EN UNESOCIÉTÉ

M pap kite pou ou, se ou k pou kite pou mwen!

0

éPou frè m ak sè m ayisyen ki pa konnen, tit sa se yon jwèt tout ti ayisyen te konn fè. Lè sa ou di advèsè a ou pa p ba l legen, se li ki pou pèdi, oubyen pou l bouke epi l a bay vag. Jounen jodi, mwen remake menm granmoun antre nan fè jwèt sa tou nan tout lari Pòtoprens.

« Medyokrite se yon maladi kontajye, pa mezi prekosyon fòk lespri w vaksinen ».

Sa se yon gwo atis ki di sa, BIC Tizon dife. Ou kwè nou konprann ? E li pa premye pèsonalite ki pale sou sa, nou toujou jwenn atis chantè, ekriven, pent e menm politisyen konn di nou sa. An nou kite mantalite sa yo : « Pito nou lèd nou la », « ou mèt plimen pou l la men pa kite l fè bri », «  chak koukouy klere pou je yo », « tan pou m fè zero mwen pito fè o », elatriye.

Pa wè m tankou yon ti jèn ki vin fè nou lamoral men pito tankou yon pitit nou ki about ak fason n ap viv la. Mwen about ak jan ayisyen frè m yo ap fonksyone. Se ti bout tè lanati ba nou an pou nou pataje, men poukisa ou vle yon pi gwo moso? Poukisa ou pa ka fèmen bouch ou lè w pa konn yon pawòl olye w ap vin brase bil kretyen vivan k ap bouske lavi ?

Avanyè, mwen tonbe sou yon madmwazèl k ap di si tout ayisyen ale, se paske lekòl pa leve timoun pou yo itil Ayiti, se pou sa yo ale. Pou li pwoblèm nan pa lòt kote ke nan edikasyon, e li gen rezon wi ! Men gen yon bagay li bliye. Gen de lè se pwòp frè w wi ki bay degoutans. Ou kwè se selman paske se «sur le pont d’Avignon on y danse, on y danse» mwen te konn fè jwèt lè m te piti ki fè mwen pa anvi ret nan peyi a ? Sa se yon pati nan pwoblèm nan men nou tout ap dakò se pa sèlman sa. E la m pa menm ap pale de sitiyasyon politik peyi a. M ap pale de sitiyasyon sosyal nou, de valè nou antanke moun.

Mwen santi m mal, mwen santi m mal ! E se pa ankenn « mal-être existentiel » mwen genyen. Mwen sèlman sonje yon sèn avanyè mwen wè etan mwen Channmas ki manke rache dlo nan je m. E nou konn sa k pi di a ? Se bagay nou wè chak jou, nou vin abitye avèk yo, alò yo pa vle di anyen ankò pou nou. Mwen avèk on zanmi m, n ap pase bò « place des artistes » epi mwen wè yon gwoup timoun, sila nou pran plezi rele « kokorat » yo, ki rasanble akoupi sou twotwa a epi mwen wè gwo diskisyon, mwen pwoche, lè m gade mwen wè yon valè zo, zo poul. yon valè zo y ap fè diskisyon pou separe. Se pa zo fre non, se zo moun fin manje nan men machann babekyou ki lòt bò lari yo, se zo sa yo y ap separe pou yo manje. Ou kwè nou konprann ? Epi nou pa vle yo vòlè nou ? Nou pa vle yo kraze brize ? Bon mwen menm la mwen anvi kraze brize, alevwa pou yo ki dwe genyen nenpòt on semenn se zo nou fin souse y ap manje ! kisa w di la frè m ? Se pa fòt ou si yo grangou ? Se pa fòt nou ? Se fòt kiyès ? Fòt leta ? Eben kiyès ki leta menm ? Leta sa jou m jwenn li, li gen anpil kont pou l rann paske mwen remake anyen pa janm fòt ayisyen, tout bagay se fòt leta. Yon leta kakatwè, yon leta pèpè ki pa bay pitit peyi a regle anyen pou li, epi se li n ap tann ? Nou gen yon pakèt timoun ki te ka pitit nou, ki te ka ti frè nou, n ap pase yo nan betiz chak jou, nou pa pran yo pou anyen apre nou fache lè yo rale bous nou, nou santi nou vekse lè yo tounen « boat people », nou santi nou ta mouri lè yon gwozotobre lage zam nan men yon ak papye mil goud pou yo gaye sèvèl moun.

Kounye a, ann fè yon ti pale sou malere parèy mwen yo nou kwaze chak jou nan lari a. Mwen sonje lontan mwen te konn tande yo di « Les haïtiens sont très hospitaliers ». Adje ! ala remò ! Genlè se dwe sèl ak blan yo janti ? Mezanmi nou poko janm pile yon moun oubyen mande moun fè yon ti avanse nan yon machin piblik ? Pawòl kap sot nan bouch moun yo se bagay moun ki pa janm bezwen di moun bonjou ankò. E sa ki toujou sou kou yo ? anvanyen moun yo anvi antre nan vi prive w, pase pran manmanw rive jis nan grann ou.

Mwen santi m about. E se fòt manman m ak papa m si tout ti jèn yo about, se fòt mwen tou wi paske m pa anvi rete ranje dezas sa. Menm jan ak anpil jèn m pito ale lwen, kote se nan televizyon m a wè ayisyen. M pa di se nou ki pi mal, men se avè nou m ap viv, se nou m konnen. E sa map viv chak jou an brital.

Mwen about ak frè m yo. E se sèl nou mwen genyen pou fè yon konprès pou mwen si m gen yon ti lafyèv. Ann kite jwèt sa, ann aprann kite pou lòt lan, ba l devan, ba l pase. Mwen konnen se pa granchoz mwen fè la, men menm si se yon grenn moun, menm si se mwen sèlman, mwen espere sa m ekri a ap pale nan nanm nou.

Dark Ink

Saonha Lyrvole Jean Baptiste est etudiante en sciences du langage, amoureuse de musique et de lecture. L'ecriture est sa passion.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *