Opinions

Opinyon | Èske nou dwe rele lang Kreyòl la Ayisyen pito ?

0

An septanm 2008, Prophète Joseph soti yon atik ki relanse deba sou nesesite pou rele lang 100% moun pale Ayiti a Ayisyen.

Gen anpil pasyon nan de bò diskisyon sa a. Yon kote, mo kreyòl la, orijin li e divizyon li te mete nan mitan zansèt nou avan revolisyon se yon gwo tonton agiman pou moun ki vle rele lang lan Ayisyen. An menm tan, kreyòl kòm lang retire nou nan izolasyon epi plase nou nan yon kominote ki gen yon pwosesis istorik, kiltirèl ak sosyal ki sanble. Pou anime deba sa a, nou envite lengwis ak doktè nan syans langaj Renauld Govain. Li agimante kont chanjman non an. Senatè epi entelektyèl Patrice Dumont nan ekip k ap batay pou chanjman an.

Ki ekip w ap chofe ou menm ?

La rédaction de Ayibopost

    Comments