AYIBOSPORTSPORT

NBA a retounen!!!

0

Apre preske 4 mwa vakans, NBA a retounen!

Vizaj Lig la chanje anpil. Gen 3 gwo lejand ki pran retrèt: Kobe, Duncan ak Garnett.

Kevin Durant kreye gwo sipriz lè li rejwenn Golden State Warriors, ekip ki te bat li nan playoffs pandan li t’ap mennen 3-1. Donk imajine ekip Warriors sa ki sot mete rekò kantite viktwa sou yon sezon (73 viktwa pou 9 defèt)  e ki sot rive nan final, vin genyen youn nan pi gwo jwè NBA a. Dapre anpil moun k’ap analize NBA a se youn nan pi gwo « Super Team » ke lig la janm konnen. Kounya an nou tann sa li pral remèt. paske istwa Lig la montre nou tou, koze « Super Team » sa pa toujou mache.

Dwayne Wade ki te reprezante vizaj ekip Miami Heat lan kraze yon kite sa pou li al rejwenn Chicago Bulls, vil kote li fèt, menm jan ak LeBron nan lane 2014 ki te kite Miami pou al rejwenn Cleveland. Bagay yo pa te bon pou Heat menm nan vakans lan. Non sèlman yo pèdi Wade, men Bosh p’ap ka jwe pou yo akoz eta sante li. Donk pa gen yon manb nan « Big 3 » Miami ki te la an 2010 ki rete.

Derrick Rose ansyen MVP lig la rejwenn New York, kote li pral jwe ansanm ak Carmelo Anthony, Noah, Kristas Pozingis pou wè si yo ka al defye Cleveland nan konferans « Est » lan. Rondo menm ki te youn nan meyè menè lig la yon epok e ki chanpypon ak Boston Celtics sou tan  Garnett, Pierce ak Ray Allen, rejwenn Chicago. Ansanm ak Wade nou panse ekip sa gen potansyèl rive nan final konferans.

Men sa ki pral atire plis atansyon nou menm an Ayiti ane sa, se paske nou ka oze di nou gen kèk bon reprezantan nou nan pi gwo chanpyona baskèt k’ap fèt nan mond lan. N’ap kòmanse ak Skal Labissière ki fèt 13 janvye 1997 nan kapital peyi a, ki pati akoz evènman 12 janvye 2010 lan e ki ane sa pral jwe pou ekip Sacramento Kings lan. Apre genyen Zach Auguste ki pral jwe pou Los Angeles Lakers, Nerlens Noel ki te deja ap jwe pou Philadelphie Sixers. Nou swete medya ayisyen sipòte epi mete atansyon sou jwè sa yo menm jan tout peyi fè lè yo gen talan k’ap evolye nan gwo chanpyona.

Gen apil rezon ki fè sezon sa pral atire anpil atansyon. Premye a se akoz chanjman ki fèt yo. Tout moun ap tann kisa Golden State ak tout potansyèl li genyen yo pral remèt. Dapre pronostik, li genyen 55% chans pou li chanpyon. Eske Westbrook pral MVP lig lan, paske kounya se li ki mèt ekip Oklahoma a? Eske LeBron James ap ka bay Cleveland yon dezyèm tit (sa vle di jwe 7 final youn dèyè lòt)   apre istwa li fin ekri ane pase a? Eske nou pral gen twazyèm final afile ak menm ekip yo Cleveland kont Golden State? (Sa ki poko janm fèt nan istwa NBA a.)

Antouka malgre anpil je brake sou gwo ekip yo, genyen kèk lòt franchiz ki merite nou gade yo sezon sa. Ekip tankou Philadelphie ki genyen anpil jèn talan Joel Embiid, Ben Simmons (premye chwa nan “draft”) lan, Dario Saric. Minnesota ki genyen anpil espwa Andrew Wiggins, Karl-Anthony Towns, Ricky Rubio, Zach LaVine ak Kris Dunn mete ak yo yon antrenè ki pase prezantasyon Tom Thibodeau.

Sezon an ap kòmanse aswè a, kote ekip Cleveland lan ap resevwa New York. Epi apre match sa yon lòt gwo afich:  Golden State Warriors pral rankontre San Antonio Spurs. Men evenman ki pi enpòtan an, aswè a, nan Quickens Loan Arena a (stad ekip Cleveland), yo pral leve premye drapo chanpyon ekip Cavaliers la. Depi 51 lane, okenn ekip (NFL, NBA, NHL, MLB) vil Cleveland lan pa te janm chanpyon. Denye ekip nan vil sa ki  te chanpyon avan eksplwa ki sot fèt ane pase a se te Cleveland Browns (NFL) nan lane  1964. Lè sa papa’m poko te fèt!

Nou paka swete tout moun pase yon bon sezon NBA paske nan lojik konpetisyon an sa ki pa bon pou youn bon pou yon lòt, epi se yon sel ekip k’ap chanpyon. Men annou swete pa gen anpil blese epi tou pou konpatriyòt nou yo ki nan NBA a ka reyisi sezon an ak ekip yo!

Bel-Ange Séjour

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *