Opinions

Nesmy Manigat | Poukisa gen rezistans lè lekòl 19è syèk la kòmanse kraze ?

0

Nan 21è syèk sa a, nou pa ta dwe kontinye imajine yon egzamen ofisyèl ki pa evalye edikasyon sivik (sitwayènte), kilti Ayiti, inisyasyon nan ekonomi ak metye, teknoloji elatriye, tankou 4 nouvo matyè obligatwa 2023 yo. Egzamen Sètifika tradisyonèl la pa te gen matyè sa yo, epi li pa te chita sou konpetans reyèl, men plis sou memwa. Nan 21è syèk sa, sa pa ka sifi ankò

Youn nan pi gwo mak fabrik yon sosyete lib, se lè sitwayen e sitou jenès li ka reflechi, di sa li panse, jwenn solisyon e aji sou pwòp pwoblèm li. Se konsa anpil liv nan tan antikite rapòte refleksyon plizyè filozòf sou diferans ant sitwayen ak esklav.

Si nou aplike refleksyon sa a nan edikasyon, nou ka di lè yon elèv pa gen kapasite pou sèvi ak lang li, lè li pa gen opòtinite di sa li panse alèz, epi rezoud pwòp pwoblèm lakay li, li vin tankou moun ki pa lib ; kidonk ki pa sitwayen.

Wi, edikasyon pa sèlman aprann li, ekri, resite teyori, san kapasite pou remete an kesyon sa ki p ap mache ankò. Se pou sa kourikoulòm 2024-2054 la vle bay elèv mwayen pou reflechi plis, pou egzèse panse kritik, pou pratike sitwayènte, pou kòmanse konprann metye pratik ki ka itil li ak peyi l depi sou ban lekòl, pandan li pa wont eksprime idantite l.

Baryè Sètifika: premye echèk masif nan lavi timoun yo

Depi plis pase de (2) syèk, lekòl ap fòme plizyè jenerasyon elèv pou plis aprann “pakè” epi resite sitasyon. Se vre lekòl sa te bay yon ti minorite gwo sèvo ki te eksepsyon e non echantiyon. Yo te rive reyisi e menm fini etid yo aletranje, men majorite toujou echwe.

Lè nou gade diferan egzamen ofisyèl pandan syèk pase a : Sètifika Etid Primè, 9è AF, Reto, Filo, se plis zouti pou fòme epi evalye sitwayen izole olye sitwayen angaje. Lekòl sa a plis fòme sitwayen pou reyisi aletranje pase Ayiti.

Anplis, nan ka egzamen Sètifika a, tout timoun oblije konpoze sèlman nan lang fransè. Pifò nan yo echwe depi laj 10–11 an, pa paske yo pa konprann kesyon yo, men paske yo pa ka reponn nan lang egzamen an. Malgre sa, gen moun k ap bòykote Liv Inik an kreyòl ayisyen an, paske li vin antrave kèk komès kote lekòl ap vann pwòp liv pa yo, kote paran oblije achte 15 a 20 liv chak ane, ladan yo anpil pa itil. Rezilta a, se yon echèk masif san rezon nan yon lekòl plizyè vitès.

Nan 21è syèk sa a, nou pa ta dwe kontinye imajine yon egzamen ofisyèl ki pa evalye edikasyon sivik (sitwayènte), kilti Ayiti, inisyasyon nan ekonomi ak metye, teknoloji elatriye, tankou 4 nouvo matyè obligatwa 2023 yo. Egzamen Sètifika tradisyonèl la pa te gen matyè sa yo, epi li pa te chita sou konpetans reyèl, men plis sou memwa. Nan 21è syèk sa, sa pa ka sifi ankò.

Genyen tou yon gwo kontradiksyon ak konstitisyon 1987 la. Konstitisyon sa a tabli lekòl fondamantal nèf (9) ane ki obligatwa e ki anba responsabilite Leta. Men egzamen Sètifika a koupe sik sa a nan mitan, fòse timoun kite lekòl twò bonè. Nan sans sa a, baryè Sètifika a pa sèlman enjis, men li antre an konfli dirèk ak lwa manman peyi a.

Echèk òganize sa a se gwo fabrik vyolans

Echèk sa yo pa rete nan sal klas yo sèlman. Yo gaye nan sosyete a, kote jèn ki lage lekòl san fòmasyon ni diplòm vin pi fasil pou gang ak rezo vyolans rekrite. Yon timoun ki pèdi chimen lekòl lè li genyen sèlman 11 lane, pa gen okenn chans pou vin yon sitwayen ki pran plas li nan devlopman peyi a.

Depi ane 2009, prezidan René Préval te mete sou pye yon “Groupe de Travail sur l’Éducation et la Formation”, ki te pibliye dokiman istorik “Pacte pour l’Éducation”. Rapò sa a te deja klè sou yon pwen: egzamen Sètifika dwe elimine. Tout lòt peyi sou latè fè yon sèl egzamen final, apre yon sik edikasyon obligatwa. Pa gen okenn lòt kote timoun oblije pase de (2) egzamen nasyonal ofisyèl avan bakaloreya. Ayiti te izole nan yon pratik demode, yon rès lekòl 19è syèk ki kont transfòmasyon mond jodi a kote entelijans atifisyèl ap domine chak jou pi plis.

Tout 12 mezi yo ta dwe kontinye aplike

Echèk sa yo pa rete nan sal klas yo sèlman. Yo gaye nan sosyete a, kote jèn ki lage lekòl san fòmasyon ni diplòm vin pi fasil pou gang ak rezo vyolans rekrite. Yon timoun ki pèdi chimen lekòl lè li genyen sèlman 11 lane, pa gen okenn chans pou vin yon sitwayen ki pran plas li nan devlopman peyi a.
Depi 2014, Leta mete sou pye yon seri 12 mezi pou eseye diminye inegalite ak echèk epi pèmèt ranplase egzamen Setifika a pa evalyasyon nasyonal nan 4è, 6è ane fondamantal. Evalyasyon sa yo sèvi kòm dyagnostik: yo montre sa k ap mache mal, yo pèmèt korije pandan elèv la toujou sou wout la, e yo evite kase avni timoun depi nan 6è ane. Mezi sa yo enpòtan tou paske y ap prepare Ayiti pou rantre nan evalyasyon rejyonal ak entènasyonal tankou PISA, TIMSS, LLECE, PASEC. Jouk jodi a, Ayiti se sèl peyi nan rejyon an ki pa patisipe nan okenn egzamen entènasyonal konsa. San patisipasyon sa yo, peyi a pa gen zouti pou konpare aprantisaj elèv li yo ak lòt peyi yo, ni pou mezire fòs ak feblès pwòp sistèm li tout bon.

Anplis, obligasyon pèmi Anseye a, se yon egzijans pou asire elèv yo jwenn pwofesè kalifye epi motive, san konte lòd ki dwe kontinye mete nan lekòl yo ak Pèmi pou dirije epi yon Nimewo Idantifikasyon Eskolè Inik #NISU gratis pou chak elèv. Se yon fason pou Leta a kapab pi byen swiv pakou pedagojik ak administratif chak elèv. Sa mande tou plis mwayen pou sektè a, swa 20% bidjè a oubyen 6% PIB pou pi piti, jan nou toujou ap fè pledwaye pou sa.

Men, pou vizyon sa a vin reyalite, ijans lan klè: Leta dwe kontinye rekritman ak fòmasyon yon nouvo jenerasyon anseyan, sòti nan fakilte ak enstitisyon tankou FDSE, FLA, ENGA, ENS, CFEF, UPR ak lòt sant fòmasyon, pou asire chak timoun jwenn kalite ansèyman nouvo epòk sa a. Paske san nouvo anseyan ak nouvo ansèyman, kourikoulòm 2024-2054 la p ap ka vin tout bon yon zouti pou konstwi lapè ak devlopman.

Nou ka li tou : Opinyon | Pwochen revolisyon Ayisyen an se padon 

Nesmy Manigat

Kouvèti : Kat ekolye ki nan lari sou wout pou al lekòl. Foto : UNICEF Haiti

Nesmy Manigat est un ancien ministre de l'Éducation nationale et de la Formation professionnelle. Il occupe actuellement le poste de président du comité de gouvernance, d'éthique, des risques et des finances du Partenariat mondial pour l'éducation (GPE)

    Comments