Le BlogOp_Eds

Nesmy Manigat: «Enterè ekonomik manipile anpil opinyon sou zafè refòm»

0

Mwen obsève anpil paradòks nan zafè “chanje sistèm” inegalite peyi Dayiti nan tout domèn, sitou nan politik. Eksperyans pa m montre pa egzanp depi w manyen nenpòt ki eleman nan sistèm edikatif ki p ap mache a, se sakrilèj

Pandan MENFP te rive fè ekonomi plis pase 400 milyon goud nan lane 2015 kote egazmen ofisyèl ki te konn koute 600 milyon pase a mwens ke 200 milyon goud, moun ki pèdi nan aktivite sa agimante ke desizyon sa kraze sistèm nan. Gen moun ki rive panse ke twòp elèv ayisyen ki pa entelijan pase, komsi resite pakè nan egzamen se entelijans. Komsi depanse tout kòb sa chak ane pou mwens pase 10% ayisyen fini fè lekòl segondè ak yon kourikoulòm ki ekspire, se yon sistèm ki jis e ekitab. Kòmsi depanse plis lajan pou fè egzamen ke pou aprantisaj ki pra l evalye a, nòmal.

Depi sòti nan inifòm inik pou lekòl piblik, pase nan retire baryè egzamen leta ki initil, jis rive nan chanjman kourikoulòm, li pa fasil pou fè pase mezi ki ta vle sanble ak jistis sosyal.

« Gen paran ki retire pitit yo nan lekòl piblik pou yo pa abiye menm jan ak pòv yo »

Konsa, li pa te fasil nan kòmansman, pou lekòl piblik nan bon katye lavil yo dakò pou elèv pa yo sanble ak elèv lekòl piblik katye popilè yo. Se apre anpil rankont, diskisyon, malgre menas moun ki gen monopòl nan vann inifòm, ke desizyon sa rive pase. Malgre tou,  gen paran ki retire pitit yo nan lekòl piblik pou yo pa abiye menm jan ak pòv yo. Se vre ke jodi a plis ke yon milyon ti ayisyen kit se sa ki Lise Lasalin, Lise Granravin, Lise Petyonvil, Lise Marijàn, FIC, lekòl nasyonal santi yo pi pre youn ak lòt e sispann pete batay nan mitan lari. Paran yo soulaje tou paske gen mwens depans.

Gen ayisyen ki toujou atache a eritaj lekòl franse 19-20e syèk la.

Yon lòt egzanp, se eliminasyon diplòm Leta « Sètifika ». Malgre atik 32.3 Konstitisyon amande a ranplase « Lekòl primè 6 ane obligatwa » pa « Lekòl fondamantal 9 ane obligatwa », gen moun ki repwoche m dèske Leta sispann bay diplòm « Certificat d’Etudes Primaires (CEP) ».  Gen ayisyen ki toujou atache a eritaj lekòl franse 19-20e syèk la. Yo pa reyalize ke Lemond egzije plis konpetans de baz, sitou pou sila yo ki gen abitid abandone lekòl apre premye papye Sètifika Leta sa.

« Enterè ekonomik manipile anpil opinyon an sou zafè refòm »

Antouka depi apre #12Mesures yo, Leta kanpe sou zafè konstwi lekòl primè 6 klas sèlman andeyò, pandan li t ap konstwi lekòl 9 ane fondamantal lavil.  Jodi a malgre lòbi moun ki pa renmen desizyon sa, paran yo pa enskri fasil pitit yo nan lekòl ki gen sèlman 6 ane. Paran yo pa gen tou pou peye egzamen Sètifika. Evalyasyon-dyagnostik depi nan 4e AF, 6e ou 7e AF, se nouvo mwayen Leta pou kontwole pwogrè elèv yo. Rezilta egzamen 9e AF ane sa, kote elèv yo ki pa gen diplòm Sètifika tradisyonèl la pase a 76%, montre ke egzamen sa te plis yon aktivite sosyal ke yon aktivite pedagojik, nan dènye tan sa yo.

Mwen te ka pran anpil lòt egzanp ankò ki montre kijan enterè ekonomik manipile anpil opinyon sou zafè refòm, tankou ki jan kèk moun k ap vann divès kalite liv ak fotokopi tradisyonèl nan segondè a entoksike refòm kourikoulòm nan sou pretèks nou pa pare depi 35 lane apre minis Joseph C Bernard te eseye. Kote yo menm fè kwè ke nou pa pare pou kou literati kreyòl paske nou pa gen ase liv, alòs ke nou gen yon literati kontanporen ki rich.

« Chita e aprann de moun ki dwe benefisye de chanjman sa yo »

Chanjman ak devlopman pa fèt pou moun, li fèt ak moun e sa mande anpil imilite. Pa egzanp, Ministè a pa t ap janm ka enpoze inifòm inik, ni koulè a, si li pa te chita ak elèv yo a travè divès “focus group”. Ministè a pa t ap janm ka elimine kèk egzamen si li pa te chita ak plizyè moun ki gen otorite e ke yo respekte nan zafè edikasyon. Pandan mwen rekonèt gen menas pou tout moun k ap batay pou chanjman ak refòm, eksperyans mwen aprann mwen ke gen solisyon tou, tankou :

  1. Chita e aprann de moun ki dwe benefisye de chanjman sa yo;
  2. Pa panike devan gwo kritik ak menas;
  3. Pa pè deba kontradiktwa, sitou sou rezo sosyo yo;
  4. Pa pèdi tan jistifye, kite tan fè travay li;
  5. Aprann de kritik ki ka pi negatif yo e ajiste sa ki merite;
  6. Finalman, konstwi patenarya paske chanjman pa yon avanti solitè, se yon avanti solidè.

Jodi a, malgre rezistans yo, mwen pa wè ak ki figi yon otorite pra l mande ankò paran ayisyen peye egzamen sètifika pou lekòl primè. Mwen pa wè ki jan yon kandida pral fè kanpay pou l pwomèt yon lekòl ak sèlman 6 lane paske paran yo konnen pitit yo p ap gen diplòm Leta avan 9 ane lekòl obligatwa. Mwen pa wè kijan yon minis edikasyon pral depanse anpil milyon pou remèt 2 diplòm Leta (Bac I, Bac II) ki evalye menm matyè yo nan menm segondè a. Mwen pa wè ki jan yon gouvènman pra l elimine egzamen literati kreyòl, ekonomi ou edikasyon sou sitwayènte nan nouvo bakaloreya a.  Pa gen refòm ki pa merite amelyorasyon, men rezilta sa yo ap rete.

“Statu quo” a ka dekonstwi tout diskou chanjman.

Antouka nan yon peyi tankou Ayiti, kote Legliz ak Lekòl se sektè ki evolye pi difisilman, chanjman sistèm anpil moun vle a, mande anpil paysans, taktik ak pedagoji.  Nan 21e syèk nimerik sa, pa gen zafè elit yon bò ki gen monopòl konesans pou  chanje  sistèm, epi yon lòt bò, yon pèp ki pra l benefisye de chanjman sistèm. Depi pa gen bon jan konprann yonn ak lòt, “statu quo” a ka dekonstwi tout diskou chanjman ak chanjman an. Depi pa gen yon ekip solidè, ak lidèchip kredib ki chita sou entelijans kolèktiv, mo kraze sistèm nan ap tounen yon jouman. Kidonk, jodi a, peyi a mande yon lòt fòm lidèchip prese prese nan tout domèn pou rezoud gwo defi enjistis ak inegalite sosyal yo.

Ansyen minis edikasyon (2013-2016) sou administrasyon Michel Martelly, Nesmy Manigat se prezidan komite gouvènans ak etik nan Patenarya mondyal pou edikasyon.

Commentaires

Haïti a aidé financièrement les USA lors de la 2e Guerre Mondiale

Previous article

An Ayiti, fanm mwens itilize kapòt pase gason

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost