòl Ayisyèn yo, anpil lekòl pa itilizel kòm zouti pou transmèt konesans. Poutan, toujou nan liv YON LEKÒL TÈT ANBA NAN YON PEYI TÈT ANBA , Yves Dejean fè konnen: « Elèv Ayisyen yo t ap devlope pi byen kapisite pou yo panse ak rezone si yo te aprann nan lang manman ak papa yo ki se kreyòl ».

Konprann byen, kreye kondisyon pou moun yo pa byen konprann sa k ap di, sa y ap tande, se redui posibilite pou yo di yo pa dakò, pou yo konteste, se mete yo nan sitiyasyon pou yo dakò sa yo pa konprann paske yo wont di yo pa konprann pou lòt pa di yo se moun sòt. Anpil fwa, lè yo pa konprann sak ekri, sak di, olye yo atake fòm kominikasyon an ki chita sou demagoji, yo prefere kilpabilize tèt yo. Se konsekans vyolans senbolik la ki akselere kolonizasyon mantal la.

Se vyolans senbolik la ki fè nou toujou vle choute tout sa ki pou nou. Sitiyasyon sa vle defigire anpil moun nan sosyete a, li rann anpil moun etranje ak pwòp tèt yo. Poutan yon pèp k ap pèdi idantite l vin tankou yon likid, li pran fòm tout kalte veso, paske l vin pèdi solidite l, branch rezistans li kòmanse kase.

Milan Hubl (1927-1989) ki se yon ekriven tyèk fè konnen : « Pou detwi yon pèp, yo dwe kòmanse detui istwa li, memwa li, liv li, kilti li. Epi lòt pèp ap  envante ba li lòt istwa, lòt kilti, lòt liv, konsa l ap komanse bliye kiyès li ye, e lòt nasyon ap derekonèt li ».

Kòman timoun jodi kapab vin granmoun demen lèl sispann li menm, lèl pèdi idantite l, lèl etranje ak pwòp tèt li?

Timoun jodi yo pa nan yon anbyans sosyal k ap transmèt yo bonjan fòmasyon ak edikasyon pou rann yo responsab demen. Leta pa rann aksesib eleman ki kapab ede yo viv tankou moun e ede yo vin moun tout bon. Kòman pou yon moun vin granmoun demen lè pat janm te gen kondisyon ki tabli pou te fèl santi l moun, pou responsabilize l? Founi je gade kondisyon lavi majorite a: pwoblèm lojman, pwoblèm sante, pwoblèm manje pwoblèm edikasyon. Pa gen okenn kondisyon ki reyini pou fè n rele yo moun tout ‪bon.

Pou timoun jodi vin granmoun demen:

Fòk yo nan bonjan kondisyon sosyal ki marande ak byennèt pou pèmèt devlopman kò yo ak lespri yo.

Fòk edikasyon sispann pawaze anlè san janm ateri nan fòme moun ki paka mobilize konpetans yo pou aji ak transfòme reyalite sosyete kote yap viv la.

Fòk gen yon transfè sosyete kote aksyon sosyal ak politik yo ap chita sou valorizasyon moun, kote pratik sosyal ak politik yo ap mawonnen ak jistis sosyal, politik epi byennèt kolektif.

Fòk fonksyonman politik nan peyi a sispann esklav enpinite, koripsyon ak vòl. Fòk pwosè Petwokaribe fèt yon mannyè pou kreye bon jan antesedan pou kontrekare detounman lajan Leta ak koripsyon.

Fòk gen yon lòt Leta ki dwe kreye bon jan dinamik pou rann edikasyon, liv ak lasyans pi aksesib pase zam.

Fòk elit ekonomik ak politik la dakò dechouke koz dechoukay yo ki se : Inegalite, esklizyon, mizè, chomaj, koripsyon, elatriye…

Fòk gen yon gwo mouvman popilè ki pou chavire mòd sosyete sa epi enpoze konkretizasyon aspirasyon mas popilè a kòm sèl kondisyon pou Leta kontinye egziste nan peyi a.

Si se sitiyasyon malouk nou gen jounen jodi a ki kontinye vale teren nan peyi a, zafè timoun jodi granmoun demen an ap toujou rete pawòl nan bouch.

Donald Veillard
Edikatè /sosyològ

Commentaires

Des paysans se demandent si le Coronavirus existe. Ces artistes et personnalités répondent.

Previous article

Quand Jovenel Moïse doit-il quitter le pouvoir ? En 2021 ou en 2022 ?

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost