«Tout koli ki pèdi se sou kont moun ki te responsab pou pote li a. Se li menm ki dwe pwoteje koli kliyan an lè li rive nan pò yo», daprè Clifford St Jean, responsab kominikasyon ladwàn
Romulus pèdi yon bwat machandiz nan ladwàn Pòtoprens, nan lane 2020. Se yon gran frè li k ap viv Ozetazini ki te voye li pou manman n. Pami machandiz ki te anndan bwat la, te gen yon televizyon ekran plat, kèk bagay pou manje, plizyè tenis ak pwoteyin pou manman l te kapab vann.
«Koli a te vini sou non pa m. Se mwen ki te gen responsablite pou ale dedwane li epi pote li lakay bay manman m», sa se pawòl Romulus. Malerezman, jèn enfòmatisyen an te pral tann anpil avan li konnen sa ki te pase a. «Chak lè yo di m konntenè a pral ouvri pou m kapab vini verifye lè enspeksyon ap gen pou fèt sou koli a, sa pa te jan m rive fèt vrèman. Chak dat ki kenbe, lè mwen ale pa janm gen konntenè ki ouvri», se sa li eksplike.
Aprè plizyè monte desann, Romulus aprann koli a pèdi. «Lè gran frè mwen an kontakte moun ki te fè konntenè a, li te admèt koli pa nou an pèdi san li pa t kapab bay yon vrè esplikasyon sou sa.»
Gen plizyè moun ann Ayiti ki pèdi koli yon pwòch yo ki aletranje voye pou yo.
Menm jan ak Romulus, gen plizyè moun ann Ayiti ki pèdi koli yon pwòch yo ki aletranje voye pou yo. Anpil nan moun sa yo rete de bwa pandye aprè sitiyasyon sa a, san fanmi yo pa resevwa yon dedomajman pou koli yo a ki pèdi ak tout materyèl ki gen valè ki te ladan.
Ou ka li tou : Haïti : la douane dysfonctionnelle, ces entreprises en paient le prix
Laury-Sandry Joseph se yon avoka ki gen konpetans jiridik nan sa ki konsène ladwàn. Selon esplikasyon li bay, gen anpil machandiz ki konn debake nan pò yo ki pa deklare. «Chak bato dwe soumèt ladwàn yon dokiman ki rele manifès. Se dokiman sa a ki ap pèmèt ladwàn konnen kantite konntenè ak machin yon bato pote. Chak konntenè osnon machin ki vini sou bato sa yo dwe gen yon lis kolizay ki di men ki kantite chay yo genyen anndan yo», se sa mèt Joseph di.
Sa rive souvan, lis kolizay yo konn pa reflete tout bon vre ki kantite machandiz yon konntenè pote. «Pafwa konntenè a konn pote 500 bwat epi se sèlman 350 ki deklare. Enpòtatè yo konn fè sa yon fason pou evite peye anpil taks pou chay yo pote yo», daprè mèt Joseph.
Gen anpil machandiz ki konn debake nan pò yo ki pa deklare.
– Laury-Sandry Joseph
Lè enpòtatè yo aji konsa, se paske yo konn antann yo ak kèk ajan dwanye, moun ki nan pò yo, pou kapab kite kantite machandiz yo genyen ki pa deklare yo pase pou yon bouda monnen. «Se nan konsa gen moun ki ap travay nan pò yo ki konn deside pran kèk nan machandiz sa yo. Kòm yo pa deklare, lè konsa li ap difisil pou konnen kiyès ki te mèt li ak sa li te pote. Nan sans sa a, moun ki pèdi koli a pa kapab angaje pyès pwosedi jidisyè kont moun ki te pote machandiz sa yo, paske yo pa te deklare», se sa avoka a eksplike.
Moun ki bay koli a pou pote Ayiti konn pa konnen si li pa deklare paske se yon senp fich yo konn remèt yo. Lè koli sa a pèdi, moun ki te fè konntenè a konn vle negosye ak mèt li. Se sa ki te rive nan ka pa Romulus la. Li di aprè yo te fin anonse gran frè li a bwat yo a pèdi, moun ki te responsab konntenè a te jis negosye ak frè li a. «Yo te ba li yon pay monnen ki pa t vo anyen konpare ak kantite bagay ki te genyen nan bwat la», se konsa Romulus temwaye.
