CULTURESOCIÉTÉ

Lang kreyòl la sibi anpil diskriminasyon nan medya an Ayiti

0

Gen moun ki kwè, itilizasyon lang mas pèp la nan media yo, kale anpil jounalis medyòk

Lisez cet article en français ici. 

98% Ayisyen pale epi konprann Kreyòl, kontrèman ak fransè sèlman 10 jiska 15% moun nan popilasyon an pale. Jounen jodi a, pi fò emisyon politik kap fèt nan kapital la, fèt an kreyòl. Poutan, kèk ane anvan sa, pale kreyòl te fè moun pran w pou moun ki pat pase sou ban lekòl.

« Rejim diktatè Duvalier yo te entèdi moun pale kreyòl nan medya yo, yon fason pou te kapab anpeche mas pèp la wè epi kenbe l nan inyorans », dapre jounalis Liliane Pierre Paul ki te pase anpil mati nan epòk sa a.

Nan ane 1970 yo, Radio Haiti te kòmanse itilize lang kreyòl pou bay nouvèl nan radyo.

Desizyon sa a te leve plim sou do, rejim diktati a ki pat janm sispann rele direktè radyo a, Jean Leopold Dominique, nan reyinyon nan lide pou fè presyon epi fòse mete yon bout ak zafè bay nouvèl nan lang tout moun konprann nan. Se sa Liliane Pierre Paul sonje.

Prezantatris jounal 4è a sou Radyo Kiskeya, raple l tou : “ Yon lè, yon minis enteryè te konvoke Jean Leopold Dominique pou repwoche l paske radyo li a, ak koze bay nouvèl nan lang Kreyòl la, lakoz, menm moun nan yon zòn rekile tankou Kochon-gra nan sidès peyi a twouve oze yo ap pale sou istwa Somoza nan Nikaragwa ak Idi Amin Dada nan Ouganda”.

Liliane Pierre Paul sonje tou kalite repwòch li te pran anba bouch chèf rejim nan lè yo te arete l an 1980 poutèt li tap fè tèt rèd epi kontinye ap prezante jounal nan lang Kreyòl nan radyo.

Nan entèdi Kreyòl nan radyo, diktati a te vle pwoteje tèt li epi kenbe pèp la tankou zonbi ki pa gen ankenn zouti enfòmasyon pou poze kesyon, dapre analiz Liliane Pierre Paul ki di: “ Kan ou di popilasyon an gen yon diktatè ki pèdi pouvwa l nan yon peyi, diktati Duvalier a panse li menase paske pèp la kapab vin konprann li ka retire tèt li anba rejim bout di a tou, paske verite se baz revolisyon”.

Yon kouto de bò 

Nan ane 1950 yo, avan Francois Duvalier te pran pouvwa a an 1957, moun te lib pou pale oubyen ekri kreyòl nan laprès. Istoryen Georges Michel fè konnen te gen anpil ti jounal ki te ekri an kreyòl lè yo t ap òganize eleksyon 1957 yo.

Pou peryòd sa a, pèsonn pa kapab bliye non yon animatè radyo tankou Theophile Salnave yo te rele tou « Zo Salnave » ki te pitit pitit ansye presidan Sylvain Salnave ki te konn pale epi ankouraje moun pale kreyòl nan radyo.

Men lè Francois Duvalier vin pran pouvwa an 1957, bagay yo vin chanje. Li entèdi kreyòl nan laprès « pou anpeche pawòl mache twò vit nan mitan popilasyon an », dapre istoryen Georges Michel.

Depi lè sa a, zafè pale kreyòl nan radyo a vi frèt kou mab. Nan ane 1960 yo, sèl kèk grenn radyo tankou “ La voix du peuple » ak radyo « Lumière » te oze pale kreyòl.

Li tou: Akoz pwoblèm lajan, anpil pwojè Akademi kreyòl ayisyen an rete nan tiwa

Paske radyo sa yo pat la pou regle zafe politik, pale kreyòl sou yo pat deranje rejim nan pase sa. Nan Radyo « Lumière », pa egzanp, pastè Louis Mrac Wood te pale kreyòl paske li te rann li kont, se lang sa a k ap ede li evanjelize popilasyon an ki pa pale fransè rejim nan te vle moun pale a.

Bò kote radyo sa yo ki te dou kou mouton, moun ki t ap voye monte pou rejim nan, tankou : Dieudonnée Pomereau ak Georges G. Figaro te konn pale kreyòl nan yon emisyon yo te konn fè chak jou, a pati 2 zè 30 nan apre midi, sou yon radyo ki te rele radyo « Komès ».

Dapre prezidan Asosiyasyon Medya Ayisyen yo, Jacques Sampeur, pwopagandis sa yo te pale kreyòl nan radyo nan lide pou te foure nan tèt pèp la tout vye lide ki kapab kenbe yo tèt anba devan zak rejim nan, paske yo pat konprann franse.

Nan lane 1967, yon gwoup ki te rele “ Mouvman Kreyòl” e ki te konn anime yon emisyon an Kreyòl sou radyo “ Caraïbe” te kwaze bab pou bab ak gwo chèf nan diktati a ki te kole sou yo etikèt moun ki pa respekte lalwa. Sa te sifi pou yon te pèsikite yo. « Genyen yo te egzile e genyen yo te touye » dapre Georges Michel.

Nan mitan gouvènnan an, yo te pale fransè paske te gen yon vye lojik san nannan ki te fè kwè : « Moun ki ale lekòl pa dwe pale kreyòl sou moun », dapre sa Jacques Sampeur di.

Zafè pou moun pa pale kreyòl nan radyo sa a, te sevi yon bon pretèks lè rejim nan te deside fèmen « radio Haiti » nan lane 1980. Yon lòt estasyon radyo, radyo « Soleil » te vin pran larelèv epi kontinye pale Kreyòl malgre menas yo. Batay li t ap mennen an te vin pran plis fòs apre vizit pap Jean Paul 2 nan peyi a an 1983. Vizit sa a te kraponnen rejim nan ki te pè touche radyo katolik la.

Lang Ayiti libere a

Apati ane 1986, bagay yo vin chanje an Ayiti. Apre rejim Duvalier a fin tonbe, kreyòl la vin sèl kòk chante nan medya yo. Mache prese ki te genyen pou lide demokrasi a ki tap klewonnen, libète pou tout moun kapab di sa yo panse san baboukèt, te kontribiye anpil nan enpoze lang kreyòl nan medya yo dapre Wilner Dorlus ki se manm akademi kreyòl la.

Nan epòk sa a, nan non libète, tout moun te gen dwa di mo pa yo nan deba politik ki tap fèt sou avni peyi a alòske tout moun pat ka pale fransè. Dapre Liliane Pierre Paul, « se te rezilta zak otorite yo ki pat janm bay pèp la zouti pou l te kapab pale fransè vre ».

Met sou sa, atik 5 konstitisyon 1987 la di : «  Tout ayisyen simante ak yon grenn lanng pou nou tout : kreyòl. Kreyòl ak fransè se lang ofisyèl Repiblik la ». Bagay sa a te oblije medya yo mete yo pi pre popilasyon an, dapre Wilner Dorlus.

Bel okazyon pou moun sòt ?

Itilize lanng kreyòl nan laprès pa jwenn ochan bò kote tout moun. Nan yon chita pale ki tap fèt nan ane 2014, direktè radyo « IBO” a Herold Jean Francois te lonje dwèt li sou prezans lang kreyòl nan medya yo kòm responsab mankman ak medyokrite ki genyen nan travay anpil jounalis.

Lè sa a, li te di : « Avèk rantre kreyòl kòm lang pou moun pale nan medya yo, nou rivre nan yon dezòd andedan medya sa yo. Anvan, ou te dwe pale fransè nan mikwo. Apati 1986, avèk nouvèl jenerasyon jounalis loray kale yo, nenpòt moun ki kenbe yon mayetofòn nan men l e k ap kouvri yon manifestasyon piblik, rele tèt li jounalis ».

Pou Liliane Pierre Paul, mòd pawòl « de grenn goch sa yo » pa gen lòt objektif : kontinye rabese pèp la nan fè l konprann, sèl grenn lanng li ka pale a, rann li enferyè.

Li tou: Rezososyo ap demantibile lang kreyòl la. An menm tan, se yon bèl opòtinite.

Mòd diskou sa yo soti lwen e gen rasin yo byen chita nan kilti ayisyèn yo. An 1978, ansyen minis, Joseph C. Bernard te ekri : « Nap asiste ak yon batay ant 2 lang yo. Batay sa a makonnen ak batay klas ki te konn fèt nan istwa nou depi ti konkonm tap goumen ak berejèn : Franse a, lang gran nèg yo ki fè tout sa yo kapab pou sal epi kenbe kòm enferyè lang plis moun pale e konprann nan ; kreyòl la, sèl grenn lanng moun ki pi pòv yo, yo fè kwè ki enferye lè yo kanpe kote zotobre kap pale fransè ».

Li kontinye pou l di : « Finalman vin genyen yon prejije ki priyorize youn nan lang yo sou lòt la. Lekòl, se pi gwo mwayen pou mete mòd lide sa yo nan tèt moun yo. »

Samuel Celiné

Yon premye vèsyon atik sa a te bay chif 40% moun ki pale franse an Ayiti jan sa ekri nan liv. “Prétendus Créolismes : le couteau dans l’igname, Jean-Robert Léonidas, Cidihca, Montréal 1995”. Kòm se yon chif moun k ap travay sou sijè sa a pa itilize, nou ranplase l. 

Commentaires

Samuel Celiné
Poète dans l'âme, journaliste par amour et travailleur social par besoin, Samuel Celiné s'intéresse aux enquêtes journalistiques.

Le parcours parsemé de discriminations du créole dans les médias en Haïti

Previous article

En Haïti, les barber shop ne sont jamais que des barber shop

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost