SOCIÉTÉ

Manje lwa nouri anpil fanmi nan simityè Potoprens 

0

Lwa yo fè pwomosyon pou prodiksyon lokal paske yo pa manje sa ki pa fèt nan tè peyi a

Li te deja fè 10zè tapan lè Eddy Richard ki gen 37 lane debake devan baryè gran Simityè Pòtoprens. Nan tranch lè sa yo nan maten, se moman plizyè moun ki sot nan antèman ap rantre soti nan simityè a akòz kadav kò fanmi yo ki mouri yo vin mete anba tè.

Richard li menm pa gen moun li vin antere. Se manje li vin bay zansèt li yo ki mennen li nan espas gran simityè a jou madi premye desanm nan. « Aktivite sa a mwen vin fè la rele libera. Mw bay zansèt mw yo manje pou yo kapab oryante lavi m », daprè Richard.

Richard pa t sèl moun ki te vin bay zansèt li yo manje. Gen lòt moun ki vini ak wonm, genyen ki senpman vin ak kafe ak pen. Pou yo rantre, yo site yon priyè epi vide kafe ak manje nan chak kwen gran baryè simityè a. Pami tout sa Eddy Richard te pote yo, nou jwenn yon bokit tchaka, yon bokit mayi ak fèy, yon galon chokola, yon galon kafe, yon boutèy kleren, pen, elatriye.

« Mwen vin fè aktivite sa paske mw remake m ap fè bak nan vi m », sa se konsta Richard. Li fè konnen se yon granmoun ki konseye l fè sa, pou lwa yo ak mò yo kapab oryante li. Pandan tout pakou li anndan simityè a, li te akonpaye ak yon pè savann ki pou oryante l nan travay li vin fè a.

Anpil moun viv gras ak manje sa yo

Simityè Pòtoprens se kote ki chaje yon pakèt fanmi osnon moun ki deside vin fè jounen yo la. Anpil nan yo rakonte se paske yo jwenn espas pou yo dòmi ak jwenn manje pou yo manje ki fè yo rete la. Benia Samedy, se yon jèn fanm 27 lane ki ap viv nan sitiyasyon sa anndan simityè a.

« Se manje a mwen jwenn ki fè mwen rete la. Si yo te bay lòt bagay ankò aprè manje a, mwen t ap pran l paske m nan bezwen », temwanyaj Samedy ki fè 6 zan l ap viv konsa anndan simityè a. Pandan Eddy Richard t ap fè sèvis li a, te genyen 11 moun ki t ap tann manje. Pami yo gen timoun ak granmoun. Se vwa yo ki fè bas nan ede lapriyè ak chante.

Aprè manje yon fin depoze sou kavo mò yo, rès manje a separe ak tout moun sa yo. Se konsa  yo manje pandan tout jounen an andan simityè Pòtoprens. Genyen ki tou fè biznis kleren ak balèn anndan an pou vann moun ki vin fè sèvis bay mò manje. Souvan, gen moun ki konn bliye achte bagay sa yo.

Li tou: Comprendre le Vodou haïtien dans toute sa compléxité

Eksplikasyon ougan yo fè konprann pa gen mal nan koze moun ki abitye manje manje lwa nan seremoni vodou osnon nan simityè. « Lwa yo kontan paske gen moun k ap manje avèk yo. Rezon an senp, se paske nan vodou manje kuit pa gen mèt », daprè Erol Josué, direktè Biwo nasyonal etnoloji.  Manje ki pou lwa yo depoze sou lotèl yo, epi rès manje a separe ak moun ki nan kominote a. Pafwa gen lwa ki mande pou yo prepare manje pou pote bay pòv yo avan yo ranje tab pa li a.

Lè moun manje manje lwa a mal, sa kapab lakoz malè rive l. « Se yon prensip ki nan lavi a sa ye, moun pa monte sou tab epi manje ki pa pou ou. Ou ka pran malonèt. Se konsa tou, ou ka manje manje lwa a, epi w malad », daprè Macatti Cebien, yon ougan Leyogàn. Selon moun ki gen kwayans sa a, bagay sa rive lè moun nan manje sa k pi enpòtan nan manje lwa a, tankou yon tèt kabrit, osnon yon manje ki gen valè nan je lwa.

Dabitid, menm manje moun yo depoze sou lotèl lwa a, se yo ki manje l ankò. « Gen yon rityèl ki rele kase tab. Se li ki dwe fèt pou desèvi lwa a. Menm manje sa a pra l itilize pou bay kominote a manje », selon direktè BNE a.

Gen lwa ki chich

Selon sa sèvitè yo rapòte, lwa yo fè pwomosyon pou prodiksyon lokal paske yo pa manje sa ki pa fèt nan tè peyi a. Gen moun tou ki plenyen ki di gen lwa ki chich. « Lwa yo manje ak moun, men chak lwa gen pènonalite pa yo », daprè sa Erol Josué di.

Zaka Mede se yon lwa moun toujou pote akizasyon chich sou do li. Nan relijyon vodou a, Zaka Mede gen senbòl yon gran travayè. Selon Erol Josué, li reprezante minis agrikilti ak travay anndan vodou a. « Zaka pa aksepte moun ki ap vin manje manje l san w pa renmen travay. Sa rann li pa renmen bay moun anpil manje paske li di li pa la pou li asiste moun. »

Koze bay lwa manje se yon bagay ki koute anpil kòb ann Ayiti. Ougan Cebien rakonte yon moun kapab depanse ant 100 000 ak 300 000 goud pou fè yon seremoni lwa pou rive bay tout zansèt yo manje. « Li koute tout kòb sa a paske gen plizyè lwa pou bay manje. Nan Peristil pa m, mw fè seremoni pou m bay 101 nanchon mw sèvi yo manje. Men lè konsa se tout fanmi an ki reyini paske depans la pa pou yon sèl moun », ougan Cebien rakonte.

Seremoni vodou

« Nan tradisyon vodou ayisyen an genyen 401 lwa », selon sa ougan Erol Josué eksplike. Chak fanmi gen nanchon lwa pa yo ki ap pèmèt yo detèmine si se 21 osnon 101 nanchon fanmi an sèvi.

« Chak lwa sa yo gen yon fason yo manje », daprè Macatti Cebien. Selon sa prèt vodou yo aprann, sèvis manje lwa a se yon fason pou onore zansèt yo ak lwa yo pou di mèsi pou sa ginen yo kite pou yo.

Anndan yon seremoni vodou gen plizyè rityèl ladan. « Rityèl sa yo se : rada, petwo ak kongo », Erol Josué di. Anndan chak rityèl sa yo gen yon sèvis manje lwa. « Se yon etap kote yo resevwa lwa a, prepare tab li ak manje sèvitè li a konnen li renmen », selon sa direktè BNE a ajoute.

Li tou: Pourquoi de plus en plus de jeunes Haïtiens se convertissent au Vaudou ?

Nan tout manje lwa yo, nou jwenn Kouzen zaka, ki renmen tchaka. Gen lwa ogou, ki renmen manje diri ak pwa rouj, kòk wouj, bannann, yanm, epi wonm.  Lwa Brav li menm renmen manje kabrit, anpil viv. Li manje pla boukanen ak aransèl tou, selon sa  Macatti Cebien eksplike.

Manje lwa a, se epòk yon sèvitè osnon yon ougan pa ka pase sou li pou li pa sèvi lwa li yo manje. Sinon sa kapab gen gwo konsekans sou lavi li. « Sèvitè a kapab rete li vin mèg osnon li kapab wè anyen pa janm mache pou li nan aktivite li ap fè. Konsa tou genyen ki kapab rive malad, lè sa yo rive se lwa a ki kenbe moun nan », sa se eksplikasyon ougan Cebien.

Pawòl sa yo pa twò depaman ak sa Eddy Richard kwè k ap pase nan lavi l. « Mwen pèdi yon magazen m te genyen ki konn vann tenis ak soulye nan rue des Front-Forts. Mwen te gen yon machin li anpàn e mwen pa ka ranje l. Tout bagay vire nan vè pou mwen akoz mw vire do bay lwa ak zansèt mwen yo », se konsa li ap temwaye.

Manje ranvwa

Manje lwa se yon fason pou reyini fanmi an ak kominote a nan yon lakou. « Se yon fason lwa a itilize pou kapab fè yon fanmi mete tèt yo ansanm. Se rezon sa ki fè menm si yon manm nan fanmi an ap viv deyò peyi a, li oblije rantre pou patisipe nan seremoni », eksplikasyon Erol Josué.

Konn gen moun ki pa ka vini akòz yon anpèchman men, yo oblije patisipe kanmenm nan sa ki dwe bay pou seremoni a kapab òganize. « Gen kèk fanmi ki konn poko gen mwayen pou òganize manje lwa a. Konsa, yo fè yon boukannen : se yon senp inisyativ kote yon fanmi kapab deside fè aransèl boukannen bay lwa an atandan gran seremoni », se sa Erol Josué ajoute.

Li tou: Ces haïtiens qui habitent au cimetière de Port-au-Prince

Direktè BNE a pote yon diferans kapital sou sa yo rele manje lwa ak manje ranvwa. Daprè sa li di, se pa nan simityè yo bay lwa a manje vrèman jan yon pakèt moun ta ka panse sa. « Manje lwa fèt nan peristil, nan bitasyon ak nan demanbre. Gen moun ki mete l nan kafou osnon nan kui. Sa depan ak fason lwa a mande manje a nan kominikasyon li konn genyen ak sèvitè li. Sa konn fèt nan rèv. »

« Yon moun kapab fè yon trètman ki se yon lòt fòm devosyon nan vodou a ki fèt anndan simityè. Yo ka ap fè yon ranvwa pa rapò ak yon sitiyasyon yon moun ap pase nan vil. Lè konsa, anpil manje ki prepare ale depoze nan simityè bay zansèt yo, mò yo, pou tout sa ki mal nan vi moun nan kapab ale », selon sa Erol Josué rapòte.

Anndan sèvis ranvwa sa a, sèvitè a kapab mande padon epi pwouve gratitid li bay zanzèt li yo. Konsa, mò yo ap aksepte chanje sitiyasyon moun nan akoz manje li vin prezante yo. Se yon echanj li ye, daprè Erol Josué.

Divèsite nan vodou a

Pratik vodou ginen an nan peyi a gen yon pakèt divèsite selon tradisyon lwa chak fanmi yo sèvi.  Tradisyon sa yo, se sa nou rele rit oson nanchon nan vodou a. Li kapab regwoupe 21, 51, 101, osnon 401 lwa selon tradisyon fanmi lwa a yon moun osnon yon fanmi kapab adopte.

Se sa ki lakoz gen moun ki konn panse vodou a gen 21 lwa, gen lòt ki panse li gen plis. Men selon dènye rechèch Rachel Beauvoir ak Didier Dominique  te fè sou vodou a nan kòmansman ane 2000 yo, espesyalis yo te rive jwenn gen 401 lwa nan anpil lakou yo te vizite. Lwa sa yo gen yon sèl gran mèt nan vodou a ki se Yèwe. 401 lwa yo reprezante diferan aspè nan li menm.

Rechèch sa te rive montre baz fondamantal vodou a chita nan senbòl 2 koulèv ki makonnen youn ak lòt la. Koulèv sa yo se Danbala ak Ayida Wèdo. Se yo ki fè lyen ant moun ak Yèwe, ant sa ki espirityèl ak sa ki materyèl.

Emmanuel Moïse Yves

Se Emmanuel Moïse Yves ki fè foto yo tou

Commentaires

Emmanuel Moïse Yves
Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments

Comments are closed.