SOCIÉTÉ

Men ki kote diri gate k ap vann nan Pòtoprens lan soti

0

Pandan moman kriz la, gen anpil moun ki ap achte sak diri, yo jwenn machandiz la gen bèt. Yo achte yo nan men yon gran distribitè ki rele Saco Food

Lucie Anglade se yon machann ki ap vann sereyal ak lòt pwodui moun konn manje nan lari Matisan 23. Li gen 32 lane. Li se manman 3 pitit san papa paske misye te mouri nan tranblemanntè 12 janvye 2010. Se komès ki pèmèt Anglade viv ak pitit li yo. 

Li fè konnen, nan koumansman mwa oktòb la, li achte 2 sak diri nan yon depo. Depo sa chita nan Matisan 17. Li louvri youn pou li vann. Se lè sa li wè sak diri a gen bèt ki mouri ladann. Bèt sa yo se ti mit yo ye.

Atout Lucie Anglade wè diri a gen bèt, li te chita li kanmèm. « M pat gen lòt chwa paske m pat konn si y ap remèt mwen kòb la. M paka jete li tou paske se yon kòb m envesti pou m achte sak diri a. M te oblije chita tante vann li. »

Poutan, nan menm jounen an, anpil nan moun ki achte diri a, tounen pote remèt Anglade sa yo achte a. Selon sa li di, se la pi gwo remò a ye. « Tout moun vin konnen zafè m. Yo vin konnen m ap vann sa ki pa bon. »

Mèt depo a etone sak rive a

Anglade te vin tounen pote lòt sak diri ak rès nan premye li te louvri a tounen nan depo a. James se konsa mèt depo a di li rele. Li chita nan pòt la ap gade moun kap pase. Misye fè konnen, li menm tou li pat konnen sa ki rive a. Li achte diri a nan Saco Food.

James te achte 15 sak diri Tchako pandan fen mwa septanm nan. « M pa konn si diri yo pa t bon. Se pandan plizyè moun achte, m wè yo pote li tounen. Si m pat konnen moun yo te kliyan m mwen tap doute sou yo. »

Lè sa li chwazi louvri yon sak diri tou. « Se sak diri a ki konfime mwen reyèlman, m fè yon move acha. M kouri kontakte ti detayan ki ap vann nan lari yo ki se kliyan mwen. »

Li tou: Voici pourquoi le pays ne peut pas nourrir tous les Haïtiens

James te gentan vann 8 nan sak diri yo. Nan kantite sa, li jwenn 5 ladann yo ki gen bèt. Li oblije remèt kòb sa yo. James di « moun yo mechan paske yo chwazi melanje sak ki bon ak sa ki pa bon. Pou yo ka pase diri ki gen bèt yo. »

Mèt depo a mansyone li te pote yo ale bay responsab Saco Food la. Yo te remèt li lòt diri ki bon. « Sa te moutrem yo konn sa yo tap fè a. Yo te bezwen pase sak ki pa bon an. »

Se pa sèl moun sa yo ki jwenn diri ki pa bon an

Nan mèje, genyen 2 fanmi ki achte diri nan yon depo kafou. Yo achte diri a pou yo manje lakay yo. Sa pase tou nan kòmansman mwa oktòb la. Yo menm tou, pandan yo louvri sak diri yo achte a, yo jwenn li chaje bèt ki mouri. Yo te pote li nan depo a tou pou mèt li ranbouse yo.

Mèt depo a te aksepte pran diri a. Se yon mesye ki pa vle di kijan l rele. Depo a chita toupre ponp gaz « GO » a, sou wout Ray la. Misye esplike li menm tou se nan Saco Food li achte diri a. Se te 10 sak li menm li te achte pou li revann. « Se konsa mwen rete mwen wè moun ap pote li tounen ban mwen, yon bagay ki pat janm konn rivem avan sa. M pote diri a tounen nan Saco Food. Yo mande eskiz epi yo pran sa ki pa bon an nan men m pou yo banm lòt.»

Tout sak diri a yo gen sant begonn

Begonn (Baygon) se mak yon pwodui ki la pou touye tibèt tankou : mit, maregwen, pinèz ak lòt ankò. Li fè pati fanmi pestisid yo. Sa ki vle di, se yon sibstans ki la pou lite kont ti bèt yo konsidere ki nwizib. 

Tout moun ki rive pale nan tèks la fè konnen sak diri yo gen sant begonn. James di klèman, « Sak yo gen sant begonn. Sa ki pwal pwouve yo flite pwodui sa vre sou sak yo, se paske bèt yo mouri nan diri a. Si yo mouri, sa vle di se yo itilize pwodwi a pou yo touye yo. »

Se dlo lanmè a ki rantre nan kal bato ki pote diri a.

Ki sa ki pase reyèlman ?

Junior se konsa nou rele yon ajan ladwàn. Li pat deside bay non li paske li pa la pou li bay esplikasyon pou ladwàn. Li fè konnen, se avan jou lòk yo diri sa yo vini. Se dlo lanmè a ki rantre nan kal bato ki pote diri a. « Responsab yo te konn sa byen vit, paske yo te sou plas pou yo wè diri a pran nan dlo. Yo paka di yo pat wè sa. »

Junior esplike, responsab yo retire sak yo wè ki mouye yo. « Se yon bon valè sak yo te retire jou sa. Men, genyen yo kite sou pretèks yo pa twò mouye. Poutan se yo menm, nan kèk jou aprè ki kòmanse gate. »

Li tou : L’organisation de femme qui ambitionne de développer la commune de Cavaillon

Saco Food chita anndan menm espas ak depo SHODECOSA, sou wout nasyonal la.

Pèsonn pa konn sa yo pral fè ak rès diri ki gate yo, se sa Junior ajoute, « Se moun k ap vann diri yo nan lari ki mele. Gen anpil diri reyèlman ki dwe gate paske dlo lanmè a jwenn ak yo. »

Jiskaprezan Ministè Sante piblik pa sòti okenn direktiv sou sa. Tout mwayen nou itilize pou nou pale ak responsab Saco Food, diri Tchako epi SHODECOSA fini san siksè.

Desira Wagner te kontribye nan repòtaj sa a.

* Nòt: Yon premye vèsyon atik sa a di Shodecosa enpòte diri, se yon enpresizyon. Shodecasa se yon pak endistriyèl ki gen gwo depo pou estoke machandiz pou plizyè enstitisyon.

Commentaires

Snayder Pierre Louis
Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Comments are closed.