Se rapò pwentaj ladwàn fè sou konntenè yo ki konn pèmèt li remake gen machandiz ki pa deklare. Se ajan dwanye ki afekte nan sèvis enspeksyon konduit nan ladwàn nan ki gen pou devwa ale fè rapò pwentaj la pou verifye èske vrèman sa ajan maritim nan deklare nan manifès la, se sa bato a pote vrèman. Manifès la se yon dokiman ajan maritim ki responsab bato a remèt ladwàn.
Lè koli sa a pèdi, moun ki te fè konntenè a konn vle negosye ak mèt li.
Lè pou konntenè sa yo dedwane, bwokè ki responsab yo a dwe soumèt bay ajan dwanye yo dokiman ki rele lis kolizay. Se dokiman sa ki ap di men ki sa konntenè a pote. Kounye a, si nan pwosesis verifikasyon an ajan dwanye a remake gen bagay bato a pote ki pa nan lis kolizay la, ladwàn gen dwa pou sezi yo osnon bay mèt konntenè sa yon fakti pou peye pou sa li vini ak yo a.
Konsa tou, si nan operasyon verifikasyon ladwàn ap fè a, li remake bwokè a bay lis kolisay ki di, pa egzamp, li te pote 20 chèz alòske se 15 ki prezan nan konntenè a, se moun ki te responsab vini ak materyèl sa yo ki dwe bay esplikasyon sou sa a. Se menm jan an tou, si nan verifikasyon yo remake se efektivaman 20 chèz moun nan genyen ki dedwane, epi lè li ale chèche machandiz li nan livrezon se 18 yo ba li, lè sa a moun nan ka antame pwosedi jidisyè kont ladwàn pou li konnen kote rès 2 chèz li yo pase.
«Sa konn rive gen moun ki ap voye machin, epi yo mete bagay anndan li. Pafwa, moun sa yo pa deklare chay ki anndan machin nan. Si sa ki anndan machin sa a rive pèdi nan pò a, alòske chay ki anndan machin sa a pa t sou lis kolizay la, mèt machin sa p ap gen mwayen pou li jistifye devan ladwàn li te gen bagay nan machin li an ki pèdi », daprè mèt la.
Se menm jan an lè gen bwat osnon lòt bagay ki pa deklare nan lis kolizay la, men rapò pwentaj la mansyone li te vini nan konntenè a. Ladwàn dwe remèt yon fakti bay mèt konntenè a, yon fason pou li kapab peye Leta kòb dedwànman pou yo.
Nan sans sa a, Clifford St Jean ki se responsab kominikasyon ladwàn fè konnen koli moun pa ka pèdi ladwàn. «Tout koli ki pèdi se sou kont moun ki te responsab pou pote li a. Se li menm ki dwe pwoteje koli kliyan an lè li rive nan pò yo. Moun pa ka pèdi koli ladwàn paske enstitisyon an sèlman jwe yon wòl enspeksyon epi li bay otorizasyon pou yon machandiz sòti aprè li fin ranpli tout fòmalite ki gen rapò ak dwa epi taks», sa se presizyon St Jean.
Clifford St Jean ki se responsab kominikasyon ladwàn fè konnen koli moun pa ka pèdi ladwàn.
Romuald Sibert ki se yon responsab nan direksyon franchiz pale nan menm sans la tou. Pou anplwaye ki ap travay nan pò nasyonal peyi a (APN), pa gen pyès fason koli yon moun kapab pèdi ladwàn. «Se nan espas tèminal yo, espas ki kenbe, jere ak sekirize koli kliyan sa kapab rive. Espas sa yo ki pote non Magazen ak kote pou dedwànman fèt (MEAD), se pa leta ki jere yo, se byen prive yo ye », se sa Sibert fè konnen.
Responsab kominikasyon ladwàn nan, Clifford St Jean, ajoute : sa konn rive lè li fè yon lè, ajan dwanye yo konn pa nan espas pò yo. Lè konsa, si konpayi ki pote koli yo pa asire sekirite yo nan tèminal yo mete yo a, nenpòt bagay gen dwa pase. Lè konsa, si gen bagay ki pa t deklare ki pèdi, mèt koli a konn pa ka pran wout lajistis pou fè remèt li osnon dedomaje l pou koli li a.
AyiboPost te pale ak yon ajan nan konpayi shipping Petit Courrier sou fenomèn pèdi koli a. Ajan sa ki pa te vle di kijan li rele rapòte : «Anpil fwa sa rive, se paske konpayi shipping yo pa mete sou pye yon ekip lojistik solid ki pou asire kontwòl koli kliyan yo.»
Pou anplwaye ki ap travay nan pò nasyonal peyi a (APN), pa gen pyès fason koli yon moun kapab pèdi ladwàn.
Lòt bagay ki fè koli anpil moun pèdi, se paske yo konn derefize pran yon bwokè pou asire pwosesis dedwànman yo. Bwokè a se yon espesyalis lalwa rekonèt ki gen konpetans pou jere koze dedwànman pou nenpòt moun osnon enstitisyon. «Menm jan yon kliyan bezwen yon avoka pou yon pwosedi jidisyè, se menm jan tou yon moun ki gen koli dwe pran yon bwokè pou asire dedwànman li», selon sa avoka Laury-Sandry Joseph di.
Ou ka li tou : La corruption gangrène le métier de broker en Haiti
«Anpil fwa moun yo prefere konfye yo ak yon zanmi osnon yo fè kontak ak yon ajan dwanye, yon moun ki ap travay nan pò yo, ki pou falisite yo fè dedwànman koli yo. Souvan, sa konn pase mal epi mèt koli a rive pèdi li», daprè ajan dwanye Sibert. Dèfwa, selon sa li ajoute, moun koli a vini sou non li an konn pa menm konnen kisa pou li fè pou dedwane machandiz la.
Lòt moman ki enpòtan nan zafè koli ki ap pèdi nan pò yo rive jeneralman nan pwosesis dedwànman an. Plizyè moun konn mete ansanm pou fè yon kontenè pou voye Ayiti. Lè konntenè sa rive nan moman pou dedwane, mèt li dwe prezan pou fè degwoupaj machandiz osnon koli yo pou chak moun kapab jwenn dokiman ki pou pèmèt yo ale dedwane koli ki pou yo a ladwàn. «Nan konsa, koli moun konn rantre nan lòt. Sa ki konn fè gen moun ki panse se ladwàn ki pran afè yo», daprè Sibert.
Koli anpil moun pèdi, se paske yo konn derefize pran yon bwokè pou asire pwosesis dedwànman yo.
Sa konn rive tou se djòbè yo ki fè wout kwochi ak koli yo. Djòbè yo se moun nan zòn Lasalin, nan ladwàn Pòtoprens, ki pa ni anplwaye ladwàn, ni anplwaye APN, ni anplwaye okenn tèminal. «Men yon enpoze lwa yo, depi yon konntenè ap verifye se yo ki dwe jwenn djòb retire machandiz nan yon konntenè pote nan yon lòt. Se yo ki egzije konbyen w dwe peye yo. Anpil fwa, djòbè sa yo konn pran machandiz moun. Malerezman se reyalite peyi nou», se konsa Romuald Sibert dekri sitiyasyon an.
Ou ka li tou : Entre les contrebandiers et l’État, certains agents de la douane choisissent l’argent
Atik 247 kòd dwanye 2005 lan montre divès fason yon koli kapab pèdi nan Ladwàn. Youn nan fason yo, se si yon koli pa t deklare epi pyès moun pa janm vini fè deklarasyon pou li pandan yon peryòd 6 mwa. Yon lòt fason sa kapab fèt tou, se lè mèt yon machandiz deside abandone li, swa akoz pri dedwànman ki gen dwa wo osnon konplikasyon ki genyen nan dosye li yo.
Ladwàn konn deside vann tout machandiz sa yo nan vant ozanchè ak moun ki bezwen aprè envantè ki fèt chak ane nan diferan pò nan peyi a.
Comments