Lè nou deklare Ayiti gen de (2) lang ofisyèl, se deja you pwogrè. Men nou pa rann nou kont n ap kontinye bay tèt nou gòl a men, pase n al mete enstriman kolonyalizasyon an ak enstriman kolonizasyon an sou menm pye
Apre Leta panyòl fin estwopye Tayno yo, moun ki vin abite zile a pale kreyòl. Ki fè, an wetan arawak, premye lang abitan peyi a se kreyòl. Leta panyòl, ki konsidere Mondye remèt li teritwa a nan men pwòp, kouri dèyè moun vini yo. Kòm pi fò malere sa yo te sot an Frans, yo mande Leta franse konkou. Franse voye konpayi komèsyal pou kolonyalize peyi a: ki vle di pou devlope li ak plantasyon danre.
Pou moun byen konprann sa k ap pase depi lè sa a, gen bezwen distenge ant moun ki vin kolonize you peyi ak moun ki vin kolonyalize li. Nou p ap jwenn mo kolonyalize a ni an panyòl, ni an franse, pase pou Leta sa yo (Lagrandyab) latè toutantye rele yo chè mèt chè metrès. Yo an dwa pran sa yo vle, kote lide yo di yo. Malere, ki t ap kouri kite Lespay oubyen Lafrans, vin kolonize Sendomeng: ki vle di yo vin tabli isit la. Leta ak konpayi kòmèsyal franse yo vin kolonyalize Sendomeng : ki vle di yo vin prije malere peyi a, bwote richès je yo ba yo al lòt bò dlo, lakay pa yo.
Nèg Dafrik pa fèt tou esklav.
Pou l eksplwate peyi a jis nan mwèl li, Leta, bra dwat Lagrandyab, fè kidnape you flo malere an Afrik, mete yo travay kòm esklav nan plantasyon danre. Nèg Dafrik pa fèt tou esklav. Lagrandyab oblije yo viv kou esklav anba fòs kout fwèt, abi, vyolans, lanmò ak menas lanmò. Prizonye Leta vide nan Sendomeng si tèlman anpil, pou li ka pete fyèl yo nan gou li, l envante you kategori moun, li rele afranchi. Afranchi ou byen ansyen lib, se you kalite esklav Lagrandyab libere pou ede l mete sa li rele lòd piblik, kidonk pou l mete pye sou kou malere.
Ou ka li tou: Kreyòl pa lènmi pyès lòt lang
Leta ak biwokrat li yo sot Pari. Yo pale franse. Ansyen lib, sèvitè Leta, fèt pou demele kò yo pale franse tou; alòske abitan ak tout moun ki abite peyi a, apre defen Tayno yo, pwoteje gran moun tèt yo gras a kreyòl. Konklizyon: Leta ki vin kolonyalize peyi a ak anplwaye l pale franse; moun ki vin kolonize l pale kreyòl. An Frans, lè sa a, se prèske menm bagay k ap pase: you ti kras biwokrat ak gwo zouzoun pale franse; men chak seksyon riral peyi sa a granmoun tèt li epi pale lang pa l.
Leta ki vin kolonyalize peyi a ak anplwaye l pale franse; moun ki vin kolonize l pale kreyòl.
Alèkile, soti 1791 rive 1804, lè kaptif Sendomeng yo frape pye yo atè, yo di sa sifi. Kòm yo pa gen kote pou y ale, yo sètoblije abite peyi a. E se konsa yo rele tèt yo abitan, kou tout nèg ki vin kolonize peyi a. Anfas yo, ou va jwenn moun k ap ede jeneral Leklè kolonyalize malere kreyolofòn.
Apre 1804, alatèt peyi a kontinye pale franse. Kristòf ta pito pale angle. Men lè ansyen lib fin pran peyi a pou yo nèt nèt, avèk prezidan Bwaye, tou natirèlman yo sèvi ak franse pou eseye kolonyalize moun andeyò. Se jis lè Ameriken mete men sou Ayiti, an 1915, Leta fini pa deklare kareman lang ofisyèl peyi a se franse. Fò nou tann Konstitisyon 1987 la, pou kreyòl vinn you lang ofisyèl egalego ak franse a, menm si se sou papye toujou.
Ou ka gade tou : Opinyon | Èske nou dwe rele lang Kreyòl la Ayisyen pito ?
Lè nou deklare Ayiti gen de (2) lang ofisyèl, se deja you pwogrè. Men nou pa rann nou kont n ap kontinye bay tèt nou gòl a men, pase n al mete enstriman kolonyalizasyon an ak enstriman kolonizasyon an sou menm pye. Nou mete zam Lagrandyab sèvi pou toupizi nou kòtakòt ak zam nou itilize pou nou rive viv nan peyi a. Orezime, nou pa reyalize n ap pase Atik 28, Dispozisyon jeneral Konstitisyon 1805 Desalin nan anba pye nou: “Apèn nou tande kout kannon lalam nan, lavil pou disparèt, epi nasyon an kanpe ».
Nou mete zam Lagrandyab sèvi pou toupizi nou kòtakòt ak zam nou itilize pou nou rive viv nan peyi a.
Diskisyon sou itilizasyon tou de (2) lang ofisyèl peyi a ap fè pawòl anpil pou kèk jou ankò. Lang Ayisyen sèvi ap toujou sot pèdan nan kout kat sa a. Lang franse a gen twòp enstitisyon, nasyonal kou entènasyonal, ak twòp kòb k ap defann li: konpetisyon sa a twòp pou nou. Tout jan, premye lang moun ki abite peyi a se kreyòl, you ti pòsyon rive sèvi ak franse an dezyèm plas, epi gen kèk grenn ki gen pou sèvi ak panyòl lè yo nan panyòl, epi ak angle nan Bahamas ak Ozetazini.
Ou ka li tou : Akoz pwoblèm lajan, anpil pwojè Akademi kreyòl ayisyen an rete nan tiwa
Konsa, nan fen ventyèm siyèk la, pèp Ayisyen rezoud pwoblèm nan. Tout moun ka wè ak de grenn je yo se lang prensipal li, lang manman nou, ki, jodi a, okipe tout espas piblik. Donk zòt mèt fese kò y atè pou kontwole espas sa a kote n ap viv la, kreyòl ap nòkawout franse pazapa. Pwoblèm de ke si lalwa ak règleman peyi a gen pou l soti nan de (2) lang ofisyèl yo rezoud deja. Se pwoblèm teknik la k ap pran tan pou li aplike an pratik.
Se nou tout ki pou òganize peyi nou abite a. Donk, lalwa ak règleman nou gen pou n obeyi ap fin pa pwopoze, diskite, amande, modifye, epi vote an kreyòl. Vle pa vle. Epi, lè lwa yo fin apwouve nèt nèt nèt nèt, se lè sa a yo ka tradui yo an franse, si n gen mwayen ak tan pou sa. Lè sa a, lalwa ap tèt koupe ak sa k nan tèt moun ki abite peyi a e non ak sa k nan tèt Lagrandyab, kit se blan franse, blan ameriken, kò gwoup oubyen Leta ayisyen.
Ou ka li tou: Kou kreyòl konnyea sou aplikasyon lang ki pi telechaje nan mond lan
Pi bonè se granm maten. Sote ponpe, anyen p ap bloke kreyòl la nan gouvènman peyi a. Lè se politik k ap pale: wè pa wè, lantèman franse pou katrè! Se sa ki rele demokrasi: gouvènman pèp souvren e non pa gouvènman moun Lagrandyab chwazi oubyen fè n chwazi pou gouvène pèp souvren.
Comments