AYIBOSPORTAYIBOTALK

Nan vil Pòtoprens, se sèlman 7 000 mil kay sou plis pase 200 000 ki peye enpo lokatif

0

Kontribisyon Leta pran sou Kay yo (CFPB nan lang fransè) se sa nou souvan rele enpo lokatif la. Li se yon kantite lajan Leta pran sou yon kay selon sa li vo. Men, se pa tout kay leta pran lajan sou yo. Gen kay  ki benefisye rediksyon, gen lot Leta pa pran anyen ditou sou yo. Se Direksyon jeneral enpo (DGI) ki ranmase kòb gras ak konkou Lameri.

CFPB a  osinon enpo lokatif, se yon enpo reyèl ki chita sou valè kay la lwe osinon sa li ta kapab lwe pou yon ane. Enpo sa dwe peye soti mwa oktòb pou rive 31 mas pou chak egzèsis fiskal. Lajan enpo lokatif la sèvi pou fè envestisman nan devlopman komin kòb la ranmase a. Tout mèt kay ki pa peye enpo lokatif nan delè sa a, ap gen yon pennalite senk pousan sou chak mwa reta yo.

Zafè enpo lokatif nan meri Pòtoprens

Lalwa oblije meri yo fè resansman chak twa zan pou gade ki nouvo kay ki konstwi ak pote modifikasyon sou pri ak valè sa ki te konstwi deja yo. Chif Enstiti Estatitik peyi a (IHSI) fè soti nan lane 2015, fè konnen, vil Pòtoprens pou kont li te genyen 210 782 kay. Nan mwa desanm 2018, Meri Pòtoprens di li te voye fich enpo lokatif bay ven mil kay  pandan ane a. Men se sèlman sèt mil ki peye enpo jan lalwa mande.

Sa te pouse meri Pòtoprens siyen yon kontra nan lane 2017 ak yon konpayi ameriken ki rele Greenfield Advisors. Antrepriz sa a espesyalize nan evalye kay ak mete sou pye politik pou fè tout kay peye enpo selon valè yo. Travay antrepriz sa nan domèn nan te pèmèt meri Pòtoprens kolekte 398 milyon goud sou enpo lokatif sèlman pou egzèsis fiskal 2017-2018 la. Yon kantite lajan ki de fwa pi plis pase 180 milyon goud yo te kolekte nan lane 2016. Lajan sa, selon sa majistra Ralph Youri Chevry di, ta pra l sèvi nan finansman lekòl kominal, azil kominal ak travay ranmanse fatra nan tout vil la. Si Leta ta deside itilize yon zòn ki te deja abite, mèt kay nan zòn sa a ap benefisye yon dedomajman selon sa li te konn peye kòm enpo.

Règleman lalwa sou enpo lokatif

Tout moun ki gen kay ta dwe ale nan DGI soti premye jiyè pou rive trant septanm nan chak egzèsis fiskal pou fè deklarasyon sou kantite lajan kay yo vo osnon lajan li ta kapab lwe pandan yon ane. Nan pwojè lwa finans 2018-2019 la, atik 9 sou CFPB a di: «tout kay moun ka rete, oubyen ki kapab itilize pou mete nenpòt bagay ladan l, kit mèt li abite ladan l kit li pa rete, kit li lwe osnon li bay moun rete ladan l pou granmesi li dwe peye enpo sou li. »

Menm atik sa a defini ki valè lajan w dwe peye daprè estimasyon ki fèt sou valè kay la. Si kay la gen valè 50 000 goud, w ap gen pou peye sis pousan valè lajan sa a kòm enpo sou kay la. Soti 50 001 goud rive 100 000 goud, enpo a ap sèt pousan. Soti 100 001 goud rive 150 000 goud, uit pousan. Soti 150 001 goud rive 200 000, valè enpo a ap nèf pousan. Si valè kay la plis pase 200 000 goud, kantite enpo a ap dis pousan.

Atik kat dekrè 5 avril 1979 la fè konnen: «tout konstriksyon ki poko fini moun abite ladan l, yo dwe peye enpo pou pati yo rete ladan l lan».

Menm dekrè sa a ankouraje moun ki ap konstwi kay nan vil ki pa Pòtoprens ak Petyonvil. Yo gen rediksyon enpo sou yon peryòd twa lane sou kay ki fenk konstwi a. Mèt kay sa yo ap benefisye swasant kenz pousan rediksyon sou lajan enpo kay la vo pou premye ane a. Sou dezyèm ak twazyèm ane apre konstriksyon an, yo ap benefisye senkant ak venn senk pousan rabè sou enpo lokatif yo ta dwe peye nan DGI a.

Kay Leta pa pran enpo sou yo ak sa ki gen rediksyon

Tout kay ki gen plizyè apatman ladan yo ki ap lwe, jwi yon rediksyon enpo. Si apatman an lwe ak mèb, l ap benefisye yon rediksyon senkant pousan enpo. Si li lwe san mèb, li ap genyen sèlman yon redisyon trant pousan.

Gen yon pakèt batiman Leta pa pran enpo sou yo. Pami sa dekrè a site yo, nou jwenn kay Leta yo, kay ki pou Legliz katolik ak tout lòt relijyon leta rekonèt yo. Lòt kay ki jwi privilèj sa tou, se sa k pou yon asosyasyon ki ap fè zèv relijye oubyen syantifik nan peyi a.

Dènye kategori a se kay ki sèvi biwo pou yon gwoup sendikalis ak tout kay ki pou yon anbasad osinon sila yo ki pou yon anbasad men, ki se kay kote konsil osinon ajan dipolomatik abite. Tout kay ki sèvi pou fè lekòl Leta pa p pran yon goud sou kay sa akoz sèvis l ap rann kominote a.

Emmanuel Moïse Yves

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *