CULTURE

Kou kreyòl konnyea sou aplikasyon lang ki pi telechaje nan mond lan

0

Moun ki travay sou elaborasyon kou a yo echanje ak AyiboPost

Jou Nyya Flores Toussaint vin pale ak Nicolas Andre de Duolingo, yon aplikasyon telefòn pou aprann pale lang etranje, sa te enterese l anpil. Li se lengwis, epi li se responsab pwogram etid kreyòl nan Florida International University. Toussaint se yon ansyen etidyan l ki aprann kreyòl avèk li.

Nicolas Andre di : « Toussaint di m pa gen kou kreyòl sou Duolingo e l te enterese pou mete yonn disponib. Mwen te twouve se yon bon lide. Nou kòmanse demach yo, Duolingo reponn nou, pou montre yo enterese tou, depi nou genyen kapasite ak konpetans sa mande. »

Se te an 2017. 5 lane apre, sa ki te yon senp lide tounen reyèl. Depi 22 fevriye 2022, lang kreyòl ayisyen disponib sou aplikasyon an. Se jou sa ekip Duolingo a te chwazi pou lansman nouvo pwojè sa a.

Li tou: Akoz pwoblèm lajan, anpil pwojè Akademi kreyòl ayisyen an rete nan tiwa

Deja genyen plis pase 50 000 moun ki enskri pou aprann lang nan, menmjan li posib pou aprann lòt lang tankou angle, franse, alman elatriye. « Se vre moun ki pale anglè, ka vin aprann pale kreyòl, dapre sa Andre esplike. Men se menmjan tou konnya moun ki pale kreyòl la ka aprann lòt lang tou, gras a sa. »

Gen 500 milyon moun k ap itilize Duolingo nan mond lan, sa ki fè li se aplikasyon moun aprann lang ki gen plis itilizatè. Li ofri 103 kou diferan nan 40 lang.

Dapre Toussaint, kou kreyòl la ki disponib sou Duolingo a p ap chanje pou kò l kijan moun wè lang ak kilti ayisyen an. Men l ap pèmèt kraze baryè pou moun ka konprann yonn lòt. « Se yon jistis pou lang nan, Nyya Toussaint di. Kou a vle montre tout moun kreyòl la se yon lang antye, ki gen tout sa li bezwen, e ki fonksyone pou kò l. »

Yon konbit

Cecile Accilien se pwofesè Literati ak Kilti ayisyen. L ap anseye nan Kennesaw State University, nan Leta Georgie. Se te ak anpil kè kontan li te aksepte patisipe nan pwojè mete lang kreyòl ayisyen an sou aplikasyon an. Nan fanmi l, epi pami etidyan ki konn suiv kou li yo, deja genyen ki enskri. « Mwen kwè nan lang nan, mwen panse se yon mwayen pou nou avanse antanke nasyon. Mwen te ede nan gade modil yo, gade sa ki merite koreksyon, patisipe nan deba, lè li te nesesè.»

Dapre pwofesè Accilien, se te yon konbit. Mo sa a enpòtan anpil pou moun ki patisipe nan pwojè Lang kreyòl ayisyen an. Sony Ton-Aimé se yon tradiktè, ekriven, powèt k ap viv Ozetazini depi lontan. Li rejwenn ekip la nan fen pwojè a pou pote dizon pa l. Yonn nan bagay ki te enpòtan pou li, se te pèmèt plizyè dyalèk ki genyen nan kreyòl la reprezante nan kou a.

Li tou: Videyo | Eske Ayisyen valorize lang kreyòl la ase?

Li se moun nan Nò. Sa te pèmèt nan chwa mo k ap disponib nan kou a, li te ede nan pwopoze ki lòt tradiksyon ki posib, tou depan yon rejyon nan peyi a. «Pa egzanp si w pran mo Ocra an angle, li ka tradui ak gonbo osnon kalalou. Nou bay moun k ap aprann nan tou de tradiksyon yo, pou l konnen gen altènativ. Men nou chwazi yonn kòm premye tradiksyon, lè n analize kiyès ladan yo moun plis konnen, osnon plis di », dapre sa Ton-Aimé esplike.

Gras a patisipasyon moun ki soti tout kote, menm etidyan etranje, mo konbit la vin pran plis sans nan pwojè a. « Depi kòmansman lang nan se te yon konbit ki te kreye l, dapre Nyya Toussaint. Se chak moun ki te pote moso pa li, pou kreye yon fason pou yo kominike. Te genyen yon entansyon, se pa t yon aza. »

Move prejije

Kou Duolingo a se yon gwo avanse paske li pèmèt moun ki nan dyaspora a ki pa konn pale kreyòl, genyen aksè dirèkteman a kilti a, san pa oblije genyen yon « blan » nan mitan. Se konsa Nyya Flores Toussaint reflechi. Dapre li menm, kou a reponn plizyè objektif. Yonn ladan yo, se pèmèt mete tout moun nan yon menm nivo. Li di: « Lè w nwa Ozetazini, ou ka vin konprann poukisa l enpòtan pou w aprann lang zansèt ou yo. Mwen fèt Etazini, e se grann mwen ki te imigre isit nan lane 1996. Men nou pa t janm vrèman pale kreyòl. Se pa paske n pa t vle, men te manke tan tou pou aprann. Sa lakoz lang nan te vin yon baryè pou nou. Sa anpeche nou menm Ayisyen ki fèt aletranje konprann anpil bagay. Nou pa t ka konprann deklarasyon Desalin yo pa egzanp, osnon kisa Boukman eksperyans esplike nan mizik li yo. »

Gras a Duolingo tou, Toussaint panse ap genyen mwens kritik sou moun ki di yo Ayisyen san yo pa konn pale lang nan. Li rekonèt tou gen Ayisyen Ozetazini ki te toujou refize pitit yo pale kreyòl, paske se yon lang ki pa bèl, ki pa menm yon lang an reyalite, dapre yo menm.

« Toussaint di m pa gen kou kreyòl sou Duolingo e l te enterese pou mete yonn disponib. Mwen te twouve se yon bon lide. Nou kòmanse demach yo, Duolingo reponn nou, pou montre yo enterese tou, depi nou genyen kapasite ak konpetans sa mande. »

Lide mete lang kreyòl ayisyen an sou yon aplikasyon pou aprann lang resevwa anpil bon repons, dapre Nyya Toussaint. Men, pami dyaspora ki nan peyi Etazini, genyen kèk diferans nan reyaksyon yo. Li deklare: « Genyen moun isit la ki pa panse n dwe mete lang nan pou tout moun ka aprann ni. Ki vle l rete yon privilèj pou Ayisyen sèlman. »

Menm si li panse tout moun dwe gen aksè a aprann lang kreyòl la, se yon pozisyon etidyan an konprann kanmenm.« Se sa k rele yon laperèz kont moun ki etranje, ki yo menm tou te gen yon laperèz kont nou, ki transfòme an laperèz kont moun nwa. Moun sa yo te toujou di nou nou dwe entegre sistèm yo a, nou dwe aprann lang yo a pou nou ka avanse. Men lè w byen gade se te manti, paske malgre n pale lang yo a, yo toujou pa trete nou byen. »

Ap gen evolisyon

Kou kreyòl ayisyen sou Duolingo a pran tout tan sa pou li fèt, paske l pa t toujou fasil pou jwenn moun ki spesyalis lang nan pou ede, nan premye moman yo. «Lè Toussaint fin pale avè m, li te jwenn yon bous nan men Latin american caribean center, ki se yon enstitisyon ki toujou enterese nan fè lang kreyòl la mache, dapre Nicolas Andre. Li pase yon tan ap travay sou kou a. Mwen te genyen lòt etidyan tou, apre, ki pote èd yo, sou yon baz volontè. Anpil ladan yo se etidyan etranje ki t ap aprann kreyòl, ki renmen lang nan. Jiskaske nou vin jwenn lòt esepesyalis. »

Genyen lòt lang ki t ap devlope sou aplikasyon an an menmtan ak kreyòl la, ki te gentan disponib avan. Andre di: « Lè n gade, se lang ki te genyen anpil moun k ap travay sou yo, dapre André. Men malerezman kreyòl la gen anpil moun ki pale l, men se pa pou otan tout moun metrize sistèm lang nan. Se konnya yo ap anseye kreyòl lekòl, men nan tan pa m pa egzanp, se jis lè m rive inivèsite m vin ap aprann lang nan. »

Li tou : Videyo | Poukisa l enpòtan pou tradui tèks lòt lang an kreyòl ?

Pou konnya, kou a nan yon vèsyon Beta. Sa vle di, genyen koreksyon pou pote tanzantan, sitou si gen yon bagay ki pa fonksyone oubyen yon pawòl ki mal di. Etidyan yo, osnon lòt moun sa enterese kapab montre pwoblèm yo direkteman sou aplikasyon an.

« Genyen yon dezyèm pati kou a k ap disponib, pou fè li konplè nèt. L ap disponib apre nou fin jere ti detay ki dwe revize yo », se sa André di.

Imaj kouvèti: Yon moun sou aplikasyon Duolingo a sou telefòn li. reuters.com

Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Comments